Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Lev 5:19 It is a guilt offering; he was certainly guilty before the Lord."(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:1 ---- written 1450-1410 B.C.----
Lev 6:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:1 Then the Lord spoke to Moses, saying,(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:2----
Lev 6:2 -Si yon moun fè peche, si li fè bagay Seyè a pa vle moun fè, si li bay yon moun pèp Izrayèl parèy li manti sou bagay li te mete an depo lakay li, sou bagay li te ba li kenbe pou li an zanmi, ou ankò si li vòlò l', ou ankò si li twonpe l',(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:2 "When a person sins and acts unfaithfully against the Lord, and deceives his companion in regard to a deposit or a security entrusted to him, or through robbery, or if he has extorted from his companion,(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:3----
Lev 6:3 ou ankò si li jwenn bagay lòt la te pèdi epi li manti, li sèmante li pa t' jwenn li, pou tout bagay mal sa yo yon moun ka fè, se pou yo fè yon ofrann.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:3 or has found what was lost and lied about it and sworn falsely, so that he sins in regard to any one of the things a man may do;(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:4----
Lev 6:4 Lè yon moun fè yon peche konsa, li koupab, epi se pou l' renmèt sa l' te vòlò a, osinon lajan li te fè sou tèt lòt la, osinon depo yo te ba l' kenbe a, ou ankò bagay pèdi li te jwenn lan,(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:4 then it shall be, when he sins and becomes guilty, that he shall restore what he took by robbery or what he got by extortion, or the deposit which was entrusted to him or the lost thing which he found,(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:5----
Lev 6:5 ou ankò sa l' te sèmante li pa t' jwenn lan. Wi, se pou l' renmèt tout plis ven pou san bay mèt bagay la, jou l'ap fè ofrann pou peye pou sa l' te fè ki mal la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:5 or anything about which he swore falsely; he shall make restitution for it in full and add to it one-fifth more. He shall give it to the one to whom it belongs on the day he presents his guilt offering.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:6----
Lev 6:6 Apre sa, l'a pran yon belye nan bèt li yo, yonn ki san ankenn enfimite, l'a mennen l' bay prèt la ki va ofri l' bay Seyè a pou li peye pou sa l' te fè ki mal la. Y'a kalkile pri belye a dapre sa yo gen pou yo peye pou ofrann konsa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:6 Then he shall bring to the priest his guilt offering to the Lord, a ram without defect from the flock, according to your valuation, for a guilt offering,(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:7----
Lev 6:7 Prèt la va fè ofrann lan pou li bay Seyè a. Bondye va padonnen l' nenpòt kisa li te fè li pa t' dwe fè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:7 and the priest shall make atonement for him before the Lord, and he will be forgiven for any one of the things which he may have done to incur guilt."(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:8----
Lev 6:8 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' ankò:(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:8 Then the Lord spoke to Moses, saying,(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:9----
Lev 6:9 -Men lòd pou ou pase Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. Men ki jan pou yo fè ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a. Se pou ofrann lan pase tout nwit la ap boule jouk denmen maten sou lotèl la. Se pou dife sou lotèl la pa janm mouri.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:9 "Command Aaron and his sons, saying, 'This is the law for the burnt offering: the burnt offering itself shall remain on the hearth on the altar all night until the morning, and the fire on the altar is to be kept burning on it.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:10----
Lev 6:10 Nan maten, prèt la va chanje rad sou li, l'a mete yon chemiz fèt ak twal fen blan, ansanm ak yon kalson ki fèt ak menm twal la, l'a wete sann ki rete apre ofrann lan fin boule nèt sou lotèl la, l'a mete l' sou kote lotèl la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:10 The priest is to put on his linen robe, and he shall put on undergarments next to his flesh; and he shall take up the ashes to which the fire reduces the burnt offering on the altar and place them beside the altar.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:11----
