|
================================================================================ ---- 2 Samuel 23:1 ---- written 930 B.C. and later---- 2Sa 23:1 Men dènye pawòl David yo. David, pitit gason Izayi a, te yon nonm Bondye te mete byen wo. Se li menm Bondye Jakòb la te chwazi pou wa. Li te fè bèl chante pou pèp Izrayèl la. Men sa li te di:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:1 Now these are the last words of David. David the son of Jesse declares, The man who was raised on high declares, The anointed of the God of Jacob, And the sweet psalmist of Israel,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:2---- 2Sa 23:2 Se lespri Seyè a k'ap pale nan mwen. Se mesaj li k'ap soti nan bouch mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:2 "The Spirit of the Lord spoke by me, And His word was on my tongue.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:3---- 2Sa 23:3 Bondye pèp Izrayèl la pale. Moun k'ap pwoteje pèp Izrayèl la di m' konsa: Chèf k'ap gouvènen san patipri, k'ap gouvènen avèk krentif pou Bondye,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:3 "The God of Israel said, The Rock of Israel spoke to me, 'He who rules over men righteously, Who rules in the fear of God,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:4---- 2Sa 23:4 ap tankou solèy k'ap leve byen klere nan maten, nan yon syèl klè san yon ti nwaj ladan l'. L'ap tankou solèy k'ap fè zèb pouse apre lapli.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:4 Is as the light of the morning when the sun rises, A morning without clouds, When the tender grass springs out of the earth, Through sunshine after rain.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:5---- 2Sa 23:5 Se konsa Bondye pral beni tout ras mwen, paske li te pase yon kontra avè m' pou tout tan, yon kontra ki p'ap janm kase, yon pwomès ki p'ap janm chanje. Nan tout sikonstans l'ap fè m' genyen. L'ap ban mwen tou sa mwen vle.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:5 "Truly is not my house so with God? For He has made an everlasting covenant with me, Ordered in all things, and secured; For all my salvation and all my desire, Will He not indeed make it grow?(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:6---- 2Sa 23:6 Men, moun ki pa konn Bondye yo, y'ap tankou pikan y'ap voye jete. Pesonn p'ap manyen yo ak men.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:6 "But the worthless, every one of them will be thrust away like thorns, Because they cannot be taken in hand;(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:7---- 2Sa 23:7 Pou manyen yo se pou ou gen yon bout fè osinon yon frenn. Lèfini, ou boule yo nèt nan dife.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:7 But the man who touches them Must be armed with iron and the shaft of a spear, And they will be completely burned with fire in their place."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:8---- 2Sa 23:8 Men non vanyan sòlda David yo: Premye a te rele Jochèb Bachebèt, moun lavil Tachemon. Se li menm ki te chèf Twa pi vanyan yo. Pou kont li, li goumen ak frenn li ak witsan moun. Li touye tout yon sèl kou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:8 These are the names of the mighty men whom David had: Josheb-basshebeth a Tahchemonite, chief of the captains, he was called Adino the Eznite, because of eight hundred slain by him at one time;(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:9---- 2Sa 23:9 Dezyèm lan te rele Eleaza, pitit Dodo, pitit yon moun lavil Awoya. Se te yonn nan Twa pi vanyan yo. Yon jou, li menm ak David, y' al atake moun Filisti yo ki te sanble pou goumen. Sòlda pèp Izrayèl yo te kouri pou batay la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:9 and after him was Eleazar the son of Dodo the Ahohite, one of the three mighty men with David when they defied the Philistines who were gathered there to battle and the men of Israel had withdrawn.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:10---- 2Sa 23:10 Men, li menm, li kenbe tèt ak moun Filisti yo, li touye moun jouk li gen lakranp nan men l'. Li pa t' ka louvri men l' pou l' lage nepe a. Jou sa a, Seyè a goumen byen goumen jouk li touye tout lènmi yo. Apre sa, lame pèp Izrayèl la tounen kote Eleaza te ye a, yo pran tou sa lènmi yo te kite.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:10 He arose and struck the Philistines until his hand was weary and clung to the sword, and the Lord brought about a great victory that day; and the people returned after him only to strip the slain.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:11---- 2Sa 23:11 Twazyèm lan te rele Chama, pitit gason Age, moun lavil Ara. Yon jou, moun Filisti yo te sanble lavil Lechi, kote ki te gen yon gwo jaden pwa. Sòlda pèp Izrayèl yo t'ap kouri pou moun Filisti yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:11 Now after him was Shammah the son of Agee a Hararite. And the Philistines were gathered into a troop where there was a plot of ground full of lentils, and the people fled from the Philistines.