|
================================================================================ ---- 2 Kings 17:1 ---- written 550 B.C.---- 2Ki 17:1 Wa Akaz t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Oze, pitit Ela, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan nevan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:1 In the twelfth year of Ahaz king of Judah, Hoshea the son of Elah became king over Israel in Samaria, and reigned nine years.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:2---- 2Ki 17:2 Li fè sa ki mal nan je Seyè a, men tansèlman pa tankou lòt wa ki te gouvènen peyi Izrayèl la anvan l' yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:2 He did evil in the sight of the Lord, only not as the kings of Israel who were before him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:3---- 2Ki 17:3 Salmanaza, wa peyi Lasiri a, atake Oze. Oze soumèt devan l'. Li peye l' yon lajan chak lanne.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:3 Shalmaneser king of Assyria came up against him, and Hoshea became his servant and paid him tribute.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:4---- 2Ki 17:4 Men, Salmanaza vin dekouvri Oze t'ap moute konplo sou do l'. Oze te voye mesaje bò kot So, wa peyi Lejip, pou mande l' konkou. Lèfini, li te sispann voye lajan li te gen pou l' peye wa peyi Lasiri a chak lanne. Se konsa Salmanaza fè arete Oze, mete l' nan prizon ak chenn nan pye l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:4 But the king of Assyria found conspiracy in Hoshea, who had sent messengers to So king of Egypt and had offered no tribute to the king of Assyria, as he had done year by year; so the king of Assyria shut him up and bound him in prison.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:5---- 2Ki 17:5 Salmanaza anvayi peyi Izrayèl la. Li sènen lavil Samari pandan twazan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:5 Then the king of Assyria invaded the whole land and went up to Samaria and besieged it three years.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:6---- 2Ki 17:6 Oze te gen nevan depi li te wa lè wa Lasiri a pran lavil Samari. Salmanaza fè tout pèp Izrayèl la prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan, yon pati nan lavil peyi Medi yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:6 In the ninth year of Hoshea, the king of Assyria captured Samaria and carried Israel away into exile to Assyria, and settled them in Halah and Habor, on the river of Gozan, and in the cities of the Medes.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:7---- 2Ki 17:7 Sa te rive konsa paske moun peyi Izrayèl yo te fè peche kont Seyè a, Bondye yo a, ki te fè yo soti kite peyi Lejip, ki te delivre yo anba men farawon an, wa peyi Lejip la. Yo t'ap sèvi lòt bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:7 Now this came about because the sons of Israel had sinned against the Lord their God, who had brought them up from the land of Egypt from under the hand of Pharaoh, king of Egypt, and they had feared other gods(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:8---- 2Ki 17:8 Yo t'ap swiv mès moun lòt nasyon Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo. Yo t'ap mache dapre lòt vye prensip wa Izrayèl yo te ba yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:8 and walked in the customs of the nations whom the Lord had driven out before the sons of Israel, and in the customs of the kings of Israel which they had introduced.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:9---- 2Ki 17:9 Lèfini, moun peyi Izrayèl yo te fè yon bann bagay yo pa t' dwe fè devan Seyè a. Yo bati tanp pou zidòl nan tout lavil yo, depi nan ti bouk kote ki gen avanpòs pou faksyonnè rive nan gwo lavil ak ranpa yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:9 The sons of Israel did things secretly which were not right against the Lord their God. Moreover, they built for themselves high places in all their towns, from watchtower to fortified city.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:10---- 2Ki 17:10 Sou tout mòn, anba tout gwo pyebwa, yo kanpe gwo wòch ak estati pou Achera, zidòl fanm lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:10 They set for themselves sacred pillars and Asherim on every high hill and under every green tree,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:11---- 2Ki 17:11 Yo boule lansan sou tout lotèl zidòl yo tankou moun Seyè a te mete deyò nan peyi a te konn fè. Yo fè yon bann bagay derespektan ki lakòz Seyè a te fache anpil.