|
================================================================================ ---- Joshua 7:1 ---- written 1400-1370 B.C.---- Jos 7:1 Men, pèp Izrayèl la te dezobeyi lòd Seyè a te bay pou yo pa t' pran anyen nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Te gen yon nonm nan branch fanmi Jida a ki te rele Akan. Se te pitit Kami. Kami sa a te pitit Zabdi, Zabdi te pitit Zerak. Akan sa a te pran kichòy nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Kifè Seyè a te move anpil sou pèp Izrayèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 7:1 But the sons of Israel acted unfaithfully in regard to the things under the ban, for Achan, the son of Carmi, the son of Zabdi, the son of Zerah, from the tribe of Judah, took some of the things under the ban, therefore the anger of the Lord burned against the sons of Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 7:2---- Jos 7:2 Jozye te voye kèk moun soti lavil Jeriko ale bò Ayi, yon lavil ki te toupre Bèt Avenn, sou bò solèy leve lavil Betèl. Li te di yo pou y' al wè jan sa ye nan peyi a. Mesye yo ale vre, yo wè jan sa ye nan lavil Ayi.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 7:2 Now Joshua sent men from Jericho to Ai, which is near Beth-aven, east of Bethel, and said to them, "Go up and spy out the land." So the men went up and spied out Ai.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 7:3---- Jos 7:3 Lè yo tounen vin jwenn Jozye, yo di li: -Nou pa bezwen deplase tout moun. N'a voye de twa mil moun konsa pou atake lavil Ayi a. Ou pa bezwen voye tout moun al goumen, paske pa gen anpil moun la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 7:3 They returned to Joshua and said to him, "Do not let all the people go up; only about two or three thousand men need go up to Ai; do not make all the people toil up there, for they are few."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 7:4---- Jos 7:4 Lè sa a, yo chwazi twamil sòlda konsa ki te moute al atake. Men, moun lavil Ayi yo te fè yo kraze rak.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 7:4 So about three thousand men from the people went up there, but they fled from the men of Ai.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 7:5---- Jos 7:5 Yo kouri dèyè sòlda pèp Izrayèl yo depi devan pòtay lavil la jouk nan men wòch yo. Nan ladesant lan yo touye trannsis moun konsa nan sòlda pèp Izrayèl yo. Lè sa a, pèp Izrayèl la soti pè. Yo pèdi kouraj.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 7:5 The men of Ai struck down about thirty-six of their men, and pursued them from the gate as far as Shebarim and struck them down on the descent, so the hearts of the people melted and became as water.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 7:6---- Jos 7:6 Jozye te sitèlman nan lapenn, li chire rad sou li, epi li tonbe ajenou, li bese tèt jouk atè devan Bwat Kontra Seyè a. Li rete konsa jouk aswè ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yo pran pousyè tè yo mete sou tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 7:6 Then Joshua tore his clothes and fell to the earth on his face before the ark of the Lord until the evening, both he and the elders of Israel; and they put dust on their heads.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 7:7---- Jos 7:7 Epi Jozye di: -Ay, Seyè Bondye! Poukisa ou fè pèp la janbe lòt bò larivyè Jouden an? Gen lè se pou ou te lage nou nan men moun Amori yo pou yo touye nou? Pa pito ou te kite nou rete lòt bò larivyè Jouden an!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 7:7 Joshua said, "Alas, O Lord God, why did You ever bring this people over the Jordan, only to deliver us into the hand of the Amorites, to destroy us? If only we had been willing to dwell beyond the Jordan!(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 7:8---- Jos 7:8 Tanpri, Mèt mwen! Kisa m' ka di koulye a lè m' wè moun Izrayèl yo ap kouri devan lènmi l' yo?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 7:8 O Lord, what can I say since Israel has turned their back before their enemies?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 7:9---- Jos 7:9 Moun Kanaran yo ak tout lòt moun ki rete nan peyi a pral konn sa. Yo pral leve dèyè nou. Yo pral touye nou nèt nan peyi a. Kisa ou pral fè lè sa a pou yo pa avili non ou?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 7:9 For the Canaanites and all the inhabitants of the land will hear of it, and they will surround us and cut off our name from the earth. And what will You do for Your great name?"