|
================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:1 ---- written 450-425 B.C.---- 2Ch 29:1 Ezekyas te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l' te rele Abija. Se te pitit fi Zakari.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:1 Hezekiah became king when he was twenty-five years old; and he reigned twenty-nine years in Jerusalem. And his mother's name was Abijah, the daughter of Zechariah.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:2---- 2Ch 29:2 Ezekyas te fè sa ki dwat devan Seyè a tankou David, zansèt li a, te fè l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:2 He did right in the sight of the Lord, according to all that his father David had done.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:3---- 2Ch 29:3 Ezekyas te gen yon mwa depi li te wa, lè li louvri tout pòt nan Tanp Seyè a. Li fè repare yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:3 In the first year of his reign, in the first month, he opened the doors of the house of the Lord and repaired them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:4---- 2Ch 29:4 Lèfini, li fè chache tout prèt yo ak moun Levi yo, li reyini yo sou lakou ki bay sou bò solèy leve nan Tanp lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:4 He brought in the priests and the Levites and gathered them into the square on the east.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:5---- 2Ch 29:5 Li di yo: -Nou menm fanmi Levi yo, koute sa m'ap di nou: mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Seyè a. Mete Tanp Seyè a, Bondye zansèt nou yo, nan kondisyon pou yo ka fè sèvis ladan l' pou li. Wete tout vye bagay yo te mete ladan l' kifè li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:5 Then he said to them, "Listen to me, O Levites. Consecrate yourselves now, and consecrate the house of the Lord, the God of your fathers, and carry the uncleanness out from the holy place.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:6---- 2Ch 29:6 Zansèt nou yo pa t' kenbe pawòl yo ak Bondye. Yo te fè sa ki mal devan Seyè a, Bondye nou an, yo vire do ba li. Yo pa t' okipe Tanp kote Seyè a rete a ankò. Yo pa gade l' menm!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:6 For our fathers have been unfaithful and have done evil in the sight of the Lord our God, and have forsaken Him and turned their faces away from the dwelling place of the Lord, and have turned their backs.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:7---- 2Ch 29:7 Yo kondannen tout pòt nan Tanp lan, yo kite lanp yo mouri, yo sispann boule lansan, yo sispann boule bèt nan Tanp lan pou Bondye pèp Izrayèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:7 They have also shut the doors of the porch and put out the lamps, and have not burned incense or offered burnt offerings in the holy place to the God of Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:8---- 2Ch 29:8 Se poutèt sa Seyè a te fache anpil sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm. Tout moun te sezi, tout moun te pè lè yo wè sa ki rive yo, tout moun t'ap pase yo nan betiz, tankou nou wè l' nou menm ak pwòp je nou tou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:8 Therefore the wrath of the Lord was against Judah and Jerusalem, and He has made them an object of terror, of horror, and of hissing, as you see with your own eyes.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:9---- 2Ch 29:9 Yo touye papa nou yo nan lagè. Yo fè madanm ak pitit nou yo prizonye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:9 For behold, our fathers have fallen by the sword, and our sons and our daughters and our wives are in captivity for this.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:10---- 2Ch 29:10 Se konsa mwen pran desizyon jòdi a pou m' pase yon kontra ak Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou li ka pa janm move sou nou ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:10 Now it is in my heart to make a covenant with the Lord God of Israel, that His burning anger may turn away from us.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:11---- 2Ch 29:11 Koulye a, pitit mwen yo, souke kò nou. Se nou menm Seyè a te chwazi pou toujou kanpe devan l', pou sèvi l', pou fè travay li, pou boule lansan pou li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:11 My sons, do not be negligent now, for the Lord has chosen you to stand before Him, to minister to Him, and to be His ministers and burn incense."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:12---- 2Ch 29:12 Men moun Levi ki vin pote tèt yo an premye: Nan branch fanmi Keyat la, se te Makat, pitit Amasayi ak Joèl, pitit Azarya. Nan branch fanmi Merari a, se te Kich, pitit Abdi ak Azarya, pitit Jealelèl. Nan branch fanmi Gèchon an, se te Joak, pitit Zimna ak Edèn, pitit Joak.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:12 Then the Levites arose: Mahath, the son of Amasai and Joel the son of Azariah, from the sons of the Kohathites; and from the sons of Merari, Kish the son of Abdi and Azariah the son of Jehallelel; and from the Gershonites, Joah the son of Zimmah and Eden the son of Joah;(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:13---- 2Ch 29:13 Nan branch fanmi Elizafan an, se te Chimri ak Jeiyèl. Nan branch fanmi Asaf la, se te Zekaraja ak Matanya.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:13 and from the sons of Elizaphan, Shimri and Jeiel; and from the sons of Asaph, Zechariah and Mattaniah;(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:14---- 2Ch 29:14 Nan branch fanmi Eyman an, se te Jeiyèl ak Chimeyi. Nan branch fanmi Jedoutoun lan, se te Chemaja ak Ouziyèl.