Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Isa 64:12 Will You restrain Yourself at these things, O Lord? Will You keep silent and afflict us beyond measure?(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 65:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic----
Isa 65:1 Seyè a te di: -Mwen te tou pare pou m' te reponn lapriyè pèp mwen an, menm lè yo pa t' lapriyè m'. Mwen te toupre yo, menm lè yo pa t' chache m'. Pèp la pa lapriyè nan pye m', atout mwen te toujou pare pou m' di yo: Men mwen! Men mwen!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 65:1 "I permitted Myself to be sought by those who did not ask for Me; I permitted Myself to be found by those who did not seek Me. I said, 'Here am I, here am I, 'To a nation which did not call on My name.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 65:2----
Isa 65:2 Chak jou mwen t'ap lonje men m' bay yon pèp ki t'ap kenbe tèt ak mwen, ki t'ap fè sa ki mal, ki t'ap fè sa yo pito.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 65:2 "I have spread out My hands all day long to a rebellious people, Who walk in the way which is not good, following their own thoughts,(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 65:3----
Isa 65:3 Nan figi m' konsa, yo t'ap plede fè bagay pou fè m' fache. Yo ofri bèt pou touye pou zidòl nan jaden yo, yo boule lansan sou lotèl zidòl yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 65:3 A people who continually provoke Me to My face, Offering sacrifices in gardens and burning incense on bricks;(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 65:4----
Isa 65:4 Lannwit, y' al nan simityè ak nan twou wòch pou fè sèvis pou mò ka di yo sa pou yo fè. Yo manje vyann kochon, yo bwè bouyon fèt ak vyann ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 65:4 Who sit among graves and spend the night in secret places; Who eat swine's flesh, And the broth of unclean meat is in their pots.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 65:5----
Isa 65:5 Apre sa, yonn di lòt: Pa pwoche m'. Pa manyen m', paske yo mete m' apa pou Bondye! Non, mwen pa ka sipòte sa y'ap fè a. Sa fè m' move, kòlè mwen tankou yon dife ki p'ap janm mouri.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 65:5 "Who say, 'Keep to yourself, do not come near me, For I am holier than you!'These are smoke in My nostrils, A fire that burns all the day.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 65:6----
Isa 65:6 Seyè a te di: Men desizyon mwen fin pran nan kè m': Mwen p'ap bay kò m' kanpo toutotan mwen pa pini yo, toutan mwen pa regle yo(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 65:6 "Behold, it is written before Me, I will not keep silent, but I will repay; I will even repay into their bosom,(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 65:7----
Isa 65:7 pou peche yo ak pou peche zansèt yo. Yo te boule lansan pou zidòl sou mòn yo, yo t'ap derespekte m' sou ti bit mòn yo. Se poutèt sa m'ap regle ak yo jan yo merite l' la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 65:7 Both their own iniquities and the iniquities of their fathers together," says the Lord." Because they have burned incense on the mountains And scorned Me on the hills, Therefore I will measure their former work into their bosom."(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 65:8----
Isa 65:8 Men sa Seyè a te di ankò: -Pesonn pa janm voye yon bon grap rezen jete. Okontrè, li sere l' pou fè diven ak li. Konsa tou, mwen p'ap detwi tout pèp la, m'ap sove moun k'ap sèvi m' yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 65:8 Thus says the Lord, "As the new wine is found in the cluster, And one says, 'Do not destroy it, for there is benefit in it, 'So I will act on behalf of My servants In order not to destroy all of them.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 65:9----
Isa 65:9 Nan tout fanmi Jakòb la, m'ap fè moun branch fanmi Jida yo pran mòn mwen yo pou yo. Se la moun mwen chwazi yo ak moun k'ap sèvi m' yo va rete.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 65:9 "I will bring forth offspring from Jacob, And an heir of My mountains from Judah; Even My chosen ones shall inherit it, And My servants will dwell there.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 65:10----
Isa 65:10 Plenn Sawon an pral tounen yon jaden zèb pou mouton m' yo, pou moun k'ap sèvi m' yo. Mwen pral lonje bèf mwen yo, moun ki toujou ap chache fè volonte m' yo, nan fon Akò pou yo ka manje.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 65:10 "Sharon will be a pasture land for flocks, And the valley of Achor a resting place for herds, For My people who seek Me.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 65:11----
Isa 65:11 Men pou nou menm ki vire do bay Seyè a, nou menm ki bliye mòn ki apa pou mwen an, epi ki al fè sèvis manje pou Gad, ki al fè ofrann bwason pou Mini,(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 65:11 "But you who forsake the Lord, Who forget My holy mountain, Who set a table for Fortune, And who fill cups with mixed wine for Destiny,(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 65:12----
Isa 65:12 m'ap fè nou mouri nan lagè. Nou tout nou pral bese do nou pou yo koupe kou nou, paske mwen te rele nou, nou pa t' reponn. Mwen pale nou, nou pa t' koute m'. Nou fè sa ki mal devan je m', nou pito fè sa ki p'ap fè m' plezi.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 65:12 I will destine you for the sword, And all of you will bow down to the slaughter. Because I called, but you did not answer; I spoke, but you did not hear. And you did evil in My sight And chose that in which I did not delight."(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 65:13----
Isa 65:13 Se poutèt sa, men sa Seyè a di: -Moun k'ap sèvi m' yo va jwenn kont manje pou yo manje. Men nou menm n'a ret grangou. Sèvitè m' yo va jwenn kont pou yo bwè, nou menm n'ap ret swaf dlo. Sèvitè m' yo va gen kè kontan; men nou menm n'a wont.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 65:13 Therefore, thus says the Lord God, "Behold, My servants will eat, but you will be hungry. Behold, My servants will drink, but you will be thirsty. Behold, My servants will rejoice, but you will be put to shame.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 65:14----
