|
================================================================================ ---- 2 Samuel 21:1 ---- written 930 B.C. and later---- 2Sa 21:1 Sou rèy wa David, vin gen yon gwo grangou pandan twazan yonn apre lòt. Lè sa a, David al mande Seyè a sa k'ap pase. Seyè a reponn li: -Se krim Sayil ak fanmi l' yo te fè ki lakòz grangou sa a, paske yo te sasinen moun lavil Gabawon yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 21:1 Now there was a famine in the days of David for three years, year after year; and David sought the presence of the Lord. And the Lord said, "It is for Saul and his bloody house, because he put the Gibeonites to death."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 21:2---- 2Sa 21:2 Moun lavil Gabawon yo pa t' fanmi moun Izrayèl yo. Se yon ti rès nan moun peyi Amori moun Izrayèl yo te pran angajman yo t'ap toujou pwoteje. Men, Sayil te sitèlman cho pou defann enterè moun fanmi Izrayèl ak fanmi Jida yo, li te soti pou l' te detwi yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 21:2 So the king called the Gibeonites and spoke to them (now the Gibeonites were not of the sons of Israel but of the remnant of the Amorites, and the sons of Israel made a covenant with them, but Saul had sought to kill them in his zeal for the sons of Israel and Judah).(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 21:3---- 2Sa 21:3 Se konsa David voye chache yo, li mande yo: -Kisa m' ka fè pou nou? Ki jan pou m' repare tou sa nou sibi pou nou ka rale benediksyon sou pèp Seyè a?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 21:3 Thus David said to the Gibeonites, "What should I do for you? And how can I make atonement that you may bless the inheritance of the Lord?"(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 21:4---- 2Sa 21:4 Yo reponn li: -Sa nou gen pou n' regle ak Sayil ansanm ak rès fanmi li an, se pa yon keksyon lò ak ajan, ni nou pa ta renmen touye pesonn nan peyi Izrayèl. David mande yo: -Manyè di m' sa nou vle m' fè pou nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 21:4 Then the Gibeonites said to him, "We have no concern of silver or gold with Saul or his house, nor is it for us to put any man to death in Israel." And he said, "I will do for you whatever you say."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 21:5---- 2Sa 21:5 Yo reponn li: -Sayil te soti pou disparèt nou. Li te fè lide pou l' te touye nou nèt pou l' pa kite yonn nan nou vivan nan tout peyi Izrayèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 21:5 So they said to the king, "The man who consumed us and who planned to exterminate us from remaining within any border of Israel,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 21:6---- 2Sa 21:6 Enben, renmèt nou sèt gason nan fanmi li an pou nou ka pann yo devan Seyè a nan lavil Gabawon, lavil Sayil la menm, nonm Seyè a te chwazi pou wa a. David reponn yo: -M'ap ban nou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 21:6 let seven men from his sons be given to us, and we will hang them before the Lord in Gibeah of Saul, the chosen of the Lord." And the king said, "I will give them."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 21:7---- 2Sa 21:7 David pa ba yo Mefibochèt, pitit Jonatan an, pitit pitit Sayil la, poutèt sèman li menm ak Jonatan, pitit Sayil la, yo te fè devan Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 21:7 But the king spared Mephibosheth, the son of Jonathan the son of Saul, because of the oath of the Lord which was between them, between David and Saul's son Jonathan.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 21:8---- 2Sa 21:8 Men, li pran Amoni ak Mefibochèt, de pitit gason Rispa, pitit Ayi a, te fè pou Sayil, ansanm ak senk pitit gason Merab, pitit Sayil la, te fè pou Adriyèl, pitit gason Bazilayi, moun lavil Meola a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 21:8 So the king took the two sons of Rizpah the daughter of Aiah, Armoni and Mephibosheth whom she had borne to Saul, and the five sons of Merab the daughter of Saul, whom she had borne to Adriel the son of Barzillai the Meholathite.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 21:9---- 2Sa 21:9 Li lage yo nan men moun Gabawon yo ki pann yo sou yon ti mòn devan Seyè a. Yo tou lesèt mouri ansanm. Lè sa a, se te fen sezon prentan, yo te fèk konmanse rekòt lòj la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 21:9 Then he gave them into the hands of the Gibeonites, and they hanged them in the mountain before the Lord, so that the seven of them fell together; and they were put to death in the first days of harvest at the beginning of barley harvest.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 21:10---- 2Sa 21:10 Apre sa, Rispa, pitit Ayi a, pran yon rad sak, li vlope kò l' ladan l', li al chita sou wòch kote kadav yo te ye a. Li rete la depi nan konmansman rekòt la jouk sezon lapli a rive. Lajounen li t'ap chase zwazo ki te vle vin poze sou kadav yo. Lannwit li t'ap kouri dèyè bèt nan bwa ki te vle vin devore yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 21:10 And Rizpah the daughter of Aiah took sackcloth and spread it for herself on the rock, from the beginning of harvest until it rained on them from the sky; and she allowed neither the birds of the sky to rest on them by day nor the beasts of the field by night.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 21:11---- 2Sa 21:11 Y' al rapòte bay David sa Rispa, yonn nan fanm kay Sayil yo, t'ap fè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 21:11 When it was told David what Rizpah the daughter of Aiah, the concubine of Saul, had done,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 21:12---- 2Sa 21:12 David al pran zosman Sayil ansanm ak zosman Jonatan nan men moun lavil Jabès yo nan peyi Galarad. (Moun sa yo te al vòlò kadav Sayil ak Jonatan sou plas piblik lavil Bèt-Chean kote moun Filisti yo te pann yo lè yo te fin touye Sayil sou mòn Gilboa a.)