|
================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:1 ---- written 450-425 B.C.---- 2Ch 34:1 Jozyas te gen witan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan tranteyennan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:1 Josiah was eight years old when he became king, and he reigned thirty-one years in Jerusalem.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:2---- 2Ch 34:2 Jozyas te fè sa ki dwat devan Seyè a. Li mache pye pou pye dèyè David, zansèt li a. Li fè tankou l' nan tou sa l'ap fè, san li pa janm fè sa ki mal.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:2 He did right in the sight of the Lord, and walked in the ways of his father David and did not turn aside to the right or to the left.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:3---- 2Ch 34:3 Jozyas t'ap mache sou witan depi li te wa lè li konmanse chache konnen volonte Bondye David, zansèt li a. Lè sa a li te yon jenn gason toujou. Li t'ap mache sou douzan depi li te wa lè li konmanse fè detwi tout tanp zidòl, tout pòtre Achera, tout lòt estati an bwa ak an bwonz nan peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:3 For in the eighth year of his reign while he was still a youth, he began to seek the God of his father David; and in the twelfth year he began to purge Judah and Jerusalem of the high places, the Asherim, the carved images and the molten images.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:4---- 2Ch 34:4 Li fè yo demoli devan je li tout lotèl kote yo te fè sèvis pou Baal yo. Li fè yo kraze tout recho kote yo te boule lansan sou lotèl yo. Li fè yo kraze an miyèt moso pòtre Achera ak pòtre tout lòt zidòl ak estati an bwonz yo. Apre sa, yo fè yo tounen poud, yo simen poud la sou tonm moun ki te konn fè sèvis pou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:4 They tore down the altars of the Baals in his presence, and the incense altars that were high above them he chopped down; also the Asherim, the carved images and the molten images he broke in pieces and ground to powder and scattered it on the graves of those who had sacrificed to them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:5---- 2Ch 34:5 Li boule zosman prèt zidòl yo sou lotèl kote yo te konn fè sèvis pou yo a. Se konsa li mete tout peyi Jida a ak lavil Jerizalèm nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:5 Then he burned the bones of the priests on their altars and purged Judah and Jerusalem.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:6---- 2Ch 34:6 Li fè menm bagay la tou nan lavil ki nan zòn moun Manase, moun Efrayim, ak moun Simeyon yo rive nan zòn moun Neftali yo ak nan tout ti bouk ki te nan vwazinaj yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:6 In the cities of Manasseh, Ephraim, Simeon, even as far as Naphtali, in their surrounding ruins,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:7---- 2Ch 34:7 Nan tout peyi Izrayèl la, li fè demoli lotèl yo. Li kraze tout estati Achera yo ak lòt zidòl yo fè yo tounen poud. Yo kraze tout lotèl lansan yo an miyèt moso, lèfini li tounen lavil Jerizalèm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:7 he also tore down the altars and beat the Asherim and the carved images into powder, and chopped down all the incense altars throughout the land of Israel. Then he returned to Jerusalem.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:8---- 2Ch 34:8 Lè sa a, wa Jozyas t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen, li t'ap mete peyi a ansanm ak Tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Wa a rele twa moun: Chafan, pitit gason Asalya a, Maseya, gouvènè lavil la, ak Joa, pitit gason Joakaz, sekretè wa a. Li ba yo lòd al repare Tanp Seyè a, Bondye li a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:8 Now in the eighteenth year of his reign, when he had purged the land and the house, he sent Shaphan the son of Azaliah, and Maaseiah an official of the city, and Joah the son of Joahaz the recorder, to repair the house of the Lord his God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:9---- 2Ch 34:9 Mesye yo al jwenn Ilkija, granprèt la. Yo pote ba li tout lajan yo te ranmase nan Tanp lan, lajan moun Levi ki desèvis nan papòt Tanp lan te ranmase nan men moun Efrayim, moun Manase ak lòt moun peyi Izrayèl yo, ansanm ak sa yo te ranmase nan men moun Jida, moun Benjamen ak moun lavil Jerizalèm yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:9 They came to Hilkiah the high priest and delivered the money that was brought into the house of God, which the Levites, the doorkeepers, had collected from Manasseh and Ephraim, and from all the remnant of Israel, and from all Judah and Benjamin and the inhabitants of Jerusalem.