Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


1Sa 8:22 The Lord said to Samuel, "Listen to their voice and appoint them a king." So Samuel said to the men of Israel, "Go every man to his city."(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:1 ---- written 930 B.C. and later----
1Sa 9:1 Te gen yon nonm nan branch fanmi Benjamen an yo te rele Kich. Se te pitit Abiyèl, pitit pitit Zewò ki te pitit Bekora, pitit pitit Afya. Kich te yon grannèg.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:1 Now there was a man of Benjamin whose name was Kish the son of Abiel, the son of Zeror, the son of Becorath, the son of Aphiah, the son of a Benjamite, a mighty man of valor.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:2----
1Sa 9:2 Li te gen yon pitit gason ki te rele Sayil, yon bèl gason byen kanpe. pa t' gen moun nan pèp Izrayèl la ki te pi bèl pase l'. Li te pi wo pase yo tout.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:2 He had a son whose name was Saul, a choice and handsome man, and there was not a more handsome person than he among the sons of Israel; from his shoulders and up he was taller than any of the people.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:3----
1Sa 9:3 Kich te gen kèk manman bourik ki te pèdi. Li di Sayil konsa: -Pran yonn nan domestik yo avè ou, al bouske manman bourik yo pou mwen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:3 Now the donkeys of Kish, Saul's father, were lost. So Kish said to his son Saul, "Take now with you one of the servants, and arise, go search for the donkeys."(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:4----
1Sa 9:4 Yo mache nan tout mòn Efrayim yo ak nan tout peyi Chalicha a, men yo pa jwenn bourik yo. Y' ale nan tout peyi Chaalim lan, yo pa jwenn yo. Y' ale nan tout peyi Benjamen an, yo pa jwenn yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:4 He passed through the hill country of Ephraim and passed through the land of Shalishah, but they did not find them. Then they passed through the land of Shaalim, but they were not there. Then he passed through the land of the Benjamites, but they did not find them.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:5----
1Sa 9:5 Lè yo rive nan peyi Souf, Sayil di domestik ki te avè l' la: -Ann tounen lakay pou papa m' pa gen tèt chaje pou nou jouk pou l' ta rive bliye bourik li yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:5 When they came to the land of Zuph, Saul said to his servant who was with him, "Come, and let us return, or else my father will cease to be concerned about the donkeys and will become anxious for us."(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:6----
1Sa 9:6 Domestik la reponn li: -Gen yon bon sèvitè Bondye nan lavil sa a. Se yon nonm tout moun respekte paske tou sa li di rive vre. Ann al jwenn li. Ou pa janm konnen, li ka di nou kote pou n' ale pou n' jwenn bourik yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:6 He said to him, "Behold now, there is a man of God in this city, and the man is held in honor; all that he says surely comes true. Now let us go there, perhaps he can tell us about our journey on which we have set out."(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:7----
1Sa 9:7 Sayil di domestik la: -Dakò! Nou pral jwenn li. Men, kisa pou nou pote ba li? Nou pa gen pen ankò nan ralfò nou. Nou pa gen anyen pou n' fè sèvitè Bondye a kado.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:7 Then Saul said to his servant, "But behold, if we go, what shall we bring the man? For the bread is gone from our sack and there is no present to bring to the man of God. What do we have?"(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:8----
1Sa 9:8 Domestik la reponn li: -Mwen gen yon ti pyès ajan sou mwen, m'a ba li l'. L'a di nou kote n'a jwenn yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:8 The servant answered Saul again and said, "Behold, I have in my hand a fourth of a shekel of silver; I will give it to the man of God and he will tell us our way."(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:9----
1Sa 9:9 Nan tan lontan, lè yon moun te bezwen mande Bondye kichòy, li te konn di: Ann al kay divinò a, paske lè sa a se konsa yo te konn rele pwofèt Bondye yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:9 (Formerly in Israel, when a man went to inquire of God, he used to say, "Come, and let us go to the seer"; for he who is called a prophet now was formerly called a seer.)(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:10----