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 7:10---- Jos 7:10 Seyè a di Jozye konsa: -Leve non! Poukisa ou lage kò ou atè konsa?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 7:10 So the Lord said to Joshua, "Rise up! Why is it that you have fallen on your face?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 7:11---- Jos 7:11 Se paske pèp Izrayèl la peche, yo pa respekte kontra mwen te pase ak yo a ak lòd mwen te ba yo. Yo pran nan bagay pou yo te detwi yo. Yo vòlò yo, yo kache yo, yo mete yo nan zafè pa yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 7:11 Israel has sinned, and they have also transgressed My covenant which I commanded them. And they have even taken some of the things under the ban and have both stolen and deceived. Moreover, they have also put them among their own things.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 7:12---- Jos 7:12 Se poutèt sa, pèp Izrayèl la p'ap ka kanpe devan lènmi l' yo. Yo gen pou yo kouri devan lènmi yo, paske koulye a se yo menm ki gen pou mouri. Mwen p'ap kanpe la avèk yo ankò, si bagay mwen te ban nou lòd pa pran an nou pa wete l' nan mitan nou pou nou detwi l' tou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 7:12 Therefore the sons of Israel cannot stand before their enemies; they turn their backs before their enemies, for they have become accursed. I will not be with you anymore unless you destroy the things under the ban from your midst.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 7:13---- Jos 7:13 Leve non! Fè sèvis pou mete pèp la nan kondisyon pou sèvi m'. W'a di yo pou yo pare kò yo pou yo ka nan kondisyon fè sèvis pou mwen denmen, paske mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, men sa mwen di: Nou menm pèp Izrayèl, nou gen nan mitan nou bagay mwen te ban nou lòd detwi. Nou p'ap ka kenbe tèt ak lènmi nou yo si nou pa wete l' nan mitan nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 7:13 Rise up! Consecrate the people and say, 'Consecrate yourselves for tomorrow, for thus the Lord, the God of Israel, has said, "There are things under the ban in your midst, O Israel. You cannot stand before your enemies until you have removed the things under the ban from your midst."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 7:14---- Jos 7:14 Se konsa, denmen maten, nou tout n'ap vini, branch fanmi pa branch fanmi. Branch fanmi Seyè a va denonse a va pwoche fanmi pa fanmi. Nan fanmi Seyè a va denonse a, chèf fanmi yo va pwoche yonn apre lòt avèk moun pa yo. Chèf fanmi Seyè a va denonse a va fè moun pa l' yo pwoche grenn pa grenn.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 7:14 In the morning then you shall come near by your tribes. And it shall be that the tribe which the Lord takes by lot shall come near by families, and the family which the Lord takes shall come near by households, and the household which the Lord takes shall come near man by man.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 7:15---- Jos 7:15 Moun y'a jwenn avèk bagay la gen pou mouri boule nan dife, ansanm ak tout fanmi l' ak tou sa li genyen, paske li pa respekte kontra Seyè a te pase ak pèp la. Se yon gwo wont pou tout pèp Izrayèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 7:15 It shall be that the one who is taken with the things under the ban shall be burned with fire, he and all that belongs to him, because he has transgressed the covenant of the Lord, and because he has committed a disgraceful thing in Israel.'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 7:16---- Jos 7:16 Nan denmen maten vre, Jozye leve byen bonè, li fè tout pèp Izrayèl la pwoche vin jwenn li, branch fanmi pa branch fanmi. Se branch fanmi Jida a Seyè a te denonse.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 7:16 So Joshua arose early in the morning and brought Israel near by tribes, and the tribe of Judah was taken.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 7:17---- Jos 7:17 Li fè fanmi Jida yo vin jwenn li yonn apre lòt. Se fanmi Zerak la Seyè a te denonse. Li fè tout chèf fanmi Zerak yo vin jwenn li yonn apre lòt ak tout fanmi yo. Se Zabdi Seyè a te denonse.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 7:17 He brought the family of Judah near, and he took the family of the Zerahites; and he brought the family of the Zerahites near man by man, and Zabdi was taken.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 7:18---- Jos 7:18 Zabdi fè tout moun pa l' yo pwoche grenn pa grenn. Se konsa Seyè a denonse Akan, pitit Kami an. Kami te pitit Zabdi, Zabdi te pitit Zerak, yo tout te fè pati branch fanmi Jida a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 7:18 He brought his household near man by man; and Achan, son of Carmi, son of Zabdi, son of Zerah, from the tribe of Judah, was taken.