Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


2Ch 30:27 Then the Levitical priests arose and blessed the people; and their voice was heard and their prayer came to His holy dwelling place, to heaven.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 31:1 ---- written 450-425 B.C.----
2Ch 31:1 Lè fèt la fini, tout moun pèp Izrayèl ki te la yo ale nan tout lavil pèyi Jida yo. Yo kraze moniman wòch yo, yo jete estati zidòl Achera yo, yo demoli dènye tanp ak lotèl kote yo fè sèvis pou zidòl yo. Yo mache fè sa nan tout peyi Jida a, nan peyi moun Benjamen, moun Efrayim ak moun Manase yo. Lèfini, tout moun pèp Izrayèl yo tounen lakay yo nan peyi pa yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 31:1 Now when all this was finished, all Israel who were present went out to the cities of Judah, broke the pillars in pieces, cut down the Asherim and pulled down the high places and the altars throughout all Judah and Benjamin, as well as in Ephraim and Manasseh, until they had destroyed them all. Then all the sons of Israel returned to their cities, each to his possession.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 31:2----
2Ch 31:2 Apre sa, Ezekyas separe prèt yo ak moun Levi yo an gwoup ankò. Li bay chak gwoup lè pou yo pran sèvis yonn apre lòt. Nan chak gwoup, chak moun te gen travay pa yo pou fè lè y'ap boule bèt nèt pou Seyè a, lè y'ap fè ofrann pou mande Bondye padon, lè y'ap di Bondye mèsi, lè y'ap fè lwanj li, lè y'ap sèvi l' nan papòt Tanp Seyè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 31:2 And Hezekiah appointed the divisions of the priests and the Levites by their divisions, each according to his service, both the priests and the Levites, for burnt offerings and for peace offerings, to minister and to give thanks and to praise in the gates of the camp of the Lord.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 31:3----
2Ch 31:3 Apre sa, li pran nan bèt ki pou li yo li bay pou yo boule nèt pou Seyè a chak maten, chak aswè, pou ofrann jou repo yo, pou fèt lalin nouvèl ak pou lòt gwo jou fèt yo, jan sa ekri nan Lalwa Seyè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 31:3 He also appointed the king's portion of his goods for the burnt offerings, namely, for the morning and evening burnt offerings, and the burnt offerings for the sabbaths and for the new moons and for the fixed festivals, as it is written in the law of the Lord.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 31:4----
2Ch 31:4 Lèfini, li mande moun ki rete lavil Jerizalèm yo pou yo fè ofrann pou prèt ak moun Levi yo, pou mesye sa yo ka bay tout tan yo nan fè travay yo, jan Lalwa Seyè a mande l' la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 31:4 Also he commanded the people who lived in Jerusalem to give the portion due to the priests and the Levites, that they might devote themselves to the law of the Lord.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 31:5----
2Ch 31:5 Lè nouvèl la gaye, moun pèp Izrayèl yo pote premye sa yo rekolte nan ble, nan diven, nan lwil oliv, nan siwo myèl ak nan tout lòt danre jaden yo an kantite. Lèfini, yo pote yon dizyèm sou tou sa yo te genyen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 31:5 As soon as the order spread, the sons of Israel provided in abundance the first fruits of grain, new wine, oil, honey and of all the produce of the field; and they brought in abundantly the tithe of all.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 31:6----
2Ch 31:6 Tout moun peyi Izrayèl ak moun peyi Jida ki t'ap viv nan lòt lavil peyi Jida yo te bay yon bèt pou chak dis bèf osinon kabrit ak mouton yo te genyen. Yo pote yon dizyèm nan tout bagay yo te mete apa pou Bondye, sèl Mèt yo a. Yo pote yo fè pil sou pil.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 31:6 The sons of Israel and Judah who lived in the cities of Judah also brought in the tithe of oxen and sheep, and the tithe of sacred gifts which were consecrated to the Lord their God, and placed them in heaps.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 31:7----
2Ch 31:7 Yo konmanse pote kado yo depi nan twazyèm mwa a rive sou setyèm mwa a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 31:7 In the third month they began to make the heaps, and finished them by the seventh month.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 31:8----
2Ch 31:8 Lè wa Ezekyas ak chèf li yo wè kantite bagay moun yo te bay, yo di Bondye mèsi, yo fè lwanj pou pèp Izrayèl la, pèp Bondye a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 31:8 When Hezekiah and the rulers came and saw the heaps, they blessed the Lord and His people Israel.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 31:9----
2Ch 31:9 Lè sa a, Ezekyas pale ak prèt yo ansanm ak moun Levi yo sou koze ofrann yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 31:9 Then Hezekiah questioned the priests and the Levites concerning the heaps.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 31:10----
2Ch 31:10 Azarya, granprèt la, moun fanmi Zadòk yo, di l' konsa: -Depi lè pèp la konmanse ap pote ofrann nan Tanp lan, gen kont manje pou moun manje. Lèfini, rete yon bon kantite, paske Seyè a beni pèp li a. Sa ki rete la a, se sa ki te anplis la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 31:10 Azariah the chief priest of the house of Zadok said to him, "Since the contributions began to be brought into the house of the Lord, we have had enough to eat with plenty left over, for the Lord has blessed His people, and this great quantity is left over."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 31:11----
2Ch 31:11 Ezekyas bay lòd pou yo pare kèk pyès nan Tanp lan pou sèvi depo. Lè depo yo fin pare,(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 31:11 Then Hezekiah commanded them to prepare rooms in the house of the Lord, and they prepared them.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 31:12----