1Sa 9:10 Sayil di domestik li a: -Sa ou di a bon wi! Ann ale! Se konsa y' ale nan lavil kote sèvitè Bondye a te ye.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:10 Then Saul said to his servant, "Well said; come, let us go." So they went to the city where the man of God was.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:11----
1Sa 9:11 Pandan yo t'ap moute ti pant ki mennen lavil la, yo kontre ak kèk jenn fi ki t'ap soti lavil la pou y' al nan dlo. Yo mande medam yo: -Eske divinò a la nan lavil la?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:11 As they went up the slope to the city, they found young women going out to draw water and said to them, "Is the seer here?"(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:12----
1Sa 9:12 Jenn fi yo reponn: -Li la wi. Gade, men li la devan ou lan. Fè vit, li fenk rive lavil la, paske jòdi a se jou pou moun yo al touye bèt pou Bondye sou lotèl ki sou ti mòn lan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:12 They answered them and said, "He is; see, he is ahead of you. Hurry now, for he has come into the city today, for the people have a sacrifice on the high place today.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:13----
1Sa 9:13 Rive n'a rive lavil la, n'a jwenn li anvan l' al manje sou ti mòn lan. Pèp la p'ap manje toutotan li pa rive, paske se li ki pou beni ofrann bèt la anvan. Lè li fini, moun yo envite yo va manje. Prese ale koulye a pou nou ka jwenn li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:13 As soon as you enter the city you will find him before he goes up to the high place to eat, for the people will not eat until he comes, because he must bless the sacrifice; afterward those who are invited will eat. Now therefore, go up for you will find him at once."(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:14----
1Sa 9:14 Se konsa yo moute ale lavil la. Antan yo t'ap antre lavil la, yo wè Samyèl ki t'ap vin devan yo, sou wout pou l' al sou mòn lan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:14 So they went up to the city. As they came into the city, behold, Samuel was coming out toward them to go up to the high place.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:15----
1Sa 9:15 Men, lavèy jou Sayil rive lavil la, Seyè a te fè Samyèl yon revelasyon. Li te di l' konsa:(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:15 Now a day before Saul's coming, the Lord had revealed this to Samuel saying,(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:16----
1Sa 9:16 -Denmen, vè lè konsa, m'ap voye yon moun ki soti nan peyi Benjamen an bò kote ou. W'a vide lwil sou tèt li, w'a mete l' apa pou l' chèf pèp mwen an, chèf pèp Izrayèl la. Se li ki va delivre pèp mwen an anba men moun Filisti yo. Mwen wè jan pèp la ap soufri, mwen tande jan y'ap rele mande sekou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:16 "About this time tomorrow I will send you a man from the land of Benjamin, and you shall anoint him to be prince over My people Israel; and he will deliver My people from the hand of the Philistines. For I have regarded My people, because their cry has come to Me."(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:17----
1Sa 9:17 Lè Samyèl wè Sayil, Seyè a di l' konsa: -Men nonm mwen t'ap pale ou la. Se li ki pral gouvènen pèp mwen an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:17 When Samuel saw Saul, the Lord said to him, "Behold, the man of whom I spoke to you! This one shall rule over My people."(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:18----
1Sa 9:18 Sayil mache sou Samyèl ki te toupre pòtay la. Li mande l': -Tanpri, moutre m' kay divinò a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:18 Then Saul approached Samuel in the gate and said, "Please tell me where the seer's house is."(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:19----
1Sa 9:19 Samyèl reponn li: -Se mwen menm divinò a! Pran devan m', moute sou mòn lan. W'a manje avè m' jòdi a. Denmen maten, m'a reponn tout keksyon ou gen sou kè ou. Apre sa, m'a kite ou al fè wout ou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:19 Samuel answered Saul and said, "I am the seer. Go up before me to the high place, for you shall eat with me today; and in the morning I will let you go, and will tell you all that is on your mind.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:20----
