|
================================================================================ ---- Deuteronomy 17:1---- Deu 17:1 Piga nou janm pran yon bèf, osinon yon kabrit oswa yon mouton ki gen yon enfimite, osinon ki donmaje pou nou ofri bay Seyè a, Bondye nou an, paske Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè bagay konsa menm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 17:1 "You shall not sacrifice to the Lord your God an ox or a sheep which has a blemish or any defect, for that is a detestable thing to the Lord your God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 17:2---- Deu 17:2 Si ta gen nan mitan nou, nan yonn nan lavil Seyè a, Bondye nou an, te ban nou yo, yon nonm osinon yon fanm ki ta fè yon bagay ki pa fè Seyè a, Bondye nou an, plezi, si li ta rive pa kenbe kontra li pase ak Bondye a,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 17:2 "If there is found in your midst, in any of your towns, which the Lord your God is giving you, a man or a woman who does what is evil in the sight of the Lord your God, by transgressing His covenant,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 17:3---- Deu 17:3 pou l' al fè bagay Seyè a pa janm mande nou fè, pou l' al sèvi lòt bondye, tankou solèy, lalin osinon kèk lòt zetwal nan bann zetwal ki nan syèl la,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 17:3 and has gone and served other gods and worshiped them, or the sun or the moon or any of the heavenly host, which I have not commanded,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 17:4---- Deu 17:4 epi sa rive tonbe nan zòrèy nou, lè n'a vin konn sa, n'a chache konnen byen sa ki te pase. Si sa te fèt vre, si yo ka rive ban nou prèv se yon moun nan pèp Izrayèl la menm ki te fè move bagay sa a,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 17:4 and if it is told you and you have heard of it, then you shall inquire thoroughly. Behold, if it is true and the thing certain that this detestable thing has been done in Israel,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 17:5---- Deu 17:5 lè sa a, n'a fè yo pran moun ki te fè move bagay sa a, fanm ou gason, y'a mennen l' lòt bò pòtay lavil la, y'a kalonnen l' wòch jouk li mouri.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 17:5 then you shall bring out that man or that woman who has done this evil deed to your gates, that is, the man or the woman, and you shall stone them to death.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 17:6---- Deu 17:6 Anvan nou kondannen yon moun amò, fòk gen de osinon twa moun ki pou kanpe pou fè depozisyon kont li. Si se yon sèl moun ki fè depozisyon kont li, yo pa ka kondannen moun lan amò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 17:6 On the evidence of two witnesses or three witnesses, he who is to die shall be put to death; he shall not be put to death on the evidence of one witness.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 17:7---- Deu 17:7 Lèfini, se temwen sa yo menm ki va bay moun yo kondannen an premye kout wòch yo. Apre sa, rès pèp la va kalonnen l' wòch jouk li mouri. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan pèp la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 17:7 The hand of the witnesses shall be first against him to put him to death, and afterward the hand of all the people. So you shall purge the evil from your midst.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 17:8---- Deu 17:8 Si yo ta mennen ban nou yon ka ki twò difisil pou nou jije, tankou ka yon moun ki touye yon lòt, osinon ka moun k'ap diskite pou defann dwa yo ak enterè yo, ou ankò lè yon moun resevwa yon move kou nan kò l', ou nenpòt lòt ka ki ta prezante devan nou nan lavil kote nou rete a epi ki twò difisil pou nou jije l' nou menm, n'a leve, n'a moute kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi pou yo fè sèvis pou li a,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 17:8 "If any case is too difficult for you to decide, between one kind of homicide or another, between one kind of lawsuit or another, and between one kind of assault or another, being cases of dispute in your courts, then you shall arise and go up to the place which the Lord your God chooses.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 17:9---- Deu 17:9 n' aval jwenn prèt yo, moun Lèvi yo, ak jij ki de sèvis lè sa a, n'a espoze ka a ba yo. Yo menm y'a di nou ki jan pou nou rann jijman an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 17:9 So you shall come to the Levitical priest or the judge who is in office in those days, and you shall inquire of them and they will declare to you the verdict in the case.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 17:10---- Deu 17:10 Lè sa a, nou menm poutèt pa nou, n'a fè tou sa moun ki rete kote Bondye te mete apa pou fè sèvis pou li a te di nou. N'a pran tout kalite prekosyon pou nou fè tou sa yo te moutre nou an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 17:10 You shall do according to the terms of the verdict which they declare to you from that place which the Lord chooses; and you shall be careful to observe according to all that they teach you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 17:11---- Deu 17:11 Se pou nou rann jijman an dapre regleman yo te moutre nou an, dapre jan yo menm yo te jije bagay la, san nou pa chanje anyen nan sa yo te di nou an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 17:11 According to the terms of the law which they teach you, and according to the verdict which they tell you, you shall do; you shall not turn aside from the word which they declare to you, to the right or the left.