|
================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:1 ---- written 450-425 B.C.---- 2Ch 28:1 Akaz te gen ventan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Men, li pa t' fè sa ki dwat devan Seyè a, Bondye li a, tankou David, zansèt li a, te fè l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:1 Ahaz was twenty years old when he became king, and he reigned sixteen years in Jerusalem; and he did not do right in the sight of the Lord as David his father had done.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:2---- 2Ch 28:2 Li te pito fè tankou wa peyi Izrayèl yo. Li menm rive fè estati an kwiv pou Baal yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:2 But he walked in the ways of the kings of Israel; he also made molten images for the Baals.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:3---- 2Ch 28:3 Li fè boule lansan pou yo nan Fon Benninon an, li ofri pwòp pitit gason l' yo pou yo boule yo dapre vye prensip krimenèl nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun Izrayèl yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:3 Moreover, he burned incense in the valley of Ben-hinnom and burned his sons in fire, according to the abominations of the nations whom the Lord had driven out before the sons of Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:4---- 2Ch 28:4 Li fè touye bèt, boule lansan nan tout tanp zidòl yo, sou ti mòn yo ak anba gwo pyebwa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:4 He sacrificed and burned incense on the high places, on the hills and under every green tree.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:5---- 2Ch 28:5 Poutèt tout bagay sa yo, Seyè a, Bondye Akaz la, lage l' nan men wa peyi Siri a. Moun Siri yo bat li. Yo fè anpil moun peyi a prizonye, yo mennen yo lavil Damas. Konsa tou, Seyè a lage l' nan men wa peyi Izrayèl la ki bat li byen bat.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:5 Wherefore, the Lord his God delivered him into the hand of the king of Aram; and they defeated him and carried away from him a great number of captives and brought them to Damascus. And he was also delivered into the hand of the king of Israel, who inflicted him with heavy casualties.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:6---- 2Ch 28:6 Se konsa, yon sèl jou Peka, pitit Remalya, touye sanvenmil sòlda, tout vanyan gason, nan peyi Jida a, paske pèp la te vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:6 For Pekah the son of Remaliah slew in Judah 120,000 in one day, all valiant men, because they had forsaken the Lord God of their fathers.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:7---- 2Ch 28:7 Zikri, yon vanyan sòlda peyi Efrayim, touye Maseja, pitit wa a, Azrikam, chèf palè a, ak Elkana, chèf ki vin apre wa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:7 And Zichri, a mighty man of Ephraim, slew Maaseiah the king's son and Azrikam the ruler of the house and Elkanah the second to the king.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:8---- 2Ch 28:8 Atout moun peyi Jida yo te fanmi moun peyi Izrayèl yo, moun peyi Izrayèl yo fè desanmil moun prizonye, fanm ak timoun, yo piye peyi a, yo pran yon pakèt bagay pote ale lavil Samari.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:8 The sons of Israel carried away captive of their brethren 200,000 women, sons and daughters; and they took also a great deal of spoil from them, and brought the spoil to Samaria.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:9---- 2Ch 28:9 Nan lavil Samari te gen yon moun yo te rele Odèd ki te pwofèt Bondye. Li soti al kontre lame moun peyi Izrayèl yo ki t'ap rive lavil Samari. Li di yo: -Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te fache sou moun peyi Jida yo. Se poutèt sa li lage yo nan men nou. Men koulye a, Bondye tande ki jan nou menm nou ansasinen yo ak raj.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:9 But a prophet of the Lord was there, whose name was Oded; and he went out to meet the army which came to Samaria and said to them, "Behold, because the Lord, the God of your fathers, was angry with Judah, He has delivered them into your hand, and you have slain them in a rage which has even reached heaven.