Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


1Th 5:28 The grace of our Lord Jesus Christ be with you.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Thessalonians 1:1 ---- written 51 A.D.----
2Th 1:1 Mwen menm Pòl, ansanm ak Silven ak Timote, m'ap ekri lèt sa a voye bay manm legliz nan lavil Tesalonik k'ap viv ansanm nan Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Th 1:1 Paul and Silvanus and Timothy, To the church of the Thessalonians in God our Father and the Lord Jesus Christ:(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Thessalonians 1:2----
2Th 1:2 Mwen mande pou Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an, ban nou benediksyon ak kè poze.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Th 1:2 Grace to you and peace from God the Father and the Lord Jesus Christ.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Thessalonians 1:3----
2Th 1:3 Se yon devwa pou mwen pou m' pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, frè m' yo. Wi, se yon devwa pou m' fè l' vre. Paske, konfyans nou gen nan Bondye ap grandi anpil, renmen nou gen yonn pou lòt ap grandi toujou tou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Th 1:3 We ought always to give thanks to God for you, brethren, as is only fitting, because your faith is greatly enlarged, and the love of each one of you toward one another grows ever greater;(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Thessalonians 1:4----
2Th 1:4 Se sak fè, sa fè m' plezi pou m' nonmen non nou nan tout legliz Bondye yo, pou jan nou gen pasyans, jan nou kenbe konfyans nou fèm nan Bondye nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans k'ap tonbe sou nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Th 1:4 therefore, we ourselves speak proudly of you among the churches of God for your perseverance and faith in the midst of all your persecutions and afflictions which you endure.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Thessalonians 1:5----
2Th 1:5 Sa fè moun wè se Bondye ki gen rezon lè l'ap jije. Paske, avèk tou sa n'ap sipòte koulye a, n'ap fin bon nèt pou nou ka antre nan peyi kote Bondye wa a. Se pou peyi sa a menm n'ap soufri konsa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Th 1:5 This is a plain indication of God's righteous judgment so that you will be considered worthy of the kingdom of God, for which indeed you are suffering.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Thessalonians 1:6----
2Th 1:6 Paske, Bondye gen pou fè sa ki byen: Bondye va gen rezon lè la fè moun k'ap fè nou soufri yo soufri tou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Th 1:6 For after all it is only just for God to repay with affliction those who afflict you,(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Thessalonians 1:7----
2Th 1:7 Kanta pou nou menm k'ap soufri koulye a, la ban nou repo ansanm avè m' lè Jezi va parèt nan syèl la avèk zanj li yo ki gen pouvwa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Th 1:7 and to give relief to you who are afflicted and to us as well when the Lord Jesus will be revealed from heaven with His mighty angels in flaming fire,(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Thessalonians 1:8----
2Th 1:8 La parèt nan mitan gwo flanm dife pou peni tout moun ki pa konn Bondye yo ansanm ak moun ki p'ap mache dapre bon nouvèl ki pale sou Jezi, Seyè nou an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Th 1:8 dealing out retribution to those who do not know God and to those who do not obey the gospel of our Lord Jesus.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Thessalonians 1:9----
2Th 1:9 Chatiman moun sa yo, se disparèt y'ap disparèt yo pou tout tan. Y'ap wete yo devan Seyè a, y'ap voye yo jete byen lwen pou yo pa janm resevwa pa yo nan pouvwa Seyè a ak nan lwanj y'ap fè pou li a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Th 1:9 These will pay the penalty of eternal destruction, away from the presence of the Lord and from the glory of His power,(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Thessalonians 1:10----
2Th 1:10 Jou sa a, Seyè a va parèt pou l' resevwa lwanj nan men tout moun pa l' yo. Tout moun ki te mete konfyans yo nan li va kontan wè l'. Nou menm tou n'a wè li, paske nou te kwè nan mesaj mwen te fè nou konnen an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Th 1:10 when He comes to be glorified in His saints on that day, and to be marveled at among all who have believed--for our testimony to you was believed.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Thessalonians 1:11----
2Th 1:11 Se poutèt sa, mwen p'ap janm sispann lapriyè pou nou. M'ap mande Bondye pou l' ede nou pou nou viv yon jan ki dakò ak lavi li mande nou pou nou viv la. M'ap mande l' pou li ban nou pouvwa li, pou nou ka fè tout byen nou vle fè, pou nou fin reyalize nèt travay n'ap fè ak konfyans nan Bondye.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Th 1:11 To this end also we pray for you always, that our God will count you worthy of your calling, and fulfill every desire for goodness and the work of faith with power,(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Thessalonians 1:12----
2Th 1:12 Konsa, tout moun va fè lwanj non Jezi a poutèt nou. Nou menm tou, y'a fè lwanj nou poutèt li, gremesi favè Bondye nou an ansanm ak Jezikri, Seyè a, fè nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Th 1:12 so that the name of our Lord Jesus will be glorified in you, and you in Him, according to the grace of our God and the Lord Jesus Christ.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Thessalonians 2:1 ---- written 51 A.D.----


top of the page
THIS CHAPTER:    1117_53_2_Thessalonians_01_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
1113_52_1_Thessalonians_02_ht-en.html
1114_52_1_Thessalonians_03_ht-en.html
1115_52_1_Thessalonians_04_ht-en.html
1116_52_1_Thessalonians_05_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
1118_53_2_Thessalonians_02_ht-en.html
1119_53_2_Thessalonians_03_ht-en.html
1120_54_1_Timothy_01_ht-en.html
1121_54_1_Timothy_02_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."