Lev 6:11 Apre sa, l'a chanje rad ankò, l'a mete rad òdinè l' sou li, l'a pote sann lan kote ki rezève pou sa, andeyò lòt bò limit kote moun yo rete a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:11 Then he shall take off his garments and put on other garments, and carry the ashes outside the camp to a clean place.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:12----
Lev 6:12 Fòk dife ki sou lotèl la toujou ap boule. Pa janm kite l' mouri. Chak maten prèt la va mete bwa ladan l', epi l'a ranje ofrann pou boule a sou li, epi l'a boule grès ofrann yo fè pou di Bondye mèsi a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:12 The fire on the altar shall be kept burning on it. It shall not go out, but the priest shall burn wood on it every morning; and he shall lay out the burnt offering on it, and offer up in smoke the fat portions of the peace offerings on it.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:13----
Lev 6:13 Se pou dife a toujou ap boule sou lotèl la. Pa janm kite l' mouri.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:13 Fire shall be kept burning continually on the altar; it is not to go out.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:14----
Lev 6:14 Men regleman pou lè n'ap ofri grenn ki soti nan jaden nou. Yonn nan pitit Arawon yo va prezante grenn y'ap ofri a bay Seyè a devan lotèl la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:14 'Now this is the law of the grain offering: the sons of Aaron shall present it before the Lord in front of the altar.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:15----
Lev 6:15 Apre sa, l'a pran yon ponyen farin nan ofrann grenn lan tou melanje ak lwil ansanm ak tout lansan an, l'a boule l' sou lotèl la pou Seyè a pa janm bliye moun ki fè ofrann lan, ki vle di se tout yo ofri bay Seyè a. Sant ofrann yo boule a va fè Seyè a plezi.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:15 Then one of them shall lift up from it a handful of the fine flour of the grain offering, with its oil and all the incense that is on the grain offering, and he shall offer it up in smoke on the altar, a soothing aroma, as its memorial offering to the Lord.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:16----
Lev 6:16 Arawon ak pitit li yo va manje rès la. Y'a fè pen san ledven avè l', y'a manje pen an yon kote apa pou Seyè a nan lakou Tant Randevou a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:16 What is left of it Aaron and his sons are to eat. It shall be eaten as unleavened cakes in a holy place; they are to eat it in the court of the tent of meeting.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:17----
Lev 6:17 Se pou yo kwit pen an san ledven. Se mwenmenm menm ki ba yo pòsyon pa yo nan ofrann y'ap boule nèt pou mwen an. Se yon bagay ki apa nèt pou mwen, tankou yon ofrann yo fè pou peche yo ak ofrann yo fè pou peye pou sa yo te fè ki mal.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:17 It shall not be baked with leaven. I have given it as their share from My offerings by fire; it is most holy, like the sin offering and the guilt offering.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:18----
Lev 6:18 Nenpòt gason nan branch fanmi Arawon an ka manje l'. Sa se yon prensip k'ap la pou tout tan. Se va pòsyon pa yo nan ofrann grenn y'ap boule pou Seyè a. Si lòt moun manyen yon ofrann grenn yo mete apa pou Seyè a, malè va rive l' poutèt sa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:18 Every male among the sons of Aaron may eat it; it is a permanent ordinance throughout your generations, from the offerings by fire to the Lord. Whoever touches them will become consecrated.'"(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:19----
Lev 6:19 Apre sa, Seyè a pale ak Moyiz, li di l' ankò:(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:19 Then the Lord spoke to Moses, saying,(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:20----
Lev 6:20 -Men ofrann Arawon ak pitit gason l' yo va fè pou Seyè a jou y'ap mete yo apa pou sèvis Bondye a. Jou sa a, y'a pote yon liv farin menm kantite ak sa yo ofri chak jou a, y'a ofri mwatye ladan l' nan maten, lòt mwatye a nan aswè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:20 "This is the offering which Aaron and his sons are to present to the Lord on the day when he is anointed; the tenth of an ephah of fine flour as a regular grain offering, half of it in the morning and half of it in the evening.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:21----