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:10---- 2Ch 28:10 Koulye a menm, nou soti pou nou fè moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo tounen esklav pou sèvi nou. Men nou menm poutèt pa nou, lè nou fè sa, èske nou pa fè sa ki mal tou devan Seyè a, Bondye nou an?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:10 Now you are proposing to subjugate for yourselves the people of Judah and Jerusalem for male and female slaves. Surely, do you not have transgressions of your own against the Lord your God?(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:11---- 2Ch 28:11 Koute sa m'ap di nou: Prizonye sa yo se frè ak sè nou yo ye. Kite yo tounen lakay yo, paske se sou nou Seyè a move koulye a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:11 Now therefore, listen to me and return the captives whom you captured from your brothers, for the burning anger of the Lord is against you."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:12---- 2Ch 28:12 Lè sa a, kat nan gwo chèf moun peyi Efrayim yo: Azarya, pitit Jokanan, Berekya, pitit Mesilemòt, Ezekya, pitit Chaloum, ak Amasa, pitit Adlayi, leve dèyè moun ki te soti nan lagè yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:12 Then some of the heads of the sons of Ephraim--Azariah the son of Johanan, Berechiah the son of Meshillemoth, Jehizkiah the son of Shallum, and Amasa the son of Hadlai--arose against those who were coming from the battle,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:13---- 2Ch 28:13 Yo di yo: -Pa mennen prizonye sa yo isit la! Si nou fè sa n'ap antò devan Seyè a. Nou deja fè kont peche nou konsa, Seyè a tou move sou pèp Izrayèl la, pou n'ap vin mete ankò sou sa nou fè ki mal ak sou peche nou yo!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:13 and said to them, "You must not bring the captives in here, for you are proposing to bring upon us guilt against the Lord adding to our sins and our guilt; for our guilt is great so that His burning anger is against Israel."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:14---- 2Ch 28:14 Se konsa sòlda yo renmèt prizonye yo ak tou sa yo te pran bay chèf yo ak tout pèp la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:14 So the armed men left the captives and the spoil before the officers and all the assembly.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:15---- 2Ch 28:15 Lè sa a, yo chwazi kat menm mesye sa yo pou yo reskonsab prizonye yo. Yo pran rad nan bagay sòlda yo te piye yo, yo mete sou moun ki te toutouni yo, yo biye yo, mete sapat nan pye yo, yo ba yo manje, yo ba yo bwè. Yo mete renmèd sou tout kote yo te blese. Yo fè tou sa ki te twò fèb yo moute bourik, yo mennen tout prizonye yo tounen lavil Jeriko, lavil Palmis yo, yo renmèt yo bay fanmi yo. Lèfini, yo tounen tounen yo lavil Samari.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:15 Then the men who were designated by name arose, took the captives, and they clothed all their naked ones from the spoil; and they gave them clothes and sandals, fed them and gave them drink, anointed them with oil, led all their feeble ones on donkeys, and brought them to Jericho, the city of palm trees, to their brothers; then they returned to Samaria.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:16---- 2Ch 28:16 Lè sa a, wa Akaz voye mande wa peyi Lasiri a sekou,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:16 At that time King Ahaz sent to the kings of Assyria for help.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:17---- 2Ch 28:17 paske moun peyi Edon yo te fè yon pase nan peyi a ankò. Yo bat lame peyi Jida a, yo fè anpil moun prizonye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:17 For again the Edomites had come and attacked Judah and carried away captives.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:18---- 2Ch 28:18 Moun Filisti yo, bò pa yo menm, t'ap piye lavil peyi Jida yo ki te nan pye mòn yo ak nan zòn Negèv la. Yo pran pou yo lavil sa yo: Bètchemès, Ajalon, Gedewòt, Soko, Timna ak Gimzo ansanm ak tout ti bouk ki te sou zòd lavil sa yo. Yo rete ladan yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:18 The Philistines also had invaded the cities of the lowland and of the Negev of Judah, and had taken Beth-shemesh, Aijalon, Gederoth, and Soco with its villages, Timnah with its villages, and Gimzo with its villages, and they settled there.