Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Jer 10:25 Pour out Your wrath on the nations that do not know You And on the families that do not call Your name; For they have devoured Jacob; They have devoured him and consumed him And have laid waste his habitation.(NASB-1995)

================================================================================
---- Jeremiah 11:1 ---- written 627-585 B.C. Pre-Exilic----
Jer 11:1 Seyè a pale ak Jeremi, li di l' konsa:(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jer 11:1 The word which came to Jeremiah from the Lord, saying,(NASB-1995)

================================================================================
---- Jeremiah 11:2----
Jer 11:2 -Koute kondisyon nou te pase nan kontra a. W'a pale ak moun peyi Jida yo ansanm ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jer 11:2 "Hear the words of this covenant, and speak to the men of Judah and to the inhabitants of Jerusalem;(NASB-1995)

================================================================================
---- Jeremiah 11:3----
Jer 11:3 W'a di yo men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Madichon pou tout moun ki pa kenbe kondisyon ki nan kontra a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jer 11:3 and say to them, 'Thus says the Lord, the God of Israel," Cursed is the man who does not heed the words of this covenant(NASB-1995)

================================================================================
---- Jeremiah 11:4----
Jer 11:4 Se kontra sa a mwen te pase ak zansèt nou yo lè mwen t'ap fè yo soti kite peyi Lejip, peyi ki te tankou yon gwo dife nan dèyè yo. Mwen te di yo: Se pou nou koute m', se pou nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè. Se konsa, n'a yon pèp ki rele m' pa m'. Mwen menm, m'a sèl Bondye nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jer 11:4 which I commanded your forefathers in the day that I brought them out of the land of Egypt, from the iron furnace, saying, 'Listen to My voice, and do according to all which I command you; so you shall be My people, and I will be your God, '(NASB-1995)

================================================================================
---- Jeremiah 11:5----
Jer 11:5 Lè sa a m'a kenbe pwomès ak gwo sèman mwen te fè bay zansèt nou yo, pou m' te ba yo yon bon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo. Se peyi sa a ki pa nou jòdi a! Mwen reponn: -Se vre, Seyè!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jer 11:5 in order to confirm the oath which I swore to your forefathers, to give them a land flowing with milk and honey, as it is this day."'" Then I said, "Amen, O Lord."(NASB-1995)

================================================================================
---- Jeremiah 11:6----
Jer 11:6 Apre sa, Seyè a di m' ankò: -Al repete tout pawòl sa yo byen fò nan zòrèy moun lavil peyi Jida yo, ak nan zòrèy moun nan tout lari lavil Jerizalèm. Di yo: Koute kondisyon ki nan kontra a. Fè tou sa ki ladan l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jer 11:6 And the Lord said to me, "Proclaim all these words in the cities of Judah and in the streets of Jerusalem, saying, 'Hear the words of this covenant and do them.(NASB-1995)

================================================================================
---- Jeremiah 11:7----
Jer 11:7 Paske, depi lè mwen t'ap fè zansèt nou yo soti kite peyi Lejip jouk rive jòdi a, mwen pa manke avèti yo. Depi lè sa a m' dèyè yo, m'ap mande yo pou yo koute sa m' te di yo!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jer 11:7 For I solemnly warned your fathers in the day that I brought them up from the land of Egypt, even to this day, warning persistently, saying, "Listen to My voice."(NASB-1995)

================================================================================
---- Jeremiah 11:8----
Jer 11:8 Men yo pa tande, zòrèy yo bouche. Mwen te mande yo pou yo te fè tou sa mwen te ba yo lòd fè nan kontra a, men yo derefize. Se konsa mwen pini yo jan m' te di yo sa nan kontra a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jer 11:8 Yet they did not obey or incline their ear, but walked, each one, in the stubbornness of his evil heart; therefore I brought on them all the words of this covenant, which I commanded them to do, but they did not.'"(NASB-1995)

