|
================================================================================ ---- Romans 9:1 ---- written 58 A.D.---- Rom 9:1 Se vre wi, sa m'ap di nou la a. Mwen se moun Kris la, mwen p'ap bay manti. Epi, konsyans mwen ki anba pouvwa Sentespri a ta repwoche m' anpil si m' t'ap bay manti.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:1 I am telling the truth in Christ, I am not lying, my conscience testifies with me in the Holy Spirit,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:2---- Rom 9:2 Kè m' sere anpil, se pa yon ti lapenn mwen santi k'ap manje m' tout tan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:2 that I have great sorrow and unceasing grief in my heart.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:3---- Rom 9:3 Mwen ta pito wè m' tonbe anba madichon Bondye, mwen ta pito pèdi renmen Kris la gen pou mwen an si sa te ka sèvi pou byen frè m' yo, moun menm ras avè mwen yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:3 For I could wish that I myself were accursed, separated from Christ for the sake of my brethren, my kinsmen according to the flesh,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:4---- Rom 9:4 Yo se pitit pitit Izrayèl; Bondye te chwazi yo pou pwòp pitit li. Se nan mitan yo Bondye te fè tout bèl mèvèy li yo. Se ak yo li te pase kontra li yo. Li te ba yo lalwa. Li te moutre yo jan pou yo sèvi l'; se yo ki te resevwa pwomès li yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:4 who are Israelites, to whom belongs the adoption as sons, and the glory and the covenants and the giving of the Law and the temple service and the promises,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:5---- Rom 9:5 Yo se pitit pitit zansèt nou yo. Se nan ras yo Kris la soti lè l' te fèt tankou yon nonm. Lwanj pou tout tan pou li menm ki Bondye sou tout bagay. Amèn.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:5 whose are the fathers, and from whom is the Christ according to the flesh, who is over all, God blessed forever. Amen.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:6---- Rom 9:6 Lè m' di sa, sa pa vle di Bondye p'ap kenbe pwomès li ankò. Se pa tout pitit pitit Izrayèl yo ki fè pati pèp Bondye a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:6 But it is not as though the word of God has failed. For they are not all Israel who are descended from Israel;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:7---- Rom 9:7 Se pa tout pitit pitit Abraram yo ki bon pitit pou li, paske Bondye te di Abraram, dapre sa ki ekri nan Liv la: Se Izarak ki va fè pitit pitit mwen te pwomèt ou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:7 nor are they all children because they are Abraham's descendants, but: "THROUGH ISAAC YOUR DESCENDANTS WILL BE NAMED."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:8---- Rom 9:8 Sa vle di: tout pitit ki fèt dapre egzijans natirèl kò a pa pitit Bondye. Se sèlman pitit ki fèt dapre pwomès Bondye a ki bon pitit pitit li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:8 That is, it is not the children of the flesh who are children of God, but the children of the promise are regarded as descendants.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:9---- Rom 9:9 Men ki jan Bondye te fè pwomès la: Lè konsa, lanne k'ap vini an, m'a tounen. Lè sa a Sara va gen tan gen yon pitit gason.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:9 For this is the word of promise: "AT THIS TIME I WILL COME, AND SARAH SHALL HAVE A SON."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:10---- Rom 9:10 Gen lòt pawòl toujou pou di sou pwen sa a: Rebeka te fè de pitit gason pou yon sèl papa, Izarak granpapa nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:10 And not only this, but there was Rebekah also, when she had conceived twins by one man, our father Isaac;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:11---- Rom 9:11 -(we vèsè pwochen)(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:11 for though the twins were not yet born and had not done anything good or bad, so that God's purpose according to His choice would stand, not because of works but because of Him who calls,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:12---- Rom 9:12 Men, Bondye gen jan pa l' pou l' chwazi moun. Bondye pa chwazi yon moun paske moun lan fè anyen pou sa, men paske Bondye vle chwazi li. Enben, pou fè nou wè se konsa li toujou fè, Bondye pale ak Rebeka anvan menm timoun yo te fèt, anvan menm yo te fè anyen ni an byen ni an mal. Li di l' konsa: Pi gran an gen pou sèvi pi piti a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:12 it was said to her, "THE OLDER WILL SERVE THE YOUNGER."