|
================================================================================ ---- 1 Corinthians 2:1 ---- written 56 A.D.---- 1Co 2:1 Frè m' yo, lè mwen te al lakay nou, se pa t' avèk gwo diskou ni bèl pawòl mwen te fè nou konnen plan travay Bondye ki te kache a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 2:1 And when I came to you, brethren, I did not come with superiority of speech or of wisdom, proclaiming to you the testimony of God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 2:2---- 1Co 2:2 Mwen te mete nan tèt mwen pou m' te bliye tout bagay sa yo. Yon sèl bagay mwen te konnen tout tan mwen te la ansanm ak nou an, se Jezikri, epi sèlman Jezikri yo te kloure sou kwa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 2:2 For I determined to know nothing among you except Jesus Christ, and Him crucified.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 2:3---- 1Co 2:3 Mwen vin kanpe tou fèb devan nou. Lè sa a, mwen t'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen te pè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 2:3 I was with you in weakness and in fear and in much trembling,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 2:4---- 1Co 2:4 Lè m' te fè nou konnen tout bagay sa yo, lè m' te anonse nou nouvèl la, se pa t' avèk bèl pawòl bon konprann lèzòm mwen t'ap chache pran tèt nou. Men, se te avèk pouvwa Lespri Bondye a ki t'ap bay tout prèv pou fè nou kwè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 2:4 and my message and my preaching were not in persuasive words of wisdom, but in demonstration of the Spirit and of power,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 2:5---- 1Co 2:5 Konsa, konfyans nou gen nan Bondye a pa chita sou bon konprann lèzòm, men sou pouvwa Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 2:5 so that your faith would not rest on the wisdom of men, but on the power of God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 2:6---- 1Co 2:6 Malgre sa, se yon bon konprann m'ap fè moun ki byen devlope nan konfyans yo konnen. Men, se pa menm bon konprann ak bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn, ni ak bon konprann pouvwa k'ap donminen lemonn, pouvwa ki la pou disparèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 2:6 Yet we do speak wisdom among those who are mature; a wisdom, however, not of this age nor of the rulers of this age, who are passing away;(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 2:7---- 1Co 2:7 Bon konprann m'ap anonse a, se bon konprann Bondye te sere a. Li te kache nan je moun. Men, depi anvan Bondye te kreye anyen, bon konprann sa a te nan plan l' pou l' te ka sèvi yon lwanj pou nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 2:7 but we speak God's wisdom in a mystery, the hidden wisdom which God predestined before the ages to our glory;(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 2:8---- 1Co 2:8 Pa gen pouvwa nan lemonn ki te konnen bon konprann sa a. Si yo te konnen l', yo pa ta kloure Seyè ki merite lwanj la sou kwa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 2:8 the wisdom which none of the rulers of this age has understood; for if they had understood it they would not have crucified the Lord of glory;(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 2:9---- 1Co 2:9 Men, jan sa te ekri nan Liv la: Bagay pesonn pa t' janm wè, ni pa t' janm tande, bagay ankenn moun pa t' janm mete nan tèt yo, se sa Bondye te pare pou moun ki renmen li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 2:9 but just as it is written, "THINGS WHICH EYE HAS NOT SEEN AND EAR HAS NOT HEARD, AND which HAVE NOT ENTERED THE HEART OF MAN, ALL THAT GOD HAS PREPARED FOR THOSE WHO LOVE HIM."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 2:10---- 1Co 2:10 Bondye voye Sentespri l' ki devwale sekrè travay sa a ban nou. Lespri Bondye sonde tout bagay, menm sa ki nan fon kè Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 2:10 For to us God revealed them through the Spirit; for the Spirit searches all things, even the depths of God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 2:11---- 1Co 2:11 Pran nenpòt moun: Kilès ki ka konnen sa ki nan kè li? Se lespri ki nan li a sèlman ki ka konn sa. Konsa tou, sèl Lespri Bondye konnen tout bagay ki nan Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 2:11 For who among men knows the thoughts of a man except the spirit of the man which is in him? Even so the thoughts of God no one knows except the Spirit of God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 2:12---- 1Co 2:12 Se pa lespri k'ap travay nan moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan nou te resevwa. Lespri nou resevwa a, se Lespri Bondye te voye ban nou an pou n' te ka konnen tout favè Bondye te fè nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 2:12 Now we have received, not the spirit of the world, but the Spirit who is from God, so that we may know the things freely given to us by God,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 2:13---- 1Co 2:13 Si n'ap pale sou tout favè Bondye fè nou, se pa avèk pawòl nou jwenn nan bon konprann lèzòm, men se pito avèk pawòl Lespri Bondye ap moutre nou. Se konsa, nou fè moun ki gen Lespri Bondye nan kè yo konprann verite ki soti nan Lespri a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 2:13 which things we also speak, not in words taught by human wisdom, but in those taught by the Spirit, combining spiritual thoughts with spiritual words.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 2:14---- 1Co 2:14 Yon moun ki pa gen Lespri Bondye a nan kè l' pa ka asepte verite ki soti nan Lespri Bondye a. Pou li, se pawòl moun fou yo ye. Li pa kapab konprann yo, paske se Lespri Bondye a ki pou ede l' egzaminen yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 2:14 But a natural man does not accept the things of the Spirit of God, for they are foolishness to him; and he cannot understand them, because they are spiritually appraised.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 2:15---- 1Co 2:15 Okontrè, moun ki gen Lespri Bondye a nan kè l', li kapab jije tout bagay. Men li menm, pesonn pa ka jije li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 2:15 But he who is spiritual appraises all things, yet he himself is appraised by no one.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 2:16---- 1Co 2:16 Jan sa ekri nan Liv la: Ki moun ki konnen sa k'ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki pou moutre l' sa pou l' fè? Men nou menm, nou konnen sa ki nan lide Kris la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 2:16 For who has known the mind of the Lord, that he will instruct Him? But we have the mind of Christ.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 3:1 ---- written 56 A.D.---- |
|
THIS CHAPTER:
1064_46_1_Corinthians_02_ht-en.html 1060_45_Romans_14_ht-en.html 1061_45_Romans_15_ht-en.html 1062_45_Romans_16_ht-en.html 1063_46_1_Corinthians_01_ht-en.html 1065_46_1_Corinthians_03_ht-en.html 1066_46_1_Corinthians_04_ht-en.html 1067_46_1_Corinthians_05_ht-en.html 1068_46_1_Corinthians_06_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|