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:14 and from the sons of Heman, Jehiel and Shimei; and from the sons of Jeduthun, Shemaiah and Uzziel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:15---- 2Ch 29:15 Mesye sa yo reyini tout fanmi yo, yo fè sèvis pou yo ka nan kondisyon sèvi Bondye. Lèfini, yo antre nan Tanp lan pou mete l' nan kondisyon sèvi Bondye, jan wa a te ba yo lòd la, dapre sa ki nan lalwa Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:15 They assembled their brothers, consecrated themselves, and went in to cleanse the house of the Lord, according to the commandment of the king by the words of the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:16---- 2Ch 29:16 Prèt yo antre anndan Tanp lan pou mete l' nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Yo pran tout vye bagay yo jwenn ladan l', yo pote yo deyò nan lakou Tanp lan. Moun Levi yo menm ranmase yo nan lakou a, yo al jete yo nan ravin Sedwon an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:16 So the priests went in to the inner part of the house of the Lord to cleanse it, and every unclean thing which they found in the temple of the Lord they brought out to the court of the house of the Lord. Then the Levites received it to carry out to the Kidron valley.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:17---- 2Ch 29:17 Yo konmanse travay la premye jou premye mwa a. Sou wit jou, yo te rive anndan kote ki apa pou Bondye nan Tanp lan. Yo travay pandan wit jou ankò. Sou sèzyèm jou mwa a yo te fini nèt ak travay pou mete Tanp lan nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:17 Now they began the consecration on the first day of the first month, and on the eighth day of the month they entered the porch of the Lord. Then they consecrated the house of the Lord in eight days, and finished on the sixteenth day of the first month.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:18---- 2Ch 29:18 Lè yo fini, moun Levi yo ale lakay wa Ezekyas, yo di l': -Monwa, nou fin travay la, nou mete tout kay Seyè a, lotèl pou boule ofrann yo ak tout batri ki mache avè l' yo, tab pou pen yo mete apa pou Seyè a ak tout batri pa l' yo tou, nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:18 Then they went in to King Hezekiah and said, "We have cleansed the whole house of the Lord, the altar of burnt offering with all of its utensils, and the table of showbread with all of its utensils.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:19---- 2Ch 29:19 Nou pran tout veso wa Akaz te detounen yo pandan tout tan li te vire do bay Bondye a, nou repare yo, nou mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Koulye a, yo tout devan lotèl Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:19 Moreover, all the utensils which King Ahaz had discarded during his reign in his unfaithfulness, we have prepared and consecrated; and behold, they are before the altar of the Lord."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:20---- 2Ch 29:20 Nan denmen maten, byen bonè, wa Ezekyas leve, li reyini tout chèf lavil la, li moute ak yo nan Tanp Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:20 Then King Hezekiah arose early and assembled the princes of the city and went up to the house of the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:21---- 2Ch 29:21 Yo mennen sèt ti towo, sèt belye mouton, sèt ti mouton, sèt bouk kabrit, yo ofri yo pou peye pou sa fanmi wa a ak tout moun pèp Jida yo te fè ki mal ak pou sa moun te fè ki mal nan Tanp lan. Wa a mande prèt yo, moun fanmi Arawon yo, pou yo touye bèt yo sou lotèl Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:21 They brought seven bulls, seven rams, seven lambs and seven male goats for a sin offering for the kingdom, the sanctuary, and Judah. And he ordered the priests, the sons of Aaron, to offer them on the altar of the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:22---- 2Ch 29:22 Prèt yo touye towo yo anvan, yo ranmase tout san an nan yon veso, yo al vide l' sou lotèl la. Apre sa, yo touye belye mouton yo, yo al vide san yo sou lotèl la. Apre sa ankò, yo touye ti mouton yo, yo al vide san yo sou lotèl la tou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:22 So they slaughtered the bulls, and the priests took the blood and sprinkled it on the altar. They also slaughtered the rams and sprinkled the blood on the altar; they slaughtered the lambs also and sprinkled the blood on the altar.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:23---- 2Ch 29:23 Lè yo fini, yo mennen bouk kabrit yo te ofri pou peche yo devan wa a ansanm ak lòt moun ki te la yo pou yo mete men yo sou tèt bèt yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:23 Then they brought the male goats of the sin offering before the king and the assembly, and they laid their hands on them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:24---- 2Ch 29:24 Lè yo fin fè sa, prèt yo touye bouk kabrit yo, yo vide san yo sou lotèl la tankou yon ofrann pou peche yo. Yo ofri yo bay Bondye pou mande padon pou peche tout pèp Izrayèl la, paske wa a te bay lòd pou yo te boule ofrann lan pou tout pèp Izrayèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:24 The priests slaughtered them and purged the altar with their blood to atone for all Israel, for the king ordered the burnt offering and the sin offering for all Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:25---- 2Ch 29:25 Wa Ezekyas mete moun Levi nan Tanp Seyè a avèk senbal, bandjo ak gita, dapre regleman David, Gad, pwofèt wa a ansanm ak pwofèt Natan te bay, paske tout lòd Seyè a vle bay, se nan bouch pwofèt li yo li toujou mete yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:25 He then stationed the Levites in the house of the Lord with cymbals, with harps and with lyres, according to the command of David and of Gad the king's seer, and of Nathan the prophet; for the command was from the Lord through His prophets.