Lev 6:21 Y'a melanje lwil ladan l', y'a kwit li sou griy. Apre sa, y'a kraze l' an ti moso tankou lè y'ap fè ofrann grenn ki soti nan jaden yo, y'a ofri l' bay Seyè a. Sant ofrann yo boule a va moute, l'a fè Seyè a plezi.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:21 It shall be prepared with oil on a griddle. When it is well stirred, you shall bring it. You shall present the grain offering in baked pieces as a soothing aroma to the Lord.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:22----
Lev 6:22 Se yon lòd ki la pou tout tan. Se pou pitit Arawon y'a mete apa pou ranplase Arawon an toujou fè ofrann sa a bay Seyè a. Y'a boule ofrann lan nèt, y'a ofri l' bay Seyè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:22 The anointed priest who will be in his place among his sons shall offer it. By a permanent ordinance it shall be entirely offered up in smoke to the Lord.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:23----
Lev 6:23 Lè yon prèt ap fè yon ofrann grenn pou tèt pa l', se pou yo boule tout nèt nan dife. Yo pa fèt pou yo manje anyen ladan l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:23 So every grain offering of the priest shall be burned entirely. It shall not be eaten."(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:24----
Lev 6:24 Seyè a pale ak Moyiz, li di l':(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:24 Then the Lord spoke to Moses, saying,(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:25----
Lev 6:25 -Men sa w'a di Arawon ak pitit gason l' yo. Men regleman pou yo swiv lè y'ap fè ofrann pou peche moun fè san yo pa konnen. Y'a touye bèt y'a ofri pou kalite peche sa yo sou bò nò lotèl la, kote yo touye bèt yo ofri pou boule a. Sa se yon ofrann yo mete apa nèt pou Seyè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:25 "Speak to Aaron and to his sons, saying, 'This is the law of the sin offering: in the place where the burnt offering is slain the sin offering shall be slain before the Lord; it is most holy.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:26----
Lev 6:26 Prèt ki va touye bèt la va manje l' kote yo mete apa pou Bondye nan lakou Tant Randevou a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:26 The priest who offers it for sin shall eat it. It shall be eaten in a holy place, in the court of the tent of meeting.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:27----
Lev 6:27 Nenpòt moun osinon nenpòt bagay ki va manyen osinon ki va touche vyann bèt yo mete apa pou Seyè a va tounen yon moun osinon yon bagay yo mete apa pou Bondye tou. Si san bèt la tonbe sou yon rad, w'a lave rad la yon kote ki apa pou Seyè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:27 Anyone who touches its flesh will become consecrated; and when any of its blood splashes on a garment, in a holy place you shall wash what was splashed on.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:28----
Lev 6:28 Se pou yo kraze tout veso an tè ki te sèvi pou bouyi vyann lan. Men, si se nan yon veso an kwiv yo te bouyi l', se pou yo grate l' byen grate epi lave l' nan gwo dlo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:28 Also the earthenware vessel in which it was boiled shall be broken; and if it was boiled in a bronze vessel, then it shall be scoured and rinsed in water.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:29----
Lev 6:29 Tout gason nan fanmi prèt yo gen dwa manje nan vyann lan, paske se yon vyann yo mete apa nèt pou Seyè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:29 Every male among the priests may eat of it; it is most holy.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 6:30----
Lev 6:30 Men, si yo pran ti gout nan san bèt la pou yo pote l' anndan Tant Randevou a pou yo sèvi avè l' tankou san bèt yo ofri pou repare sa yon moun fè ki mal, yo pa fèt pou yo manje anyen nan bèt la. Se pou yo boule l' nèt nan dife.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 6:30 But no sin offering of which any of the blood is brought into the tent of meeting to make atonement in the holy place shall be eaten; it shall be burned with fire.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 7:1 ---- written 1450-1410 B.C.----


top of the page
THIS CHAPTER:    0096_03_Leviticus_06_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0092_03_Leviticus_02_ht-en.html
0093_03_Leviticus_03_ht-en.html
0094_03_Leviticus_04_ht-en.html
0095_03_Leviticus_05_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0097_03_Leviticus_07_ht-en.html
0098_03_Leviticus_08_ht-en.html
0099_03_Leviticus_09_ht-en.html
0100_03_Leviticus_10_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."