|
================================================================================ ---- Isaiah 54:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic---- Isa 54:1 Jerizalèm, ou menm ki pa t' kapab fè pitit, rele, fè fèt! Ou menm ki pa t' janm konnen doulè tranche, chante, danse, fè kè ou kontan! Paske fanm gason pa t' okipe a ap gen plis pitit pase fanm mari l' pa t' janm kite l' la. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 54:1 "Shout for joy, O barren one, you who have borne no child; Break forth into joyful shouting and cry aloud, you who have not travailed; For the sons of the desolate one will be more numerous Than the sons of the married woman," says the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 54:2---- Isa 54:2 Laji kote w'ap moute tant ou pou ou viv la! Louvri twal tant ou yo. Ou pa bezwen jennen. Lonje kòd ou yo, ranfòse pikèt ou yo!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 54:2 "Enlarge the place of your tent; Stretch out the curtains of your dwellings, spare not; Lengthen your cords And strengthen your pegs.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 54:3---- Isa 54:3 Ou pral louvri lakou ou sou bò dwat ak sou bò gòch pou fè plas. Moun ou yo pral tounen nan peyi moun lòt nasyon yo te pran nan men yo. Yo pral plen tout lavil ki te rete san moun yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 54:3 "For you will spread abroad to the right and to the left. And your descendants will possess nations And will resettle the desolate cities.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 54:4---- Isa 54:4 Ou pa bezwen pè! Yo p'ap derespekte ou ankò! Ou pa bezwen bese tèt ou, yo p'ap fè ou wont ankò! Ou pral bliye bagay lèd ou te fè lè ou te jenn marye a. Ou p'ap chonje lè ou te rete pou kont ou tankou yon fanm ki pèdi mari l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 54:4 "Fear not, for you will not be put to shame; And do not feel humiliated, for you will not be disgraced; But you will forget the shame of your youth, And the reproach of your widowhood you will remember no more.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 54:5---- Isa 54:5 Bondye ki te kreye ou la pral tankou yon mari pou ou. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'. Se Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki apa a, ki pral delivre ou. Se Bondye tout latè a yo rele l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 54:5 "For your husband is your Maker, Whose name is the Lord of hosts; And your Redeemer is the Holy One of Israel, Who is called the God of all the earth.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 54:6---- Isa 54:6 Ou tankou yon madanm mari l' kite l', epi ki nan gwo lapenn. Ou tankou yon madanm mari l' te renmen depi lè l' te jenn gason, men li vire do kite l'. Seyè a rele ou tounen vin jwenn li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 54:6 "For the Lord has called you, Like a wife forsaken and grieved in spirit, Even like a wife of one's youth when she is rejected," Says your God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 54:7---- Isa 54:7 Men sa Bondye ou la di ou: -Mwen te kite ou pou yon ti tan. Men, m'ap tounen avè ou ankò paske mwen renmen ou anpil.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 54:7 "For a brief moment I forsook you, But with great compassion I will gather you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 54:8---- Isa 54:8 Kòlè te fè m' pèdi tèt mwen. Mwen te vire do ba ou. Men, kè m' fè m' mal pou ou. M'ap moutre ou jan m' toujou renmen ou. Se Seyè k'ap delivre ou la ki di ou sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 54:8 "In an outburst of anger I hid My face from you for a moment, But with everlasting lovingkindness I will have compassion on you," Says the Lord your Redeemer.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 54:9---- Isa 54:9 Menm jan nan tan Noe, mwen te pwomèt mwen p'ap janm kite gwo inondasyon rive ankò sou latè. Konsa tou, mwen pwomèt koulye a m' p'ap janm fache sou nou ankò. Mwen p'ap rele dèyè nou, mwen p'ap pini nou ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 54:9 "For this is like the days of Noah to Me, When I swore that the waters of Noah Would not flood the earth again; So I have sworn that I will not be angry with you Nor will I rebuke you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 54:10---- Isa 54:10 Ou te mèt wè mòn yo ap souke, ti mòn yo ap tranble, mwen p'ap janm sispann renmen ou. M'ap toujou kenbe kontra mwen te pase pou m' te toujou byen avè ou la. Se Seyè ki renmen ou lan ki di ou sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 54:10 "For the mountains may be removed and the hills may shake, But My lovingkindness will not be removed from you, And My covenant of peace will not be shaken," Says the Lord who has compassion on you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 54:11---- Isa 54:11 Seyè a di ankò: -Ou menm lavil Jerizalèm ki nan gwo lapenn, ki san sekou, ki san pesonn pou konsole ou, mwen pral poze bèl wòch pyè ak yon mòtye koulè pou fondasyon ou. Mwen pral rebati ou sou pyè safi.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 54:11 "O afflicted one, storm-tossed, and not comforted, Behold, I will set your stones in antimony, And your foundations I will lay in sapphires.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 54:12---- Isa 54:12 M'ap bati fò ou yo ak pyè ribi, pòtay ou yo ak pyè malachi, miray ranpa ou yo ak bèl wòch pyè ki koute chè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 54:12 "Moreover, I will make your battlements of rubies, And your gates of crystal, And your entire wall of precious stones.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 54:13---- Isa 54:13 Se Seyè a menm ki pral moutre pitit ou yo tout bagay. Yo pral viv alèz ak kè poze.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 54:13 "All your sons will be taught of the Lord; And the well-being of your sons will be great.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 54:14---- Isa 54:14 Ou pral kanpe fèm paske tout moun ap mache dwat lakay ou. Pa fè mechanste. Ou pa bezwen pè pesonn. Ou pa bezwen gen kè sote. Anyen p'ap rive ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 54:14 "In righteousness you will be established; You will be far from oppression, for you will not fear; And from terror, for it will not come near you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 54:15---- Isa 54:15 Si yo atake ou, sa p'ap soti nan mwen. Nenpòt moun ki va fè ou lagè pral tonbe devan ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 54:15 "If anyone fiercely assails you it will not be from Me. Whoever assails you will fall because of you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 54:16---- Isa 54:16 Se mwen menm ki kreye bòs fòjon k'ap chofe dife chabon pou fè tout kalite zam. Se mwen menm tou ki fè lwijanboje yo pou kraze brize.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 54:16 "Behold, I Myself have created the smith who blows the fire of coals And brings out a weapon for its work; And I have created the destroyer to ruin.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 54:17---- Isa 54:17 Men, tout zam y'a fè pou sèvi kont ou yo p'ap fè ou anyen. W'a gen repons nan bouch ou pou tout moun ki va akize ou nan tribinal. Se sa m'ap fè pou tout sèvitè m' yo. Se mwen k'ap defann kòz yo. Se Seyè a menm ki di sa!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 54:17 "No weapon that is formed against you will prosper; And every tongue that accuses you in judgment you will condemn. This is the heritage of the servants of the Lord, And their vindication is from Me," declares the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 55:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0733_23_Isaiah_54_ht-en.html 0729_23_Isaiah_50_ht-en.html 0730_23_Isaiah_51_ht-en.html 0731_23_Isaiah_52_ht-en.html 0732_23_Isaiah_53_ht-en.html 0734_23_Isaiah_55_ht-en.html 0735_23_Isaiah_56_ht-en.html 0736_23_Isaiah_57_ht-en.html 0737_23_Isaiah_58_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|