|
================================================================================ ---- Ezekiel 31:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- Eze 31:1 Nan premye jou twazyèm mwa onzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 31:1 In the eleventh year, in the third month, on the first of the month, the word of the Lord came to me saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 31:2---- Eze 31:2 -Nonm o! Pale ak farawon an, wa peyi Lejip la, ansanm ak tout pèp li a. Di yo. -Jan ou gen pouvwa sa a, Kisa mwen ta di ou sanble la a!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 31:2 "Son of man, say to Pharaoh king of Egypt and to his hordes, 'Whom are you like in your greatness?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 31:3---- Eze 31:3 Bon. Ou tankou yon pye sèd nan peyi Liban avèk gwo bèl branch li yo plen fèy ki bay gwo lonbraj, yon pyebwa byen wo ak tèt li pèdi nan nwaj yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 31:3 'Behold, Assyria was a cedar in Lebanon With beautiful branches and forest shade, And very high, And its top was among the clouds.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 31:4---- Eze 31:4 Lapli tonbe fè l' pouse Rivyè anba tè fè l' grandi. Gwo dlo pete nan tout rasin li yo. Yo fè kannal wouze tout pyebwa nan zòn lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 31:4 'The waters made it grow, the deep made it high. With its rivers it continually extended all around its planting place, And sent out its channels to all the trees of the field.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 31:5---- Eze 31:5 Paske li te jwenn anpil dlo, li te grandi, li vin pi wo pase tout lòt pyebwa yo. Branch li pran fòs, yo vin byen long.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 31:5 'Therefore its height was loftier than all the trees of the field And its boughs became many and its branches long Because of many waters as it spread them out.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 31:6---- Eze 31:6 Tout kalite zwezo te vin fè nich nan branch li yo. Se anba branch li yo bèt nan bwa vin miba. Se nan lonbraj li anpil nasyon vin chita.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 31:6 'All the birds of the heavens nested in its boughs, And under its branches all the beasts of the field gave birth, And all great nations lived under its shade.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 31:7---- Eze 31:7 Se te yon bèl pyebwa byen wo, ak branch li yo byen long. Rasin li yo te desann byen fon nan dlo anba tè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 31:7 'So it was beautiful in its greatness, in the length of its branches; For its roots extended to many waters.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 31:8---- Eze 31:8 Nan jaden Bondye a, pa t' gen pye sèd tankou l'. Okenn pye pichpen pa t' gen branch tankou pa l' yo. Okenn pye sikren pa t' gen ti branch konsa. Nan jaden Bondye a, pa t' gen bèl pyebwa tankou l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 31:8 'The cedars in God's garden could not match it; The cypresses could not compare with its boughs, And the plane trees could not match its branches. No tree in God's garden could compare with it in its beauty.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 31:9---- Eze 31:9 Mwen te fè l' byen bèl ak anpil branch. Nan jaden Edenn lan, jaden Bondye a, tout pyebwa te anvye sò l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 31:9 'I made it beautiful with the multitude of its branches, And all the trees of Eden, which were in the garden of God, were jealous of it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 31:10---- Eze 31:10 Koulye a, men sa Seyè sèl Mèt la di: Paske li te grandi byen wo a, paske tèt li te pèdi nan nwaj yo, li kite lògèy vire tèt li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 31:10 'Therefore thus says the Lord God, "Because it is high in stature and has set its top among the clouds, and its heart is haughty in its loftiness,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 31:11---- Eze 31:11 Se poutèt sa, mwen voye l' jete, mwen lage l' nan men gwo chèf tout nasyon yo pou fè l' peye tout mechanste l' yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 31:11 therefore I will give it into the hand of a despot of the nations; he will thoroughly deal with it. According to its wickedness I have driven it away.