|
================================================================================ ---- Lamentations 1:1 ---- written 586-585 B.C. Exilic---- Lam 1:1 Jan lavil Jerizalèm te plen moun yon lè! Gade, jounen jòdi a li chita pou kont li! Li tankou yon fanm ki pèdi mari l'. Tout nasyon sou latè te respekte pouvwa li. Li te devan tout lòt lavil yo. Koulye a, men li tounen esklav!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 1:1 How lonely sits the city That was full of people! She has become like a widow Who was once great among the nations! She who was a princess among the provinces Has become a forced laborer!(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 1:2---- Lam 1:2 Tout lannwit l'ap plede kriye, dlo ap koule nan je l' san rete. Nan tout moun ki te renmen l' yo, li pa jwenn yonn menm pou konsole l'. Tout zanmi l' yo trayi l', yo tout fè l' lènmi koulye a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 1:2 She weeps bitterly in the night And her tears are on her cheeks; She has none to comfort her Among all her lovers. All her friends have dealt treacherously with her; They have become her enemies.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 1:3---- Lam 1:3 Yo depòte moun peyi Jida yo, y'ap peze yo. Y'ap kraze yo anba travay di. Moun peyi Jida yo ap viv nan lòt peyi. Yo pa gen kote pou yo poze kò yo. Tout moun ki pa vle wè yo sènen yo toupatou! Pa gen chape pou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 1:3 Judah has gone into exile under affliction And under harsh servitude; She dwells among the nations, But she has found no rest; All her pursuers have overtaken her In the midst of distress.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 1:4---- Lam 1:4 Chemen ki mennen sou mòn Siyon yo blanch! Pesonn pa moute al fè sèvis jou fèt yo. Pòtay li yo vid. Prèt yo ap plenn. Tout medam ki konn chante yo nan lafliksyon. Mòn Siyon an nan gwo chagren.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 1:4 The roads of Zion are in mourning Because no one comes to the appointed feasts. All her gates are desolate; Her priests are groaning, Her virgins are afflicted, And she herself is bitter.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 1:5---- Lam 1:5 Lènmi l' yo pran pye sou li. Moun ki pa vle wè l' yo gen lapè avè l'. Seyè a ap fè l' soufri pou tout kantite peche li fè yo. Ata timoun piti yo depòte. Lènmi pouse yo mache devan yo!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 1:5 Her adversaries have become her masters, Her enemies prosper; For the Lord has caused her grief Because of the multitude of her transgressions; Her little ones have gone away As captives before the adversary.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 1:6---- Lam 1:6 Lavil Jerizalèm pèdi tout prestij li. Chèf li yo tankou kabrit mawon ki pa jwenn zèb pou yo manje. Yo pa gen fòs pou yo kouri chape dèvan moun ki dèyè yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 1:6 All her majesty Has departed from the daughter of Zion; Her princes have become like deer That have found no pasture; And they have fled without strength Before the pursuer.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 1:7---- Lam 1:7 Nan mizè kote yo ye a, nan pwonmennen toupatou sa a, moun lavil Jerizalèm yo chonje tout bèl bagay yo te gen nan tan lontan. Lè moun li yo tonbe anba men lènmi pesonn pa vin pote yo sekou. Moun ki pa vle wè l' yo ap pale sou li. Yo kontan wè jan yo fini avè l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 1:7 In the days of her affliction and homelessness Jerusalem remembers all her precious things That were from the days of old, When her people fell into the hand of the adversary And no one helped her. The adversaries saw her, They mocked at her ruin.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 1:8---- Lam 1:8 Lavil Jerizalèm te fè anpil peche! Li bay moun degoutans. Moun ki te konn gen respè pou li yo, koulye a yo pa gade l' menm. Li kanpe tankou yon fanm toutouni devan yo. Li menm, l'ap plenn, l'ap kache figi l' tèlman li wont.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 1:8 Jerusalem sinned greatly, Therefore she has become an unclean thing. All who honored her despise her Because they have seen her nakedness; Even she herself groans and turns away.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 1:9---- Lam 1:9 Malpwòpte te sou tout rad li, men li pa t' fè lide kote sa t'ap mennen l'. Li tonbe plat atè. Pesonn pa vin konsole li. Bondye papa m', gade nan ki mizè mwen ye non! Lènmi m' yo mete pye sou kou mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 1:9 Her uncleanness was in her skirts; She did not consider her future. Therefore she has fallen astonishingly; She has no comforter. "See, O Lord, my affliction, For the enemy has magnified himself!"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 1:10---- Lam 1:10 Lènmi l' yo vòlò tout bèl bagay li te genyen. Moun Bondye te defann mete pye nan tanp lan, li wè yo antre ata kote yo mete apa pou Bondye a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 1:10 The adversary has stretched out his hand Over all her precious things, For she has seen the nations enter her sanctuary, The ones whom You commanded That they should not enter into Your congregation.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 1:11---- Lam 1:11 Tout moun ap plenn, y'ap chache manje pou yo manje! Yo bay tout byen yo pou yo sa jwenn manje, pou yo pa fin mouri. -Granmèt o, voye je ou gade m' non! Wè jan y'ap pase m' nan betiz!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 1:11 All her people groan seeking bread; They have given their precious things for food To restore their lives themselves. "See, O Lord, and look, For I am despised."