|
================================================================================ ---- Deuteronomy 18:1---- Deu 18:1 Prèt yo, fanmi Levi yo, ki vle di tout gason ki nan branch fanmi Levi a, p'ap gen anyen ki rele yo pa yo nan byen eritaj moun pèp Izrayèl yo. Y'a viv ak manje pèp la va ofri bay Seyè a ak tou sa pèp la va mete apa pou Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 18:1 "The Levitical priests, the whole tribe of Levi, shall have no portion or inheritance with Israel; they shall eat the Lord's offerings by fire and His portion.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 18:2---- Deu 18:2 Moun fanmi Levi yo p'ap gen anyen nan byen ki pou tout moun pèp Izrayèl yo. Se Seyè a ki pòsyon pa yo jan li te di yo sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 18:2 They shall have no inheritance among their countrymen; the Lord is their inheritance, as He promised them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 18:3---- Deu 18:3 Lè yon moun nan pèp la vin ofri yon bèf osinon yon kabrit, oswa yon mouton pou yo touye pou Seyè a, men pòsyon ki va rete pou prèt fanmi Levi a. Men pòsyon y'a ba li: jigo a, machwè yo ak gradoub la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 18:3 "Now this shall be the priests' due from the people, from those who offer a sacrifice, either an ox or a sheep, of which they shall give to the priest the shoulder and the two cheeks and the stomach.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 18:4---- Deu 18:4 N'a ba li tou premye grenn n'a rekòlte nan jaden ble nou yo, premye diven ak premye lwil n'a fè, ansanm ak premye lenn mouton n'a wete sou mouton nou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 18:4 You shall give him the first fruits of your grain, your new wine, and your oil, and the first shearing of your sheep.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 18:5---- Deu 18:5 Paske se yo menm ak pitit gason yo Seyè a te chwazi nan mitan tout moun pèp Izrayèl yo pou sèvi l' prèt pou tout tan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 18:5 For the Lord your God has chosen him and his sons from all your tribes, to stand and serve in the name of the Lord forever.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 18:6---- Deu 18:6 Lè yon moun fanmi Levi ki rete nan yonn nan lavil nou yo, nenpòt kote nan peyi Izrayèl la, santi li ta renmen ale kote Seyè a te chwazi pou yo fè sèvis pou li a,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 18:6 "Now if a Levite comes from any of your towns throughout Israel where he resides, and comes whenever he desires to the place which the Lord chooses,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 18:7---- Deu 18:7 lè li rive, si li fè travay yon prèt nan non Seyè a, Bondye li a, tankou tout lòt frè moun fanmi Levi parèy li yo ki te toujou la ap sèvi devan Seyè a,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 18:7 then he shall serve in the name of the Lord his God, like all his fellow Levites who stand there before the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 18:8---- Deu 18:8 l'a resevwa menm kantite manje ak lòt yo, san yo pa bezwen konsidere sa li resevwa deja nan byen papa l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 18:8 They shall eat equal portions, except what they receive from the sale of their fathers' estates.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 18:9---- Deu 18:9 Lè n'a fin antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, va ban nou an, pa lage kò nou nan fè menm vye bagay moun lòt nasyon yo ap fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 18:9 "When you enter the land which the Lord your God gives you, you shall not learn to imitate the detestable things of those nations.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 18:10---- Deu 18:10 Piga pesonn nan nou pran pitit gason osinon pitit fi li pou li boule nan dife pou zidòl. Piga gen pesonn nan mitan nou k'ap fè divinò, k'ap etidye zetwal nan syèl la pou konnen sa ki gen pou rive, k'ap pran pwen, k'ap fè maji.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 18:10 There shall not be found among you anyone who makes his son or his daughter pass through the fire, one who uses divination, one who practices witchcraft, or one who interprets omens, or a sorcerer,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 18:11---- Deu 18:11 Piga gen nan mitan nou moun k'ap sèvi ak cham, moun ki pral nan tab tounant, k'ap vizite moun ki konn tire kat, ak moun k'ap rele mò pou pale ak yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 18:11 or one who casts a spell, or a medium, or a spiritist, or one who calls up the dead.