|
================================================================================ ---- Isaiah 66:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic---- Isa 66:1 Men sa Seyè a di ankò: -Syèl la, se fòtèy kote mwen chita a. Tè a, se ti ban pou m' lonje pye m'. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Ki kote nou ta ka ban mwen pou m' poze kò m'?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 66:1 Thus says the Lord, "Heaven is My throne and the earth is My footstool. Where then is a house you could build for Me? And where is a place that I may rest?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 66:2---- Isa 66:2 Se mwen menm ki fè tout bagay sa yo ak men mwen. Se pou mwen yo tout ye! Se Seyè a menm ki di sa. Moun ki fè m' plezi se moun ki pa gen lògèy nan kè yo, se moun ki règrèt sa yo fè ki mal, se moun ki gen krentif pou mwen lè m' pale.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 66:2 "For My hand made all these things, Thus all these things came into being," declares the Lord." But to this one I will look, To him who is humble and contrite of spirit, and who trembles at My word.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 66:3---- Isa 66:3 Pèp la fè sa yo pito. Yo touye bèf pou mwen jòdi, denmen yo touye moun pou zidòl yo. Yo ofri ti mouton pou yo touye pou mwen jòdi, denmen yo kase kou chen pou zidòl. Yo fè ofrann grenn jaden yo jòdi pou mwen, denmen yo fè ofrann san kochon pou zidòl. Yo boule lansan sou lotèl mwen an pou m' pa janm bliye moun ki fè ofrann lan jòdi, denmen y'ap fè sèvis pou di Satan mèsi. Yo pran plezi nan fè zafè pa yo jan yo vle. Yo kontan fè vye bagay lèd y'ap fè yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 66:3 "But he who kills an ox is like one who slays a man; He who sacrifices a lamb is like the one who breaks a dog's neck; He who offers a grain offering is like one who offers swine's blood; He who burns incense is like the one who blesses an idol. As they have chosen their own ways, And their soul delights in their abominations,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 66:4---- Isa 66:4 Mwen menm tou m'ap pran plezi m' aji ak yo menm jan yo aji a. M'ap fè malè yo pè rive yo a tonbe sou yo, paske mwen rele yo, pesonn pa reponn. Mwen pale yo, yo pa koute m'. Y'ap fè sa ki mal devan je m', yo pito fè sa ki p'ap fè m' plezi.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 66:4 So I will choose their punishments And will bring on them what they dread. Because I called, but no one answered; I spoke, but they did not listen. And they did evil in My sight And chose that in which I did not delight."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 66:5---- Isa 66:5 Koute sa Seyè a di, nou menm ki gen krentif pou li lè li pale ak nou: Paske nou pa vire do ban mwen, gen moun menm ras ak nou ki pa vle wè nou, ki derefize mele ak nou. Y'ap di konsa: Se pou Seyè a fè wè pouvwa li, paske yo ta renmen wè jan nou kontan. Men se yo menm k'ap soti wont.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 66:5 Hear the word of the Lord, you who tremble at His word: "Your brothers who hate you, who exclude you for My name's sake, Have said, 'Let the Lord be glorified, that we may see your joy.'But they will be put to shame.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 66:6---- Isa 66:6 Koute! Gwo bri nou tande k'ap fèt nan lavil la, gwo vwa nou tande k'ap pale nan tanp lan, se bri Seyè a k'ap tire revanj li sou lènmi l' yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 66:6 "A voice of uproar from the city, a voice from the temple, The voice of the Lord who is rendering recompense to His enemies.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 66:7---- Isa 66:7 Lavil Bondye a tankou yon fanm ki akouche anvan menm li gen tranche. Li gen tan fè yon ti gason anvan menm li santi doulè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 66:7 "Before she travailed, she brought forth; Before her pain came, she gave birth to a boy.