================================================================================
---- Jeremiah 11:9----
Jer 11:9 Apre sa, Seyè a di m' konsa: -Moun Jida ak moun lavil Jerizalèm moute konplo sou do mwen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jer 11:9 Then the Lord said to me, "A conspiracy has been found among the men of Judah and among the inhabitants of Jerusalem.(NASB-1995)

================================================================================
---- Jeremiah 11:10----
Jer 11:10 Yo tonbe ankò nan menm peche ak zansèt yo ki te refize koute sa m' t'ap di yo. Yo menm tou, yo kouri dèyè lòt bondye pou fè sèvis pou yo. Ni moun peyi Izrayèl yo, ni moun peyi Jida yo pa kenbe kontra mwen te pase ak zansèt yo a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jer 11:10 They have turned back to the iniquities of their ancestors who refused to hear My words, and they have gone after other gods to serve them; the house of Israel and the house of Judah have broken My covenant which I made with their fathers."(NASB-1995)

================================================================================
---- Jeremiah 11:11----
Jer 11:11 Enben! Se mwen menm Seyè a k'ap pale: Mwen pral voye yon malè sou yo. Yo p'ap ka chape anba l'. Y'a kriye nan pye m', mwen p'ap koute yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jer 11:11 Therefore thus says the Lord, "Behold I am bringing disaster on them which they will not be able to escape; though they will cry to Me, yet I will not listen to them.(NASB-1995)

================================================================================
---- Jeremiah 11:12----
Jer 11:12 Lè sa a, se pou moun peyi Jida yo ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo al kriye nan pye bondye y'ap sèvi yo. Se pa pou yo yo te konn boule ofrann yo! Tansèlman, bondye sa yo p'ap ka sove yo lè malè a va rive sou yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jer 11:12 Then the cities of Judah and the inhabitants of Jerusalem will go and cry to the gods to whom they burn incense, but they surely will not save them in the time of their disaster.(NASB-1995)

================================================================================
---- Jeremiah 11:13----
Jer 11:13 Nou menm moun peyi Jida, nou gen yon bondye pou chak lavil nan peyi a! Nou menm moun lavil Jerizalèm, mezi lari nou genyen se mezi lotèl nou bati pou boule ofrann pou Baal, zidòl k'ap fè nou wont la!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jer 11:13 For your gods are as many as your cities, O Judah; and as many as the streets of Jerusalem are the altars you have set up to the shameful thing, altars to burn incense to Baal.(NASB-1995)

================================================================================
---- Jeremiah 11:14----
Jer 11:14 Ou menm, Jeremi, ou pa bezwen vin plede pou moun sa yo. Ou pa bezwen plenyen pou yo, ni ou pa bezwen lapriyè pou yo. Paske y'a rele nan pye m' lè malè a va rive sou yo, mwen p'ap tande yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jer 11:14 "Therefore do not pray for this people, nor lift up a cry or prayer for them; for I will not listen when they call to Me because of their disaster.(NASB-1995)

================================================================================
---- Jeremiah 11:15----
Jer 11:15 Seyè a di ankò: -Pèp mwen renmen anpil la gen move lide dèyè tèt yo. Ki dwa yo genyen pou yo vin nan Tanp mwen an? Yo gen lè konprann yo ka egzante malè k'ap vin sou yo a avèk bèl pwomès y'ap fè m' yo, yo ka chape anba l' avèk vyann anpil bèt y'ap ofri pou mwen yo, apre sa pou y' al pran plezi yo?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jer 11:15 "What right has My beloved in My house When she has done many vile deeds? Can the sacrificial flesh take away from you your disaster, So that you can rejoice?"(NASB-1995)

================================================================================
---- Jeremiah 11:16----
Jer 11:16 Yon lè, mwen te rele yo: Bèl pye oliv mwen an, plen fèy, chaje donn. Men, koulye a, m'ap vini ak yon bri loraj, m'ap mete dife nan fèy li yo, m'ap kase tout branch li yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jer 11:16 The Lord called your name," A green olive tree, beautiful in fruit and form"; With the noise of a great tumult He has kindled fire on it, And its branches are worthless.(NASB-1995)