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:10---- 2Ch 34:10 Yo renmèt lajan an nan men mesye ki te reskonsab travay ki pou fèt nan Tanp lan, pou yo menm yo ka peye moun k'ap travay repare Tanp lan, ki vle di,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:10 Then they gave it into the hands of the workmen who had the oversight of the house of the Lord, and the workmen who were working in the house of the Lord used it to restore and repair the house.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:11---- 2Ch 34:11 bòs chapant yo ak bòs mason yo, pou yo ka achte wòch taye ak bwa yo bezwen pou sèvi sipò ak ranfò chapant tanp wa Jida yo te kite ap tonbe a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:11 They in turn gave it to the carpenters and to the builders to buy quarried stone and timber for couplings and to make beams for the houses which the kings of Judah had let go to ruin.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:12---- 2Ch 34:12 Mesye yo te serye nan travay yo. Te gen kat moun Levi ki t'ap dirije yo. Se te: Joak ak Obadya, moun nan branch fanmi Merari a, Zekaraja ak Mechoulam, moun nan branch fanmi Keyat. Moun Levi ki te konn fè mizik sou enstriman yo(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:12 The men did the work faithfully with foremen over them to supervise: Jahath and Obadiah, the Levites of the sons of Merari, Zechariah and Meshullam of the sons of the Kohathites, and the Levites, all who were skillful with musical instruments.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:13---- 2Ch 34:13 te reskonsab moun ki t'ap bwote materyo yo ak tout lòt ouvriye ki t'ap fè lòt travay yo. Te gen lòt moun Levi ki te reskonsab ekri istwa tou sa k'ap pase. Gen en ki te sekretè, genyen ki t'ap fè pòs nan papòt yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:13 They were also over the burden bearers, and supervised all the workmen from job to job; and some of the Levites were scribes and officials and gatekeepers.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:14---- 2Ch 34:14 Pandan yo t'ap wete lajan yo te mete nan Tanp Seyè a, Ilkija, prèt la, jwenn liv Lalwa Seyè a te bay Moyiz pou pèp la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:14 When they were bringing out the money which had been brought into the house of the Lord, Hilkiah the priest found the book of the law of the Lord given by Moses.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:15---- 2Ch 34:15 Ilkija pale ak Chafan, sekretè a, li di l' li jwenn liv Lalwa a nan Tanp Seyè a. Epi li ba li l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:15 Hilkiah responded and said to Shaphan the scribe, "I have found the book of the law in the house of the Lord." And Hilkiah gave the book to Shaphan.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:16---- 2Ch 34:16 Chafan pote liv la bay wa a, epi li fè rapò li, li di l' konsa: -Nou fè tou sa ou te ban nou lòd fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:16 Then Shaphan brought the book to the king and reported further word to the king, saying, "Everything that was entrusted to your servants they are doing.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:17---- 2Ch 34:17 Yo pran tout lajan ki te nan Tanp Seyè a, yo renmèt li nan men moun ki reskonsab fè reparasyon nan Tanp lan ak moun k'ap fè travay yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:17 They have also emptied out the money which was found in the house of the Lord, and have delivered it into the hands of the supervisors and the workmen."