Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Lev 4:35 Then he shall remove all its fat, just as the fat of the lamb is removed from the sacrifice of the peace offerings, and the priest shall offer them up in smoke on the altar, on the offerings by fire to the Lord. Thus the priest shall make atonement for him in regard to his sin which he has committed, and he will be forgiven.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 5:1 ---- written 1450-1410 B.C.----
Lev 5:1 Men nan ki sikonstans pou yo fè ofrann bèt pou peche moun fè san yo pa konnen: Si yon moun fin fè sèman nan tribinal pou l' di sa ki pase epi li refize pale sa l' te wè ou ankò sa li vin konnen, li gen pou l' peye pou sa li fè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 5:1 'Now if a person sins after he hears a public adjuration to testify when he is a witness, whether he has seen or otherwise known, if he does not tell it, then he will bear his guilt.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 5:2----
Lev 5:2 Si yon moun rive manyen, san li pa konnen, yon bagay moun k'ap sèvi Bondye pa gen dwa manyen, tankou kadav yon bèt ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, li te mèt yon bèt nan bwa, li te mèt yon bèt kay, li te mèt yon bèt k'ap trennen sou vant, lè l' rive konnen sa l' fè a, li menm tou li pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, epi li antò pou sa l' fè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 5:2 Or if a person touches any unclean thing, whether a carcass of an unclean beast or the carcass of unclean cattle or a carcass of unclean swarming things, though it is hidden from him and he is unclean, then he will be guilty.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 5:3----
Lev 5:3 Si, san li pa konnen, li rive manyen yon nonm ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, nenpòt ki jan moun lan te ka rive nan eta sa a, lè pita li vin konnen sa l' fè a, li antò pou sa l' fè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 5:3 Or if he touches human uncleanness, of whatever sort his uncleanness may be with which he becomes unclean, and it is hidden from him, and then he comes to know it, he will be guilty.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 5:4----
Lev 5:4 Si yon moun kite bouch li mennen l', epi li sèmante, li di l'ap fè yon bagay, se ka yon move bagay osinon yon bon bagay, lè l' vin rekonèt sa, se pou l' peye sa l' fè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 5:4 Or if a person swears thoughtlessly with his lips to do evil or to do good, in whatever matter a man may speak thoughtlessly with an oath, and it is hidden from him, and then he comes to know it, he will be guilty in one of these.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 5:5----
Lev 5:5 Lè yon moun rive antò paske li fè yonn nan bagay sa yo, se pou l' rekonèt devan tout moun sa l' fè a mal.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 5:5 So it shall be when he becomes guilty in one of these, that he shall confess that in which he has sinned.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 5:6----
Lev 5:6 Apre sa, l'a peye pou peche li fè a, l'a pran yon fenmèl nan mouton pa l' yo, osinon nan kabrit li yo, l'a ofri l' bay Seyè a pou peche li te fè a. Prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche nonm lan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 5:6 He shall also bring his guilt offering to the Lord for his sin which he has committed, a female from the flock, a lamb or a goat as a sin offering. So the priest shall make atonement on his behalf for his sin.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 5:7----
Lev 5:7 Men, si nonm lan pa ka bay yon mouton osinon yon kabrit, l'a pote yon pè toutrèl osinon yon pè pijon pou peye pou peche a. L'a ofri yo bay Seyè a, yonn pou yo touye pou peche a, lòt la pou yo boule nèt sou lotèl la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 5:7 'But if he cannot afford a lamb, then he shall bring to the Lord his guilt offering for that in which he has sinned, two turtledoves or two young pigeons, one for a sin offering and the other for a burnt offering.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 5:8----
Lev 5:8 L'a pote yo bay prèt la. Prèt la menm va ofri zwazo pou peche a anvan. L'a kase kou zwazo a, san li pa separe tèt la ak rès kò a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 5:8 He shall bring them to the priest, who shall offer first that which is for the sin offering and shall nip its head at the front of its neck, but he shall not sever it.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 5:9----
Lev 5:9 L'a voye ti gout nan san an bò lotèl la. Epi l'a vide rès san an nan pye lotèl la. Se va yon ofrann bèt yo touye pou wete peche a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 5:9 He shall also sprinkle some of the blood of the sin offering on the side of the altar, while the rest of the blood shall be drained out at the base of the altar: it is a sin offering.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 5:10----
Lev 5:10 Apre sa, l'a ofri dezyèm zwazo a, l'a boule l' dapre regleman yo. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè a, epi Bondye va padonnen l' sa l' te fè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 5:10 The second he shall then prepare as a burnt offering according to the ordinance. So the priest shall make atonement on his behalf for his sin which he has committed, and it will be forgiven him.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 5:11----