1Sa 9:20 Kanta manman bourik ou te pèdi depi twa jou yo, ou pa bezwen bat kò ou, paske yo jwenn yo deja. Men, ki moun pèp Izrayèl la ap chache li menm? Se pa ou menm ak tout fanmi papa ou yo?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:20 As for your donkeys which were lost three days ago, do not set your mind on them, for they have been found. And for whom is all that is desirable in Israel? Is it not for you and for all your father's household?"(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:21----
1Sa 9:21 Sayil reponn li: -Mwen se moun branch fanmi Benjamen an, yonn nan pi piti branch fanmi nan pèp Izrayèl la. Lèfini, fanmi pa m' lan, se li ki pi piti nan tout fanmi Benjamen yo. Poukisa w'ap di m' tout bagay sa yo?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:21 Saul replied, "Am I not a Benjamite, of the smallest of the tribes of Israel, and my family the least of all the families of the tribe of Benjamin? Why then do you speak to me in this way?"(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:22----
1Sa 9:22 Samyèl pran Sayil ansanm ak domestik li a, li fè yo antre nan gwo pyès kay la, li fè yo chita nan premye plas bò tab la ansanm ak tout envite yo. Te gen trant gason konsa yo te envite.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:22 Then Samuel took Saul and his servant and brought them into the hall and gave them a place at the head of those who were invited, who were about thirty men.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:23----
1Sa 9:23 Epi Samyèl di chèf kizin lan: -Pote moso vyann mwen te ba ou mete apa pou mwen an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:23 Samuel said to the cook, "Bring the portion that I gave you, concerning which I said to you, 'Set it aside.'"(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:24----
1Sa 9:24 Chèf kizin lan pran jigo a avèk tout vyann ki te avè l' la, li mete l' devan Sayil. Samyèl di li: -Gade, men moso yo te sere pou ou a. Manje l', paske se pou ou mwen te fè mete l' apa lè mwen t'ap envite pèp la. Se konsa Sayil manje ansanm ak Samyèl jou sa a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:24 Then the cook took up the leg with what was on it and set it before Saul. And Samuel said, "Here is what has been reserved! Set it before you and eat, because it has been kept for you until the appointed time, since I said I have invited the people." So Saul ate with Samuel that day.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:25----
1Sa 9:25 Apre sa, yo desann soti sou mòn lan, y' al lavil la. Yo ranje yon kabann pou Sayil sou teras ki anwo kay la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:25 When they came down from the high place into the city, Samuel spoke with Saul on the roof.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:26----
1Sa 9:26 Nan denmen yo leve byen bonè. Lè bajou kase, Samyèl rele Sayil sou teras la: -Leve non. Mwen pral voye ou ale lakay ou. Sayil leve, epi yo tou de yo soti nan lari a ansanm.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:26 And they arose early; and at daybreak Samuel called to Saul on the roof, saying, "Get up, that I may send you away." So Saul arose, and both he and Samuel went out into the street.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 9:27----
1Sa 9:27 Lè yo rive sou limit lavil la, Samyèl di Sayil konsa: -Di domestik ou a pran devan nou. Domestik la pran devan, epi Samyèl di Sayil ankò: -Ou menm, rete la yon ti moman pou m' ka fè ou konnen sa Seyè a di.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 9:27 As they were going down to the edge of the city, Samuel said to Saul, "Say to the servant that he might go ahead of us and pass on, but you remain standing now, that I may proclaim the word of God to you."(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 10:1 ---- written 930 B.C. and later----


top of the page
THIS CHAPTER:    0245_09_1_Samuel_09_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0241_09_1_Samuel_05_ht-en.html
0242_09_1_Samuel_06_ht-en.html
0243_09_1_Samuel_07_ht-en.html
0244_09_1_Samuel_08_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0246_09_1_Samuel_10_ht-en.html
0247_09_1_Samuel_11_ht-en.html
0248_09_1_Samuel_12_ht-en.html
0249_09_1_Samuel_13_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."