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 18:12---- Deu 18:12 Paske Seyè a pa vle wè moun k'ap fè bagay sa yo. Epitou, se paske moun lòt nasyon yo t'ap fè tout vye bagay sa yo kifè Seyè a, Bondye nou an, te mete yo deyò pou nou ka pran plas yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 18:12 For whoever does these things is detestable to the Lord; and because of these detestable things the Lord your God will drive them out before you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 18:13---- Deu 18:13 Piga nou janm fè sa Seyè a, Bondye nou an, pa vle nou fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 18:13 You shall be blameless before the Lord your God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 18:14---- Deu 18:14 Bann nasyon nou pral mete deyò nan peyi a, se moun ki te renmen koute sa divinò ak moun k'ap etidye zetwal yo ap di yo. Men nou menm, Seyè a, Bondye nou an, pa penmèt nou fè bagay konsa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 18:14 For those nations, which you shall dispossess, listen to those who practice witchcraft and to diviners, but as for you, the Lord your God has not allowed you to do so.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 18:15---- Deu 18:15 Moyiz di pèp la konsa: -Seyè a, Bondye nou an, gen pou l' voye yon pwofèt ban nou tankou l' te voye m' lan. Se va yonn nan nou, yon moun pèp Izrayèl parèy nou. Se pou nou koute tou sa l'a di nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 18:15 "The Lord your God will raise up for you a prophet like me from among you, from your countrymen, you shall listen to him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 18:16---- Deu 18:16 Se sa menm nou te mande Seyè a, Bondye nou an, lè nou tout te reyini sou mòn Orèb la. Nou t'ap di nou pa vle tande vwa Seyè a, Bondye nou an, ni nou pa ta renmen wè gwo flanm dife sa a ankò pou nou pa mouri.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 18:16 This is according to all that you asked of the Lord your God in Horeb on the day of the assembly, saying, 'Let me not hear again the voice of the Lord my God, let me not see this great fire anymore, or I will die.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 18:17---- Deu 18:17 Lè sa a, Seyè a di mwen konsa: Sa yo di a, se vre wi.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 18:17 The Lord said to me, 'They have spoken well.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 18:18---- Deu 18:18 M'a chwazi yonn nan yo pou pwofèt, m'a voye l' ba yo tankou mwen te voye ou la. M'a mete pawòl mwen nan bouch li. Epi l'a di pèp la tou sa m'a ba li lòd di yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 18:18 I will raise up a prophet from among their countrymen like you, and I will put My words in his mouth, and he shall speak to them all that I command him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 18:19---- Deu 18:19 Si yon moun pa koute sa pwofèt la ap di yo nan non mwen, se avè m' menm l'ap an afè. Se mwen menm menm la gen pou l' rann kont.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 18:19 It shall come about that whoever will not listen to My words which he shall speak in My name, I Myself will require it of him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 18:20---- Deu 18:20 Konsa tou, si yon pwofèt ta penmèt li louvri bouch li pou l' pale nan non mwen pou l' di sa mwen pa di l' di, oswa pou l' ta pale nan non lòt bondye, se pou yo touye l' pou sa l' fè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 18:20 But the prophet who speaks a word presumptuously in My name which I have not commanded him to speak, or which he speaks in the name of other gods, that prophet shall die.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 18:21---- Deu 18:21 Koulye a nou dwe ap di nan kè nou: Ki jan pou nou fè konnen si sa pwofèt la ap di a se pa pawòl ki soti nan Bondye?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 18:21 You may say in your heart, 'How will we know the word which the Lord has not spoken?'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 18:22---- Deu 18:22 Enben, si pwofèt la di l'ap pale nan non Seyè a, epi sa li di a pa rive vre, lè sa a, n'a konnen Seyè a pa t' janm di l' di pawòl konsa. Se lògèy ki te pouse pwofèt la di sa l' di a. Nou pa bezwen pè l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 18:22 When a prophet speaks in the name of the Lord, if the thing does not come about or come true, that is the thing which the Lord has not spoken. The prophet has spoken it presumptuously; you shall not be afraid of him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 19:1---- |
|
THIS CHAPTER:
0171_05_Deuteronomy_18_ht-en.html 0167_05_Deuteronomy_14_ht-en.html 0168_05_Deuteronomy_15_ht-en.html 0169_05_Deuteronomy_16_ht-en.html 0170_05_Deuteronomy_17_ht-en.html 0172_05_Deuteronomy_19_ht-en.html 0173_05_Deuteronomy_20_ht-en.html 0174_05_Deuteronomy_21_ht-en.html 0175_05_Deuteronomy_22_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|