|
================================================================================ ---- Hosea 2:1 ---- written 710 B.C. Pre-Exilic---- Hos 2:1 Se konsa n'a rele frè nou yo moun Bondye. N'a rele sè nou yo moun Bondye gen pitye pou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 2:1 Say to your brothers," Ammi," and to your sisters," Ruhamah."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 2:2---- Hos 2:2 Pitit mwen yo, pale ak manman nou. Paske li pa madanm mwen ankò. Mwen pa mari l' non plis. Pale avè l' pou l' sispann sèvi tankou jennès, pou l' wete nan kòsaj li bann zidòl li renmen anpil yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 2:2 "Contend with your mother, contend, For she is not my wife, and I am not her husband; And let her put away her harlotry from her face And her adultery from between her breasts,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 2:3---- Hos 2:3 Si li pa fè sa, m'ap dezabiye l' nèt, pou l' rete toutouni jan manman l' te fè l'. M'ap fè l' tounen tankou tè sèk ki pa jwenn lapli. M'ap fè l' mouri swaf dlo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 2:3 Or I will strip her naked And expose her as on the day when she was born. I will also make her like a wilderness, Make her like desert land And slay her with thirst.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 2:4---- Hos 2:4 Mwen p'ap gen pitye pou pitit li yo non plis. Paske yo se pitit yon fanm ki nan jennès.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 2:4 "Also, I will have no compassion on her children, Because they are children of harlotry.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 2:5---- Hos 2:5 Manman yo lage kò l' nan fè jennès. Wi, li menm ki te pote yo nan vant li, li avili tèt li, paske l'ap di: mwen pral jwenn nonm mwen yo. Yo ban m' tou sa m' bezwen. Yo ban m' manje, yo ban m' bwè. Yo ban m' twal lenn ak twal fen. Yo ban m' lwil oliv, yo ban m' diven pou m' bwè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 2:5 "For their mother has played the harlot; She who conceived them has acted shamefully. For she said, 'I will go after my lovers, Who give me my bread and my water, My wool and my flax, my oil and my drink.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 2:6---- Hos 2:6 Se poutèt sa mwen pral fèmen l' nan mitan yon lantouraj pikan. Mwen pral moute yon gwo miray fè wonn li. Konsa li p'ap ka mete pye l' deyò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 2:6 "Therefore, behold, I will hedge up her way with thorns, And I will build a wall against her so that she cannot find her paths.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 2:7---- Hos 2:7 L'a chache mwayen pou li al kouri dèyè nonm li yo, men li p'ap ka rive jwenn yo. L'a chache yo toupatou, men li p'ap jwenn yo. Lè sa a, l'a di: M'ap tounen vin jwenn premye mari mwen an, paske avè l' zafè m' te pi bon pase koulye a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 2:7 "She will pursue her lovers, but she will not overtake them; And she will seek them, but will not find them. Then she will say, 'I will go back to my first husband, For it was better for me then than now!'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 2:8---- Hos 2:8 Pèp Izrayèl la pa t' rekonèt se mwen menm ki te ba li farin, diven ak lwil. Ata lò ak ajan, se mwen ki te ba li yo an kantite. Men, li pran yo pou fè sèvis Baal.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 2:8 "For she does not know that it was I who gave her the grain, the new wine and the oil, And lavished on her silver and gold, Which they used for Baal.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 2:9---- Hos 2:9 Se poutèt sa, lè sezon rekòt la rive, m'ap reprann farin ak diven mwen te ba li a. M'ap reprann twal lenn ak twal fin mwen te ba li pou fè rad met sou li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 2:9 "Therefore, I will take back My grain at harvest time And My new wine in its season. I will also take away My wool and My flax Given to cover her nakedness.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 2:10---- Hos 2:10 M'ap kite l' toutouni devan tout nonm li yo. Pesonn p'ap ka vin sove l' anba men mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 2:10 "And then I will uncover her lewdness In the sight of her lovers, And no one will rescue her out of My hand.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 2:11---- Hos 2:11 Mwen pral fè l' sispann gen kè kontan. Mwen pral sispann tout fèt li yo, fèt lalin nouvèl li yo, fèt repo l' yo ak gwo fèt li fete chak lanne yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 2:11 "I will also put an end to all her gaiety, Her feasts, her new moons, her sabbaths And all her festal assemblies.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 2:12---- Hos 2:12 Kanta jaden rezen ak pye fig frans li yo, li di se nonm li yo ki te ba li yo. Enben, m'ap ravaje sa. M'ap fè yo tounen raje, bèt nan bwa va devore yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 2:12 "I will destroy her vines and fig trees, Of which she said, 'These are my wages Which my lovers have given me.'And I will make them a forest, And the beasts of the field will devour them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 2:13---- Hos 2:13 Mwen pral pini l' pou tout tan li te bliye m' lan, lè li t'ap boule lansan devan Baal yo, lè li t'ap mete zanno ak kolye pou l' te ka kouri dèyè nonm li yo. