|
================================================================================ ---- 2 Samuel 20:1 ---- written 930 B.C. and later---- 2Sa 20:1 Nan lavil Gilgal te gen yon nonm yo te rele Cheba, pitit Bikri, nan branch fanmi Benjamen an. Se te yon vakabon. Li manche twonpèt li, li rele pèp la, epi li di yo byen fò: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David! Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a! Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayèl yo!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 20:1 Now a worthless fellow happened to be there whose name was Sheba, the son of Bichri, a Benjamite; and he blew the trumpet and said, "We have no portion in David, Nor do we have inheritance in the son of Jesse; Every man to his tents, O Israel!"(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 20:2---- 2Sa 20:2 Se konsa moun peyi Izrayèl yo vire do bay David pou yo swiv Cheba, pitit Bikri a. Men, moun peyi Jida yo rete ak David. Yo swiv li depi larivyè Jouden rive lavil Jerizalèm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 20:2 So all the men of Israel withdrew from following David and followed Sheba the son of Bichri; but the men of Judah remained steadfast to their king, from the Jordan even to Jerusalem.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 20:3---- 2Sa 20:3 Lè David rive nan palè li lavil Jerizalèm, li pran dis fanm kay li te kite pou okipe palè a, li fèmen yo nan yon kay apa ak moun pou siveye yo. Li ba yo tou sa yo bezwen, men li pa janm kouche ak yo yonn ankò. Yo rete fèmen la tout rès lavi yo, tankou fanm ki pèdi mari yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 20:3 Then David came to his house at Jerusalem, and the king took the ten women, the concubines whom he had left to keep the house, and placed them under guard and provided them with sustenance, but did not go in to them. So they were shut up until the day of their death, living as widows.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 20:4---- 2Sa 20:4 Apre sa, wa a pale ak Amasa, li di l' konsa: -M' ba ou twa jou pou ou sanble tout mesye Jida yo. Apre sa, w'a vin ak yo devan m'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 20:4 Then the king said to Amasa, "Call out the men of Judah for me within three days, and be present here yourself."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 20:5---- 2Sa 20:5 Amasa pati al avèti mesye Jida yo. Men, li pa tounen dat wa a te ba li pou l' te tounen an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 20:5 So Amasa went to call out the men of Judah, but he delayed longer than the set time which he had appointed him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 20:6---- 2Sa 20:6 Wa a rele Abichayi, li di l' konsa: -Cheba pral ban nou plis traka pase Absalon. Pran kòmandman lame mwen an. Pati dèyè l' anvan li gen tan jwenn yon lavil ak gwo ranpa pou l' chape anba men nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 20:6 And David said to Abishai, "Now Sheba the son of Bichri will do us more harm than Absalom; take your lord's servants and pursue him, so that he does not find for himself fortified cities and escape from our sight."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 20:7---- 2Sa 20:7 Se konsa sòlda Joab yo, keretyen yo ak peletyen yo ak tout lòt vanyan sòlda ki te nan lame wa a kite lavil Jerizalèm ak Abichayi, yo pati dèyè Cheba.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 20:7 So Joab's men went out after him, along with the Cherethites and the Pelethites and all the mighty men; and they went out from Jerusalem to pursue Sheba the son of Bichri.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 20:8---- 2Sa 20:8 Lè yo rive bò gwo wòch ki nan lavil Gibeyon an, Amasa vin kontre ak yo. Joab te gen rad batay li sou li ak yon nepe nan djenn li mare nan ren l'. Joab vanse devan l'. Nepe a soti nan djenn lan, li tonbe atè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 20:8 When they were at the large stone which is in Gibeon, Amasa came to meet them. Now Joab was dressed in his military attire, and over it was a belt with a sword in its sheath fastened at his waist; and as he went forward, it fell out.