|
================================================================================ ---- Lamentations 2:1 ---- written 586-585 B.C. Exilic---- Lam 2:1 Bondye sèl Mèt la fè kòlè, li voye yon gwo nwaj nwa kouvri lavil Jerizalèm. Tou sa ki te fè respè pèp Izrayèl la, li kraze l' anba pye l'. Jou li fè kòlè a, ata tanp kote li poze pye l' la, li pa chonje l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 2:1 How the Lord has covered the daughter of Zion With a cloud in His anger! He has cast from heaven to earth The glory of Israel, And has not remembered His footstool In the day of His anger.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 2:2---- Lam 2:2 Bondye sèl Mèt la te san pitye, li devaste dènye jaden moun fanmi Jakòb yo. Li fè yon sèl kòlè, li kraze tout fò ki te pwoteje peyi Jida a. Li trennen gouvènman an ansanm ak tout chèf yo nan labou. Li fè yo wont.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 2:2 The Lord has swallowed up; He has not spared All the habitations of Jacob. In His wrath He has thrown down The strongholds of the daughter of Judah; He has brought them down to the ground; He has profaned the kingdom and its princes.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 2:3---- Lam 2:3 Nan gwo kòlè li, li kraze tout fòs kouraj pèp Izrayèl la. Li derefize ede nou lè lènmi atake nou. Li move sou nou, li te tankou yon dife k'ap boule dènye bagay alawonn.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 2:3 In fierce anger He has cut off All the strength of Israel; He has drawn back His right hand From before the enemy. And He has burned in Jacob like a flaming fire Consuming round about.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 2:4---- Lam 2:4 Li atake nou, li tonbe sou nou tankou yon lènmi. Li touye tou sa ki te fè plezi ak kontantman nou. Jouk anndan lakay nou, li fè nou santi jan li move sou nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 2:4 He has bent His bow like an enemy; He has set His right hand like an adversary And slain all that were pleasant to the eye; In the tent of the daughter of Zion He has poured out His wrath like fire.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 2:5---- Lam 2:5 Tankou yon lènmi, Bondye sèl Mèt la fini ak pèp Izrayèl la. Li kraze dènye gwo kay li yo, li detwi tout fò li yo. Li fè moun peyi Jida yo rete ap plenn sou plenn.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 2:5 The Lord has become like an enemy. He has swallowed up Israel; He has swallowed up all its palaces, He has destroyed its strongholds And multiplied in the daughter of Judah Mourning and moaning.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 2:6---- Lam 2:6 Li fè tanp lan tounen tankou yon jaden vòlò devaste. Li kraze kote li konn gen randevou ak pèp la. Li fè sispann tout jou fèt, tout jou repo sou mòn Siyon an. Li move ata sou wa ak prèt yo. Yo tout pase anba men l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 2:6 And He has violently treated His tabernacle like a garden booth; He has destroyed His appointed meeting place. The Lord has caused to be forgotten The appointed feast and sabbath in Zion, And He has despised king and priest In the indignation of His anger.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 2:7---- Lam 2:7 Bondye sèl Mèt la voye lotèl li a jete. Li pa vle wè kay yo te mete apa pou li a. Li kite lènmi yo kraze miray gwo kay yo. Lènmi yo fè fèt, yo rele byen fò nan kay Seyè a tankou lè n'ap fè seremoni pou li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 2:7 The Lord has rejected His altar, He has abandoned His sanctuary; He has delivered into the hand of the enemy The walls of her palaces. They have made a noise in the house of the Lord As in the day of an appointed feast.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 2:8---- Lam 2:8 Seyè a, Bondye sèl Mèt la, te soti pou l' kraze miray lavil Siyon an. Li fè plan pou lè l' kraze l', li kraze l' nèt. Miray fò yo ak miray ranpa yo tonbe, yo kraze ansanm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 2:8 The Lord determined to destroy The wall of the daughter of Zion. He has stretched out a line, He has not restrained His hand from destroying, And He has caused rampart and wall to lament; They have languished together.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 2:9---- Lam 2:9 Pòtay yo atè kouvri anba fatra. Ba pòtay yo kase, yo pa ka sèvi ankò. Yo depòte wa a ak chèf yo nan peyi etranje. Pa gen pesonn pou moutre sa ki nan lalwa. Menm pwofèt yo, Bondye pa pale ak yo nan vizyon ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 2:9 Her gates have sunk into the ground, He has destroyed and broken her bars. Her king and her princes are among the nations; The law is no more. Also, her prophets find No vision from the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 2:10---- Lam 2:10 Chèf fanmi lavil Jerizalèm yo chita atè, men nan machwè! Yo nan gwo lapenn, yo voye pousyè sou tèt yo, yo mete rad sak sou yo. Jenn fi yo menm rete tèt bese.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 2:10 The elders of the daughter of Zion Sit on the ground, they are silent. They have thrown dust on their heads; They have girded themselves with sackcloth. The virgins of Jerusalem Have bowed their heads to the ground.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 2:11---- Lam 2:11 Je m' wouj afòs mwen kriye. Kè m' sere. M' pèdi kouraj lè m' wè jan pèp mwen an ap fini, jan timoun yo ak ti bebe yo ap tonbe endispoze nan mitan lari kapital la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 2:11 My eyes fail because of tears, My spirit is greatly troubled; My heart is poured out on the earth Because of the destruction of the daughter of my people, When little ones and infants faint In the streets of the city.