Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Zec 7:14 "but I scattered them with a storm wind among all the nations whom they have not known. Thus the land is desolated behind them so that no one went back and forth, for they made the pleasant land desolate."(NASB-1995)

================================================================================
---- Zechariah 8:1 ---- written 520-518 B.C. Post-Exilic----
Zec 8:1 Seyè ki gen tout pouvwa a te bay Zakari mesaj sa a:(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Zec 8:1 Then the word of the Lord of hosts came, saying,(NASB-1995)

================================================================================
---- Zechariah 8:2----
Zec 8:2 -Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen sitèlman renmen moun mòn Siyon yo, mwen fè jalouzi anpil pou yo. Mwen fè kòlè sou lènmi yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Zec 8:2 "Thus says the Lord of hosts, 'I am exceedingly jealous for Zion, yes, with great wrath I am jealous for her.'(NASB-1995)

================================================================================
---- Zechariah 8:3----
Zec 8:3 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: M'ap tounen sou mòn Siyon an. Mwen pral rete nan mitan lavil Jerizalèm. Y'a rele Jerizalèm Lavil kote moun kenbe pye Bondye yo fèm. Y'a rele mòn Seyè ki gen tout pouvwa a Mòn ki apa pou Seyè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Zec 8:3 Thus says the Lord, 'I will return to Zion and will dwell in the midst of Jerusalem. Then Jerusalem will be called the City of Truth, and the mountain of the Lord of hosts will be called the Holy Mountain.'(NASB-1995)

================================================================================
---- Zechariah 8:4----
Zec 8:4 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: N'a wè vye granmoun, fanm kou gason, vin chita sou plas piblik nan lavil Jerizalèm. Yo chak va gen yon baton nan men yo pou yo ka mache tèlman y'ap vye granmoun.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Zec 8:4 Thus says the Lord of hosts, 'Old men and old women will again sit in the streets of Jerusalem, each man with his staff in his hand because of age.(NASB-1995)

================================================================================
---- Zechariah 8:5----
Zec 8:5 Lari yo va plen ti gason ak ti fi k'ap jwe konsa toupatou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Zec 8:5 And the streets of the city will be filled with boys and girls playing in its streets.'(NASB-1995)

================================================================================
---- Zechariah 8:6----
Zec 8:6 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: Pou ti ponyen moun ki rete koulye a nan peyi a, sa se yon bagay yo di ki pa ka rive. Men, pa pou mwen. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Zec 8:6 Thus says the Lord of hosts, 'If it is too difficult in the sight of the remnant of this people in those days, will it also be too difficult in My sight?'declares the Lord of hosts.(NASB-1995)

================================================================================
---- Zechariah 8:7----
Zec 8:7 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò. Se mwen menm k'ap delivre pèp mwen an, k'ap fè yo soti nan peyi ki sou bò solèy leve a ak nan peyi ki sou bò solèy kouche a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Zec 8:7 Thus says the Lord of hosts, 'Behold, I am going to save My people from the land of the east and from the land of the west;(NASB-1995)

================================================================================
---- Zechariah 8:8----
Zec 8:8 M'ap mennen yo tounen pou yo ka rete lavil Jerizalèm ankò. Y'a pou mwen yon pèp ki rele m' pa m'. Mwen menm m'a Bondye yo. M'a kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Yo menm, y'a fè sa m'a mande yo fè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Zec 8:8 and I will bring them back and they will live in the midst of Jerusalem; and they shall be My people, and I will be their God in truth and righteousness.'(NASB-1995)

================================================================================
---- Zechariah 8:9----
Zec 8:9 Seyè ki gen tout pouvwa a pale, li di konsa: -Pran kouraj, nou menm k'ap tande koulye a nan bouch pwofèt yo menm mesaj Bondye te bay lè yo t'ap mete men nan fondasyon tanp Seyè a pou rebati kay ki apa pou li a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Zec 8:9 "Thus says the Lord of hosts, 'Let your hands be strong, you who are listening in these days to these words from the mouth of the prophets, those who spoke in the day that the foundation of the house of the Lord of hosts was laid, to the end that the temple might be built.(NASB-1995)

================================================================================
---- Zechariah 8:10----
Zec 8:10 Paske, anvan jou sa yo, pa t' gen travay ni pou moun ni pou bèt. Pesonn pa t' ka ale vini ak kè poze nan peyi a poutèt lènmi yo. Mwen te fè moun leve yonn kont lòt.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Zec 8:10 For before those days there was no wage for man or any wage for animal; and for him who went out or came in there was no peace because of his enemies, and I set all men one against another.(NASB-1995)

================================================================================
---- Zechariah 8:11----
Zec 8:11 Men koulye a, mwen pral aji yon lòt jan ak ti rès moun ki vivan toujou nan peyi a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Zec 8:11 But now I will not treat the remnant of this people as in the former days, 'declares the Lord of hosts.(NASB-1995)

================================================================================
---- Zechariah 8:12----
Zec 8:12 Y'a plante jaden yo ak kè poze. Pye rezen yo va donnen, tè a va bay rekòt. Lapli va tonbe sot nan syèl la. M'a bay ti rès moun ki vivan toujou nan pèp la tout benediksyon sa yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Zec 8:12 'For there will be peace for the seed: the vine will yield its fruit, the land will yield its produce and the heavens will give their dew; and I will cause the remnant of this people to inherit all these things.(NASB-1995)

