|
================================================================================ ---- 1 Samuel 13:1 ---- written 930 B.C. and later---- 1Sa 13:1 Sayil te majè lè yo te fè l' wa. Li pase kèk tan ap gouvènen pèp Izrayèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 13:1 Saul was thirty years old when he began to reign, and he reigned forty two years over Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 13:2---- 1Sa 13:2 Sayil chwazi twamil gason nan pèp Izrayèl la, epi li voye tout rès yo al lakay yo. Li pran demil gason, li fè yo rete avè l' lavil Mikmas ak nan mòn Betèl la. Lòt mil yo te avèk Jonatan, pitit gason Sayil la, lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 13:2 Now Saul chose for himself 3,000 men of Israel, of which 2,000 were with Saul in Michmash and in the hill country of Bethel, while 1,000 were with Jonathan at Gibeah of Benjamin. But he sent away the rest of the people, each to his tent.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 13:3---- 1Sa 13:3 Jonatan touye chèf moun Filisti yo ki te rete lavil Gibeya a. Moun Filisti yo vin konn sa. Sayil voye moun kònen twonpèt nan tout peyi a pou avèti pèp ebre a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 13:3 Jonathan smote the garrison of the Philistines that was in Geba, and the Philistines heard of it. Then Saul blew the trumpet throughout the land, saying, "Let the Hebrews hear."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 13:4---- 1Sa 13:4 Nouvèl la gaye nan tout pèp Izrayèl la: Sayil te touye chèf moun Filisti yo. Koulye a moun Filisti yo pa vle wè pèp Izrayèl la. Se konsa tout pèp la vin jwenn Sayil lavil Gilgal, yo kanpe avè l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 13:4 All Israel heard the news that Saul had smitten the garrison of the Philistines, and also that Israel had become odious to the Philistines. The people were then summoned to Saul at Gilgal.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 13:5---- 1Sa 13:5 Moun Filisti yo menm, bò pa yo tou, sanble pou y' al atake pèp Izrayèl la. Yo te gen trantmil kavalye. Pou sòlda apye menm, moun pa t' ka konte sa. Ou ta di grenn sab bò lanmè. Yo moute al pran pozisyon bò lavil Mikmas, sou bò solèy leve lavil Bètavenn.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 13:5 Now the Philistines assembled to fight with Israel, 30,000 chariots and 6,000 horsemen, and people like the sand which is on the seashore in abundance; and they came up and camped in Michmash, east of Beth-aven.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 13:6---- 1Sa 13:6 Moun pèp Izrayèl yo wè zafè a pa t' bon pou yo menm. Moun Filisti yo te atake moun pèp Izrayèl yo ak fòs. Pèp Izrayèl la vin pèdi espwa. Sa pa t' bon menm pou yo. Gen ladan yo ki al kache nan gwòt, nan twou wòch, dèyè gwo wòch, nan pi, nan twou anba tè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 13:6 When the men of Israel saw that they were in a strait (for the people were hard-pressed), then the people hid themselves in caves, in thickets, in cliffs, in cellars, and in pits.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 13:7---- 1Sa 13:7 Gen en ki menm janbe lòt bò larivyè Jouden an, al nan peyi moun Gad yo ak moun Galarad yo. Sayil menm te lavil Gilgal toujou. Tout moun ki te avè l' yo t'ap tranble sitèlman yo te pè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 13:7 Also some of the Hebrews crossed the Jordan into the land of Gad and Gilead. But as for Saul, he was still in Gilgal, and all the people followed him trembling.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 13:8---- 1Sa 13:8 Dapre dat Samyèl te fikse ba li a, li rete la sèt jou ap tann Samyèl. Sèt jou yo pase, Samyèl pa vin lavil Gilgal. Pèp la konmanse vire do yo kite Sayil.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 13:8 Now he waited seven days, according to the appointed time set by Samuel, but Samuel did not come to Gilgal; and the people were scattering from him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 13:9---- 1Sa 13:9 Lè Sayil wè sa, li di yo: -Mennen bèt pou boule nan dife yo ban mwen ansanm ak lòt ofrann pou mande Bondye padon yo. Epi li fè ofrann pou boule nan dife a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 13:9 So Saul said, "Bring to me the burnt offering and the peace offerings." And he offered the burnt offering.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 13:10---- 1Sa 13:10 Li t'ap fini fè sèvis ofrann pou boule nan dife a lè Samyèl parèt. Sayil al kontre l' pou di l' bonjou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 13:10 As soon as he finished offering the burnt offering, behold, Samuel came; and Saul went out to meet him and to greet him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 13:11---- 1Sa 13:11 Samyèl di li: -Kisa ou fè konsa? Sayil reponn li: -Mwen wè pèp la t'ap pati kite m'. Ou menm, ou pa t' vini lè ou te di ou t'ap vini an. Lèfini, moun Filisti yo t'ap sanble bò lavil Mikmas la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 13:11 But Samuel said, "What have you done?" And Saul said, "Because I saw that the people were scattering from me, and that you did not come within the appointed days, and that the Philistines were assembling at Michmash,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 13:12---- 1Sa 13:12 Mwen di nan kè m': Men moun Filisti yo pral vin atake m' isit la lavil Gilgal, epi mwen pa fè anyen pou mete Seyè a bò kote m'. Se konsa mwen pran sou kont mwen pou m' fè ofrann bèt pou boule nan dife pou Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 13:12 therefore I said, 'Now the Philistines will come down against me at Gilgal, and I have not asked the favor of the Lord.' So I forced myself and offered the burnt offering."