|
================================================================================ ---- Ezekiel 3:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- Eze 3:1 Bondye di m' konsa: -Nonm o! Manje sa m' ba ou la a. Manje woulo liv la. Apre sa, al pale ak moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:1 Then He said to me, "Son of man, eat what you find; eat this scroll, and go, speak to the house of Israel."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 3:2---- Eze 3:2 Se konsa, mwen louvri bouch mwen, li fè m' manje woulo liv la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:2 So I opened my mouth, and He fed me this scroll.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 3:3---- Eze 3:3 Li di m' ankò. -Nonm o! Manje non, plen vant ou ak liv mwen ba ou a. Mwen manje l', li te dous nan bouch mwen kou siwo myèl.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:3 He said to me, "Son of man, feed your stomach and fill your body with this scroll which I am giving you." Then I ate it, and it was sweet as honey in my mouth.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 3:4---- Eze 3:4 Lèfini, Bondye di m' ankò: -Nonm o! Ale bò kote moun pèp Izrayèl yo. Di yo tout pawòl mwen te di ou di yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:4 Then He said to me, "Son of man, go to the house of Israel and speak with My words to them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 3:5---- Eze 3:5 Se pa bò kote yon nasyon ki pale yon lòt lang ki difisil pou ou konprann mwen voye ou. Se bò kote moun pèp Izrayèl yo menm mwen voye ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:5 For you are not being sent to a people of unintelligible speech or difficult language, but to the house of Israel,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 3:6---- Eze 3:6 Se pa bò kote bann moun lòt nasyon yo ki pale lòt lang ki difisil pou ou konprann mwen voye ou. Si se te bò kote moun sa yo m' te voye ou, yo ta koute ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:6 nor to many peoples of unintelligible speech or difficult language, whose words you cannot understand. But I have sent you to them who should listen to you;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 3:7---- Eze 3:7 Men, pa gen pyès moun nan pèp Izrayèl la k'ap vle koute ou, paske yo pa vle koute m'. Tout moun pèp Izrayèl yo gen tèt di ak move santiman nan kè yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:7 yet the house of Israel will not be willing to listen to you, since they are not willing to listen to Me. Surely the whole house of Israel is stubborn and obstinate.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 3:8---- Eze 3:8 Koulye a, m'ap fè ou kenbe tèt ak yo tankou yo kenbe tèt ak mwen an, pou ou ka koresponn ak yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:8 Behold, I have made your face as hard as their faces and your forehead as hard as their foreheads.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 3:9---- Eze 3:9 M'ap fè tèt ou di pase wòch, l'ap di tankou wòch dyaman. Pa pè yo, pa tranble devan yo. Se yon move ras moun ki gen tèt di yo ye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:9 Like emery harder than flint I have made your forehead. Do not be afraid of them or be dismayed before them, though they are a rebellious house."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 3:10---- Eze 3:10 Bondye di ankò: -Nonm o! Louvri zòrèy ou, tande sa mapral di ou. Kenbe pawòl mwen yo nan kè ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:10 Moreover, He said to me, "Son of man, take into your heart all My words which I will speak to you and listen closely.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 3:11---- Eze 3:11 Apre sa, ale bò kote moun yo te depòte yo, moun menm peyi avè ou yo. W'a pale ak yo, w'a di yo men sa mwen menm, Seyè a, m' voye di yo. Yo te mèt koute ou, yo te mèt pa koute ou, zafè yo!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:11 Go to the exiles, to the sons of your people, and speak to them and tell them, whether they listen or not, 'Thus says the Lord God.'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 3:12---- Eze 3:12 Apre sa, Lespri Bondye a pran m', li leve m' anlè. Mwen tande yon bann vwa dèyè do m' ki t'ap di: Lwanj pou Seyè a ki fè wè gwo pouvwa li nan syèl kote l' rete a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:12 Then the Spirit lifted me up, and I heard a great rumbling sound behind me, "Blessed be the glory of the Lord in His place."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 3:13---- Eze 3:13 Mwen tande bri zèl bèt yo ki t'ap bat ansanm ak bri wou yo, ou ta di bri yon foul moun k'ap rele.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:13 And I heard the sound of the wings of the living beings touching one another and the sound of the wheels beside them, even a great rumbling sound.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 3:14---- Eze 3:14 Lespri a te leve m' anlè, li pote m' ale. Pouvwa Seyè a te vin chita sou mwen avèk fòs. Men, mwen te boulvèse, kè m' te sere.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:14 So the Spirit lifted me up and took me away; and I went embittered in the rage of my spirit, and the hand of the Lord was strong on me.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 3:15---- Eze 3:15 Se konsa mwen rive lavil Tèl Abid toupre larivyè Keba kote moun yo te depòte yo te rete a. Pandan sèt jou, mwen rete la nan mitan yo, tou dekontwole apre tou sa m' te wè ak tou sa m' te tande.