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:18---- 2Ch 34:18 Lèfini, Chafan di wa a: -Ilkija, prèt la, te ban m' yon liv. Chafan li liv la pou wa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:18 Moreover, Shaphan the scribe told the king saying, "Hilkiah the priest gave me a book." And Shaphan read from it in the presence of the king.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:19---- 2Ch 34:19 Lè wa a tande pawòl ki te ekri nan Liv la, li chire rad sou li tèlman li te sezi.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:19 When the king heard the words of the law, he tore his clothes.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:20---- 2Ch 34:20 Lèfini, li fè rele Ilkija, prèt la, Akikam, pitit gason Chafan an, Abdon, pitit Mikaja a, Chafan, sekretè a, ak Asaja, nèg konfyans wa a. Li ba yo lòd sa a:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:20 Then the king commanded Hilkiah, Ahikam the son of Shaphan, Abdon the son of Micah, Shaphan the scribe, and Asaiah the king's servant, saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:21---- 2Ch 34:21 -Ale chache konnen sa Seyè a vle nou fè, mwen menm ansanm ak tout rès pèp li a ki rete nan peyi Jida ak nan peyi Izrayèl la. Chache konnen sa pou n' fè ak pawòl ki nan liv nou jwenn lan. Seyè a move anpil sou nou, paske zansèt nou yo pa t' koute pawòl Seyè a, ni yo pa t' fè tou sa ki ekri nan liv la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:21 "Go, inquire of the Lord for me and for those who are left in Israel and in Judah, concerning the words of the book which has been found; for great is the wrath of the Lord which is poured out on us because our fathers have not observed the word of the Lord, to do according to all that is written in this book."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:22---- 2Ch 34:22 Se konsa, Ilkija ansanm ak lòt mesye wa a te chwazi yo al kay Oulda, yon pwofèt fanm ki te rete nan katye yo te fèk bati lavil Jerizalèm lan. Oulda sa a te madanm yon nonm yo te rele Chaloum, pitit Tokeyat, pitit pitit Asra a, ki te reskonsab rad yo sèvi nan Tanp lan. Yo esplike Oulda tou sa ki rive.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:22 So Hilkiah and those whom the king had told went to Huldah the prophetess, the wife of Shallum the son of Tokhath, the son of Hasrah, the keeper of the wardrobe (now she lived in Jerusalem in the Second Quarter); and they spoke to her regarding this.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:23---- 2Ch 34:23 Oulda di yo konsa: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Tounen al di moun ki voye nou bò kote m' lan(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:23 She said to them, "Thus says the Lord, the God of Israel, 'Tell the man who sent you to Me,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:24---- 2Ch 34:24 men mesaj Seyè a voye ba li: Mwen pral voye yon malè sou lavil Jerizalèm ansanm ak sou tout moun li yo, jan sa ekri nan liv yo li pou wa peyi Jida a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:24 thus says the Lord, "Behold, I am bringing evil on this place and on its inhabitants, even all the curses written in the book which they have read in the presence of the king of Judah.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:25---- 2Ch 34:25 Moun lavil Jerizalèm yo vire do ban mwen. Yo fè sèvis pou lòt bondye. Avèk tout zak sa yo, mwen move anpil sou lavil Jerizalèm. Kòlè m' poko ap pase.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:25 Because they have forsaken Me and have burned incense to other gods, that they might provoke Me to anger with all the works of their hands; therefore My wrath will be poured out on this place and it shall not be quenched."'(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:26---- 2Ch 34:26 Men sa n'a di wa peyi Jida a ki voye nou vin konnen volonte Bondye a. Wi, men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di l': Ou tande sa ki ekri nan liv la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:26 But to the king of Judah who sent you to inquire of the Lord, thus you will say to him, 'Thus says the Lord God of Israel regarding the words which you have heard,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:27---- 2Ch 34:27 Sa fè kè ou fè ou mal, ou desann ou devan mwen lè ou tande deklarasyon mwen fè sou lavil sa a ak sou tout moun li yo. Wi, lè ou tande