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 1:12---- Lam 1:12 Nou tout k'ap pase la a, gade non! Sa pa di nou anyen? Pesonn pa janm pase sa m'ap pase la a. Se Bondye, Seyè a, ki ankòlè k'ap manyen avè m'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 1:12 "Is it nothing to all you who pass this way? Look and see if there is any pain like my pain Which was severely dealt out to me, Which the Lord inflicted on the day of His fierce anger.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 1:13---- Lam 1:13 Li rete anwo, li voye dife sou mwen, yon dife ki boule tout anndan mwen. Li tann pèlen pou mwen, li fè m' tonbe atè, Li kite m' pou kont mwen. San rete m'ap kòde anba soufrans.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 1:13 "From on high He sent fire into my bones, And it prevailed over them. He has spread a net for my feet; He has turned me back; He has made me desolate, Faint all day long.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 1:14---- Lam 1:14 Li make tout peche m' yo. Li fè yon pakèt ak yo. Li pandye yo nan kou m'. Yo sitèlman lou, m' pa kapab ankò! Bondye sèl Mèt la lage m' nan men lènmi m' yo. M' pa ka kenbe tèt ak yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 1:14 "The yoke of my transgressions is bound; By His hand they are knit together. They have come upon my neck; He has made my strength fail. The Lord has given me into the hands Of those against whom I am not able to stand.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 1:15---- Lam 1:15 Bondye sèl Mèt la kraze tout vanyan gason m' te genyen yo anba pye l'. Li sanble yon foul moun pou yo atake m', pou yo touye tout jenn gason m' yo. Li kraze moun peyi Jida yo tankou kann nan moulen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 1:15 "The Lord has rejected all my strong men In my midst; He has called an appointed time against me To crush my young men; The Lord has trodden as in a wine press The virgin daughter of Judah.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 1:16---- Lam 1:16 Se poutèt sa m'ap kriye konsa! Dlo ap ponpe nan je m' san rete. Pa gen pesonn pou konsole m', pesonn pou ban m' kouraj. Lènmi m' yo gen pye yo sou kou mwen. Moun mwen yo pa gen anyen ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 1:16 "For these things I weep; My eyes run down with water; Because far from me is a comforter, One who restores my soul. My children are desolate Because the enemy has prevailed."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 1:17---- Lam 1:17 Mòn Siyon an lonje men l', men, pa gen pesonn pou ba l' kouraj. Seyè a rele tout moun ki pa vle wè peyi Jakòb la, pou yo sènen l' toupatou. Lavil Jerizalèm tounen malpwòpte nan mitan yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 1:17 Zion stretches out her hands; There is no one to comfort her; The Lord has commanded concerning Jacob That the ones round about him should be his adversaries; Jerusalem has become an unclean thing among them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 1:18---- Lam 1:18 Men, Seyè a gen rezon l' nan pla men l' paske mwen te refize koute l' lè li t'ap pale m'! Nou tout moun ki toupatou, koute m'! Gade jan m'ap soufri! Yo depòte jenn gason ak jenn fi m' yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 1:18 "The Lord is righteous; For I have rebelled against His command; Hear now, all peoples, And behold my pain; My virgins and my young men Have gone into captivity.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 1:19---- Lam 1:19 Mwen rele zanmi m' yo. Men, yo pa okipe m' menm! Prèt yo ak chèf fanmi yo mouri nan lavil la pandan y'ap chache manje pou yo reprann fòs.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 1:19 "I called to my lovers, but they deceived me; My priests and my elders perished in the city While they sought food to restore their strength themselves.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 1:20---- Lam 1:20 Seyè, gade jan kè m' sere non! Mwen boulvèse. Kè m' ap fè m' mal paske mwen te fè wòklò. Nan lari y'ap ansasinen mwen. Anndan kay menm, se pa pale!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 1:20 "See, O Lord, for I am in distress; My spirit is greatly troubled; My heart is overturned within me, For I have been very rebellious. In the street the sword slays; In the house it is like death.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 1:21---- Lam 1:21 Koute jan m'ap plenn. Pa gen pesonn pou ban m' kouraj. Lènmi m' yo vin konnen nan ki malè mwen ye. Yo kontan wè se ou menm ki fè m' sa. Tanpri, fè jou ou te pwomèt la rive non, pou lènmi m' yo ka vin jan mwen ye a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 1:21 "They have heard that I groan; There is no one to comfort me; All my enemies have heard of my calamity; They are glad that You have done it. Oh, that You would bring the day which You have proclaimed, That they may become like me.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 1:22---- Lam 1:22 Jije yo pou mechanste yo. Pini yo menm jan ou pini m' pou peche m' yo. M'ap plenn anpil. Kè m' ap fann.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 1:22 "Let all their wickedness come before You; And deal with them as You have dealt with me For all my transgressions; For my groans are many and my heart is faint."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 2:1 ---- written 586-585 B.C. Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0798_25_Lamentations_01_ht-en.html 0794_24_Jeremiah_49_ht-en.html 0795_24_Jeremiah_50_ht-en.html 0796_24_Jeremiah_51_ht-en.html 0797_24_Jeremiah_52_ht-en.html 0799_25_Lamentations_02_ht-en.html 0800_25_Lamentations_03_ht-en.html 0801_25_Lamentations_04_ht-en.html 0802_25_Lamentations_05_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|