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:15 Then I came to the exiles who lived beside the river Chebar at Tel-abib, and I sat there seven days where they were living, causing consternation among them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 3:16---- Eze 3:16 Apre sèt jou sa yo, Seyè a pale avè m', li di m' konsa:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:16 At the end of seven days the word of the Lord came to me, saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 3:17---- Eze 3:17 -Nonm o! Mwen mete ou faksyonnè pou nasyon Izrayèl la. W'a tande mesaj m'a ba ou, w'a avèti yo pou mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:17 "Son of man, I have appointed you a watchman to the house of Israel; whenever you hear a word from My mouth, warn them from Me.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 3:18---- Eze 3:18 Lè mwen fè ou konnen yon mechan gen pou l' mouri, si ou pa avèti l' pou l' chanje, pou l' kite move pant l'ap swiv la pou l' ka sove lavi l', l'ap toujou mouri poutèt peche li fè yo, men se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:18 When I say to the wicked, 'You will surely die,' and you do not warn him or speak out to warn the wicked from his wicked way that he may live, that wicked man shall die in his iniquity, but his blood I will require at your hand.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 3:19---- Eze 3:19 Men, si ou avèti mechan an, lèfini mechan an pa chanje, li pa kite move pant l'ap swiv la, l'ap mouri poutèt peche li fè yo. Men ou menm, w'ap sove lavi pa ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:19 Yet if you have warned the wicked and he does not turn from his wickedness or from his wicked way, he shall die in his iniquity; but you have delivered yourself.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 3:20---- Eze 3:20 Si yon moun ki t'ap mache dwat tanmen fè sa ki mal, m'ap mete yon malè sou wout li pou l' mouri. Si ou pa avèti l', l'ap mouri poutèt peche li fè yo, mwen p'ap chonje jan l' te konn mache dwat anvan sa a. Men, se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:20 Again, when a righteous man turns away from his righteousness and commits iniquity, and I place an obstacle before him, he will die; since you have not warned him, he shall die in his sin, and his righteous deeds which he has done shall not be remembered; but his blood I will require at your hand.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 3:21---- Eze 3:21 Si okontrè, ou avèti yon moun k'ap mache dwat pou l' pa fè sa ki mal, si li koute ou, si li pa fè sa ki mal, li p'ap mouri. Ou menm tou, w'a sove lavi ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:21 However, if you have warned the righteous man that the righteous should not sin and he does not sin, he shall surely live because he took warning; and you have delivered yourself."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 3:22---- Eze 3:22 Mwen santi pouvwa Seyè a sou mwen ankò. Li di m' konsa: -Leve non. Soti al nan fon an. M'a pale la avè ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:22 The hand of the Lord was on me there, and He said to me, "Get up, go out to the plain, and there I will speak to you."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 3:23---- Eze 3:23 Mwen leve, mwen desann al nan fon an. Lè m' rive la, mwen wè gwo bèl limyè ki te fè m' konprann Seyè a te kanpe la, tankou mwen te wè l' bò larivyè Keba a. Mwen tonbe sou de jenou m', tèt mwen bese jouk atè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:23 So I got up and went out to the plain; and behold, the glory of the Lord was standing there, like the glory which I saw by the river Chebar, and I fell on my face.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 3:24---- Eze 3:24 Men, Lespri Bondye a antre sou mwen, li fè m' kanpe sou de pye m'. Li pale avè m', li di m' konsa: -Al fèmen kò ou lakay ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:24 The Spirit then entered me and made me stand on my feet, and He spoke with me and said to me, "Go, shut yourself up in your house.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 3:25---- Eze 3:25 Nonm o! Yo pral mete ou anba kòd. Y'ap mare ou byen mare, ou p'ap ka mete pwent pye ou deyò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:25 As for you, son of man, they will put ropes on you and bind you with them so that you cannot go out among them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 3:26---- Eze 3:26 Mwen pral fè lang ou lou nan bouch ou. W'ap bèbè, ou p'ap ka avèti move ras moun tèt di sa yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:26 Moreover, I will make your tongue stick to the roof of your mouth so that you will be mute and cannot be a man who rebukes them, for they are a rebellious house.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 3:27---- Eze 3:27 Apre sa, lè m'a pale avè ou ankò, m'a ba ou lapawòl, epi w'a ba yo mesaj mwen menm, Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, m'a ba ou. Sa ki vle koute va koute, sa ki pa vle koute, zafè yo! Se yon move ras moun tèt di yo ye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 3:27 But when I speak to you, I will open your mouth and you will say to them, 'Thus says the Lord God.' He who hears, let him hear; and he who refuses, let him refuse; for they are a rebellious house.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 4:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0805_26_Ezekiel_03_ht-en.html 0801_25_Lamentations_04_ht-en.html 0802_25_Lamentations_05_ht-en.html 0803_26_Ezekiel_01_ht-en.html 0804_26_Ezekiel_02_ht-en.html 0806_26_Ezekiel_04_ht-en.html 0807_26_Ezekiel_05_ht-en.html 0808_26_Ezekiel_06_ht-en.html 0809_26_Ezekiel_07_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|