Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Heb 3:19 So we see that they were not able to enter because of unbelief.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 4:1 ---- written 64-68 A.D.----
Heb 4:1 Koulye a, Bondye kenbe menm pwomès sa a pou nou toujou, pou nou ka antre kote pou nou poze kò nou ansanm ak li a. Atansyon pou okenn nan nou pa pèdi chans antre nan kote sa a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 4:1 Therefore, let us fear if, while a promise remains of entering His rest, any one of you may seem to have come short of it.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 4:2----
Heb 4:2 Paske, yo fè nou konnen bon nouvèl la menm jan ak lòt yo. Yo menm tou yo te tande mesaj la. Men, sa pa t' sèvi yo anyen, paske lè yo te tande l' la yo pa t' resevwa l' ak konfyans nan Bondye.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 4:2 For indeed we have had good news preached to us, just as they also; but the word they heard did not profit them, because it was not united by faith in those who heard.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 4:3----
Heb 4:3 Nou menm ki gen konfyans nan Bondye, nou pral antre kote pou nou poze kò nou ansanm ak li a. Se kote sa a li t'ap pale, lè li te di: Mwen te fè kòlè, mwen te fè sèman: Yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an. Bondye te pale konsa, men li menm, li te fin fè travay li depi lè li t'ap kreye lemonn.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 4:3 For we who have believed enter that rest, just as He has said, "AS I SWORE IN MY WRATH, THEY SHALL NOT ENTER MY REST," although His works were finished from the foundation of the world.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 4:4----
Heb 4:4 Paske, men sa ki ekri yon lòt kote nan Liv la sou setyèm jou a: Setyèm jou a, Bondye poze kò l' apre li te fin fè tout travay li yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 4:4 For He has said somewhere concerning the seventh day: "AND GOD RESTED ON THE SEVENTH DAY FROM ALL HIS WORKS";(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 4:5----
Heb 4:5 Li tounen sou menm pawòl la ankò, lè li di: Yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 4:5 and again in this passage, "THEY SHALL NOT ENTER MY REST."(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 4:6----
Heb 4:6 Moun ki te resevwa bon nouvèl la an premye, yo pa t' antre kote sa a paske yo pa t' mete konfyans yo nan Bondye. Konsa, gen lòt toujou ki ka antre kote sa a pou yo ka poze kò yo ansanm ak Bondye.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 4:6 Therefore, since it remains for some to enter it, and those who formerly had good news preached to them failed to enter because of disobedience,(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 4:7----
Heb 4:7 Se sak fè, Bondye chwazi yon lòt jou li rele jòdi a. Li pale sou jou sa a lontan lontan apre, nan pawòl David nou jwenn nan Liv la, pawòl mwen deja di nou an: Si nou tande vwa Bondye jòdi a, pa kenbe tèt ak li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 4:7 He again fixes a certain day, "Today," saying through David after so long a time just as has been said before, "TODAY IF YOU HEAR HIS VOICE, DO NOT HARDEN YOUR HEARTS."(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 4:8----
Heb 4:8 Paske, si Jozye te fè pèp Izrayèl la antre nan peyi kote pou yo te poze kò yo ansanm ak Bondye a, Bondye pa ta bezwen pale apre sa sou yon lòt jou ankò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 4:8 For if Joshua had given them rest, He would not have spoken of another day after that.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 4:9----
Heb 4:9 Jan sa ye a, gen yon repo ankò pou pèp Bondye a, yon repo tankou repo Bondye te pran setyèm jou a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 4:9 So there remains a Sabbath rest for the people of God.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 4:10----
Heb 4:10 Paske, moun ki antre kote pou yo poze kò yo ansanm ak Bondye a, se moun ki fin fè travay yo, menm jan Bondye te poze apre li te fin fè travay li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 4:10 For the one who has entered His rest has himself also rested from his works, as God did from His.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 4:11----
Heb 4:11 Ann fè jefò pou nou tout ka antre kote sa a. Se pa pou okenn nan nou dezobeyi Bondye tankou moun sa yo ki te la anvan nou te fè l' la, pou nou pa pèdi chans antre kote sa a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 4:11 Therefore let us be diligent to enter that rest, so that no one will fall, through following the same example of disobedience.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 4:12----
Heb 4:12 Pawòl Bondye a gen lavi, li gen pouvwa. Li pi file pase kouto de bò. Li koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri moun fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl zo kontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 4:12 For the word of God is living and active and sharper than any two-edged sword, and piercing as far as the division of soul and spirit, of both joints and marrow, and able to judge the thoughts and intentions of the heart.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 4:13----
Heb 4:13 Anyen pa kapab kache pou Bondye. Tout bagay nan kreyasyon Bondye a aklè konsa devan je l', san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 4:13 And there is no creature hidden from His sight, but all things are open and laid bare to the eyes of Him with whom we have to do.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 4:14----
Heb 4:14 Ann kenbe fèm nan konfyans nou genyen an, paske nou gen Jezi, pitit Bondye a, k'ap sèvi nou yon gwo granprèt, li travèse syèl la jouk li rive devan Bondye menm.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 4:14 Therefore, since we have a great high priest who has passed through the heavens, Jesus the Son of God, let us hold fast our confession.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 4:15----
Heb 4:15 Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pa t' janm fè okenn peche.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 4:15 For we do not have a high priest who cannot sympathize with our weaknesses, but One who has been tempted in all things as we are, yet without sin.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 4:16----
Heb 4:16 Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fotèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 4:16 Therefore let us draw near with confidence to the throne of grace, so that we may receive mercy and find grace to help in time of need.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 5:1 ---- written 64-68 A.D.----


top of the page
THIS CHAPTER:    1137_58_Hebrews_04_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
1133_57_Philemon_01_ht-en.html
1134_58_Hebrews_01_ht-en.html
1135_58_Hebrews_02_ht-en.html
1136_58_Hebrews_03_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
1138_58_Hebrews_05_ht-en.html
1139_58_Hebrews_06_ht-en.html
1140_58_Hebrews_07_ht-en.html
1141_58_Hebrews_08_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."