================================================================================
---- Zechariah 8:13----
Zec 8:13 Nou menm moun Jida ak moun Izrayèl, menm jan yon lè mwen te fè nou tounen yon madichon nan mitan lòt nasyon yo, konsa tou m'a delivre nou, m'a fè nou tounen benediksyon nan mitan lòt nasyon yo. Nou pa bezwen pè. Pran kouraj!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Zec 8:13 It will come about that just as you were a curse among the nations, O house of Judah and house of Israel, so I will save you that you may become a blessing. Do not fear; let your hands be strong.'(NASB-1995)

================================================================================
---- Zechariah 8:14----
Zec 8:14 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Lè zansèt nou yo te fè m' fache sou yo, mwen te pran desizyon pou m' te pini yo. Mwen pa t' chanje lide.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Zec 8:14 "For thus says the Lord of hosts, 'Just as I purposed to do harm to you when your fathers provoked Me to wrath, 'says the Lord of hosts, 'and I have not relented,(NASB-1995)

================================================================================
---- Zechariah 8:15----
Zec 8:15 Konsa tou, koulye a mwen pran desizyon pou m' beni moun lavil Jerizalèm ak moun fanmi Jida yo. Nou pa bezwen pè anyen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Zec 8:15 so I have again purposed in these days to do good to Jerusalem and to the house of Judah. Do not fear!(NASB-1995)

================================================================================
---- Zechariah 8:16----
Zec 8:16 Men sa pou nou fè: Lè n'ap pale yonn ak lòt, pa bay manti. Nan tribinal, se pou nou rann jistis san patipri pou tout moun ka viv byen yonn ak lòt.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Zec 8:16 These are the things which you should do: speak the truth to one another; judge with truth and judgment for peace in your gates.(NASB-1995)

================================================================================
---- Zechariah 8:17----
Zec 8:17 Pa fè plan pou nou aji mal yonn ak lòt. Pa fè sèman, lèfini pou n'ap bay manti pou akize moun. Paske, tou sa se bagay mwen pa vle wè. Se Seyè a menm ki di sa!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Zec 8:17 Also let none of you devise evil in your heart against another, and do not love perjury; for all these are what I hate, 'declares the Lord."(NASB-1995)

================================================================================
---- Zechariah 8:18----
Zec 8:18 Seyè ki gen tout pouvwa a pale ak Zakari ankò, li di l' konsa:(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Zec 8:18 Then the word of the Lord of hosts came to me, saying,(NASB-1995)

================================================================================
---- Zechariah 8:19----
Zec 8:19 -Jèn yo konn fè chak katriyèm mwa, chak senkyèm mwa, chak setyèm mwa ak chak dizyèm mwa a pral yon plezi, yon kè kontan pou moun Jida yo, yon okazyon pou yo fè fèt. Se pou nou renmen viv byen yonn ak lòt san bay manti.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Zec 8:19 "Thus says the Lord of hosts, 'The fast of the fourth, the fast of the fifth, the fast of the seventh and the fast of the tenth months will become joy, gladness, and cheerful feasts for the house of Judah; so love truth and peace.'(NASB-1995)

================================================================================
---- Zechariah 8:20----
Zec 8:20 Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Yon lè gen pou rive moun va soti nan gwo lavil lòt peyi yo pou yo vini lavil Jerizalèm.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Zec 8:20 "Thus says the Lord of hosts, 'It will yet be that peoples will come, even the inhabitants of many cities.(NASB-1995)

================================================================================
---- Zechariah 8:21----
Zec 8:21 Moun va soti nan yon lavil, y'a ale nan yon lòt, y'a di moun ki la yo: Ann al adore Seyè ki gen tout pouvwa a! Ann al lapriyè nan pye Seyè a pou mande l' benediksyon. Ann ale non!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Zec 8:21 The inhabitants of one will go to another, saying, "Let us go at once to entreat the favor of the Lord, and to seek the Lord of hosts; I will also go."(NASB-1995)

================================================================================
---- Zechariah 8:22----
Zec 8:22 Anpil moun ap soti nan gran peyi, y'ap vini lavil Jerizalèm pou yo adore Seyè ki gen tout pouvwa a. Y'ap vin lapriyè nan pye l' pou mande l' benediksyon.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Zec 8:22 So many peoples and mighty nations will come to seek the Lord of hosts in Jerusalem and to entreat the favor of the Lord.'(NASB-1995)

================================================================================
---- Zechariah 8:23----
Zec 8:23 Wi, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: Lè sa a, dis moun ap soti nan lòt peyi kote yo pale lòt lang, y'a kenbe yon jwif nan rad, y'a di l': Nou vle ale avè ou, paske nou tande se avèk jwif yo Bondye ye.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Zec 8:23 Thus says the Lord of hosts, 'In those days ten men from all the nations will grasp the garment of a Jew, saying, "Let us go with you, for we have heard that God is with you."'"(NASB-1995)

================================================================================
---- Zechariah 9:1 ---- written 520-518 B.C. Post-Exilic----


top of the page
THIS CHAPTER:    0919_38_Zechariah_08_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0915_38_Zechariah_04_ht-en.html
0916_38_Zechariah_05_ht-en.html
0917_38_Zechariah_06_ht-en.html
0918_38_Zechariah_07_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0920_38_Zechariah_09_ht-en.html
0921_38_Zechariah_10_ht-en.html
0922_38_Zechariah_11_ht-en.html
0923_38_Zechariah_12_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."