Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Isa 57:21 "There is no peace," says my God,"for the wicked."(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 58:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic----
Isa 58:1 Seyè a di m' konsa: -Rele ak tout fòs ou, rele mezi ou kapab! Fè vwa ou sonnen tankou klewon! Fè pèp mwen an konnen tout mechanste li fè yo! Fè moun fanmi Jakòb yo konnen tout peche yo te fè!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 58:1 "Cry loudly, do not hold back; Raise your voice like a trumpet, And declare to My people their transgression And to the house of Jacob their sins.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 58:2----
Isa 58:2 Chak jou, y'ap fè sèvis pou mwen. Yo pretann yo konnen chemen m' yo, tankou si se yon nasyon ki fè sa ki dwat devan m', epi ki pa t' janm lage lòd mwen te ba yo. Y'ap mande m' pou m' defann kòz yo. Yo ta vle pou Bondye kanpe la ak yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 58:2 "Yet they seek Me day by day and delight to know My ways, As a nation that has done righteousness And has not forsaken the ordinance of their God. They ask Me for just decisions, They delight in the nearness of God.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 58:3----
Isa 58:3 Pèp la ap di: -Sa nou bezwen fè jèn fè si Bondye p'ap wè sa? Sa nou bezwen pran lapenn pou sa nou fè ki mal si ou p'ap gade sou sa? Seyè a reponn yo: -M'ap di nou laverite. Jou n'ap fè jèn lan, se jou sa a tou n'ap chache fè sa ki nan enterè nou ase. Se lè sa a n'ap plede peze moun k'ap travay pou nou yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 58:3 'Why have we fasted and You do not see? Why have we humbled ourselves and You do not notice?'Behold, on the day of your fast you find your desire, And drive hard all your workers.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 58:4----
Isa 58:4 Konsa tou, jou n'ap fè jèn lan, se lè sa a tou n'ap joure, n'ap fè kont, n'ap goumen, n'ap bay move kou. Jan mwen wè n'ap fè jèn lan jòdi a se pa konsa pou nou fè l' si nou vle lapriyè nou yo rive nan zòrèy mwen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 58:4 "Behold, you fast for contention and strife and to strike with a wicked fist. You do not fast like you do today to make your voice heard on high.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 58:5----
Isa 58:5 Eske mwen ka pran plezi nan kalite jèn sa a? Se sa nou rele yon jou n'ap pran lapenn pou sa nou fè ki mal? Fè jèn pou nou, se bese tèt nou jouk atè tankou wozo van ap pliye, se kouche plat atè sou sak nan mitan sann dife. Atò se sa nou rele fè jèn? Se sa ki pou fè Bondye plezi a?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 58:5 "Is it a fast like this which I choose, a day for a man to humble himself? Is it for bowing one's head like a reed And for spreading out sackcloth and ashes as a bed? Will you call this a fast, even an acceptable day to the Lord?(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 58:6----
Isa 58:6 Non! Men kalite jèn ki pou fè kè m' kontan an: Sispann fè mechanste. Sispann fè lenjistis. Bay esklav nou yo libète! Mete chay k'ap foule moun yo atè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 58:6 "Is this not the fast which I choose, To loosen the bonds of wickedness, To undo the bands of the yoke, And to let the oppressed go free And break every yoke?(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 58:7----
Isa 58:7 Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt kay nou pou nou resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè yon frè nou toutouni, ba li rad pou li mete sou li. Pa refize lonje men bay frè parèy ou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 58:7 "Is it not to divide your bread with the hungry And bring the homeless poor into the house; When you see the naked, to cover him; And not to hide yourself from your own flesh?(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 58:8----
Isa 58:8 Lè sa a, tankou solèy k'ap leve, m'ap klere nou, m'a fè nou wè jan mwen renmen nou. Lapoula m'a geri nou, m'a toujou mache ak nou pou m' delivre nou. Pouvwa Bondye a va mache dèyè nou pou pwoteje nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 58:8 "Then your light will break out like the dawn, And your recovery will speedily spring forth; And your righteousness will go before you; The glory of the Lord will be your rear guard.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 58:9----
Isa 58:9 Lè sa a, si nou lapriyè nan pye m', m'a reponn nou. Si nou rele m', m'a di men mwen! Si nou rache tout mechanste nan kè nou voye jete, si nou sispann kraponnen moun, si nou sispann pale moun mal,(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 58:9 "Then you will call, and the Lord will answer; You will cry, and He will say, 'Here I am.'If you remove the yoke from your midst, The pointing of the finger and speaking wickedness,(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 58:10----
Isa 58:10 si nou manje ak moun ki grangou, si nou plen vant moun ki nan nesesite, limyè va klere pou nou nan mitan fènwa. Lannwit va fè klè pou nou tankou gwo midi.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 58:10 And if you give yourself to the hungry And satisfy the desire of the afflicted, Then your light will rise in darkness And your gloom will become like midday.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 58:11----
Isa 58:11 Se tout tan Seyè a va moutre nou chemen pou nou pran, l'a rafrechi nanm nou nan tan chechrès. L'a ban nou fòs ak kouraj. N'a tankou yon jaden ki byen wouze, tankou yon sous dlo ki pa janm chèch.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 58:11 "And the Lord will continually guide you, And satisfy your desire in scorched places, And give strength to your bones; And you will be like a watered garden, And like a spring of water whose waters do not fail.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 58:12----
Isa 58:12 N'a rebati vye kay nou yo ki te fin tonbe. N'a moute lòt kay sou ansyen miray fondasyon tan lontan yo. Y'a rele nou moun ki konn repare miray fann yo, moun ki konn balize granchemen yo, moun k'ap refè kay ki kraze yo pou moun ka vin rete nan peyi a ankò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 58:12 "Those from among you will rebuild the ancient ruins; You will raise up the age-old foundations; And you will be called the repairer of the breach, The restorer of the streets in which to dwell.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 58:13----
Isa 58:13 Si nou veye kò nou pou nou respekte jou repo a, pou nou pa regle pwòp zafè nou jou ki apa pou mwen an, si se yon plezi pou nou lè jou repo a rive, si nou respekte jou ki apa pou mwen menm, Seyè a, pou jou sa a nou pa nan fè sa ki nan lide nou, nou pa nan vwayaje, nou pa nan fè travay, ni nou pa nan pale vye koze,(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 58:13 "If because of the sabbath, you turn your foot From doing your own pleasure on My holy day, And call the sabbath a delight, the holy day of the Lord honorable, And honor it, desisting from your own ways, From seeking your own pleasure And speaking your own word,(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 58:14----
Isa 58:14 lè sa a, n'a jwenn plezi nou nan fè sèvis pou mwen. M'a fè tout moun sou latè pote nou anlè, n'a jwi lavi nan peyi mwen te bay Jakòb, zansèt nou an. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 58:14 Then you will take delight in the Lord, And I will make you ride on the heights of the earth; And I will feed you with the heritage of Jacob your father, For the mouth of the Lord has spoken."(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 59:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic----


top of the page
THIS CHAPTER:    0737_23_Isaiah_58_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0733_23_Isaiah_54_ht-en.html
0734_23_Isaiah_55_ht-en.html
0735_23_Isaiah_56_ht-en.html
0736_23_Isaiah_57_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0738_23_Isaiah_59_ht-en.html
0739_23_Isaiah_60_ht-en.html
0740_23_Isaiah_61_ht-en.html
0741_23_Isaiah_62_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."