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 17:12---- Deu 17:12 Men, si yon moun ap fè grandizè, epi li pa koute ni prèt ki la pou sèvis Bondye a, ni jij la, se pou yo touye l'. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan pèp la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 17:12 The man who acts presumptuously by not listening to the priest who stands there to serve the Lord your God, nor to the judge, that man shall die; thus you shall purge the evil from Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 17:13---- Deu 17:13 Konsa tou, lè tout pèp la va konn sa, y'a pè, yo p'ap pran pòz grandizè yo ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 17:13 Then all the people will hear and be afraid, and will not act presumptuously again.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 17:14---- Deu 17:14 Lè n'a fin antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, va ban nou an, lè n'a fin pran tout peyi a pou nou rete ladann l', si lide ta vin nan tèt nou pou nou di: Nou ta renmen gen yon wa pou gouvènen nou tankou tout lòt nasyon k'ap viv nan peyi ki sou fwontyè nou yo,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 17:14 "When you enter the land which the Lord your God gives you, and you possess it and live in it, and you say, 'I will set a king over me like all the nations who are around me,'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 17:15---- Deu 17:15 se yon moun menm ras ak nou Seyè a, Bondye nou an, va chwazi pou li mete wa sou nou. Nou pa gen dwa pran yon moun lòt nasyon ki pa menm ras avèk nou pou nou mete l' wa sou nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 17:15 you shall surely set a king over you whom the Lord your God chooses, one from among your countrymen you shall set as king over yourselves; you may not put a foreigner over yourselves who is not your countryman.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 17:16---- Deu 17:16 Men, wa sa a pa bezwen gen kantite chwal pou lame li, ni li pa bezwen voye moun nan peyi Lejip al achte chwal pou kavalye l' yo, paske Seyè a te di nou: Piga nou janm pran chemen tounen nan peyi sa a ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 17:16 Moreover, he shall not multiply horses for himself, nor shall he cause the people to return to Egypt to multiply horses, since the Lord has said to you, 'You shall never again return that way.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 17:17---- Deu 17:17 Wa a pa fèt pou l' gen anpil madanm, paske sa ka fè l' pèdi tèt li. Li pa fèt pou l' gen twòp ajan ak twòp lò pou tèt pa l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 17:17 He shall not multiply wives for himself, or else his heart will turn away; nor shall he greatly increase silver and gold for himself.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 17:18---- Deu 17:18 Lè wa a va pran pouvwa a, l'a mande pou yo kopye tout lalwa Bondye a nan yon liv pou sèvis pa li, dapre orijinal ki nan men prèt fanmi Levi yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 17:18 "Now it shall come about when he sits on the throne of his kingdom, he shall write for himself a copy of this law on a scroll in the presence of the Levitical priests.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 17:19---- Deu 17:19 Se pou li toujou gen liv la avèk li, se pou li li l' chak jou jouk li mouri, pou l' ka aprann gen krentif pou Seyè a, Bondye li a, pou l' ka swiv tout prensip ki nan lalwa a, pou l' ka fè tou sa yo mande l' fè ladan l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 17:19 It shall be with him and he shall read it all the days of his life, that he may learn to fear the Lord his God, by carefully observing all the words of this law and these statutes,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 17:20---- Deu 17:20 Konsa, li p'ap ka mete nan tèt li li plis pase rès pèp la, li p'ap janm dezobeyi ankenn lòd nan sa Seyè a te bay la. Se konsa, ni li ni pitit li yo y'a rete chèf lontan nan mitan pèp Izrayèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 17:20 that his heart may not be lifted up above his countrymen and that he may not turn aside from the commandment, to the right or the left, so that he and his sons may continue long in his kingdom in the midst of Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 18:1---- |
|
THIS CHAPTER:
0170_05_Deuteronomy_17_ht-en.html 0166_05_Deuteronomy_13_ht-en.html 0167_05_Deuteronomy_14_ht-en.html 0168_05_Deuteronomy_15_ht-en.html 0169_05_Deuteronomy_16_ht-en.html 0171_05_Deuteronomy_18_ht-en.html 0172_05_Deuteronomy_19_ht-en.html 0173_05_Deuteronomy_20_ht-en.html 0174_05_Deuteronomy_21_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|