Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Ezr 5:17 "Now if it pleases the king, let a search be conducted in the king's treasure house, which is there in Babylon, if it be that a decree was issued by King Cyrus to rebuild this house of God at Jerusalem; and let the king send to us his decision concerning this matter."(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 6:1 ---- written 465-444 B.C.----
Ezr 6:1 Se konsa wa Dariyis bay lòd pou yo fè chache nan tout depo kote yo te sere achiv yo ak trezò yo nan peyi Babilòn.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 6:1 Then King Darius issued a decree, and search was made in the archives, where the treasures were stored in Babylon.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 6:2----
Ezr 6:2 Epi yo jwenn yon woulo papye nan fò Achmeta, yon fòtrès ki te nan pwovens Medi a. Men sa ki te ekri nan woulo papye a:(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 6:2 In Ecbatana in the fortress, which is in the province of Media, a scroll was found and there was written in it as follows: "Memorandum--(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 6:3----
Ezr 6:3 -Nan premye lanne rèy li, wa Siris te bay lòd sa a sou tanp Bondye a nan lavil Jerizalèm: Se pou yo rebati tanp lan pou l' ka sèvi kote yo ka touye bèt ak boule ofrann nan dife pou Bondye. Tanp lan va gen trant mèt wotè, trant mèt lajè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 6:3 In the first year of King Cyrus, Cyrus the king issued a decree: 'Concerning the house of God at Jerusalem, let the temple, the place where sacrifices are offered, be rebuilt and let its foundations be retained, its height being 60 cubits and its width 60 cubits;(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 6:4----
Ezr 6:4 Y'a moute miray yo an bwa ak wòch, yonn sou lòt, twa ranje wòch pou chak ranje bwa. Y'a pran lajan nan kès wa a pou peye tout depans ki va fèt pou travay la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 6:4 with three layers of huge stones and one layer of timbers. And let the cost be paid from the royal treasury.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 6:5----
Ezr 6:5 Konsa tou, y'a renmèt yo tout veso an lò ak an ajan Nèbikadneza te pran nan tanp Bondye a lavil Jerizalèm pou l' te pote isit lavil Babilòn, pou tout bagay tounen nan plas yo nan tanp Bondye a lavil Jerizalèm.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 6:5 Also let the gold and silver utensils of the house of God, which Nebuchadnezzar took from the temple in Jerusalem and brought to Babylon, be returned and brought to their places in the temple in Jerusalem; and you shall put them in the house of God.'(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 6:6----
Ezr 6:6 Lè sa a, wa Dariyis voye repons sa a: -Pou Tatenayi, gouvènè pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, Cheta-Boznayi ak lòt kòlèg yo ki otorite nan Afasak la. Pa pwoche bò tanp lan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 6:6 "Now therefore, Tattenai, governor of the province beyond the River, Shethar-bozenai and your colleagues, the officials of the provinces beyond the River, keep away from there.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 6:7----
Ezr 6:7 Kite yo travay nan tanp Bondye a. Se pou gouvènè pèyi Jida a ak chèf fanmi yo rebati tanp lan sou menm anplasman kote l' te ye anvan an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 6:7 Leave this work on the house of God alone; let the governor of the Jews and the elders of the Jews rebuild this house of God on its site.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 6:8----
Ezr 6:8 Okontrè, men ki jan pou nou boule ak chèf fanmi pèp jwif yo nan travay y'ap fè pou rebati tanp Bondye sa a: N'a pran lajan nan kès wa ki nan men nou an, ki vle di nan lajan kontribisyon n'a ranmase nan pwovens la, n'a renmèt yo kòb tout depans y'a fè, san wete senk, pou travay la pa rete.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 6:8 Moreover, I issue a decree concerning what you are to do for these elders of Judah in the rebuilding of this house of God: the full cost is to be paid to these people from the royal treasury out of the taxes of the provinces beyond the River, and that without delay.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 6:9----
Ezr 6:9 N'a bay prèt Jerizalèm yo tou sa y'a bezwen pou fè ofrann bèt pou yo boule nèt nan dife pou Bondye ki nan syèl la. Chak jou, dapre sa prèt lavil Jerizalèm yo va di nou, n'a ba yo jenn ti towo, belye, ti mouton ansanm ak ble, sèl, diven, lwil y'a bezwen pou boule pou Seyè a. Pa pote okenn neglijans nan sa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 6:9 Whatever is needed, both young bulls, rams, and lambs for a burnt offering to the God of heaven, and wheat, salt, wine and anointing oil, as the priests in Jerusalem request, it is to be given to them daily without fail,(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 6:10----
Ezr 6:10 Konsa, y'a ka ofri sakrifis santi bon ki va fè Seyè a plezi. Y'a lapriyè pou wa a ak pou pitit li yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 6:10 that they may offer acceptable sacrifices to the God of heaven and pray for the life of the king and his sons.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 6:11----
Ezr 6:11 Men yon lòd mwen bay ankò: si yon moun refize fè anyen nan sa m' mande la a, y'a rache yon poto bwa nan kay li, y'a fè yon pwent li, y'a pèse moun lan pak an pak ak li. Pou kay li a menm, y'a fè l' tounen yon pil fatra, poutèt sa li fè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 6:11 And I issued a decree that any man who violates this edict, a timber shall be drawn from his house and he shall be impaled on it and his house shall be made a refuse heap on account of this.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 6:12----
