Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Gen 2:25 And the man and his wife were both naked and were not ashamed.(NASB-1995)

================================================================================
---- Genesis 3:1 ---- written 1450-1410 B.C.----
Gen 3:1 Sèpan se bèt ki te pi rize nan tout bèt raje Seyè a, Bondye a, te kreye. Li di fanm lan konsa. Eske Bondye te janm di piga nou manje donn tout pyebwa ki nan jaden an?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Gen 3:1 Now the serpent was more crafty than any beast of the field which the Lord God had made. And he said to the woman, "Indeed, has God said, 'You shall not eat from any tree of the garden'?"(NASB-1995)

================================================================================
---- Genesis 3:2----
Gen 3:2 Fanm lan reponn sèpan an. Nou gen dwa manje donn tout pyebwa ki nan jaden an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Gen 3:2 The woman said to the serpent, "From the fruit of the trees of the garden we may eat;(NASB-1995)

================================================================================
---- Genesis 3:3----
Gen 3:3 Men, kanta pou pyebwa ki nan mitan jaden an, Bondye di. Piga nou manje ladan l', piga nou manyen l' menm. Sinon, n'ap mouri.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Gen 3:3 but from the fruit of the tree which is in the middle of the garden, God has said, 'You shall not eat from it or touch it, or you will die.'"(NASB-1995)

================================================================================
---- Genesis 3:4----
Gen 3:4 Lè sa a, sèpan an di fanm lan. Se pa vre. Nou p'ap mouri kras.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Gen 3:4 The serpent said to the woman, "You surely will not die!(NASB-1995)

================================================================================
---- Genesis 3:5----
Gen 3:5 Bondye di nou sa paske li konnen jou nou manje ladan l', je nou va louvri. n'a vin tankou Bondye, n'a konn sa ki byen ak sa ki mal.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Gen 3:5 For God knows that in the day you eat from it your eyes will be opened, and you will be like God, knowing good and evil."(NASB-1995)

================================================================================
---- Genesis 3:6----
Gen 3:6 Fanm lan gade, li wè jan pyebwa a te bèl, jan fwi yo sanble yo ta bon nan bouch. Li santi li ta manje ladan l' pou je l' ka louvri. Li keyi kèk fwi. Li manje, li pote bay mari l' ki manje tou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Gen 3:6 When the woman saw that the tree was good for food, and that it was a delight to the eyes, and that the tree was desirable to make one wise, she took from its fruit and ate; and she gave also to her husband with her, and he ate.(NASB-1995)

================================================================================
---- Genesis 3:7----
Gen 3:7 Manje yo fin manje, je yo louvri, lè sa a, yo vin konnen yo toutouni. Yo pran kèk fèy figfrans, yo koud yo ansanm, yo fè tanga mete sou yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Gen 3:7 Then the eyes of both of them were opened, and they knew that they were naked; and they sewed fig leaves together and made themselves loin coverings.(NASB-1995)

================================================================================
---- Genesis 3:8----
Gen 3:8 Jou sa a, solèy te fèk fin kouche lè nonm lan ak madanm li tande vwa Seyè a, Bondye a, ki t'ap pwonmennen nan jaden an. Y' al kache nan mitan pyebwa ki nan jaden an pou Seyè a, Bondye a, pa wè yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Gen 3:8 They heard the sound of the Lord God walking in the garden in the cool of the day, and the man and his wife hid themselves from the presence of the Lord God among the trees of the garden.(NASB-1995)

================================================================================
---- Genesis 3:9----
Gen 3:9 Men, Seyè a, Bondye a, rele nonm lan, li di l'. Kote ou ye?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Gen 3:9 Then the Lord God called to the man, and said to him, "Where are you?"(NASB-1995)

================================================================================
---- Genesis 3:10----
Gen 3:10 Nonm lan reponn li. Mwen tande vwa ou nan jaden an, mwen pè. M al kache pou ou, paske mwen toutouni.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Gen 3:10 He said, "I heard the sound of You in the garden, and I was afraid because I was naked; so I hid myself."(NASB-1995)

================================================================================
---- Genesis 3:11----
Gen 3:11 Seyè a, Bondye a, di l'. Ki moun ki di ou te toutouni? Eske ou te manje fwi pyebwa mwen te di ou pa manje a?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Gen 3:11 And He said, "Who told you that you were naked? Have you eaten from the tree of which I commanded you not to eat?"(NASB-1995)

================================================================================
---- Genesis 3:12----
Gen 3:12 Nonm lan reponn. Fanm ou te ban mwen an, se li menm ki ban mwen fwi pyebwa a pou m' manje, epi mwen manje l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Gen 3:12 The man said, "The woman whom You gave to be with me, she gave me from the tree, and I ate."(NASB-1995)

================================================================================
---- Genesis 3:13----
Gen 3:13 Seyè a, Bondye a, mande fanm lan. Poukisa ou fè sa? Fanm lan reponn li. Se pa mwen non! Se sèpan an wi ki pran tèt mwen ki fè m' manje l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Gen 3:13 Then the Lord God said to the woman, "What is this you have done?" And the woman said, "The serpent deceived me, and I ate."(NASB-1995)