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 66:8---- Isa 66:8 Ki moun ki janm tande koze konsa? Ki moun ki janm wè bagay konsa? Eske yon sèl jou kont pou fè tout yon nasyon? Eske lapoula yo ka fè tout yon nasyon? Mòn Siyon an p'ap soufri anpil anvan nasyon an fèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 66:8 "Who has heard such a thing? Who has seen such things? Can a land be born in one day? Can a nation be brought forth all at once? As soon as Zion travailed, she also brought forth her sons.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 66:9---- Isa 66:9 Eske mwen ka fè yon fanm kase lèzo, lèfini pou m' pa kite l' akouche? Eske mwen ka fè pitit la rive sou jou l' lèfini pou m' pa kite l' fèt? Se Bondye ou la menm ki di sa!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 66:9 "Shall I bring to the point of birth and not give delivery?" says the Lord." Or shall I who gives delivery shut the womb?" says your God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 66:10---- Isa 66:10 Fè kè nou kontan ansanm ak lavil Jerizalèm. Fè fèt pou li, nou tout ki renmen l'! Se pou nou kontan ansanm avè l' koulye a, nou menm ki te nan lapenn pou li!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 66:10 "Be joyful with Jerusalem and rejoice for her, all you who love her; Be exceedingly glad with her, all you who mourn over her,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 66:11---- Isa 66:11 Tankou yon ti bebe k'ap tete manman l' jouk vant li plen, tankou yon ti bebe k'ap kontan souse lèt manman l', nou pral jwenn pa nou nan bèl bagay m'ap fè pou lavil Jerizalèm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 66:11 That you may nurse and be satisfied with her comforting breasts, That you may suck and be delighted with her bountiful bosom."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 66:12---- Isa 66:12 Paske, men sa Seyè a di: -Mwen pral ba li kè poze san rete. Richès nasyon yo pral kouvri l' tankou lè inondasyon dlo kouvri latè. Nou pral tankou ti bebe pou li: l'ap ban nou tete, l'a pote nou nan bra li, l'a mete nou sou jenou l' pou li jwe ak nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 66:12 For thus says the Lord, "Behold, I extend peace to her like a river, And the glory of the nations like an overflowing stream; And you will be nursed, you will be carried on the hip and fondled on the knees.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 66:13---- Isa 66:13 Menm jan yon manman konsole pitit li, se konsa m'ap konsole nou nan lavil Jerizalèm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 66:13 "As one whom his mother comforts, so I will comfort you; And you will be comforted in Jerusalem."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 66:14---- Isa 66:14 Lè n'a wè sa, kè nou va kontan: sa va ban nou fòs ak kouraj ankò. Lè sa a, n'a konnen mwen menm, Seyè a, m'ap pwoteje sèvitè m' yo, men lènmi m' yo va konnen jan m' konn fache.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 66:14 Then you will see this, and your heart will be glad, And your bones will flourish like the new grass; And the hand of the Lord will be made known to His servants, But He will be indignant toward His enemies.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 66:15---- Isa 66:15 Seyè a ap vin nan yon gwo dife. Li moute sou nwaj yon gwo tanpèt pou l' vin pini moun ki te fè l' fache yo, pou l' regle yo jan li te di l'ap regle yo a nan yon gwo boukan dife.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 66:15 For behold, the Lord will come in fire And His chariots like the whirlwind, To render His anger with fury, And His rebuke with flames of fire.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 66:16---- Isa 66:16 Se avèk dife Seyè a pral jije, avèk nepe l' li pral regle tout moun ki koupab yo. Anpil moun pral mouri anba men l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 66:16 For the Lord will execute judgment by fire And by His sword on all flesh, And those slain by the Lord will be many.