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 31:12---- Eze 31:12 Yon bann moun lòt nasyon vini. Mechan pase yo pa genyen. Yo koupe pyebwa a, yo lage l' atè. Ti branch li yo gaye sou tout mòn yo ak nan fon yo. Gwo branch li yo kase, yo tonbe nan tout ravin nan peyi a. Moun lòt nasyon ki t'ap viv nan lonbraj li yo, tout met deyò, yo kite l' pou kont li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 31:12 Alien tyrants of the nations have cut it down and left it; on the mountains and in all the valleys its branches have fallen and its boughs have been broken in all the ravines of the land. And all the peoples of the earth have gone down from its shade and left it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 31:13---- Eze 31:13 Zwezo vini poze sou rès pyebwa ki atè a. Bèt nan bwa ap mache sou tout branch li yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 31:13 On its ruin all the birds of the heavens will dwell, and all the beasts of the field will be on its fallen branches(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 31:14---- Eze 31:14 Konsa, depi jòdi a, yon pyebwa te mèt wouze byen wouze, li p'ap janm rive wotè sa a ankò. Li p'ap janm grandi pou tèt li rive pèdi nan nwaj yo ankò. Yon pyebwa te mèt byen wouze li p'ap rive wotè sa a ankò pou l'ap gonfle lestonmak li sou mwen. Tout pyebwa yo gen pou mouri tankou moun, yo gen pou yo desann al jwenn moun ki deja anba tè yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 31:14 so that all the trees by the waters may not be exalted in their stature, nor set their top among the clouds, nor their well-watered mighty ones stand erect in their height. For they have all been given over to death, to the earth beneath, among the sons of men, with those who go down to the pit."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 31:15---- Eze 31:15 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Jou pyebwa a desann nan peyi kote mò yo ye a, m'ap fè dlo anba tè a kouvri l' nèt, pou tout moun ka nan lapenn. M'ap fè dlo larivyè yo sispann koule. M' p'ap kite ankenn dlo koule nan kannal. M'ap voye yon gwo fènwa sou mòn peyi Liban yo. Tout rakbwa nan zòn lan pral deperi poutèt li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 31:15 'Thus says the Lord God, "On the day when it went down to Sheol I caused lamentations; I closed the deep over it and held back its rivers. And its many waters were stopped up, and I made Lebanon mourn for it, and all the trees of the field wilted away on account of it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 31:16---- Eze 31:16 Lè mwen voye l' jete nan peyi kote mò yo ye a, bri li fè lè l'ap tonbe a fè tout nasyon yo tranble. Tout pyebwa nan jaden Edenn, tout pi bèl pyebwa nan peyi Liban, pyebwa ki te byen wouze yo men ki te desann ale deja nan peyi kote mò yo ye a pral kontan tonbe li tonbe a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 31:16 I made the nations quake at the sound of its fall when I made it go down to Sheol with those who go down to the pit; and all the well-watered trees of Eden, the choicest and best of Lebanon, were comforted in the earth beneath.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 31:17---- Eze 31:17 Y'ap desann ansanm avè l' nan peyi kote mò yo ye a pou y' al jwenn sa ki te mouri nan lagè anvan yo. Lè sa a, tout moun ki t'ap viv nan lonbraj li yo pral gaye nan mitan tout lòt nasyon yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 31:17 They also went down with it to Sheol to those who were slain by the sword; and those who were its strength lived under its shade among the nations.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 31:18---- Eze 31:18 Nan tout pyebwa jaden Edenn yo, kilès ki te bèl, kilès ki te wo tankou ou? Men koulye a, tankou tout lòt pyebwa jaden an, ou pral desann ale nan peyi ki anba tè a. Ou pral jwenn moun ki pa pote mak kontra Bondye a, moun ki mouri nan lagè yo. Se sa k'ap rive farawon an ansanm ak tout pèp li a. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 31:18 "To which among the trees of Eden are you thus equal in glory and greatness? Yet you will be brought down with the trees of Eden to the earth beneath; you will lie in the midst of the uncircumcised, with those who were slain by the sword. So is Pharaoh and all his hordes!"' declares the Lord God."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 32:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0833_26_Ezekiel_31_ht-en.html 0829_26_Ezekiel_27_ht-en.html 0830_26_Ezekiel_28_ht-en.html 0831_26_Ezekiel_29_ht-en.html 0832_26_Ezekiel_30_ht-en.html 0834_26_Ezekiel_32_ht-en.html 0835_26_Ezekiel_33_ht-en.html 0836_26_Ezekiel_34_ht-en.html 0837_26_Ezekiel_35_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|