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:13---- Rom 9:13 Dapre sa ki te ekri: Mwen renmen Jakòb, mwen rayi Ezaou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:13 Just as it is written, "JACOB I LOVED, BUT ESAU I HATED."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:14---- Rom 9:14 Bon, kisa sa vle di? Bondye gen lè ap fè lenjistis? Men non.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:14 What shall we say then? There is no injustice with God, is there? May it never be!(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:15---- Rom 9:15 Chonje sa Bondye te di Moyiz: M'a gen pitye pou moun mwen vle gen pitye, M'a louvri kè m' pou moun mwen vle.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:15 For He says to Moses, "I WILL HAVE MERCY ON WHOM I HAVE MERCY, AND I WILL HAVE COMPASSION ON WHOM I HAVE COMPASSION."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:16---- Rom 9:16 Se sak fè, bagay konsa pa gade lèzòm, ou mèt tande yo vle, ou mèt tande yo fè. Se bagay ki gade Bondye sèlman, li menm ki gen kè sansib.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:16 So then it does not depend on the man who wills or the man who runs, but on God who has mercy.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:17---- Rom 9:17 Paske nan Liv la, men sa Bondye di farawon an: Se mwen ki fè ou wa tout espre, pou lè moun wè ou, yo ka wè pouvwa mwen, pou moun ka mache fè konnen non mwen toupatou sou latè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:17 For the Scripture says to Pharaoh, "FOR THIS VERY PURPOSE I RAISED YOU UP, TO DEMONSTRATE MY POWER IN YOU, AND THAT MY NAME MIGHT BE PROCLAIMED THROUGHOUT THE WHOLE EARTH."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:18---- Rom 9:18 Konsa, Bondye gen pitye pou moun li vle, li fè moun li vle kenbe tèt ak li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:18 So then He has mercy on whom He desires, and He hardens whom He desires.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:19---- Rom 9:19 Koulye a, n'a mande m': Si se konsa, kisa Bondye gen pou repwoche moun? Ki moun ki janm kenbe tèt ak Bondye?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:19 You will say to me then, "Why does He still find fault? For who resists His will?"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:20---- Rom 9:20 Monchè, pito ou mande: kisa m' ye pou m' ap diskite ak Bondye konsa? Pran yon krich: èske krich la ka pale ak moun ki fè l' la pou l' mande l': Poukisa se konsa ou fè m'?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:20 On the contrary, who are you, O man, who answers back to God? The thing molded will not say to the molder, "Why did you make me like this," will it?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:21---- Rom 9:21 Moun k'ap bat tè pou fè krich la gen dwa fè sa l' vle ak tè a. Avèk menm pa t' labou a, li ka fè de kalite krich: yon bèl krich byen chè ak yon krich bon mache.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:21 Or does not the potter have a right over the clay, to make from the same lump one vessel for honorable use and another for common use?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:22---- Rom 9:22 Nou pa gen anyen pou n' di Bondye ankò. Li vle fè nou wè kòlè li, an menm tan li vle fè nou konnen pouvwa li. Se poutèt sa, avèk anpil pasyans li sipòte tout moun ki te merite kòlè li epi ki te tou bon pou mouri.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:22 What if God, although willing to demonstrate His wrath and to make His power known, endured with much patience vessels of wrath prepared for destruction?