|
================================================================================ ---- Zephaniah 1:1 ---- written 625 B.C. Pre-Exilic---- Zep 1:1 Men mesaj Seyè a te bay Sofoni sou rèy Jozyas, pitit Amon an, ki te wa peyi Jida. Sofoni te pitit Kouchi. Kouchi te pitit Gedalya. Gedalya sa a te pitit Amarya ki li menm te pitit wa Ezekyas.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Zep 1:1 The word of the Lord which came to Zephaniah son of Cushi, son of Gedaliah, son of Amariah, son of Hezekiah, in the days of Josiah son of Amon, king of Judah:(NASB-1995) ================================================================================ ---- Zephaniah 1:2---- Zep 1:2 Seyè a di konsa: -Mwen pral detwi dènye bagay sou latè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Zep 1:2 "I will completely remove all things From the face of the earth," declares the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Zephaniah 1:3---- Zep 1:3 Mwen pral detwi tout moun, tout bèt, tout zwezo nan syèl la ak tout pwason nan lanmè, mechan yo ansanm ak tou sa k'ap fè yo tonbe nan peche. Mwen pral detwi tout moun, mwen p'ap kite yonn sou latè. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Zep 1:3 "I will remove man and beast; I will remove the birds of the sky And the fish of the sea, And the ruins along with the wicked; And I will cut off man from the face of the earth," declares the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Zephaniah 1:4---- Zep 1:4 Mwen pral kraze moun peyi Jida yo ansanm ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo anba men m'. Mwen pral disparèt dènye kras zidòl Baal nan peyi a. Pesonn p'ap janm chonje prèt k'ap sèvi l' yo ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Zep 1:4 "So I will stretch out My hand against Judah And against all the inhabitants of Jerusalem. And I will cut off the remnant of Baal from this place, And the names of the idolatrous priests along with the priests.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Zephaniah 1:5---- Zep 1:5 Mwen pral disparèt dènye moun k'ap moute sou teras anwo kay pou adore solèy, lalin ak zetwal nan syèl la. M'ap detwi moun k'ap pran non mwen mete ansanm ak non zidòl Milkòm lan pou fè sèman.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Zep 1:5 "And those who bow down on the housetops to the host of heaven, And those who bow down and swear to the Lord and yet swear by Milcom,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Zephaniah 1:6---- Zep 1:6 M'ap detwi tout moun ki vire do ban mwen, ki pa koute pawòl mwen yo, ki pa vin mande m' konsèy ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Zep 1:6 And those who have turned back from following the Lord, And those who have not sought the Lord or inquired of Him."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Zephaniah 1:7---- Zep 1:7 Jou pou Seyè a vin jije a pa lwen rive! Se pou tout moun pe bouch yo devan Seyè a. Seyè a ap pare pou li fè gwo sèvis pou touye bèt. Li chwazi moun l'ap envite yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Zep 1:7 Be silent before the Lord God! For the day of the Lord is near, For the Lord has prepared a sacrifice, He has consecrated His guests.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Zephaniah 1:8---- Zep 1:8 Jou gwo sèvis ofrann bèt sa a, m'ap pini tout gwo chèf yo, tout pitit wa yo ansanm ak tout moun k'ap kopye sou moun lòt nasyon yo. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Zep 1:8 "Then it will come about on the day of the Lord's sacrifice That I will punish the princes, the king's sons And all who clothe themselves with foreign garments.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Zephaniah 1:9---- Zep 1:9 M'ap pini tout moun k'ap fè sèvis tankou moun lòt nasyon yo. Wi, jou sa a, m'ap pini tout moun k'ap vòlò, k'ap touye moun pou yo ka plen tanp zidòl yo ak sa yo pran.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Zep 1:9 "And I will punish on that day all who leap on the temple threshold, Who fill the house of their lord with violence and deceit.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Zephaniah 1:10---- Zep 1:10 Se mwen menm Seyè a k'ap pale toujou. Jou sa a n'a tande gwo rèl bò Pòtay Pwason nan lavil Jerizalèm. N'a tande moun ap plenn byen fò nan katye nèf lavil la. N'a tande yon gwo deblozay pete sou ti mòn yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Zep 1:10 "On that day," declares the Lord, "There will be the sound of a cry from the Fish Gate, A wail from the Second Quarter, And a loud crash from the hills.