|
================================================================================ ---- Isaiah 63:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic---- Isa 63:1 Kilès sa a k'ap vini sot lavil Bozra nan peyi Edon an, ak yon rad tou wouj sou li a? L'ap mache byen bwòdè ak bèl rad li sou li. L'ap mache tèt li byen wo, l'ap pile tè a byen fò. Se mwen menm, Seyè a, ki gen pouvwa pou delivre moun lan, k'ap pale sou koze delivrans lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 63:1 Who is this who comes from Edom, With garments of glowing colors from Bozrah, This One who is majestic in His apparel, Marching in the greatness of His strength?" It is I who speak in righteousness, mighty to save."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 63:2---- Isa 63:2 Poukisa rad sou ou yo wouj konsa, tankou rad moun k'ap kraze rezen anba pye yo pou fè diven nan basen?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 63:2 Why is Your apparel red, And Your garments like the one who treads in the wine press?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 63:3---- Isa 63:3 Seyè a reponn: -Mwen te pou kont mwen ap kraze nasyon yo anba pye m', tankou rezen nan basen. Pa t' gen yon moun nan pèp mwen an ki te la avè m'. Mwen fè kòlè, mwen mache sou yo, m' pilonnen yo anba pye m' sitèlman mwen te fache. San yo benyen tout rad mwen, li tache yo byen tache.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 63:3 "I have trodden the wine trough alone, And from the peoples there was no man with Me. I also trod them in My anger And trampled them in My wrath; And their lifeblood is sprinkled on My garments, And I stained all My raiment.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 63:4---- Isa 63:4 Mwen te chwazi nan kè m' jou pou m' te tire revanj pou pèp mwen an. Lè pou m' te pini lènmi l' yo te rive.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 63:4 "For the day of vengeance was in My heart, And My year of redemption has come.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 63:5---- Isa 63:5 Lè m' gade, mwen te sezi. Pa t' gen yon moun pou ban m' yon koutmen. Pa t' gen pesonn pou ban m' konkou. Men, mwen te sitèlman an kòlè, mwen jwenn kont fòs nan ponyèt mwen, mwen kenbe jouk mwen fin delivre yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 63:5 "I looked, and there was no one to help, And I was astonished and there was no one to uphold; So My own arm brought salvation to Me, And My wrath upheld Me.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 63:6---- Isa 63:6 Mwen fè yon sèl kòlè, mwen kraze yon bann pèp. Mwen dechèpiye yo sitèlman mwen te fache. Mwen fè dlo kò yo benyen kò yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 63:6 "I trod down the peoples in My anger And made them drunk in My wrath, And I poured out their lifeblood on the earth."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 63:7---- Isa 63:7 M'a chante pou m' fè konnen tout bèl bagay Seyè a fè pou nou. M'a fè lwanj li pou tou sa li fè pou nou, pou jan li bon pou moun fanmi Izrayèl yo. Li moutre nou jan li gen kè sansib pou nou, jan li renmen nou anpil.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 63:7 I shall make mention of the lovingkindnesses of the Lord, the praises of the Lord, According to all that the Lord has granted us, And the great goodness toward the house of Israel, Which He has granted them according to His compassion And according to the abundance of His lovingkindnesses.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 63:8---- Isa 63:8 Seyè a te di se pèp mwen yo ye, m' sèten yo p'ap fè m' wont. Se konsa, li delivre yo(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 63:8 For He said, "Surely, they are My people, Sons who will not deal falsely." So He became their Savior.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 63:9---- Isa 63:9 nan tout tèt chaje yo. Se pa t' yon moun ni yon zanj li te voye fè travay la pou li. Se limenm menm ki te vin delivre yo. Li sitèlman renmen yo, kè l' sitèlman fè l' mal pou yo, se limenm menm ki te vin delivre yo. Nan tan lontan, li te toujou pran swen yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 63:9 In all their affliction He was afflicted, And the angel of His presence saved them; In His love and in His mercy He redeemed them, And He lifted them and carried them all the days of old.