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:11 and there they burned incense on all the high places as the nations did which the Lord had carried away to exile before them; and they did evil things provoking the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:12---- 2Ki 17:12 Yo adore zidòl, bagay Seyè a te ba yo lòd pa fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:12 They served idols, concerning which the Lord had said to them, "You shall not do this thing."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:13---- 2Ki 17:13 Seyè a te voye mesaje ak pwofèt li yo avèti moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Li te byen di yo: Manyè kite move chemen n'ap swiv la! Fè sa m' mande nou fè. Kenbe lòd mwen yo jan sa ye nan lalwa mwen te bay zansèt nou yo, lalwa mwen te fè pwofèt yo, sèvitè m' yo, moutre nou an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:13 Yet the Lord warned Israel and Judah through all His prophets and every seer, saying, "Turn from your evil ways and keep My commandments, My statutes according to all the law which I commanded your fathers, and which I sent to you through My servants the prophets."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:14---- 2Ki 17:14 Men, yo pa koute l', yo fè tèt di tankou zansèt yo ki pa t' mete konfyans yo nan Seyè a, Bondye yo a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:14 However, they did not listen, but stiffened their neck like their fathers, who did not believe in the Lord their God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:15---- 2Ki 17:15 Yo derefize kenbe lòd li yo, yo pa respekte kontra li te pase ak zansèt yo. Yo pa okipe avètisman li te ba yo, yo pran sèvi zidòl ki pa vo anyen. Yo menm, yo pèdi valè yo. Yo pran fè tankou lòt nasyon k'ap viv bò kote yo t'ap fè, yo dezobeyi lòd Seyè a ki te di yo pa fè sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:15 They rejected His statutes and His covenant which He made with their fathers and His warnings with which He warned them. And they followed vanity and became vain, and went after the nations which surrounded them, concerning which the Lord had commanded them not to do like them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:16---- 2Ki 17:16 Yo lage tout kòmandman Seyè a, Bondye yo a, te ba yo. Yo fè de estati towo an kwiv pou yo sèvi ak yon pòtre Achera, zidòl fanm lan, yo sèvi zetwal nan syèl la ansanm ak Baal.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:16 They forsook all the commandments of the Lord their God and made for themselves molten images, even two calves, and made an Asherah and worshiped all the host of heaven and served Baal.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:17---- 2Ki 17:17 Yo bay pitit fi ak pitit gason yo pou boule pou bondye lòt nasyon yo, y' al dèyè divinò ak chòche. Yo vann tèt yo, yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Seyè a, pou yo te ka fè l' move jouk li pa kapab ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:17 Then they made their sons and their daughters pass through the fire, and practiced divination and enchantments, and sold themselves to do evil in the sight of the Lord, provoking Him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:18---- 2Ki 17:18 Se konsa Seyè a fè yon sèl move sou pèp Izrayèl la, li wete yo devan je l'. Pa rete pase branch fanmi Jida a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:18 So the Lord was very angry with Israel and removed them from His sight; none was left except the tribe of Judah.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:19---- 2Ki 17:19 Men, ata moun peyi Jida yo tou pa t' kenbe lòd Seyè a, Bondye yo a. Yo t'ap fè tankou moun peyi Izrayèl yo. Yo t'ap fè tout vye bagay moun peyi Izrayèl yo te ranmase.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:19 Also Judah did not keep the commandments of the Lord their God, but walked in the customs which Israel had introduced.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:20---- 2Ki 17:20 Se poutèt sa Seyè a vire do bay dènye moun nan ras Izrayèl la. Li fè yo wont, li lage yo nan men yon bann piyajè, jouk li wete yo devan je l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:20 The Lord rejected all the descendants of Israel and afflicted them and gave them into the hand of plunderers, until He had cast them out of His sight.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:21---- 2Ki 17:21 Li separe pèp la, li mete moun peyi Izrayèl yo yon bò, moun fanmi David yo yon bò. Moun peyi Izrayèl yo pran Jewoboram, pitit Nebat, yo mete l' wa pou gouvènen yo. Jewoboram lakòz yo kite chimen Seyè a nèt. Li fè yo fè pi gwo peche toujou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:21 When He had torn Israel from the house of David, they made Jeroboam the son of Nebat king. Then Jeroboam drove Israel away from following the Lord and made them commit a great sin.