================================================================================
---- Genesis 3:14----
Gen 3:14 Seyè a, Bondye a, di sèpan an konsa. Poutèt sa ou fè a, ou madichonnen nan mitan tout bèt jaden ak tout bèt nan bwa. W'a rale sou vant ou. W'a manje pousyè tè jouk jou ou mouri.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Gen 3:14 The Lord God said to the serpent," Because you have done this, Cursed are you more than all cattle, And more than every beast of the field; On your belly you will go, And dust you will eat All the days of your life;(NASB-1995)

================================================================================
---- Genesis 3:15----
Gen 3:15 Ou menm ak fanm lan, m'ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l' ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w'ap mòde l' nan talon pye l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Gen 3:15 And I will put enmity Between you and the woman, And between your seed and her seed; He shall bruise you on the head, And you shall bruise him on the heel."(NASB-1995)

================================================================================
---- Genesis 3:16----
Gen 3:16 Li di fanm lan. Lè w'ap fè pitit, m'ap fè soufrans ou vin pi rèd. Wa gen pou soufri anpil lè w'ap akouche. W'ap toujou anvi mari ou. Men, se mari ou ki va chèf ou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Gen 3:16 To the woman He said, "I will greatly multiply Your pain in childbirth, In pain you will bring forth children; Yet your desire will be for your husband, And he will rule over you."(NASB-1995)

================================================================================
---- Genesis 3:17----
Gen 3:17 Apre sa li di Adan. Ou koute pawòl madanm ou, pa vre! Ou manje fwi pyebwa mwen te ba ou lòd pa manje a. Poutèt sa ou fè a, m'ap madichonnen tè a. W'a gen pou travay di toutan pou fè tè a bay sa ou bezwen pou viv.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Gen 3:17 Then to Adam He said, "Because you have listened to the voice of your wife, and have eaten from the tree about which I commanded you, saying, 'You shall not eat from it'; Cursed is the ground because of you; In toil you will eat of it All the days of your life.(NASB-1995)

================================================================================
---- Genesis 3:18----
Gen 3:18 Tè a va kale tout kalite pikan ak pengwen ba ou. W'a manje fèy ki pouse nan raje.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Gen 3:18 "Both thorns and thistles it shall grow for you; And you will eat the plants of the field;(NASB-1995)

================================================================================
---- Genesis 3:19----
Gen 3:19 Se swe kouraj ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou jouk lè wa tounen nan tè kote ou soti a. Paske, se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Gen 3:19 By the sweat of your face You will eat bread, Till you return to the ground, Because from it you were taken; For you are dust, And to dust you shall return."(NASB-1995)

================================================================================
---- Genesis 3:20----
Gen 3:20 Adan bay madanm li non, li rele l' Ev, paske se li menm ki manman tout moun k'ap viv sou tè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Gen 3:20 Now the man called his wife's name Eve, because she was the mother of all the living.(NASB-1995)

================================================================================
---- Genesis 3:21----
Gen 3:21 Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran po bèt, li fè rad pou Adan ansanm ak madanm li, li biye yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Gen 3:21 The Lord God made garments of skin for Adam and his wife, and clothed them.(NASB-1995)

================================================================================
---- Genesis 3:22----
Gen 3:22 Apre sa, Seyè a, Bondye a, di. Koulye a, Adan vin konnen sa ki byen ak sa ki mal tankou yonn nan nou. Nou p'ap kite l' lonje men l' keyi fwi pyebwa ki bay lavi a pou l' manje l', pou l' pa viv pou tout tan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Gen 3:22 Then the Lord God said, "Behold, the man has become like one of Us, knowing good and evil; and now, he might stretch out his hand, and take also from the tree of life, and eat, and live forever""(NASB-1995)

================================================================================
---- Genesis 3:23----
Gen 3:23 Se konsa, Seyè a, Bondye a, mete Adan deyò nan jaden Edenn lan. Li voye l' al travay tè, menm tè Bondye te pran pou fè l' la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Gen 3:23 therefore the Lord God sent him out from the garden of Eden, to cultivate the ground from which he was taken.(NASB-1995)

================================================================================
---- Genesis 3:24----
Gen 3:24 Se konsa, li te mete Adan deyò. Sou bò kote solèy leve nan jaden an, li mete kèk zanj cheriben ak yon manchèt klere kou dife nan men yo. Yo t'ap dragonnen nan tout direksyon pou anpeche moun pwoche bò pyebwa ki bay lavi a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Gen 3:24 So He drove the man out; and at the east of the garden of Eden He stationed the cherubim and the flaming sword which turned every direction to guard the way to the tree of life.(NASB-1995)

================================================================================
---- Genesis 4:1 ---- written 1450-1410 B.C.----


top of the page
THIS CHAPTER:    0003_01_Genesis_03_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
Today's Date:



0001_01_Genesis_01_ht-en.html
0002_01_Genesis_02_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0004_01_Genesis_04_ht-en.html
0005_01_Genesis_05_ht-en.html
0006_01_Genesis_06_ht-en.html
0007_01_Genesis_07_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."