================================================================================
---- Jeremiah 11:17----
Jer 11:17 Se mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a ki te plante pèp Izrayèl la ansanm ak pèp Jida a. Men koulye a, mwen pran desizyon pou m' voye malè sou yo. Se yo menm ki chache l' avèk tou sa yo fè ki mal: Se yo ki fè m' fache paske y' al boule ofrann pou Baal!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jer 11:17 The Lord of hosts, who planted you, has pronounced evil against you because of the evil of the house of Israel and of the house of Judah, which they have done to provoke Me by offering up sacrifices to Baal.(NASB-1995)

================================================================================
---- Jeremiah 11:18----
Jer 11:18 Seyè a fè m' konnen yo t'ap moute yon konplo sou do mwen. Li fè m' wè jan yo t'ap manniganse sou do m' pou yo pran m'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jer 11:18 Moreover, the Lord made it known to me and I knew it; Then You showed me their deeds.(NASB-1995)

================================================================================
---- Jeremiah 11:19----
Jer 11:19 Mwen menm, mwen te tankou yon ti mouton tou dou yo t'ap mennen labatwa, mwen pa t' konnen se sou do m' yo t'ap konplote konsa lè yo t'ap di: Annou koupe pyebwa ki byen kanpe a. Ann disparèt li sou latè pou pesonn pa chonje l' ankò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jer 11:19 But I was like a gentle lamb led to the slaughter; And I did not know that they had devised plots against me, saying, "Let us destroy the tree with its fruit, And let us cut him off from the land of the living, That his name be remembered no more."(NASB-1995)

================================================================================
---- Jeremiah 11:20----
Jer 11:20 Lè sa a, mwen lapriyè, mwen di: -Seyè ki gen tout pouvwa a, ou se yon jij ki pa nan patipri. Ou sonde tou sa ki nan kè ak nan lide moun. Mwen lage kòz mwen nan men ou. Fè m' wè jan w'ap tire revanj ou sou yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jer 11:20 But, O Lord of hosts, who judges righteously, Who tries the feelings and the heart, Let me see Your vengeance on them, For to You have I committed my cause.(NASB-1995)

================================================================================
---- Jeremiah 11:21----
Jer 11:21 Mesye lavil Anatòt yo te soti pou yo touye m'. Yo di m' konsa: O wi, si ou louvri bouch ou pou pale nan non Seyè a ankò, n'ap touye ou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jer 11:21 Therefore thus says the Lord concerning the men of Anathoth, who seek your life, saying, "Do not prophesy in the name of the Lord, so that you will not die at our hand";(NASB-1995)

================================================================================
---- Jeremiah 11:22----
Jer 11:22 Enben, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: M' pral regle ak yo! Jenn gason yo pral mouri nan lagè. Pitit gason ak pitit fi yo pral mouri grangou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jer 11:22 therefore, thus says the Lord of hosts," Behold, I am about to punish them! The young men will die by the sword, their sons and daughters will die by famine;(NASB-1995)

================================================================================
---- Jeremiah 11:23----
Jer 11:23 Lè lè a va rive pou yo peye pou sa yo fè a, m'ap voye yon sèl malè sou moun lavil Anatòt yo. Yo yonn p'ap chape.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jer 11:23 and a remnant will not be left to them, for I will bring disaster on the men of Anathoth - the year of their punishment."(NASB-1995)

================================================================================
---- Jeremiah 12:1 ---- written 627-585 B.C. Pre-Exilic----


top of the page
THIS CHAPTER:    0756_24_Jeremiah_11_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0752_24_Jeremiah_07_ht-en.html
0753_24_Jeremiah_08_ht-en.html
0754_24_Jeremiah_09_ht-en.html
0755_24_Jeremiah_10_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0757_24_Jeremiah_12_ht-en.html
0758_24_Jeremiah_13_ht-en.html
0759_24_Jeremiah_14_ht-en.html
0760_24_Jeremiah_15_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."