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:22---- 2Ki 17:22 Moun peyi Izrayèl yo pran fè tankou Jewoboram, yo donnen ladan l' san rete.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:22 The sons of Israel walked in all the sins of Jeroboam which he did; they did not depart from them(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:23---- 2Ki 17:23 Bout pou bout, Seyè a wete yo nèt devan je l', jan li te voye sèvitè l' yo, pwofèt yo avèti yo a. Se konsa yo depòte moun peyi Izrayèl yo byen lwen nan peyi Lasiri kote yo ye jouk jounen jòdi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:23 until the Lord removed Israel from His sight, as He spoke through all His servants the prophets. So Israel was carried away into exile from their own land to Assyria until this day.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:24---- 2Ki 17:24 Wa peyi Lasiri a pran moun lavil Babilòn, moun lavil Kout, moun lavil Ava, moun lavil Ama ak moun lavil Sefavayim, li voye yo al rete nan lavil peyi Samari nan plas moun Izrayèl li te fè depòte yo. Moun yo pran peyi Samari a pou yo, y' al rete nan tout lavil yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:24 The king of Assyria brought men from Babylon and from Cuthah and from Avva and from Hamath and Sepharvaim, and settled them in the cities of Samaria in place of the sons of Israel. So they possessed Samaria and lived in its cities.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:25---- 2Ki 17:25 Moun sa yo pa t' nan sèvi Seyè a. Konsa, lè yo fèk vin tabli nan peyi a, Seyè a voye lyon ki touye kèk ladan yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:25 At the beginning of their living there, they did not fear the Lord; therefore the Lord sent lions among them which killed some of them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:26---- 2Ki 17:26 Yo voye di wa peyi Lasiri a: Moun ou te voye vin rete lavil peyi Samari yo pa konnen jan pou yo sèvi Bondye peyi a. Se konsa bondye peyi a voye lyon k'ap fini ak yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:26 So they spoke to the king of Assyria, saying, "The nations whom you have carried away into exile in the cities of Samaria do not know the custom of the god of the land; so he has sent lions among them, and behold, they kill them because they do not know the custom of the god of the land."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:27---- 2Ki 17:27 Lè sa a, wa peyi Lasiri a bay lòd sa a: Pran yonn nan prèt nou te fè prizonye yo, voye l' tounen al viv laba a pou l' ka moutre moun yo jan pou yo sèvi bondye peyi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:27 Then the king of Assyria commanded, saying, "Take there one of the priests whom you carried away into exile and let him go and live there; and let him teach them the custom of the god of the land."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:28---- 2Ki 17:28 Se konsa yonn nan prèt yo te depòte yo tounen nan peyi Samari, l' al rete lavil Betèl, li moutre yo jan pou yo fè sèvis pou Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:28 So one of the priests whom they had carried away into exile from Samaria came and lived at Bethel, and taught them how they should fear the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:29---- 2Ki 17:29 Men, chak nasyon te fè bondye pa yo nan lavil kote yo te rete a, yo mete yo nan tanp ansyen moun peyi Izrayèl yo te bati pou zidòl yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:29 But every nation still made gods of its own and put them in the houses of the high places which the people of Samaria had made, every nation in their cities in which they lived.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:30---- 2Ki 17:30 Moun lavil Babilòn yo te fè pòtre Soukòt Benòt. Moun lavil Kout yo te fè pòtre Negal. Moun lavil Amat yo te fè pòtre Asima.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:30 The men of Babylon made Succoth-benoth, the men of Cuth made Nergal, the men of Hamath made Ashima,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:31---- 2Ki 17:31 Moun lavil Ava yo te fè pòtre Nibaz ak Tatak. Moun lavil Sefavayim yo ofri pitit yo pou boule pou Adramelèk ak Anamelèk, bondye pa yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:31 and the Avvites made Nibhaz and Tartak; and the Sepharvites burned their children in the fire to Adrammelech and Anammelech the gods of Sepharvaim.