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:26---- 2Ch 29:26 Moun Levi yo al nan plas yo ak enstriman mizik David yo. Prèt yo te la tou ak twonpèt yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:26 The Levites stood with the musical instruments of David, and the priests with the trumpets.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:27---- 2Ch 29:27 Ezekyas bay lòd pou yo boule ofrann yo nèt sou lotèl la. Lè yo konmanse seremoni an, pèp la pran chante pou Seyè a, yo t'ap kònen twonpèt anmenmtan yo t'ap jwe lòt enstriman mizik David, wa peyi Izrayèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:27 Then Hezekiah gave the order to offer the burnt offering on the altar. When the burnt offering began, the song to the Lord also began with the trumpets, accompanied by the instruments of David, king of Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:28---- 2Ch 29:28 Tout moun ki te la yo mete ajenou, mizisyen yo t'ap chante, yo t'ap kònen twonpèt pandan tout seremoni boule a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:28 While the whole assembly worshiped, the singers also sang and the trumpets sounded; all this continued until the burnt offering was finished.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:29---- 2Ch 29:29 Lè yo fin boule ofrann yo sou lotèl la, wa a ak tout moun ki te la yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:29 Now at the completion of the burnt offerings, the king and all who were present with him bowed down and worshiped.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:30---- 2Ch 29:30 Apre sa, wa Ezekyas ak lòt chèf yo mande moun Levi yo pou yo chante pou Seyè a chante David ak pwofèt Asaf te ekri pou fè lwanj Seyè a. Se konsa tout moun t'ap chante ak kè kontan, antan yo te ajenou ak tèt yo bese jouk atè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:30 Moreover, King Hezekiah and the officials ordered the Levites to sing praises to the Lord with the words of David and Asaph the seer. So they sang praises with joy, and bowed down and worshiped.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:31---- 2Ch 29:31 Lè sa a, Ezekyas di pèp la: -Koulye a nou menm ki mete tèt nou apa pou fè sèvis Seyè a, pwoche non! Pote ofrann nou ansanm ak bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Se konsa tout pèp la pote bèt pou yo touye ak lòt ofrann pou di Bondye mèsi. Gen ladan yo ki te ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye paske yo te vle fè l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:31 Then Hezekiah said, "Now that you have consecrated yourselves to the Lord, come near and bring sacrifices and thank offerings to the house of the Lord." And the assembly brought sacrifices and thank offerings, and all those who were willing brought burnt offerings.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:32---- 2Ch 29:32 Yo mennen swasanndis towo, san belye mouton ak desan ti mouton pou yo te boule nèt pou Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:32 The number of the burnt offerings which the assembly brought was 70 bulls, 100 rams, and 200 lambs; all these were for a burnt offering to the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:33---- 2Ch 29:33 Konsa tou, yo ofri sisan mouton pou yo touye pou Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:33 The consecrated things were 600 bulls and 3,000 sheep.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:34---- 2Ch 29:34 Men prèt yo pa t' anpil, yo pa t' ka kòche tout bèt yo te ofri pou boule nèt yo. Se moun Levi yo, moun menm fanmi ak yo, ki te vin ede yo fin fè travay la, jouk lòt prèt yo te fin mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, paske moun Levi yo te pi prese mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a pase prèt yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:34 But the priests were too few, so that they were unable to skin all the burnt offerings; therefore their brothers the Levites helped them until the work was completed and until the other priests had consecrated themselves. For the Levites were more conscientious to consecrate themselves than the priests.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:35---- 2Ch 29:35 Lèfini, san konte tout bèt yo te touye pou boule nèt pou Seyè a, prèt yo te gen pou ofri bay Bondye grès lòt bèt yo te touye pou mande Bondye padon ak ofrann diven ki mache ak bèt yo boule nèt pou Seyè a. Se konsa yo konmanse ankò ap fè sèvis pou Bondye nan Tanp lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:35 There were also many burnt offerings with the fat of the peace offerings and with the libations for the burnt offerings. Thus the service of the house of the Lord was established again.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:36---- 2Ch 29:36 Wa Ezekyas ak tout pèp la te kontan deske Bondye te penmèt yo fè tou sa san pèdi twòp tan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 29:36 Then Hezekiah and all the people rejoiced over what God had prepared for the people, because the thing came about suddenly.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 30:1 ---- written 450-425 B.C.---- |
|
THIS CHAPTER:
0396_14_2_Chronicles_29_ht-en.html 0392_14_2_Chronicles_25_ht-en.html 0393_14_2_Chronicles_26_ht-en.html 0394_14_2_Chronicles_27_ht-en.html 0395_14_2_Chronicles_28_ht-en.html 0397_14_2_Chronicles_30_ht-en.html 0398_14_2_Chronicles_31_ht-en.html 0399_14_2_Chronicles_32_ht-en.html 0400_14_2_Chronicles_33_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|