sa, ou chire rad sou ou, dlo koule nan je ou. Se poutèt sa mwen menm tou mwen tande ou. Se mwen menm, Seyè a, k'ap di ou sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:27 Because your heart was tender and you humbled yourself before God when you heard His words against this place and against its inhabitants, and because you humbled yourself before Me, tore your clothes and wept before Me, I truly have heard you," declares the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:28---- 2Ch 34:28 Ou menm, w'ap mouri nan kabann ou, y'ap antere ou nan menm kavo ak zansèt ou yo. Ou p'ap gen tan wè malè m'ap voye sou lavil Jerizalèm ak sou moun ki rete ladan l' yo. Mesye yo tounen rapòte mesaj la bay wa Jozyas.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:28 Behold, I will gather you to your fathers and you shall be gathered to your grave in peace, so your eyes will not see all the evil which I will bring on this place and on its inhabitants."'" And they brought back word to the king.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:29---- 2Ch 34:29 Lè sa a, wa a voye misyon bay tout chèf fanmi nan lavil Jerizalèm ak nan tout peyi Jida a, pou yo reyini ansanm avè l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:29 Then the king sent and gathered all the elders of Judah and Jerusalem.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:30---- 2Ch 34:30 Apre sa, wa a moute nan Tanp Seyè a ansanm ak prèt yo, moun Levi yo, tout moun peyi Jida yo, moun ki rete lavil Jerizalèm yo ak tout rès pèp la, grannèg kou tinèg. Wa a kanpe devan yo tout, li li byen fò tou sa ki nan liv Kontra yo te jwenn nan Tanp Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:30 The king went up to the house of the Lord and all the men of Judah, the inhabitants of Jerusalem, the priests, the Levites and all the people, from the greatest to the least; and he read in their hearing all the words of the book of the covenant which was found in the house of the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:31---- 2Ch 34:31 Lè li fini, li rete kanpe nan plas rezève pou li bò gwo poto a, li pran angajman devan Seyè a pou li fè volonte Seyè a, pou li mache dapre kòmandman, prensip ak lalwa Bondye yo ak tout kè li ak tout nanm li, lèfini pou l' kenbe tout kondisyon kontra ki ekri nan liv la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:31 Then the king stood in his place and made a covenant before the Lord to walk after the Lord, and to keep His commandments and His testimonies and His statutes with all his heart and with all his soul, to perform the words of the covenant written in this book.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:32---- 2Ch 34:32 Apre sa, wa a fè tout moun ki te lavil Jerizalèm ansanm ak moun branch fanmi Benjamen yo pran menm angajman an tou. Depi lè sa a, moun lavil Jerizalèm yo mache dapre kontra yo te pase ak Bondye zansèt yo a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:32 Moreover, he made all who were present in Jerusalem and Benjamin to stand with him. So the inhabitants of Jerusalem did according to the covenant of God, the God of their fathers.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 34:33---- 2Ch 34:33 Jozyas fè disparèt tout vye zidòl sal nan peyi ki te pou moun pèp Izrayèl yo. Li mete tout moun ki te rete nan peyi Izrayèl la nan obligasyon pou yo sèvi Seyè a, Bondye yo a. Se konsa pandan tout tan Jozyas te vivan an, tout pèp la te kenbe pye Seyè a, Bondye zansèt yo a, fèm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 34:33 Josiah removed all the abominations from all the lands belonging to the sons of Israel, and made all who were present in Israel to serve the Lord their God. Throughout his lifetime they did not turn from following the Lord God of their fathers.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 35:1 ---- written 450-425 B.C.---- |
|
THIS CHAPTER:
0401_14_2_Chronicles_34_ht-en.html 0397_14_2_Chronicles_30_ht-en.html 0398_14_2_Chronicles_31_ht-en.html 0399_14_2_Chronicles_32_ht-en.html 0400_14_2_Chronicles_33_ht-en.html 0402_14_2_Chronicles_35_ht-en.html 0403_14_2_Chronicles_36_ht-en.html 0404_15_Ezra_01_ht-en.html 0405_15_Ezra_02_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|