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 7:19---- Jos 7:19 Jozye di Akan konsa: -Pitit mwen, fè lwanj Seyè a! Moutre ou gen respe pou Bondye pèp Izrayèl la! Koulye a, di m' kisa ou fè. Pa kache m' anyen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 7:19 Then Joshua said to Achan, "My son, I implore you, give glory to the Lord, the God of Israel, and give praise to Him; and tell me now what you have done. Do not hide it from me."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 7:20---- Jos 7:20 Akan reponn li: -Se vre wi. Se mwen ki peche kont Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Men sa m' fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 7:20 So Achan answered Joshua and said, "Truly, I have sinned against the Lord, the God of Israel, and this is what I did:(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 7:21---- Jos 7:21 Nan bagay nou te pran apre batay la, mwen te wè yon bèl manto ki te soti lavil Babilòn, desan pyès an ajan ki te peze wit liv antou, ak yon gwo moso lò ki te peze de liv. Mwen te sitèlman anvi yo, mwen pran yo. Mwen fouye yon twou nan mitan tant kote m' rete a, mwen antere yo ladan l', avèk pyès ajan yo anba nèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 7:21 when I saw among the spoil a beautiful mantle from Shinar and two hundred shekels of silver and a bar of gold fifty shekels in weight, then I coveted them and took them; and behold, they are concealed in the earth inside my tent with the silver underneath it."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 7:22---- Jos 7:22 Jozye voye kèk mesaje ki kouri al nan tant Akan an. Yo jwenn tout bagay yo nan twou a avèk pyès ajan yo anba nèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 7:22 So Joshua sent messengers, and they ran to the tent; and behold, it was concealed in his tent with the silver underneath it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 7:23---- Jos 7:23 Yo pran yo, yo soti avèk yo nan tant lan. Yo pote yo bay Jozye ak tout pèp Izrayèl la. Yo mete yo atè devan Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 7:23 They took them from inside the tent and brought them to Joshua and to all the sons of Israel, and they poured them out before the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 7:24---- Jos 7:24 Jozye, ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo, pran Akan, pyès ajan yo, manto a, moso lò a ansanm ak pitit fi l' yo, pitit gason l' yo, bèlfi li yo, bèf li yo, bourik li yo, mouton l' yo ak tout lòt bagay li te genyen, yo mennen yo nan Fon Malè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 7:24 Then Joshua and all Israel with him, took Achan the son of Zerah, the silver, the mantle, the bar of gold, his sons, his daughters, his oxen, his donkeys, his sheep, his tent and all that belonged to him; and they brought them up to the valley of Achor.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 7:25---- Jos 7:25 Epi Jozye di Akan konsa: -Poukisa ou rale tout malè sa a sou tèt nou? Jòdi a, Seyè a pral fè malè tonbe sou ou! Epi tout moun pèp Izrayèl yo pran wòch, yo kalonnen yo jouk yo touye yo. Yo boule tout bagay yo nan dife. Yo touye tout fanmi l' yo ak bèt li yo ak koutwòch.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 7:25 Joshua said, "Why have you troubled us? The Lord will trouble you this day." And all Israel stoned them with stones; and they burned them with fire after they had stoned them with stones.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 7:26---- Jos 7:26 Yo mete yon gwo pil wòch sou yo. Gwo pil wòch sa a la jouk jòdi a. Se poutèt sa, jouk jòdi a, yo rele kote sa a Fon Malè. Se konsa Seyè a te sispann move sou pèp la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 7:26 They raised over him a great heap of stones that stands to this day, and the Lord turned from the fierceness of His anger. Therefore the name of that place has been called the valley of Achor to this day.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 8:1 ---- written 1400-1370 B.C.---- |
|
THIS CHAPTER:
0194_06_Joshua_07_ht-en.html 0190_06_Joshua_03_ht-en.html 0191_06_Joshua_04_ht-en.html 0192_06_Joshua_05_ht-en.html 0193_06_Joshua_06_ht-en.html 0195_06_Joshua_08_ht-en.html 0196_06_Joshua_09_ht-en.html 0197_06_Joshua_10_ht-en.html 0198_06_Joshua_11_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|