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:19---- 2Ch 28:19 Seyè a te voye tout malè sa yo sou peyi Jida a poutèt Akaz, wa peyi Jida a, ki te pouse pèp la neglije Bondye yo a, epi ki poutèt pa l' te vire do bay Bondye nèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:19 For the Lord humbled Judah because of Ahaz king of Israel, for he had brought about a lack of restraint in Judah and was very unfaithful to the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:20---- 2Ch 28:20 Men Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, vin atake wa Akaz pito. Pase pou l' ede l', li kraze l' pi mal.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:20 So Tilgath-pilneser king of Assyria came against him and afflicted him instead of strengthening him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:21---- 2Ch 28:21 Se konsa, Akaz pran dènye bagay ki gen valè nan kay Seyè a, nan palè wa a ak lakay chèf yo, li fè wa peyi Lasiri a kado. Men, sa pa t' sèvi l' anyen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:21 Although Ahaz took a portion out of the house of the Lord and out of the palace of the king and of the princes, and gave it to the king of Assyria, it did not help him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:22---- 2Ch 28:22 Pandan tout tan yo t'ap kraze l' konsa a, nonm yo bay pou wa Akaz la t'ap donnen pi mal nan pa sèvi Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:22 Now in the time of his distress this same King Ahaz became yet more unfaithful to the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:23---- 2Ch 28:23 Li t'ap ofri bèt pou yo touye pou bondye moun lavil Damas yo ki te bat li. Li t'ap di nan kè l': Bondye wa peyi Siri yo te ede yo. Si mwen fè sèvis pou yo, y'a ede m' tou. Men se sèvis bondye sa yo menm ki lakòz malè rive ni li ni pèp Izrayèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:23 For he sacrificed to the gods of Damascus which had defeated him, and said, "Because the gods of the kings of Aram helped them, I will sacrifice to them that they may help me." But they became the downfall of him and all Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:24---- 2Ch 28:24 Akaz pran tout veso ki te nan Tanp Bondye a, li kraze yo an miyèt moso. Li kondannen pòt Tanp Seyè a. Li fè fè lòt lotèl pou lòt bondye yo toupatou nan lavil Jerizalèm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:24 Moreover, when Ahaz gathered together the utensils of the house of God, he cut the utensils of the house of God in pieces; and he closed the doors of the house of the Lord and made altars for himself in every corner of Jerusalem.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:25---- 2Ch 28:25 Li bati tanp nan tout lavil ak ti bouk nan peyi Jida pou boule lansan pou lòt bondye yo. Se konsa li fè Seyè a, Bondye zansèt li yo, fache anpil sou li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:25 In every city of Judah he made high places to burn incense to other gods, and provoked the Lord, the God of his fathers, to anger.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:26---- 2Ch 28:26 Tout rès istwa Akaz la ak tou sa li te fè depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, n'a jwenn tou sa ekri nan Liv Istwa wa peyi Jida ak wa peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:26 Now the rest of his acts and all his ways, from first to last, behold, they are written in the Book of the Kings of Judah and Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 28:27---- 2Ch 28:27 Lè li mouri, yo antere l' lavil Jerizalèm, men yo pa t' mete l' nan tonm wa Izrayèl yo. Se Ezekyas, pitit li, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 28:27 So Ahaz slept with his fathers, and they buried him in the city, in Jerusalem, for they did not bring him into the tombs of the kings of Israel; and Hezekiah his son reigned in his place.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 29:1 ---- written 450-425 B.C.---- |
|
THIS CHAPTER:
0395_14_2_Chronicles_28_ht-en.html 0391_14_2_Chronicles_24_ht-en.html 0392_14_2_Chronicles_25_ht-en.html 0393_14_2_Chronicles_26_ht-en.html 0394_14_2_Chronicles_27_ht-en.html 0396_14_2_Chronicles_29_ht-en.html 0397_14_2_Chronicles_30_ht-en.html 0398_14_2_Chronicles_31_ht-en.html 0399_14_2_Chronicles_32_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|