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 20:9---- 2Sa 20:9 Joab di Amasa: -Ban m' nouvèl ou non, zanmi. Epi li kenbe l' nan bab ak men dwat li pou l' bo li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 20:9 Joab said to Amasa, "Is it well with you, my brother?" And Joab took Amasa by the beard with his right hand to kiss him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 20:10---- 2Sa 20:10 Amasa menm pa fè atansyon lòt nepe Joab te kenbe nan men gòch li a. Joab djage l' nan vant. Tout trip li soti deyò. Li mouri la menm. Konsa, Joab pa t' bezwen ba li yon dezyèm kou. Apre sa, Joab ak Abichayi, frè l' la, pati dèyè Cheba.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 20:10 But Amasa was not on guard against the sword which was in Joab's hand so he struck him in the belly with it and poured out his inward parts on the ground, and did not strike him again, and he died. Then Joab and Abishai his brother pursued Sheba the son of Bichri.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 20:11---- 2Sa 20:11 Yonn nan sòlda Joab yo te kanpe bò kadav Amasa a. Li pran rele byen fò: -Tout moun ki pou Joab ak David, se pou yo swiv Joab!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 20:11 Now there stood by him one of Joab's young men, and said, "Whoever favors Joab and whoever is for David, let him follow Joab."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 20:12---- 2Sa 20:12 Men, kadav Amasa a, tou plen san, te blayi nan mitan wout la. Lè sòlda Joab la wè chak fwa yon moun rive devan kadav la li rete, li pran kadav Amasa a, li trennen l' nan yon jaden sou kote wout la, li voye yon rad sou li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 20:12 But Amasa lay wallowing in his blood in the middle of the highway. And when the man saw that all the people stood still, he removed Amasa from the highway into the field and threw a garment over him when he saw that everyone who came by him stood still.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 20:13---- 2Sa 20:13 Lè li wete kadav la nan mitan wout la, tout lame a pase, yo pati ak Joab dèyè Cheba, pitit Bikri a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 20:13 As soon as he was removed from the highway, all the men passed on after Joab to pursue Sheba the son of Bichri.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 20:14---- 2Sa 20:14 Cheba bò pa l' menm te pase nan tout peyi ki pou branch fanmi Izrayèl yo, li rive lavil Abèl-Bèt Maka. Tout moun fanmi Bikri yo te sanble dèyè l', yo swiv li nan lavil la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 20:14 Now he went through all the tribes of Israel to Abel, even Beth-maacah, and all the Berites; and they were gathered together and also went after him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 20:15---- 2Sa 20:15 Sòlda Joab yo vin rive devan Abèl-Bèt Maka. Yo sènen lavil la, yo anpile ranblè nan pye gwo miray deyò a pou yo te ka anvayi lavil la. Apre sa, yo pran fouye anba miray la pou fè l' tonbe.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 20:15 They came and besieged him in Abel Beth-maacah, and they cast up a siege ramp against the city, and it stood by the rampart; and all the people who were with Joab were wreaking destruction in order to topple the wall.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 20:16---- 2Sa 20:16 Te gen yon fanm nan lavil la ki te gen bon konprann. Li rete sou miray la, li di: -Ey! Ey! Tanpri, koute sa m'ap di nou! Al di Joab pou l' pwoche bò isit la. Mwen ta renmen fè yon ti pale avè l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 20:16 Then a wise woman called from the city, "Hear, hear! Please tell Joab, 'Come here that I may speak with you.'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 20:17---- 2Sa 20:17 Joab vin rive. Fanm lan mande l': -Se ou menm ki Joab la? Joab reponn: -Wi, se mwen menm. Fanm lan di l': -Se sèvis m'ap rann ou. Koute sa m'ap di ou. Joab reponn: -M'ap koute ou, wi.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 20:17 So he approached her, and the woman said, "Are you Joab?" And he answered, "I am." Then she said to him, "Listen to the words of your maidservant." And he answered, "I am listening."