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:12---- 2Sa 23:12 Men Chama rete kanpe nan mitan jaden pwa a, li kenbe tèt ak moun Filisti yo, li bat yo byen bat. Se konsa Seyè a te goumen byen goumen jouk li touye tout lènmi yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:12 But he took his stand in the midst of the plot, defended it and struck the Philistines; and the Lord brought about a great victory.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:13---- 2Sa 23:13 Yon lòt jou, nan sezon rekòt, twa nan gwoup trant yo al jwenn David nan gwòt Adoulam lan. Lame moun Filisti yo te moute kan yo nan plenn Refrayim yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:13 Then three of the thirty chief men went down and came to David in the harvest time to the cave of Adullam, while the troop of the Philistines was camping in the valley of Rephaim.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:14---- 2Sa 23:14 Lè sa a, David te nan ti fò a. Yon gwoup moun Filisti te pran lavil Betleyèm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:14 David was then in the stronghold, while the garrison of the Philistines was then in Bethlehem.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:15---- 2Sa 23:15 Yon sèl anvi pran David, li di konsa: Ki moun ki va fè m' bwè ti gout dlo nan pi ki nan pòtay lavil Betleyèm lan?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:15 David had a craving and said, "Oh that someone would give me water to drink from the well of Bethlehem which is by the gate!"(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:16---- 2Sa 23:16 Lamenm, twa mesye yo desann nan kan moun Filisti yo, yo pran dlo nan pi ki te nan pòtay lavil Betleyèm lan, yo pote l' vin bay David. Men, David refize bwè dlo a. Li vide l' atè, li ofri l' bay Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:16 So the three mighty men broke through the camp of the Philistines, and drew water from the well of Bethlehem which was by the gate, and took it and brought it to David. Nevertheless he would not drink it, but poured it out to the Lord;(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:17---- 2Sa 23:17 Li di konsa: Seyè, mwen pa gen dwa bwè dlo sa a. Se tankou si m' ta bwè san mesye sa yo ki te riske lavi yo pou al chache l'. Se konsa li derefize bwè dlo a. Se sa twa vanyan sòlda sa yo te fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:17 and he said, "Be it far from me, O Lord, that I should do this. Shall I drink the blood of the men who went in jeopardy of their lives?" Therefore he would not drink it. These things the three mighty men did.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:18---- 2Sa 23:18 Abichayi, frè Joab, pitit Sewouja, te chèf gwoup trant yo. Pou kont li, avèk yon frenn nan men l', li goumen ak twasan moun, li touye yo. Se konsa, tout moun t'ap nonmen non l' nan gwoup trant lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:18 Abishai, the brother of Joab, the son of Zeruiah, was chief of the thirty. And he swung his spear against three hundred and killed them, and had a name as well as the three.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:19---- 2Sa 23:19 Se non li yo t'ap nonmen pi plis nan Trant yo. Apre sa, li vin chèf yo. Men, li pa janm rive fè sa Twa pi vanyan yo te fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:19 He was most honored of the thirty, therefore he became their commander; however, he did not attain to the three.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:20---- 2Sa 23:20 Benaja, pitit gason Jeojada a, moun lavil Kabseyèl, te pitit pitit yon vanyan sòlda. Li te fè anpil bagay ki fè wè li pa t' manke kouraj. Se li menm ki te touye de pitit Ariyèl yo, moun lavil Moab. Yon jou, lanèj t'ap tonbe, li desann nan yon sitèn dlo pou li touye yon lyon.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:20 Then Benaiah the son of Jehoiada, the son of a valiant man of Kabzeel, who had done mighty deeds, killed the two sons of Ariel of Moab. He also went down and killed a lion in the middle of a pit on a snowy day.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:21---- 2Sa 23:21 Se li menm ki te touye yon moun peyi Lejip, yon potorik gason bèl wotè, ki te gen yon frenn nan men l'. Li menm, li atake l' ak yon baton ase. Li wete frenn lan nan men moun Lejip la epi li touye l' avè l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:21 He killed an Egyptian, an impressive man. Now the Egyptian had a spear in his hand, but he went down to him with a club and snatched the spear from the Egyptian's hand and killed him with his own spear.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:22---- 2Sa 23:22 Men sa Benaja, pitit gason Jeojada a, te fè. Se konsa tout moun t'ap nonmen non l' nan gwoup Trant lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:22 These things Benaiah the son of Jehoiada did, and had a name as well as the three mighty men.