2Ch 31:12 li fè mete tout sa yo te pran sou rekòt yo, tout ladim yo ak tout bagay yo te mete apa pou Bondye yo ladan yo. Yo mete Konanya, yon moun Levi, chèf reskonsab ak Chimèyi, frè li, pou adjwen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 31:12 They faithfully brought in the contributions and the tithes and the consecrated things; and Conaniah the Levite was the officer in charge of them and his brother Shimei was second.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 31:13----
2Ch 31:13 Yo chwazi dis moun pou travay sou lòd Konanya ak Chimèyi, frè li a, dapre lòd wa a ak Azarya, prèt reskonsab Tanp lan, te bay. Se te Jeiyèl, Azaryawou, Nakat, Asayèl, Jerimòt, Jozaba, Eliyèl, Jismakya, Makat ak Benaja.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 31:13 Jehiel, Azaziah, Nahath, Asahel, Jerimoth, Jozabad, Eliel, Ismachiah, Mahath and Benaiah were overseers under the authority of Conaniah and Shimei his brother by the appointment of King Hezekiah, and Azariah was the chief officer of the house of God.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 31:14----
2Ch 31:14 Kore, pitit Jimna a, yon moun Levi ki te chèf gad nan Pòtay sou solèy leve Tanp lan, te reskonsab resevwa kado moun yo te ofri pou Seyè a paske yo te vle. Se li tou ki pou te separe ofrann yo te fè pou Seyè a ak pòsyon yo te mete apa nèt pou Seyè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 31:14 Kore the son of Imnah the Levite, the keeper of the eastern gate, was over the freewill offerings of God, to apportion the contributions for the Lord and the most holy things.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 31:15----
2Ch 31:15 Nan lòt lavil kote prèt yo rete a, men moun ki te toujou la pou ede Kore: Se te Edèn, Menjamin, Jechwa, Chemaja, Amarya ak Chekanya. Se yo menm ki pou te separe manje a bay moun Levi parèy yo, gran kou piti, dapre travay yo gen pou fè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 31:15 Under his authority were Eden, Miniamin, Jeshua, Shemaiah, Amariah and Shecaniah in the cities of the priests, to distribute faithfully their portions to their brothers by divisions, whether great or small,(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 31:16----
2Ch 31:16 Non sèlman yo te bay tout moun Levi ki te gen non yo pote nan rejis fanmi yo, depi sa ki gen twazan laj pou pi piti, pòsyon manje pa yo, men yo te bay chak gwoup moun Levi ki te travay nan Tanp Seyè a chak jou, dapre jou travay yo ak dapre travay yo gen pou fè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 31:16 without regard to their genealogical enrollment, to the males from thirty years old and upward--everyone who entered the house of the Lord for his daily obligations--for their work in their duties according to their divisions;(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 31:17----
2Ch 31:17 Prèt yo te enskri dapre fanmi yo. Men moun Levi yo, depi sa ki gen ventan pou pi piti, te enskri dapre travay pou yo fè ak jou pou yo travay.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 31:17 as well as the priests who were enrolled genealogically according to their fathers' households, and the Levites from twenty years old and upwards, by their duties and their divisions.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 31:18----
2Ch 31:18 Yo tout te enskri ansanm ak pitit gason yo, pitit fi yo, madanm yo ak tout moun ki sou kont yo, pou yo te ka bay tout tan yo pou travay nan Tanp Bondye a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 31:18 The genealogical enrollment included all their little children, their wives, their sons and their daughters, for the whole assembly, for they consecrated themselves faithfully in holiness.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 31:19----
2Ch 31:19 Yo te chwazi moun tou pou mete reskonsab separe manje bay tout prèt yo, moun fanmi Arawon yo, ak moun Levi ki te enskri nan rejis yo epi ki t'ap viv andeyò nan vwazinaj lavil prèt yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 31:19 Also for the sons of Aaron the priests who were in the pasture lands of their cities, or in each and every city, there were men who were designated by name to distribute portions to every male among the priests and to everyone genealogically enrolled among the Levites.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 31:20----
2Ch 31:20 Se konsa Ezekyas te fè nan tout peyi Jida a. Li te fè sa ki byen, sa ki dwat ak tout kè li devan Seyè a, Bondye li a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 31:20 Thus Hezekiah did throughout all Judah; and he did what was good, right and true before the Lord his God.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 31:21----
2Ch 31:21 Nan tou sa li te fè pou sèvis Tanp Bondye a, pou lalwa ak pou kòmandman Bondye yo, li te chache fè volonte Bondye ak tout kè li. Se poutèt sa tout bagay te mache byen pou li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 31:21 Every work which he began in the service of the house of God in law and in commandment, seeking his God, he did with all his heart and prospered.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 32:1 ---- written 450-425 B.C.----


top of the page
THIS CHAPTER:    0398_14_2_Chronicles_31_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0394_14_2_Chronicles_27_ht-en.html
0395_14_2_Chronicles_28_ht-en.html
0396_14_2_Chronicles_29_ht-en.html
0397_14_2_Chronicles_30_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0399_14_2_Chronicles_32_ht-en.html
0400_14_2_Chronicles_33_ht-en.html
0401_14_2_Chronicles_34_ht-en.html
0402_14_2_Chronicles_35_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."