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 20:18---- 2Sa 20:18 Fanm lan di konsa: -Nan tan lontan yo te konn di: Depi ou bezwen konnen kichòy, desann lavil Abèl, al mande la. Se konsa moun te toujou regle zafè yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 20:18 Then she spoke, saying, "Formerly they used to say, 'They will surely ask advice at Abel,' and thus they ended the dispute.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 20:19---- 2Sa 20:19 Lavil nou se yonn nan lavil peyi Izrayèl yo kote ki pa gen dezòd. Lèfini, li pa janm vire do bay wa a. Poukisa w'ap chache detwi l'? Se kraze ou vle kraze sa ki pou Seyè a?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 20:19 I am of those who are peaceable and faithful in Israel. You are seeking to destroy a city, even a mother in Israel. Why would you swallow up the inheritance of the Lord?"(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 20:20---- 2Sa 20:20 Joab reponn li: -Sa ou kwè a se pa sa! Se pa t' nan lide m' ni pou m' te kraze, ni pou m' te detwi lavil nou an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 20:20 Joab replied, "Far be it, far be it from me that I should swallow up or destroy!(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 20:21---- 2Sa 20:21 Se pa dèyè sa nou ye. Gen yon nonm yo rele Cheba, pitit gason Bikri a. Se moun mòn Efrayim li ye. Li pran lezam kont wa David. Si ou lage nonm sa a nan men m', m'ap vire do m' kite lavil la an repo. Fanm lan reponn li: -N'ap voye tèt li jete lòt bò miray la ba ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 20:21 Such is not the case. But a man from the hill country of Ephraim, Sheba the son of Bichri by name, has lifted up his hand against King David. Only hand him over, and I will depart from the city." And the woman said to Joab, "Behold, his head will be thrown to you over the wall."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 20:22---- 2Sa 20:22 li al pale ak moun lavil yo, li di yo sa li gen lide fè. Yo koupe tèt Cheba, yo voye l' jete lòt bò miray la bay Joab. Joab fè kònen twonpèt la pou bay sòlda li yo siyal pou yo kite lavil la al fè wout yo lakay yo. Joab menm tounen lavil Jerizalèm al jwenn wa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 20:22 Then the woman wisely came to all the people. And they cut off the head of Sheba the son of Bichri and threw it to Joab. So he blew the trumpet, and they were dispersed from the city, each to his tent. Joab also returned to the king at Jerusalem.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 20:23---- 2Sa 20:23 Joab te kòmandan tout lame pèp Izrayèl la. Benaja, pitit Jeyojada, te kòmandan keretyen yo ak peletyen yo, gad pèsonèl wa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 20:23 Now Joab was over the whole army of Israel, and Benaiah the son of Jehoiada was over the Cherethites and the Pelethites;(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 20:24---- 2Sa 20:24 Adoram te reskonsab kòve yo. Jeozafa, pitit gason Aliyoud la, te reskonsab achiv wa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 20:24 and Adoram was over the forced labor, and Jehoshaphat the son of Ahilud was the recorder;(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 20:25---- 2Sa 20:25 Cheva te sekretè gouvènman an. Zadòk ak Abyata te prèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 20:25 and Sheva was scribe, and Zadok and Abiathar were priests;(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 20:26---- 2Sa 20:26 Te gen yon nonm yo te rele Ira, moun lavil Jayi, ki te prèt wa David tou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 20:26 and Ira the Jairite was also a priest to David.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 21:1 ---- written 930 B.C. and later---- |
|
THIS CHAPTER:
0287_10_2_Samuel_20_ht-en.html 0283_10_2_Samuel_16_ht-en.html 0284_10_2_Samuel_17_ht-en.html 0285_10_2_Samuel_18_ht-en.html 0286_10_2_Samuel_19_ht-en.html 0288_10_2_Samuel_21_ht-en.html 0289_10_2_Samuel_22_ht-en.html 0290_10_2_Samuel_23_ht-en.html 0291_10_2_Samuel_24_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|