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 13:13---- 1Sa 13:13 Samyèl di Sayil konsa: -Se bagay moun fou ou fè la a! Ou pa swiv lòd Seyè a, Bondye ou la, te ba ou. Si ou te swiv lòd li, li ta kite ou gouvènen pèp Izrayèl la, lèfini pitit ou yo ta ranplase ou jouk sa kaba.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 13:13 Samuel said to Saul, "You have acted foolishly; you have not kept the commandment of the Lord your God, which He commanded you, for now the Lord would have established your kingdom over Israel forever.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 13:14---- 1Sa 13:14 Men koulye a, rèy ou pa la pou lontan. Seyè a pral chache yon lòt moun ki va fè tou sa l'a vle l' fè, l'a mete l' chèf sou pèp li a, tou sa paske ou pa t' swiv lòd Seyè a te ba ou a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 13:14 But now your kingdom shall not endure. The Lord has sought out for Himself a man after His own heart, and the Lord has appointed him as ruler over His people, because you have not kept what the Lord commanded you."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 13:15---- 1Sa 13:15 Epi Samyèl leve, li kite lavil Gilgal l' al fè wout li. Tout rès pèp la pran swiv Sayil ki leve al jwenn sòlda li yo. Yo pati kite Gilgal, y' ale lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo. Sayil fè enspeksyon lame ki te avè l' la. Te gen sisan sòlda konsa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 13:15 Then Samuel arose and went up from Gilgal to Gibeah of Benjamin. And Saul numbered the people who were present with him, about six hundred men.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 13:16---- 1Sa 13:16 Sayil rete nan peyi moun Benjamen yo ansanm ak Jonatan, pitit gason l' lan, ak moun ki te avè l' yo. Moun Filisti yo menm pran pozisyon lavil Mikmas.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 13:16 Now Saul and his son Jonathan and the people who were present with them were staying in Geba of Benjamin while the Philistines camped at Michmash.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 13:17---- 1Sa 13:17 Sòlda Filisti yo soti kote yo te ye a pou y' al kraze brize. Yo fè twa gwoup. Yon gwoup pran chemen ki mennen lavil Ofra nan peyi Chwal la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 13:17 And the raiders came from the camp of the Philistines in three companies: one company turned toward Ophrah, to the land of Shual,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 13:18---- 1Sa 13:18 Yon lòt gwoup pran chemen ki mennen lavil Bètowon, ak yon lòt gwoup pran chemen ki mennen sou fwontyè a, kote moun ka donminen tout fon Zeboyim lan ale nan dezè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 13:18 and another company turned toward Beth-horon, and another company turned toward the border which overlooks the valley of Zeboim toward the wilderness.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 13:19---- 1Sa 13:19 Lè sa a, nan tan sa a, nan tout peyi Izrayèl la yo pa t' ka jwenn fòjon paske moun Filisti yo te soti pou pa kite ebre yo fè ni nepe ni lans fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 13:19 Now no blacksmith could be found in all the land of Israel, for the Philistines said, "Otherwise the Hebrews will make swords or spears."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 13:20---- 1Sa 13:20 Se konsa, moun pèp Izrayèl yo te blije al lakay moun Filisti yo pou fè dan chari yo, wou yo, rach yo ak kouto digo yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 13:20 So all Israel went down to the Philistines, each to sharpen his plowshare, his mattock, his axe, and his hoe.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 13:21---- 1Sa 13:21 Moun Filisti yo te mande yo yon ti pyès ajan pou file chak dan rach epi pou fè pwent frenn yo, de ti pyès ajan pou fè dan chari yo ak pwent wou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 13:21 The charge was two-thirds of a shekel for the plowshares, the mattocks, the forks, and the axes, and to fix the hoes.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 13:22---- 1Sa 13:22 Se sa ki fè, lè jou batay la rive, pa t' gen yonn nan mesye ki te avèk Sayil ak Jonatan yo ki te gen yon nepe osinon yon lans fè. Sèl Sayil ak Jonatan, pitit gason l' lan, te gen yonn pou yo chak.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 13:22 So it came about on the day of battle that neither sword nor spear was found in the hands of any of the people who were with Saul and Jonathan, but they were found with Saul and his son Jonathan.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 13:23---- 1Sa 13:23 Moun Filisti yo voye yon ganizon al defann pas Mikmas la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 13:23 And the garrison of the Philistines went out to the pass of Michmash.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 14:1 ---- written 930 B.C. and later---- |
|
THIS CHAPTER:
0249_09_1_Samuel_13_ht-en.html 0245_09_1_Samuel_09_ht-en.html 0246_09_1_Samuel_10_ht-en.html 0247_09_1_Samuel_11_ht-en.html 0248_09_1_Samuel_12_ht-en.html 0250_09_1_Samuel_14_ht-en.html 0251_09_1_Samuel_15_ht-en.html 0252_09_1_Samuel_16_ht-en.html 0253_09_1_Samuel_17_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|