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 66:17---- Isa 66:17 Seyè a di ankò: -Talè konsa sa pral fini pou moun k'ap fè sèvis pou mete kò yo nan bon kondisyon anvan y'a l' fè pwosesyon pou zidòl nan jaden yo, pou moun k'ap manje vyann kochon, vyann sourit ak lòt kalite manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 66:17 "Those who sanctify and purify themselves to go to the gardens, Following one in the center, Who eat swine's flesh, detestable things and mice, Will come to an end altogether," declares the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 66:18---- Isa 66:18 Mwen konnen sa y'ap fè, mwen konnen sa ki nan lide yo. Mwen menm, m'ap vin sanble pèp tout nasyon yo, pèp ki pale tout kalite lang sou latè. Y'a vini, y'a wè bèl pouvwa mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 66:18 "For I know their works and their thoughts; the time is coming to gather all nations and tongues. And they shall come and see My glory.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 66:19---- Isa 66:19 M'a fè yo konnen se mwen menm k'ap pini yo. Men, m'ap sove kèk moun ladan yo, pou m' voye yo nan tout nasyon, nan tout peyi byen lwen ki poko janm tande non m' nan zòrèy yo, ki pa janm wè pouvwa mwen, nan peyi Lespay, nan peyi Libi, nan peyi Lidi, kote ki gen moun ki konn sèvi ak banza ak anpil ladrès, nan peyi Toubal ak nan peyi Lagrès. Yo pral fè moun tout nasyon yo konnen jan mwen gen pouvwa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 66:19 I will set a sign among them and will send survivors from them to the nations: Tarshish, Put, Lud, Meshech, Tubal and Javan, to the distant coastlands that have neither heard My fame nor seen My glory. And they will declare My glory among the nations.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 66:20---- Isa 66:20 Y'a pran tout frè parèy nou yo, y'a mennen yo tounen soti nan peyi sa yo, tankou yon ofrann pou mwen. Y'ap mennen yo tounen sou mòn ki apa pou mwen an, lavil Jerizalèm, sou chwal, sou milèt, sou chamo, nan kabwèt kouvri, nan cha, menm jan moun pèp Izrayèl yo konn pote grenn jaden pou ofri nan tanp lan nan veso yo mete nan bon kondisyon espre pou sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 66:20 Then they shall bring all your brethren from all the nations as a grain offering to the Lord, on horses, in chariots, in litters, on mules and on camels, to My holy mountain Jerusalem," says the Lord,"just as the sons of Israel bring their grain offering in a clean vessel to the house of the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 66:21---- Isa 66:21 M'a pran kèk moun nan moun sa yo pou fè travay prèt ak travay moun Levi yo. Se Seyè a ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 66:21 I will also take some of them for priests and for Levites," says the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 66:22---- Isa 66:22 Menm jan lòt syèl ak lòt latè m'ap fè yo ap la pou lontan devan m', konsa tou pitit nou ak non nou ap la pou lontan. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 66:22 "For just as the new heavens and the new earth Which I make will endure before Me," declares the Lord, "So your offspring and your name will endure.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 66:23---- Isa 66:23 Pou chak fèt lalin nouvèl, pou chak jou repo, moun tout peyi va vin fè sèvis pou mwen isit lavil Jerizalèm. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 66:23 "And it shall be from new moon to new moon And from sabbath to sabbath, All mankind will come to bow down before Me," says the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 66:24---- Isa 66:24 Lè y'ap kite lavil la, y'a wè kadav moun ki te vire do ban mwen yo. Vè k'ap manje yo p'ap janm mouri, dife k'ap boule yo a p'ap janm tenyen. Tout moun sou latè pral gen kè plen lè y'a wè sa!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 66:24 "Then they will go forth and look On the corpses of the men Who have transgressed against Me. For their worm will not die And their fire will not be quenched; And they will be an abhorrence to all mankind."(NASB-1995) ================================================================================ |
|
THIS CHAPTER:
0745_23_Isaiah_66_ht-en.html 0741_23_Isaiah_62_ht-en.html 0742_23_Isaiah_63_ht-en.html 0743_23_Isaiah_64_ht-en.html 0744_23_Isaiah_65_ht-en.html 0746_24_Jeremiah_01_ht-en.html 0747_24_Jeremiah_02_ht-en.html 0748_24_Jeremiah_03_ht-en.html 0749_24_Jeremiah_04_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|