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:23---- Rom 9:23 Li te vle fè nou wè tou kantite bèl bagay li sere pou moun lè li gen pitye pou yo, pou nou menm li te pare davans pou resevwa bèl bagay li yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:23 And He did so to make known the riches of His glory upon vessels of mercy, which He prepared beforehand for glory,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:24---- Rom 9:24 Lè m' di nou menm lan, m'ap pale sou tout moun li rele, non sèlman nan jwif yo, men nan moun lòt nasyon yo tou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:24 even us, whom He also called, not from among Jews only, but also from among Gentiles.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:25---- Rom 9:25 Se sa menm li di nan liv pwofèt Oze a: Moun ki pa t' pèp mwen an, se yo menm m'a rele pèp mwen. Nasyon mwen pa t' renmen an, se li menm m'a rele cheri mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:25 As He says also in Hosea, "I WILL CALL THOSE WHO WERE NOT MY PEOPLE, 'MY PEOPLE,' AND HER WHO WAS NOT BELOVED, 'BELOVED.'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:26---- Rom 9:26 Tout kote yo t'ap di se pa pèp mwen yo ye. se la y'a rele yo pitit Bondye ki vivan an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:26 "AND IT SHALL BE THAT IN THE PLACE WHERE IT WAS SAID TO THEM, 'YOU ARE NOT MY PEOPLE,' THERE THEY SHALL BE CALLED THE SONS OF THE LIVING GOD."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:27---- Rom 9:27 Kanta pou moun pèp Izrayèl yo, Ezayi, bò pa l' menm, di konsa: Menm si moun pèp Izrayèl yo ta anpil tankou grenn sab bò lanmè, se yon ti ponyen sèlman nan yo k'ap sove.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:27 Isaiah cries out concerning Israel, "THOUGH THE NUMBER OF THE SONS OF ISRAEL BE LIKE THE SAND OF THE SEA, IT IS THE REMNANT THAT WILL BE SAVED;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:28---- Rom 9:28 Paske, Mèt la gen pou l' fè tou sa l' te di a nèt, epi byen vit ankò, sou tout latè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:28 FOR THE LORD WILL EXECUTE HIS WORD ON THE EARTH, THOROUGHLY AND QUICKLY."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:29---- Rom 9:29 Tankou menm pwofèt Ezayi sa a te di anvan: Si Mèt ki gen tout pouvwa a pa t' kite kèk pitit pitit pou nou, nou ta pase tankou Sodòm, nou ta menm jan ak Gomò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:29 And just as Isaiah foretold, "UNLESS THE LORD OF SABAOTH HAD LEFT TO US A POSTERITY, WE WOULD HAVE BECOME LIKE SODOM, AND WOULD HAVE RESEMBLED GOMORRAH."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:30---- Rom 9:30 Kisa n'a di nan tou sa? Men sa n'a di: Moun ki pa t' jwif yo, ki pa t'ap chache mwayen pou Bondye fè yo gras la, se yo menm Bondye fè gras paske yo mete konfyans yo nan li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:30 What shall we say then? That Gentiles, who did not pursue righteousness, attained righteousness, even the righteousness which is by faith;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:31---- Rom 9:31 Men, moun pèp Izrayèl yo ki t'ap chache yon lalwa ki pou ta fè Bondye fè yo gras, yo pa jwenn sa yo t'ap chache a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:31 but Israel, pursuing a law of righteousness, did not arrive at that law.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:32---- Rom 9:32 Poukisa? Paske yo pa t' mete konfyans yo nan Bondye; yo t'ap chache mwayen pou Bondye fè yo gras ak zèv yo t'ap fè yo. Se konsa y' al frape pye yo sou wòch k'ap fè moun bite a,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:32 Why? Because they did not pursue it by faith, but as though it were by works. They stumbled over the stumbling stone,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 9:33---- Rom 9:33 jan sa te ekri a: Men li, mwen mete yon wòch nan mitan peyi Siyon, yon wòch k'ap fè moun bite wi, yon gwo wòch k'ap fè moun tonbe. Men, moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm soti wont.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rom 9:33 just as it is written, "BEHOLD, I LAY IN ZION A STONE OF STUMBLING AND A ROCK OF OFFENSE, AND HE WHO BELIEVES IN HIM WILL NOT BE DISAPPOINTED."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Romans 10:1 ---- written 58 A.D.---- |
|
THIS CHAPTER:
1055_45_Romans_09_ht-en.html 1051_45_Romans_05_ht-en.html 1052_45_Romans_06_ht-en.html 1053_45_Romans_07_ht-en.html 1054_45_Romans_08_ht-en.html 1056_45_Romans_10_ht-en.html 1057_45_Romans_11_ht-en.html 1058_45_Romans_12_ht-en.html 1059_45_Romans_13_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|