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:32---- 2Ki 17:32 Kifè yo t'ap sèvi Seyè a, men an menm tan yo chwazi moun nan mitan yo pou sèvi prèt zidòl yo, pou fè sèvis pou yo nan tanp zidòl yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:32 They also feared the Lord and appointed from among themselves priests of the high places, who acted for them in the houses of the high places.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:33---- 2Ki 17:33 Se konsa yo t'ap adore Seyè a men yo t'ap adore bondye pa yo tou, dapre koutim peyi kote yo te soti.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:33 They feared the Lord and served their own gods according to the custom of the nations from among whom they had been carried away into exile.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:34---- 2Ki 17:34 Jouk jounen jòdi a y'ap fè sa yo te konn fè a. Men, yo pa adore Seyè a, yo pa fè sa li mande nan lalwa ak kòmandman li te bay moun fanmi Jakòb yo swiv. Se Jakòb sa a Bondye sèl Mèt la te bay yon lòt non, li te rele l' Izrayèl.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:34 To this day they do according to the earlier customs: they do not fear the Lord, nor do they follow their statutes or their ordinances or the law, or the commandments which the Lord commanded the sons of Jacob, whom He named Israel;(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:35---- 2Ki 17:35 Seyè a te pase yon kontra ak pitit Jakòb yo, li te ba yo lòd sa a: Pa sèvi lòt bondye, pa mete jenou atè devan yo. Pa fè sèvis pou yo, pa ofri ankenn bèt pou touye pou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:35 with whom the Lord made a covenant and commanded them, saying, "You shall not fear other gods, nor bow down yourselves to them nor serve them nor sacrifice to them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:36---- 2Ki 17:36 Se mwen menm Seyè a pou nou sèvi, mwen menm Bondye nou an ki te fè nou soti kite peyi Lejip ak gwo kouraj mwen, ak fòs ponyèt mwen. Se mwen menm sèlman pou nou sèvi, pou nou adore. Se pou mwen ase pou nou ofri bèt pou touye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:36 But the Lord, who brought you up from the land of Egypt with great power and with an outstretched arm, Him you shall fear, and to Him you shall bow yourselves down, and to Him you shall sacrifice.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:37---- 2Ki 17:37 Se pou nou toujou kenbe prensip ak regleman, lòd ak kòmandman mwen te ekri ban nou pou nou te ka swiv yo chak jou. Piga nou gen krentif pou bondye lòt nasyon yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:37 The statutes and the ordinances and the law and the commandment which He wrote for you, you shall observe to do forever; and you shall not fear other gods.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:38---- 2Ki 17:38 Piga nou bliye kontra mwen te pase ak nou an. Piga nou gen krentif pou bondye lòt nasyon yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:38 The covenant that I have made with you, you shall not forget, nor shall you fear other gods.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:39---- 2Ki 17:39 Se mwen menm ase, Seyè a, Bondye nou an, pou nou sèvi, m'a delivre nou anba men lènmi nou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:39 But the Lord your God you shall fear; and He will deliver you from the hand of all your enemies."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:40---- 2Ki 17:40 Men, moun yo pa koute m', yo toujou ap fè sa yo te konn fè anvan an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:40 However, they did not listen, but they did according to their earlier custom.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 17:41---- 2Ki 17:41 Konsa moun nasyon sa yo t'ap sèvi Seyè a, men yo te toujou ap sèvi zidòl pa yo tou. Pitit yo ak pitit pitit yo ap fè tankou papa yo jouk jounen jòdi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ki 17:41 So while these nations feared the Lord, they also served their idols; their children likewise and their grandchildren, as their fathers did, so they do to this day.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Kings 18:1 ---- written 550 B.C.---- |
|
THIS CHAPTER:
0330_12_2_Kings_17_ht-en.html 0326_12_2_Kings_13_ht-en.html 0327_12_2_Kings_14_ht-en.html 0328_12_2_Kings_15_ht-en.html 0329_12_2_Kings_16_ht-en.html 0331_12_2_Kings_18_ht-en.html 0332_12_2_Kings_19_ht-en.html 0333_12_2_Kings_20_ht-en.html 0334_12_2_Kings_21_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|