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 63:10---- Isa 63:10 Men, yo te fè wòklò avè l', yo te fè l' lapenn anpil. Se konsa Seyè a te tounen yon lènmi pou yo, li fè yo lagè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 63:10 But they rebelled And grieved His Holy Spirit; Therefore He turned Himself to become their enemy, He fought against them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 63:11---- Isa 63:11 Men, yo chonje tan lontan, yo vin chonje Moyiz. Yo mande koulye a: Kote Bondye ki te rale yo sot nan lanmè a, Bondye ki te mete Moyiz mache devan yo tankou yon gadò pou bann mouton l' yo? Kote Bondye ki te bay Moyiz pouvwa lespri li a?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 63:11 Then His people remembered the days of old, of Moses. Where is He who brought them up out of the sea with the shepherds of His flock? Where is He who put His Holy Spirit in the midst of them,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 63:12---- Isa 63:12 Kote Bondye ki te kanpe sou bò dwat Moyiz la pou fè gwo mèvèy ak fòs ponyèt li, lè li te fann dlo a devan yo pou tout moun te ka toujou chonje sa l' te fè a?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 63:12 Who caused His glorious arm to go at the right hand of Moses, Who divided the waters before them to make for Himself an everlasting name,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 63:13---- Isa 63:13 Lè Bondye te fè yo mache nan fon lanmè a tankou chwal nan sab dezè, san yo pa janm bite,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 63:13 Who led them through the depths? Like the horse in the wilderness, they did not stumble;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 63:14---- Isa 63:14 tankou bèf k'ap desann nan plenn pou y' al manje, lespri Seyè a te mennen yo kote pou yo poze. Wi, se konsa Seyè a te mache devan pèp li a, pou tout moun te ka toujou nonmen non l' pou jan li gen pouvwa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 63:14 As the cattle which go down into the valley, The Spirit of the Lord gave them rest. So You led Your people, To make for Yourself a glorious name." You Are Our Father"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 63:15---- Isa 63:15 Seyè, antan ou nan syèl la, nan bèl kay ki apa pou ou a, tanpri, voye je ou gade nou non! Jan ou te fè jalouzi pou nou sa a! Jan ou te kanpe pou nou ak kouraj ou sa a! Jan ou te renmen nou sa a! Jan ou te konn gen pitye pou nou sa a! Kote ou kite tou sa? Gen lè ou fèmen kè ou!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 63:15 Look down from heaven and see from Your holy and glorious habitation; Where are Your zeal and Your mighty deeds? The stirrings of Your heart and Your compassion are restrained toward me.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 63:16---- Isa 63:16 Se ou menm ki papa nou. Abraram pa konnen nou. Izrayèl pa rekonèt nou! Se ou menm, Seyè, ki papa nou. Se ou menm ki toujou delivre nou!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 63:16 For You are our Father, though Abraham does not know us And Israel does not recognize us. You, O Lord, are our Father, Our Redeemer from of old is Your name.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 63:17---- Isa 63:17 Poukisa atò ou kite nou pèdi chemen ou te mete devan nou an, ou kite nou lage kò nou nan raje? Poukisa ou kite nou fè tèt di, ou kite nou pèdi krentif nou te gen pou ou a? Tanpri, tounen vin jwenn nou non, poutèt moun k'ap sèvi ou yo, poutèt pèp ki toujou moun pa ou la!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 63:17 Why, O Lord, do You cause us to stray from Your ways And harden our heart from fearing You? Return for the sake of Your servants, the tribes of Your heritage.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 63:18---- Isa 63:18 Nou poko chita, lènmi nou yo te gen tan pran peyi a nan men nou, yo derespekte tanp ou a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 63:18 Your holy people possessed Your sanctuary for a little while, Our adversaries have trodden it down.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 63:19---- Isa 63:19 Depi kèk tan ou sèvi ak nou tankou si se pa ou ki chèf nou ankò, tankou si nou pa pèp ou a ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 63:19 We have become like those over whom You have never ruled, Like those who were not called by Your name.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 64:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0742_23_Isaiah_63_ht-en.html 0738_23_Isaiah_59_ht-en.html 0739_23_Isaiah_60_ht-en.html 0740_23_Isaiah_61_ht-en.html 0741_23_Isaiah_62_ht-en.html 0743_23_Isaiah_64_ht-en.html 0744_23_Isaiah_65_ht-en.html 0745_23_Isaiah_66_ht-en.html 0746_24_Jeremiah_01_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|