|
================================================================================ ---- Ezekiel 17:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- Eze 17:1 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 17:1 Now the word of the Lord came to me saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 17:2---- Eze 17:2 -Nonm o! Bay moun pèp Izrayèl yo yon pawoli. Rakonte yo yon parabòl.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 17:2 "Son of man, propound a riddle and speak a parable to the house of Israel,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 17:3---- Eze 17:3 Di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Vwala, se te yon gwo gwo malfini ak zèl li yo byen laj. Plim li yo te long epi yo te tout kalite koulè. Li vole li ale nan peyi Liban, li kase tèt yon pye sèd.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 17:3 saying, 'Thus says the Lord God, "A great eagle with great wings, long pinions and a full plumage of many colors came to Lebanon and took away the top of the cedar.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 17:4---- Eze 17:4 Li pran l', li pote l' ale nan yon peyi kote moun se trafik ase y'ap fè la. Li mete l' nan yon lavil kote se kòmèsan ase ki rete la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 17:4 He plucked off the topmost of its young twigs and brought it to a land of merchants; he set it in a city of traders.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 17:5---- Eze 17:5 Lèfini, li pran yon ti plan nan peyi Izrayèl la, li plante l' nan yon bon venn tè, toupre yon larivyè ki toujou plen dlo, pou l' ka grandi tankou yon pye sikren.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 17:5 He also took some of the seed of the land and planted it in fertile soil. He placed it beside abundant waters; he set it like a willow.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 17:6---- Eze 17:6 Ti plan an pran, li fè yon bèl pye rezen ki pa twò wo. Branch li yo grandi, yo moute nan direksyon malfini an, men rasin li yo menm desann fon anba tè. Li bay yon bèl pye rezen ak anpil branch plen fèy.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 17:6 Then it sprouted and became a low, spreading vine with its branches turned toward him, but its roots remained under it. So it became a vine and yielded shoots and sent out branches.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 17:7---- Eze 17:7 Te vin gen yon lòt gwo malfini ak gwo zèl byen laj ak anpil plim sou li. Lè sa a, pye rezen an pouse rasin nan direksyon malfini sa a. Li vire tout branch li yo nan direksyon l' tou. Li te konprann malfini sa a tapral wouze l' pi byen pase jaden kote l' te plante a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 17:7 "But there was another great eagle with great wings and much plumage; and behold, this vine bent its roots toward him and sent out its branches toward him from the beds where it was planted, that he might water it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 17:8---- Eze 17:8 Men, pye rezen an te deja plante nan yon bon venn tè, kote yon kannal ki toujou gen dlo, pou l' te ka fè fèy, pou l' te ka donnen, pou li te ka rive fè yon bèl pye rezen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 17:8 It was planted in good soil beside abundant waters, that it might yield branches and bear fruit and become a splendid vine."'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 17:9---- Eze 17:9 Di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Eske pye rezen an ap grandi vre? Eske premye malfini an p'ap dechouke l', rache tout grap rezen l' yo, kase tout branch li yo pou yo mouri? Li p'ap bezwen anpil fòs ni yon lame moun pou l' dechouke l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 17:9 Say, 'Thus says the Lord God, "Will it thrive? Will he not pull up its roots and cut off its fruit, so that it withers--so that all its sprouting leaves wither? And neither by great strength nor by many people can it be raised from its roots again.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 17:10---- Eze 17:10 Wi, yo te plante l'. Men, èske l'ap grandi? Eske li p'ap mouri lè van lès la va soufle sou li? Eske li p'ap mouri lamenm kote li t'ap pouse a?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 17:10 Behold, though it is planted, will it thrive? Will it not completely wither as soon as the east wind strikes it--wither on the beds where it grew?"'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 17:11---- Eze 17:11 Seyè a pale avè m', li di m' konsa:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 17:11 Moreover, the word of the Lord came to me, saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 17:12---- Eze 17:12 -Pale ak bann moun tèt di sa yo. Mande yo si yo konprann sans parabòl la. Di yo konsa: Wa lavil Babilòn lan te vini lavil Jerizalèm, li pran wa a ansanm ak tout chèf li yo, li mennen yo ansanm avè l' lavil Babilòn.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 17:12 "Say now to the rebellious house, 'Do you not know what these things mean?' Say, 'Behold, the king of Babylon came to Jerusalem, took its king and princes and brought them to him in Babylon.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 17:13---- Eze 17:13 Li pran yon moun nan fanmi wa a, li pase kontra avè l', li fè l' sèmante pou l' toujou soumèt devan li. Li pran tout grannèg ki nan peyi a, li fè yo prizonye, li depòte yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 17:13 He took one of the royal family and made a covenant with him, putting him under oath. He also took away the mighty of the land,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 17:14---- Eze 17:14 Konsa, li sèten peyi a va rete tou piti anba men l', yo p'ap ka leve tèt devan li, y'a toujou kenbe kontra li te pase ak yo a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 17:14 that the kingdom might be in subjection, not exalting itself, but keeping his covenant that it might continue.