(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 21:12 then David went and took the bones of Saul and the bones of Jonathan his son from the men of Jabesh-gilead, who had stolen them from the open square of Beth-shan, where the Philistines had hanged them on the day the Philistines struck down Saul in Gilboa.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 21:13---- 2Sa 21:13 David pran zosman Sayil ansanm ak zosman Jonatan yo, li ranmase zosman sèt mesye yo te pann yo tou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 21:13 He brought up the bones of Saul and the bones of Jonathan his son from there, and they gathered the bones of those who had been hanged.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 21:14---- 2Sa 21:14 Lèfini, yo antere yo ansanm ak zosman Sayil ak zosman Jonatan yo nan tonm Kich, papa Sayil la, lavil Zela nan pòsyon peyi ki pou branch fanmi Benjamen yo. Yo fè tou sa wa a te bay lòd fè a. Apre sa, Bondye tande lapriyè yo pou peyi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 21:14 They buried the bones of Saul and Jonathan his son in the country of Benjamin in Zela, in the grave of Kish his father; thus they did all that the king commanded, and after that God was moved by prayer for the land.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 21:15---- 2Sa 21:15 Lagè pete ankò ant moun Filisti yo ak moun peyi Izrayèl yo. David desann ak sòlda li yo, li al goumen ak moun Filisti yo. Pandan y'ap goumen konsa, David santi l' bouke.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 21:15 Now when the Philistines were at war again with Israel, David went down and his servants with him; and as they fought against the Philistines, David became weary.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 21:16---- 2Sa 21:16 Yon potorik gason bèl wotè yo te rele Ichbibenòb, moun laras Arafa yo, fè lide pou l' touye David. Li te gen yon frenn an kwiv ki te peze sèt liv edmi konsa ak yon nepe tou nèf mare nan ren li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 21:16 Then Ishbi-benob, who was among the descendants of the giant, the weight of whose spear was three hundred shekels of bronze in weight, was girded with a new sword, and he intended to kill David.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 21:17---- 2Sa 21:17 Men, Abichayi, pitit gason Sewouja a, vin pote wa a sekou. Li atake moun Filisti a, li touye l'. Lè sa a, moun David yo fè wa a pwomèt pou li pa janm vin nan lagè avè yo ankò. Yo di l': -Ou se espwa pèp Izrayèl la. Nou pa vle pèdi ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 21:17 But Abishai the son of Zeruiah helped him, and struck the Philistine and killed him. Then the men of David swore to him, saying, "You shall not go out again with us to battle, so that you do not extinguish the lamp of Israel."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 21:18---- 2Sa 21:18 Apre sa, te gen yon lòt batay ankò avè moun Filisti yo lavil Gòb. Lè sa a, Sibekayi, moun lavil Ousa, touye Saf, yon lòt potorik gason nan ras moun Arafa yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 21:18 Now it came about after this that there was war again with the Philistines at Gob; then Sibbecai the Hushathite struck down Saph, who was among the descendants of the giant.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 21:19---- 2Sa 21:19 Pandan yon lòt batay avèk moun Filisti yo ankò nan menm lavil Gòb la, Elanan, pitit gason Jari, moun lavil Betleyèm, touye Golyat, yon moun lavil Gat. Frenn Golyat la te gen yon manch menm gwosè ak yon gwo manch pilon.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 21:19 There was war with the Philistines again at Gob, and Elhanan the son of Jaare-oregim the Bethlehemite killed Goliath the Gittite, the shaft of whose spear was like a weaver's beam.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 21:20---- 2Sa 21:20 vin gen yon lòt batay ankò lavil Gat. Lè sa a, te gen yon sòlda bèl wotè ki te gen sis dwèt nan chak men, sis zòtèy nan chak pye. Se te yonn nan ras moun Arafa yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 21:20 There was war at Gath again, where there was a man of great stature who had six fingers on each hand and six toes on each foot, twenty-four in number; and he also had been born to the giant.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 21:21---- 2Sa 21:21 Li t'ap pase moun pèp Izrayèl yo nan betiz. Jonatan, pitit gason Chimeya, frè David la, touye l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 21:21 When he defied Israel, Jonathan the son of Shimei, David's brother, struck him down.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 21:22---- 2Sa 21:22 Kat sòlda peyi Filisti sa yo te moun bèl wotè, potorik gason, nan ras moun Arafa yo lavil Gat. David ak moun pa li yo touye yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 21:22 These four were born to the giant in Gath, and they fell by the hand of David and by the hand of his servants.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 22:1 ---- written 930 B.C. and later---- |
|
THIS CHAPTER:
0288_10_2_Samuel_21_ht-en.html 0284_10_2_Samuel_17_ht-en.html 0285_10_2_Samuel_18_ht-en.html 0286_10_2_Samuel_19_ht-en.html 0287_10_2_Samuel_20_ht-en.html 0289_10_2_Samuel_22_ht-en.html 0290_10_2_Samuel_23_ht-en.html 0291_10_2_Samuel_24_ht-en.html 0292_11_1_Kings_01_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|