|
================================================================================ ---- Ezekiel 9:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- Eze 9:1 Apre sa, mwen tande Bondye pale byen fò nan zòrèy mwen. Li di konsa: -Pwoche non, nou tout ki pral pini lavil la. Pwoche ak zam nou nan men nou!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 9:1 Then He cried out in my hearing with a loud voice saying, "Draw near, O executioners of the city, each with his destroying weapon in his hand."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 9:2---- Eze 9:2 Lamenm, sis gason parèt nan pòtay ki bay sou nò nan lakou tanp lan. Yo chak te gen yon zam nan men yo. Nan mitan yo te gen yon nonm ak yon rad twal fin tou blan sou li. Li te gen yon poban lank mare nan ren l'. Yo antre, yo kanpe bò lotèl an kwiv la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 9:2 Behold, six men came from the direction of the upper gate which faces north, each with his shattering weapon in his hand; and among them was a certain man clothed in linen with a writing case at his loins. And they went in and stood beside the bronze altar.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 9:3---- Eze 9:3 Lè sa a, gwo bèl limyè ki make prezans Bondye pèp Izrayèl la soti anwo tèt bèt vivan yo kote l' te ye a, li deplase, li al rete nan papòt pou antre nan tanp lan. Seyè a rele nonm ak rad twal fin blan an ki te gen poban lank mare nan ren l' lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 9:3 Then the glory of the God of Israel went up from the cherub on which it had been, to the threshold of the temple. And He called to the man clothed in linen at whose loins was the writing case.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 9:4---- Eze 9:4 Li di l' konsa: -Ale nan tout lavil Jerizalèm. Mete yon mak sou fwon tout moun w'a wè k'ap plenn, ki nan gwo lapenn pou tout vye bagay derespektan k'ap fèt nan lavil la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 9:4 The Lord said to him, "Go through the midst of the city, even through the midst of Jerusalem, and put a mark on the foreheads of the men who sigh and groan over all the abominations which are being committed in its midst."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 9:5---- Eze 9:5 Mwen tande li di lòt mesye yo: -Mache dèyè l' nan tout lavil la. Epi touye! Pa gen pitye pou pesonn. Pa kite pesonn chape!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 9:5 But to the others He said in my hearing, "Go through the city after him and strike; do not let your eye have pity and do not spare.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 9:6---- Eze 9:6 Touye ni granmoun, ni jenn gason, ni jenn fi, ni fanm, ni timoun. Men, pa manyen moun ki gen mak sou fwon yo. Konmanse depi nan tanp mwen an. Yo konmanse ak chèf fanmi ki te kanpe nan Tanp lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 9:6 Utterly slay old men, young men, maidens, little children, and women, but do not touch any man on whom is the mark; and you shall start from My sanctuary." So they started with the elders who were before the temple.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 9:7---- Eze 9:7 Bondye di yo: -Derespekte Tanp lan! Plen lakou a kadav. Ale non! Se konsa yo konmanse touye moun nan lavil la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 9:7 And He said to them, "Defile the temple and fill the courts with the slain. Go out!" Thus they went out and struck down the people in the city.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 9:8---- Eze 9:8 Pandan yo t'ap touye moun yo, mwen te rete pou kont mwen. Mwen tonbe ajenou, mwen bese tèt mwen atè, mwen rele byen fò: -Wouy! Seyè Bondye sèl Mèt la, èske ou pral touye tout rès pèp Izrayèl la, paske nan kòlè ou ou soti pou pini lavil Jerizalèm?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 9:8 As they were striking the people and I alone was left, I fell on my face and cried out saying, "Alas, Lord God! Are You destroying the whole remnant of Israel by pouring out Your wrath on Jerusalem?"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 9:9---- Eze 9:9 Li reponn mwen: -Moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo fè anpil wi! Se san k'ap koule toupatou nan peyi a. Lavil Jerizalèm plen moun k'ap fè lenjistis. Y'ap plede di mwen menm, Seyè a, mwen vire do bay peyi a, mwen pa wè yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 9:9 Then He said to me, "The iniquity of the house of Israel and Judah is very, very great, and the land is filled with blood and the city is full of perversion; for they say, 'The Lord has forsaken the land, and the Lord does not see!'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 9:10---- Eze 9:10 Enben, mwen p'ap gen pitye pou yo, mwen p'ap fè pa yo. M'ap fè yo peye pou sa yo fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 9:10 But as for Me, My eye will have no pity nor will I spare, but I will bring their conduct upon their heads."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 9:11---- Eze 9:11 Apre sa, nonm ki te gen rad twal fin tou blan sou li a ak poban lank mare nan ren l' lan tounen. Li fè rapò l' bay Seyè a, li di l' konsa: -Mwen fè tou sa ou te ban m' lòd fè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 9:11 Then behold, the man clothed in linen at whose loins was the writing case reported, saying, "I have done just as You have commanded me."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 10:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0811_26_Ezekiel_09_ht-en.html 0807_26_Ezekiel_05_ht-en.html 0808_26_Ezekiel_06_ht-en.html 0809_26_Ezekiel_07_ht-en.html 0810_26_Ezekiel_08_ht-en.html 0812_26_Ezekiel_10_ht-en.html 0813_26_Ezekiel_11_ht-en.html 0814_26_Ezekiel_12_ht-en.html 0815_26_Ezekiel_13_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|