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 17:15---- Eze 17:15 Men, wa peyi Jida a revòlte. Li voye mesaje nan peyi Lejip al chache chwal ak anpil sòlda. Eske l'ap rive fè sa li vle fè a? Eske li ka soti nan sitiyasyon kote l' ye a? Depi li kase kontra a, fòk li peye l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 17:15 But he rebelled against him by sending his envoys to Egypt that they might give him horses and many troops. Will he succeed? Will he who does such things escape? Can he indeed break the covenant and escape?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 17:16---- Eze 17:16 Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale: Jan nou konnen mwen vivan vre a, wa a pral lavil Babilòn, paske li te kase kontra a, li pa t' respekte kondisyon li te pase ak wa lavil Babilòn lan ki te mete l' la pou gouvènen peyi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 17:16 As I live,' declares the Lord God, 'Surely in the country of the king who put him on the throne, whose oath he despised and whose covenant he broke, in Babylon he shall die.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 17:17---- Eze 17:17 Farawon an te mèt vini ak yon gwo lame ansanm ak anpil sòlda, li p'ap ka ede l' goumen nan lagè a, lè moun Babilòn yo va vin moute ranblè ak fouye gwo kannal pou yo touye moun san gad dèyè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 17:17 Pharaoh with his mighty army and great company will not help him in the war, when they cast up ramps and build siege walls to cut off many lives.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 17:18---- Eze 17:18 Wa peyi Izrayèl la pa respekte pawòl li, li kase kontra a. Malgre angajman li te pran yo, li fè tout bagay sa yo. Sa p'ap pase konsa pou li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 17:18 Now he despised the oath by breaking the covenant, and behold, he pledged his allegiance, yet did all these things; he shall not escape.'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 17:19---- Eze 17:19 Se poutèt sa, men sa Seyè Sèl Mèt la di: Jan nou konnen mwen vivan vre a, ou pa respekte pawòl ou avè m'. Ou pa kenbe kontra mwen te pase avè ou la. Mwen gen pou m' pini ou pou sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 17:19 Therefore, thus says the Lord God, "As I live, surely My oath which he despised and My covenant which he broke, I will inflict on his head.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 17:20---- Eze 17:20 M'ap voye privye m' sou ou, w'ap pran nan may yo, m'ap trennen ou lavil Babilòn. Se la m'ap pini ou pou kenbe ou pa te kenbe pawòl ou avè m'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 17:20 I will spread My net over him, and he will be caught in My snare. Then I will bring him to Babylon and enter into judgment with him there regarding the unfaithful act which he has committed against Me.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 17:21---- Eze 17:21 Tout pi bon sòlda li yo pral mouri nan lagè. Sa ki chape yo, yo pral gaye yo toupatou sou latè. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki pale.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 17:21 All the choice men in all his troops will fall by the sword, and the survivors will be scattered to every wind; and you will know that I, the Lord, have spoken."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 17:22---- Eze 17:22 Men sa Seyè sèl Mèt la di: -M'ap koupe boujon tèt yon pye sèd ki byen wo. M'ap kase yon jenn ti boujon nan branch ki pi wo yo. M'ap plante l' sou tèt yon mòn byen wo,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 17:22 Thus says the Lord God, "I will also take a sprig from the lofty top of the cedar and set it out; I will pluck from the topmost of its young twigs a tender one and I will plant it on a high and lofty mountain.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 17:23---- Eze 17:23 sou tèt mòn ki pi wo nan peyi Izrayèl la. L'ap fè branch, l'ap donnen. L'ap vin fè yon bèl bèl pye sèd. Tout kalite zwezo pral rete ladan l'. Y'ap pare solèy nan lonbraj branch li yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 17:23 On the high mountain of Israel I will plant it, that it may bring forth boughs and bear fruit and become a stately cedar. And birds of every kind will nest under it; they will nest in the shade of its branches.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 17:24---- Eze 17:24 Tout pyebwa nan peyi a va konnen se mwen menm ki Seyè a. Mwen koupe gwo pyebwa yo mete atè. Ti pyebwa piti yo, m'ap fè yo grandi. Mwen cheche pyebwa ki vèt yo. Pyebwa ki fin mouri yo, mwen fè yo boujonnen ankò. Se mwen menm Seyè a ki pale. Sa mwen di m'ap fè a, m'ap fè l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 17:24 All the trees of the field will know that I am the Lord; I bring down the high tree, exalt the low tree, dry up the green tree and make the dry tree flourish. I am the Lord; I have spoken, and I will perform it."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 18:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0819_26_Ezekiel_17_ht-en.html 0815_26_Ezekiel_13_ht-en.html 0816_26_Ezekiel_14_ht-en.html 0817_26_Ezekiel_15_ht-en.html 0818_26_Ezekiel_16_ht-en.html 0820_26_Ezekiel_18_ht-en.html 0821_26_Ezekiel_19_ht-en.html 0822_26_Ezekiel_20_ht-en.html 0823_26_Ezekiel_21_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|