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Zephaniah 1:11---- Zep 1:11 Nou menm ki rete anba lavil, rele byen fò paske tout moun ki t'ap fè trafik yo pral mouri. Wi, yo pral disparèt tout moun ki t'ap fè lajan sou tèt moun nan kòmès.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Zep 1:11 "Wail, O inhabitants of the Mortar, For all the people of Canaan will be silenced; All who weigh out silver will be cut off.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Zephaniah 1:12---- Zep 1:12 Lè sa a, men sa k'ap rive. M'ap limen lanp pou m' fouye lavil Jerizalèm. M'ap pini tout moun ki chita chita yo tou dousman, epi k'ap di nan kè yo: Bondye p'ap fè anyen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Zep 1:12 "It will come about at that time That I will search Jerusalem with lamps, And I will punish the men Who are stagnant in spirit, Who say in their hearts, 'The Lord will not do good or evil!'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Zephaniah 1:13---- Zep 1:13 Se sa yo kwè! Y'ap piye tout richès yo, y'ap kraze tout kay yo. Y'ap bati kay, men yo p'ap menm gen tan antre ladan yo. Y'ap plante pye rezen, men yo p'ap menm gen tan pran fre diven an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Zep 1:13 "Moreover, their wealth will become plunder And their houses desolate; Yes, they will build houses but not inhabit them, And plant vineyards but not drink their wine."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Zephaniah 1:14---- Zep 1:14 Wi, gwo jou Seyè a pa lwen rive. Sa pral yon gwo jou vre. Li pa lwen rive. L'ap rive byen vit. Jou sa a, sa pral rèd nèt! Ata sòlda ki pi vanyan yo pral rele anmwe.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Zep 1:14 Near is the great day of the Lord, Near and coming very quickly; Listen, the day of the Lord! In it the warrior cries out bitterly.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Zephaniah 1:15---- Zep 1:15 Jou sa a pral yon jou dechennen, yon jou lafliksyon ak kè sere, yon jou kraze brize, yon jou k'ap fè nwè kou lank, yon jou van ak gwo nwaj nwa ap plen syèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Zep 1:15 A day of wrath is that day, A day of trouble and distress, A day of destruction and desolation, A day of darkness and gloom, A day of clouds and thick darkness,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Zephaniah 1:16---- Zep 1:16 Yon jou twonpèt ap kònen, sòlda ap rele pou yo gen kouray pou y' al atake lavil ki gen gwo miray ranpa ak fò byen wo nan chak kwen pou pwoteje yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Zep 1:16 A day of trumpet and battle cry Against the fortified cities And the high corner towers.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Zephaniah 1:17---- Zep 1:17 Seyè a te di ankò: -Mwen pral manyen ak lèzòm! Yo pral tatonnen tankou avèg, paske yo te peche kont Seyè a. San yo pral koule kou dlo, kadav yo pral pouri tankou fatra.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Zep 1:17 I will bring distress on men So that they will walk like the blind, Because they have sinned against the Lord; And their blood will be poured out like dust And their flesh like dung.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Zephaniah 1:18---- Zep 1:18 Jou Seyè a pral move sou yo a, ni lajan yo ni lò yo p'ap ka sove yo. Kòlè li tankou yon dife k'ap boule tout tè a, paske yon sèl kou a, l'ap disparèt tout moun ki rete sou latè. L'ap fini ak yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Zep 1:18 Neither their silver nor their gold Will be able to deliver them On the day of the Lord's wrath; And all the earth will be devoured In the fire of His jealousy, For He will make a complete end, Indeed a terrifying one, Of all the inhabitants of the earth.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Zephaniah 2:1 ---- written 625 B.C. Pre-Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0907_36_Zephaniah_01_ht-en.html 0903_34_Nahum_03_ht-en.html 0904_35_Habakkuk_01_ht-en.html 0905_35_Habakkuk_02_ht-en.html 0906_35_Habakkuk_03_ht-en.html 0908_36_Zephaniah_02_ht-en.html 0909_36_Zephaniah_03_ht-en.html 0910_37_Haggai_01_ht-en.html 0911_37_Haggai_02_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|