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:23---- 2Sa 23:23 Se non li yo t'ap nonmen pi plis nan Trant yo. Apre sa, li vin chèf yo. Men, li pa t' janm rive fè sa twa pi vanyan yo te fè. David te mete l' chèf gad kò li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:23 He was honored among the thirty, but he did not attain to the three. And David appointed him over his guard.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:24---- 2Sa 23:24 Nan gwoup Trant lan te gen ankò: Asayèl, frè Joab la, Elanan, pitit gason Dodo, moun lavil Betleyèm,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:24 Asahel the brother of Joab was among the thirty; Elhanan the son of Dodo of Bethlehem,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:25---- 2Sa 23:25 Chama ak Elika, moun lavil Awòd,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:25 Shammah the Harodite, Elika the Harodite,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:26---- 2Sa 23:26 Elèz, moun lavil Pelèt, Ira, pitit gason Ikèch, moun lavil Tekoa,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:26 Helez the Paltite, Ira the son of Ikkesh the Tekoite,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:27---- 2Sa 23:27 Abyezè, moun lavil Anatòt, Mebounayi, moun lavil Oucha,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:27 Abiezer the Anathothite, Mebunnai the Hushathite,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:28---- 2Sa 23:28 Salmon, moun lavil Awoya, Marayi, moun lavil Netofa,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:28 Zalmon the Ahohite, Maharai the Netophathite,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:29---- 2Sa 23:29 Elèb, pitit gason Bana, moun lavil Gibeya nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Benjamen yo,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:29 Heleb the son of Baanah the Netophathite, Ittai the son of Ribai of Gibeah of the sons of Benjamin,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:30---- 2Sa 23:30 Benaja, moun lavil Piraton, Idayi, moun ravin Gach yo,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:30 Benaiah a Pirathonite, Hiddai of the brooks of Gaash,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:31---- 2Sa 23:31 Abyalbon, moun lavil Araba, Azmavèt, moun lavil Baawoun,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:31 Abi-albon the Arbathite, Azmaveth the Barhumite,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:32---- 2Sa 23:32 Elyaba, moun lavil Chalbon, pitit gason Joachenn yo, Jonatan,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:32 Eliahba the Shaalbonite, the sons of Jashen, Jonathan,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:33---- 2Sa 23:33 Chama, moun lavil Ara, Akiyam, pitit gason Chara, moun lavil Ara,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:33 Shammah the Hararite, Ahiam the son of Sharar the Ararite,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:34---- 2Sa 23:34 Elifelèt, pitit gason Asbayi, moun lavil Maka, Elyam, pitit gason Achitofèl, moun lavil Gilo,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:34 Eliphelet the son of Ahasbai, the son of the Maacathite, Eliam the son of Ahithophel the Gilonite,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:35---- 2Sa 23:35 Ezarayi, moun lavil Kamèl, Parayi, moun lavil Arab,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:35 Hezro the Carmelite, Paarai the Arbite,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:36---- 2Sa 23:36 Igal, pitit gason Natan, moun lavil Zoba, Bani, moun lavil Gad,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:36 Igal the son of Nathan of Zobah, Bani the Gadite,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:37---- 2Sa 23:37 Zelèk, moun lavil Amon, Nakarayi, moun lavil Bewòt, se li menm ki te pote zam Joab, pitit Sewouya a,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:37 Zelek the Ammonite, Naharai the Beerothite, armor bearers of Joab the son of Zeruiah,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:38---- 2Sa 23:38 Ira ak Garèb, nan fanmi Jetè a,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:38 Ira the Ithrite, Gareb the Ithrite,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 23:39---- 2Sa 23:39 Ouri, moun lavil Et la. Antou, te gen trannsèt vanyan sòlda.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 23:39 Uriah the Hittite; thirty-seven in all.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 24:1 ---- written 930 B.C. and later---- |
|
THIS CHAPTER:
0290_10_2_Samuel_23_ht-en.html 0286_10_2_Samuel_19_ht-en.html 0287_10_2_Samuel_20_ht-en.html 0288_10_2_Samuel_21_ht-en.html 0289_10_2_Samuel_22_ht-en.html 0291_10_2_Samuel_24_ht-en.html 0292_11_1_Kings_01_ht-en.html 0293_11_1_Kings_02_ht-en.html 0294_11_1_Kings_03_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|