Ezr 6:12 Se pou Bondye ki chwazi lavil Jerizalèm pou se la yo bati kay li a jete tout wa, kraze tout nasyon ki ta konprann pou yo pa koute lòd mwen bay la a, epi ki ta detwi tanp Bondye a ki lavil Jerizalèm. Se mwen menm, Dariyis, ki bay lòd sa a. Se pou yo fè sa mwen bay lòd fè a san wete san mete.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 6:12 May the God who has caused His name to dwell there overthrow any king or people who attempts to change it, so as to destroy this house of God in Jerusalem. I, Darius, have issued this decree, let it be carried out with all diligence!"(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 6:13----
Ezr 6:13 Tatenayi, gouvènè pwovens ki lòt bò larivyè Efrat la, Cheta-Boznayi ak lòt chèf yo fè sa wa Dariyis te bay lòd fè a san wete san mete.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 6:13 Then Tattenai, the governor of the province beyond the River, Shethar-bozenai and their colleagues carried out the decree with all diligence, just as King Darius had sent.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 6:14----
Ezr 6:14 Chèf fanmi jwif yo menm rebati tanp lan san pwoblèm, avèk ankourajman Aje, pwofèt Bondye a, ak Zakari, pitit gason Ido a, t'ap ba yo ak mesaj Bondye yo. Se konsa yo fin rebati tanp lan jan Bondye pèp Izrayèl la te ba yo lòd la, ak jan Dariyis, Siris ak Atagzèsès, tou twa wa peyi Pès la, te ba yo lòd la tou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 6:14 And the elders of the Jews were successful in building through the prophesying of Haggai the prophet and Zechariah the son of Iddo. And they finished building according to the command of the God of Israel and the decree of Cyrus, Darius, and Artaxerxes king of Persia.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 6:15----
Ezr 6:15 Travay la fini sou twazyèm jou nan mwa Ada a, nan sizyèm lanne rèy wa Dariyis.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 6:15 This temple was completed on the third day of the month Adar; it was the sixth year of the reign of King Darius.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 6:16----
Ezr 6:16 Lè sa a, tout pèp Izrayèl la, prèt yo, moun Levi yo ak tout rès moun ki te tounen yo fè fèt, yo fè gwo seremoni pou mete tanp lan apa pou sèvis Bondye.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 6:16 And the sons of Israel, the priests, the Levites and the rest of the exiles, celebrated the dedication of this house of God with joy.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 6:17----
Ezr 6:17 Yo ofri san ti mouton pou yo touye pou mete tanp lan apa pou sèvis Bondye. Yo ofri tou douz bouk kabrit, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, pou mande Bondye padon pou peche pèp la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 6:17 They offered for the dedication of this temple of God 100 bulls, 200 rams, 400 lambs, and as a sin offering for all Israel 12 male goats, corresponding to the number of the tribes of Israel.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 6:18----
Ezr 6:18 Apre sa, yo òganize sèvis tanp Bondye a lavil Jerizalèm. Yo separe prèt yo an divès kategori, yo separe moun Levi yo an divès klas, chak gwoup ak travay pa yo pou yo fè, jan sa ekri nan liv Moyiz la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 6:18 Then they appointed the priests to their divisions and the Levites in their orders for the service of God in Jerusalem, as it is written in the book of Moses.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 6:19----
Ezr 6:19 Katòzyèm jou mwa Nisan an, nan lanne senksankenz , jwif ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a fete fèt Delivrans lan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 6:19 The exiles observed the Passover on the fourteenth of the first month.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 6:20----
Ezr 6:20 Yo te fè yon sèl sèvis pou tout prèt yo ansanm ak tout moun Levi yo pou mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Yo tout te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye: yo touye bèt yo te ofri pou fèt Delivrans lan, yo fè yon sèl seremoni pou tout pèp la, pou prèt parèy yo ak pou yo menm tou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 6:20 For the priests and the Levites had purified themselves together; all of them were pure. Then they slaughtered the Passover lamb for all the exiles, both for their brothers the priests and for themselves.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 6:21----
Ezr 6:21 Men moun ki te manje manje Delivrans lan. Se te tout jwif ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo ki pa t' janm kite peyi yo men ki te vire do bay vye bagay lòt moun yo t'ap fè nan peyi yo epi ki te vin mete tèt ansanm ak moun ki te tounen yo pou adore Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 6:21 The sons of Israel who returned from exile and all those who had separated themselves from the impurity of the nations of the land to join them, to seek the Lord God of Israel, ate the Passover.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 6:22----
Ezr 6:22 Pandan sèt jou, yo fete Fèt Pen san ledven an ak kè kontan. Yo te kontan anpil dèske Seyè a te manyen kè wa peyi Lasiri a, ki te ankouraje yo anpil nan tout gwo travay yo t'ap fè a pou rebati tanp Bondye pèp Izrayèl la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 6:22 And they observed the Feast of Unleavened Bread seven days with joy, for the Lord had caused them to rejoice, and had turned the heart of the king of Assyria toward them to encourage them in the work of the house of God, the God of Israel.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 7:1 ---- written 465-444 B.C.----


top of the page
THIS CHAPTER:    0409_15_Ezra_06_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0405_15_Ezra_02_ht-en.html
0406_15_Ezra_03_ht-en.html
0407_15_Ezra_04_ht-en.html
0408_15_Ezra_05_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0410_15_Ezra_07_ht-en.html
0411_15_Ezra_08_ht-en.html
0412_15_Ezra_09_ht-en.html
0413_15_Ezra_10_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."