|
================================================================================ ---- 2 Corinthians 13:1 ---- written 57 A.D.---- 2Co 13:1 M'ap vin lakay nou pou yon twazyèm fwa. Lè sa a, jan sa ekri nan Liv la, tout bagay va regle sou depozisyon de osinon twa temwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Co 13:1 This is the third time I am coming to you. EVERY FACT IS TO BE CONFIRMED BY THE TESTIMONY OF TWO OR THREE WITNESSES.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Corinthians 13:2---- 2Co 13:2 M'ap avèti nou tout ki te fè peche anvan sa, ansanm ak tout lòt yo. Mwen te deja di nou sa lè m' te vin lakay nou dezyèm fwa a. Koulye a mwen pa la, m'ap repete l' ankò: pwochenn fwa m'ap tounen lakay nou, mwen p'ap mennaje pesonn.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Co 13:2 I have previously said when present the second time, and though now absent I say in advance to those who have sinned in the past and to all the rest as well, that if I come again I will not spare anyone,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Corinthians 13:3---- 2Co 13:3 Nou bezwen prèv se Kris la k'ap pale lè m'ap pale, enben n'a jwenn li. Kris la pa fèb non lè l'ap regle ak nou. Okontrè, l'ap fè nou wè pouvwa li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Co 13:3 since you are seeking for proof of the Christ who speaks in me, and who is not weak toward you, but mighty in you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Corinthians 13:4---- 2Co 13:4 Wi, se vre: yo te kloure l' sou yon kwa paske li te fèb. Men koulye a, li vivan gremesi pouvwa Bondye a. Mwen menm tou, mwen fèb ansanm ak Kris la. Men, lè m'ap regle avèk nou, mwen vivan ansanm avè l' tou, gremesi pouvwa Bondye a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Co 13:4 For indeed He was crucified because of weakness, yet He lives because of the power of God. For we also are weak in Him, yet we will live with Him because of the power of God directed toward you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Corinthians 13:5---- 2Co 13:5 Sonde tèt nou nou menm, egzaminen konsyans nou byen pou wè si n'ap viv ak konfyans nan Bondye. Nou fèt pou nou rekonèt si Jezikri nan kè nou, esepte si nou pa ta kapab bay prèv nou gen konfyans nan Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Co 13:5 Test yourselves to see if you are in the faith; examine yourselves! Or do you not recognize this about yourselves, that Jesus Christ is in you--unless indeed you fail the test?(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Corinthians 13:6---- 2Co 13:6 Men, mwen kwè n'a rekonèt sa tou: mwen menm, mwen kapab bay prèv mwen gen konfyans nan Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Co 13:6 But I trust that you will realize that we ourselves do not fail the test.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Corinthians 13:7---- 2Co 13:7 M'ap lapriyè Bondye pou nou pa fè anyen ki mal. Lè m' fè sa, mwen pa fè l' nan lide pou m' moutre sa m' kapab fè. Men, mwen ta renmen wè nou fè sa ki byen, menm si mwen pase pou moun ki pa kapab fè anyen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Co 13:7 Now we pray to God that you do no wrong; not that we ourselves may appear approved, but that you may do what is right, even though we may appear unapproved.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Corinthians 13:8---- 2Co 13:8 Nou pa ka fè anyen ki kont verite Bondye a, se pou li ase nou ka travay.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Co 13:8 For we can do nothing against the truth, but only for the truth.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Corinthians 13:9---- 2Co 13:9 Mwen kontan nèt lè mwen menm mwen fèb, epi nou menm nou gen fòs. Se sak fè, m'ap mande nan lapriyè m' pou nou vin bon nèt sou tout pwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Co 13:9 For we rejoice when we ourselves are weak but you are strong; this we also pray for, that you be made complete.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Corinthians 13:10---- 2Co 13:10 M'ap ekri nou konsa lè mwen lwen nou, se pou lè m' rive lakay nou, mwen pa bezwen aji sevè avèk nou. Otorite Seyè a ban mwen an, se pa pou detwi nou non li ban mwen li. Men, se pou fè nou grandi nan konfyans nou gen nan Kris la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Co 13:10 For this reason I am writing these things while absent, so that when present I need not use severity, in accordance with the authority which the Lord gave me for building up and not for tearing down.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Corinthians 13:11---- 2Co 13:11 Koulye a, frè m' yo, mwen kite nou. Chache pou nou vin bon nèt sou tout pwen. Se pou nou yonn ankouraje lòt, mete nou dakò yonn ak lòt, viv ak kè poze. Bondye ki bay renmen ak kè poze a, va toujou avè nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Co 13:11 Finally, brethren, rejoice, be made complete, be comforted, be like-minded, live in peace; and the God of love and peace will be with you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Corinthians 13:12---- 2Co 13:12 Se pou nou yonn bo lòt tankou moun k'ap viv pou Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Co 13:12 Greet one another with a holy kiss.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Corinthians 13:13---- 2Co 13:13 Tout frè k'ap viv apa pou Bondye yo voye bonjou pou nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Co 13:13 All the saints greet you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Corinthians 13:14---- 2Co 13:14 Se pou benediksyon Seyè Jezikri ban nou an, ak renmen Bondye gen pou nou an, ansanm ak pouvwa Sentespri k'ap fè nou viv ansanm lan toujou la ak nou tout.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Co 13:14 The grace of the Lord Jesus Christ, and the love of God, and the fellowship of the Holy Spirit, be with you all.(NASB-1995) ================================================================================ |
|
THIS CHAPTER:
1091_47_2_Corinthians_13_ht-en.html 1087_47_2_Corinthians_09_ht-en.html 1088_47_2_Corinthians_10_ht-en.html 1089_47_2_Corinthians_11_ht-en.html 1090_47_2_Corinthians_12_ht-en.html 1092_48_Galatians_01_ht-en.html 1093_48_Galatians_02_ht-en.html 1094_48_Galatians_03_ht-en.html 1095_48_Galatians_04_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|