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 2:13 "I will punish her for the days of the Baals When she used to offer sacrifices to them And adorn herself with her earrings and jewelry, And follow her lovers, so that she forgot Me," declares the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 2:14---- Hos 2:14 Se poutèt sa, mwen pral mennen l' nan dezè a ankò. Mwen pral pale dous avè l', pou l' ka tounen vin jwenn mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 2:14 "Therefore, behold, I will allure her, Bring her into the wilderness And speak kindly to her.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 2:15---- Hos 2:15 M'a ba li jaden rezen li te gen anvan yo. M'a fè sa ki te rive l' nan Fon Malè a tounen yon okazyon pou l' jwenn sa li t'ap tann lan. L'a reponn mwen menm jan li te fè l' lè li te jenn lan, lè l' te chape anba men moun peyi Lejip yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 2:15 "Then I will give her her vineyards from there, And the valley of Achor as a door of hope. And she will sing there as in the days of her youth, As in the day when she came up from the land of Egypt.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 2:16---- Hos 2:16 Jou sa a, l'a rele m' mari l', li p'ap rele m' Baal li ankò. Se mwen menm, Seyè a, k'ap di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 2:16 "It will come about in that day," declares the Lord, "That you will call Me Ishi And will no longer call Me Baali.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 2:17---- Hos 2:17 Mwen p'ap janm kite non Baal yo soti nan bouch li, li p'ap janm nonmen non yo ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 2:17 "For I will remove the names of the Baals from her mouth, So that they will be mentioned by their names no more.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 2:18---- Hos 2:18 Lè sa a, m'a pase yon kontra avèk tout zannimo nan savann ak tout zwazo k'ap vole nan syèl la ak tout bèt k'ap trennen sou vant pou yo pa fè pèp la anyen. M'ap kraze banza ak nepe pou yo pa fè lagè ankò nan peyi a, pou moun ka kouche dòmi ak kè poze san danje.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 2:18 "In that day I will also make a covenant for them With the beasts of the field, The birds of the sky And the creeping things of the ground. And I will abolish the bow, the sword and war from the land, And will make them lie down in safety.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 2:19---- Hos 2:19 Izrayèl, m'ap pran angajman pou m' viv avè ou pou tout tan, m'ap toujou respekte ou, m'ap toujou kenbe pawòl mwen avè ou. M'ap toujou renmen ou, m'ap toujou gen pitye pou ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 2:19 "I will betroth you to Me forever; Yes, I will betroth you to Me in righteousness and in justice, In lovingkindness and in compassion,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 2:20---- Hos 2:20 M'ap kenbe pwomès mwen, w'ap pou mwen nèt. Konsa, w'a konnen ki moun mwen menm, Seyè a, mwen ye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 2:20 And I will betroth you to Me in faithfulness. Then you will know the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 2:21---- Hos 2:21 Jou sa a, m'a reponn lapriyè tout moun. Se Seyè a menm ki di sa. M'ap fè lapli soti nan syèl tonbe sou latè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 2:21 "It will come about in that day that I will respond," declares the Lord." I will respond to the heavens, and they will respond to the earth,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 2:22---- Hos 2:22 Tè a va bay manje, diven ak lwil. Se konsa m'a reponn lapriyè moun Jizreyèl yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 2:22 And the earth will respond to the grain, to the new wine and to the oil, And they will respond to Jezreel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 2:23---- Hos 2:23 M'ap fè yo peple nan peyi a. M'a gen pitye pou moun mwen te meprize yo. M'a pale ak moun ki pa moun pa m' yo, m'a di yo: Se pèp mwen nou ye. Yo menm, y'a reponn: Wi, se Bondye nou ou ye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 2:23 "I will sow her for Myself in the land. I will also have compassion on her who had not obtained compassion, And I will say to those who were not My people, 'You are My people!'And they will say, 'You are my God!'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 3:1 ---- written 710 B.C. Pre-Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0864_28_Hosea_02_ht-en.html 0860_27_Daniel_10_ht-en.html 0861_27_Daniel_11_ht-en.html 0862_27_Daniel_12_ht-en.html 0863_28_Hosea_01_ht-en.html 0865_28_Hosea_03_ht-en.html 0866_28_Hosea_04_ht-en.html 0867_28_Hosea_05_ht-en.html 0868_28_Hosea_06_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|