Lev 5:11 Si moun lan pa ka bay de toutrèl osinon de pijon pou peye pou peche li fè a, l'a pote de liv bon farin. Li p'ap bezwen mete ni lwil oliv ni lansan sou li, paske se yon ofrann pou wete peche l'ap fè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 5:11 'But if his means are insufficient for two turtledoves or two young pigeons, then for his offering for that which he has sinned, he shall bring the tenth of an ephah of fine flour for a sin offering; he shall not put oil on it or place incense on it, for it is a sin offering.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 5:12----
Lev 5:12 L'a pote l' bay prèt la, prèt la va pran yon ponyen nan farin lan ki va sèvi pou Seyè a pa janm bliye moun ki fè ofrann lan. L'a ofri l' bay Seyè a, l'a boule l' sou lotèl la tankou yon ofrann yo boule bèt pou Seyè a. Se va yon ofrann yo fè pou wete peche a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 5:12 He shall bring it to the priest, and the priest shall take his handful of it as its memorial portion and offer it up in smoke on the altar, with the offerings of the Lord by fire: it is a sin offering.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 5:13----
Lev 5:13 Se konsa, prèt la va fè ofrann pou wete peche moun lan te fè a, Bondye va padonnen l' sa l' te fè a. Rès farin lan va rete pou prèt la, tankou lè y'ap fè ofrann manje.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 5:13 So the priest shall make atonement for him concerning his sin which he has committed from one of these, and it will be forgiven him; then the rest shall become the priest's, like the grain offering.'"(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 5:14----
Lev 5:14 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 5:14 Then the Lord spoke to Moses, saying,(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 5:15----
Lev 5:15 -Si yon moun fè yon peche san li pa fè espre, si li fè sa li pa t' dwe fè, tankou lè li bliye bay sa li te dwe bay pou Seyè a, l'a fè yon ofrann pou repare bagay li te fè ki mal la. L'a pran yon belye mouton nan bèt li yo, yonn ki san ankenn enfimite. Y'a di konbe bèt la vo, dapre lajan yo sèvi nan kay Bondye a, epi l'a ofri l' bay Seyè a. Se sa yo rele yon ofrann pou peye pou sa yon moun fè ki mal.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 5:15 "If a person acts unfaithfully and sins unintentionally against the Lord's holy things, then he shall bring his guilt offering to the Lord: a ram without defect from the flock, according to your valuation in silver by shekels, in terms of the shekel of the sanctuary, for a guilt offering.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 5:16----
Lev 5:16 Se pou l' peye tou sa li te bliye bay Seyè a, plis vin pou san anwo li. L'a pote l' bay prèt la. Prèt la menm va ofri bouk la, l'a touye l' pou peye pou sa moun lan te fè ki mal, epi Bondye va padonnen l' sa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 5:16 He shall make restitution for that which he has sinned against the holy thing, and shall add to it a fifth part of it and give it to the priest. The priest shall then make atonement for him with the ram of the guilt offering, and it will be forgiven him.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 5:17----
Lev 5:17 Si yon moun fè peche san l' pa konnen, si li fè yon bagay Seyè a te bay lòd pa fè, atout li pa t' fè espre, li antò. Se pou l' peye pou sa l' fè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 5:17 "Now if a person sins and does any of the things which the Lord has commanded not to be done, though he was unaware, still he is guilty and shall bear his punishment.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 5:18----
Lev 5:18 L'a pran yon belye nan bèt li yo, yonn ki pa gen ankenn enfimite, l'a pote l' bay prèt la. Prèt la menm va ofri l' pou peye pou sa moun lan te fè ki mal. Y'a kalkile pri bèt la dapre sistèm lajan yo sèvi nan kay Bondye a. Prèt la va fè ofrann lan pou peye pou sa moun lan te fè san l' pa t' konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 5:18 He is then to bring to the priest a ram without defect from the flock, according to your valuation, for a guilt offering. So the priest shall make atonement for him concerning his error in which he sinned unintentionally and did not know it, and it will be forgiven him.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 5:19----
Lev 5:19 Se sa yo rele yon ofrann moun fè pou peye pou sa yo fè ki mal kont Seyè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 5:19 It is a guilt offering; he was certainly guilty before the Lord."(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:1 ---- written 1450-1410 B.C.----


top of the page
THIS CHAPTER:    0095_03_Leviticus_05_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0091_03_Leviticus_01_ht-en.html
0092_03_Leviticus_02_ht-en.html
0093_03_Leviticus_03_ht-en.html
0094_03_Leviticus_04_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0096_03_Leviticus_06_ht-en.html
0097_03_Leviticus_07_ht-en.html
0098_03_Leviticus_08_ht-en.html
0099_03_Leviticus_09_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."