Isa 65:14 Sèvitè m' yo va fè fèt tèlman y'a kontan, men nou menm n'a plenn, n'a gen kè sere, n'a rele, kè nou va kase.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 65:14 "Behold, My servants will shout joyfully with a glad heart, But you will cry out with a heavy heart, And you will wail with a broken spirit.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 65:15----
Isa 65:15 Moun mwen chwazi yo va sèvi ak non nou pou joure moun. Mwen menm Seyè a, m'a fè nou mouri. Y'a di: Se pou Seyè a touye ou tankou l' touye moun sa yo! Men, m'a bay sèvitè m' yo yon bon repitasyon.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 65:15 "You will leave your name for a curse to My chosen ones, And the Lord God will slay you. But My servants will be called by another name.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 65:16----
Isa 65:16 Tout moun nan peyi a ki bezwen benediksyon va jwenn benediksyon nan men Bondye ki toujou kenbe pawòl li a. Tout moun nan peyi a k'ap fè sèman va fè l' nan non Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li a, paske moun yo p'ap chonje tray yo te konn pase nan tan lontan yo, m'ap bliye sa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 65:16 "Because he who is blessed in the earth Will be blessed by the God of truth; And he who swears in the earth Will swear by the God of truth; Because the former troubles are forgotten, And because they are hidden from My sight!(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 65:17----
Isa 65:17 Mwen pral fè yon lòt syèl ak yon lòt tè. Pesonn p'ap chonje sa ki te pase nan tan lontan. Sa p'ap janm vin nan tèt yo ankò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 65:17 "For behold, I create new heavens and a new earth; And the former things will not be remembered or come to mind.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 65:18----
Isa 65:18 Sa m' pral fè a ap bay kè kontan, moun ap fè fèt san rete. Mwen pral fè yon lòt lavil Jerizalèm kote tout moun pral fè fèt. Moun li yo pral kontan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 65:18 "But be glad and rejoice forever in what I create; For behold, I create Jerusalem for rejoicing And her people for gladness.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 65:19----
Isa 65:19 Mwen menm m'ap fè fèt pou Jerizalèm, m'ap kontan pou pèp mwen an. P'ap gen kriye ankò nan lavil la! P'ap gen rele mande sekou ankò!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 65:19 "I will also rejoice in Jerusalem and be glad in My people; And there will no longer be heard in her The voice of weeping and the sound of crying.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 65:20----
Isa 65:20 Timoun p'ap mouri tou piti ankò! Granmoun ap fè tout tan yo! Pi bonnè pou yo mouri se va sou santan. Moun ki va rive gen santan anvan yo mouri, y'a mouri jenn! Moun ki va mouri anvan yo rive gen santan, se moun ki va gen madichon!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 65:20 "No longer will there be in it an infant who lives but a few days, Or an old man who does not live out his days; For the youth will die at the age of one hundred And the one who does not reach the age of one hundred Will be thought accursed.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 65:21----
Isa 65:21 Moun va bati kay pou yo rete. Y'a plante jaden rezen pou yo manje rezen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 65:21 "They will build houses and inhabit them; They will also plant vineyards and eat their fruit.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 65:22----
Isa 65:22 Yo p'ap bati kay ankò pou se lòt moun ki pou rete ladan yo. Yo p'ap plante jaden ankò pou se lòt moun ki pou manje l'. Pèp mwen an ap viv rive gen menm laj ak pyebwa. Pèp mwen chwazi a va jwi travay yo fè ak men yo kont kò yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 65:22 "They will not build and another inhabit, They will not plant and another eat; For as the lifetime of a tree, so will be the days of My people, And My chosen ones will wear out the work of their hands.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 65:23----
Isa 65:23 Yo p'ap kraze kò yo travay pou bontan ankò! Travay yo va rapòte yo! Pitit yo p'ap konn sa ki rele malè ankò! M'ap beni yo ansanm ak pitit yo jouk sa kaba.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 65:23 "They will not labor in vain, Or bear children for calamity; For they are the offspring of those blessed by the Lord, And their descendants with them.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 65:24----
Isa 65:24 Anvan menm yo fin lapriyè, m'ap gen tan reponn yo. Anvan menm yo fèmen bouch yo, m'ap gen tan ba yo sa yo mande a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 65:24 It will also come to pass that before they call, I will answer; and while they are still speaking, I will hear.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 65:25----
Isa 65:25 Chen mawon ak mouton pral manje ansanm. Lyon pral manje zèb menm jan ak bèf. Sèpan p'ap yon danje ankò pou pesonn. Sou tout mòn ki apa pou mwen an, p'ap gen mechanste, p'ap gen rayisab ankò. Se Seyè a menm ki di sa!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 65:25 The wolf and the lamb will graze together, and the lion will eat straw like the ox; and dust will be the serpent's food. They will do no evil or harm in all My holy mountain," says the Lord.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 66:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic----


top of the page
THIS CHAPTER:    0744_23_Isaiah_65_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0740_23_Isaiah_61_ht-en.html
0741_23_Isaiah_62_ht-en.html
0742_23_Isaiah_63_ht-en.html
0743_23_Isaiah_64_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0745_23_Isaiah_66_ht-en.html
0746_24_Jeremiah_01_ht-en.html
0747_24_Jeremiah_02_ht-en.html
0748_24_Jeremiah_03_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."