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 2:12---- Lam 2:12 Y'ap rele manman yo, Y'ap kriye pou pen ak dlo sikre. Yo tonbe san konesans nan lari a tankou moun ki blese, yo mouri nan bra manman yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 2:12 They say to their mothers, "Where is grain and wine?" As they faint like a wounded man In the streets of the city, As their life is poured out On their mothers' bosom.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 2:13---- Lam 2:13 Aa! Jerizalèm, kisa pou m' di ou la a! Ak ki moun pou m' ta konpare sò ou? Ki jan pou m' ankouraje ou? Pesonn pa janm soufri konsa. Malè ki tonbe sou ou a pa gen limit, li gwosè lanmè a! Pesonn pa ka fè anyen pou ou ankò!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 2:13 How shall I admonish you? To what shall I compare you, O daughter of Jerusalem? To what shall I liken you as I comfort you, O virgin daughter of Zion? For your ruin is as vast as the sea; Who can heal you?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 2:14---- Lam 2:14 Pwofèt yo pa wè anyen pou yo di ou pase manti ak radòt. Yo kase fèy kouvri peche ou yo pou ou. Yo fè ou pèdi chans ou te gen pou ou te kanpe ankò a. Yo pa wè anyen pou yo di ou. Y'ap ba ou manti, y'ap pete ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 2:14 Your prophets have seen for you False and foolish visions; And they have not exposed your iniquity So as to restore you from captivity, But they have seen for you false and misleading oracles.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 2:15---- Lam 2:15 Tout moun sou granchemen an ap rele chalbari dèyè ou. Y'ap lonje dwèt sou ou, y'ap pase lavil Jerizalèm nan rizib. Y'ap ri, y'ap di: -Men lavil yo t'ap di pa gen pi bèl pase l' la wi! Se lavil sa a wi ki te fè kè tout moun bat pou li a!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 2:15 All who pass along the way Clap their hands in derision at you; They hiss and shake their heads At the daughter of Jerusalem, "Is this the city of which they said, 'The perfection of beauty, A joy to all the earth'?"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 2:16---- Lam 2:16 Tout lènmi ou yo ap pale ou mal byen fò. Y'ap rele chalbari dèyè ou. Y'ap lonje bouch yo sou ou. Y'ap di: -Nou fini avè l'! Men jou nou t'ap tann lan! Nou jwenn li jòdi a!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 2:16 All your enemies Have opened their mouths wide against you; They hiss and gnash their teeth. They say, "We have swallowed her up! Surely this is the day for which we waited; We have reached it, we have seen it."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 2:17---- Lam 2:17 Seyè a fè sa li te di li t'ap fè a. Li kenbe pawòl li te di depi nan tan lontan an. Li kraze san gade dèyè. Li fè lènmi nou yo genyen batay la sou nou. Li fè yo kontan wè jan nou fini.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 2:17 The Lord has done what He purposed; He has accomplished His word Which He commanded from days of old. He has thrown down without sparing, And He has caused the enemy to rejoice over you; He has exalted the might of your adversaries.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 2:18---- Lam 2:18 Jerizalèm, ou mèt kite miray ou yo rele nan pye Seyè a. Kite dlo koule nan je ou tankou larivyè, lajounen kou lannwit! Pa pran kanpo menm! Pa kite dlo nan je ou cheche!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 2:18 Their heart cried out to the Lord, "O wall of the daughter of Zion, Let your tears run down like a river day and night; Give yourself no relief, Let your eyes have no rest.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 2:19---- Lam 2:19 Leve nan mitan lannwit, chak fwa kòk chante, rele nan pye Bondye! Louvri kè ou bay Bondye sèl Mèt la. Mande l' gras mizèrikòd pou ti pitit ou yo, k'ap mouri grangou nan chak kalfou!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 2:19 "Arise, cry aloud in the night At the beginning of the night watches; Pour out your heart like water Before the presence of the Lord; Lift up your hands to Him For the life of your little ones Who are faint because of hunger At the head of every street."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 2:20---- Lam 2:20 Gade non, Seyè! Manyè wè ki moun w'ap matirize konsa! Manman ap manje pitit ki sot nan vant yo, pitit yo renmen anpil yo. Y'ap touye prèt yo ak pwofèt yo nan kote ki apa pou Bondye sèl Mèt la, nan tanp lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 2:20 See, O Lord, and look! With whom have You dealt thus? Should women eat their offspring, The little ones who were born healthy? Should priest and prophet be slain In the sanctuary of the Lord?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 2:21---- Lam 2:21 Jenn gason kou granmoun mouri atè nan mitan lari. Jenn tifi yo ak jenn tigason yo mouri nan lagè! Jou ou fè kòlè a, ou touye moun, ou kraze moun san gad dèyè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 2:21 On the ground in the streets Lie young and old; My virgins and my young men Have fallen by the sword. You have slain them in the day of Your anger, You have slaughtered, not sparing.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 2:22---- Lam 2:22 Ou fè moun k'ap fè m' pè yo soti toupatou pou yo vin danse, fè fèt sou do m'. Lè Seyè a move, pesonn pa ka chape, tout moun gen pou mouri. Lènmi m' yo touye ata timoun mwen te renmen yo, timoun mwen te elve yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lam 2:22 You called as in the day of an appointed feast My terrors on every side; And there was no one who escaped or survived In the day of the Lord's anger. Those whom I bore and reared, My enemy annihilated them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Lamentations 3:1 ---- written 586-585 B.C. Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0799_25_Lamentations_02_ht-en.html 0795_24_Jeremiah_50_ht-en.html 0796_24_Jeremiah_51_ht-en.html 0797_24_Jeremiah_52_ht-en.html 0798_25_Lamentations_01_ht-en.html 0800_25_Lamentations_03_ht-en.html 0801_25_Lamentations_04_ht-en.html 0802_25_Lamentations_05_ht-en.html 0803_26_Ezekiel_01_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|