|
================================================================================ ---- Ezekiel 14:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- Eze 14:1 Lè sa a, gen kèk chèf fanmi Izrayèl yo ki te vin kote m' pou m' te fè yo konnen volonte Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 14:1 Then some elders of Israel came to me and sat down before me.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 14:2---- Eze 14:2 Se konsa, Seyè a pale avè m', li di m' konsa:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 14:2 And the word of the Lord came to me, saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 14:3---- Eze 14:3 -Nonm o! Moun sa yo lage kò yo bay zidòl nèt. Yo kite zidòl pran nanm yo pou fè sa ki mal. Yo met nan tèt yo mwen pral kite yo vin mande m' konsèy?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 14:3 "Son of man, these men have set up their idols in their hearts and have put right before their faces the stumbling block of their iniquity. Should I be consulted by them at all?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 14:4---- Eze 14:4 Enben, pale ak yo, di yo konsa: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Tout moun nan pèp Izrayèl la ap lage kò yo bay zidòl yo nèt, yo kite zidòl pran nanm yo pou fè sa ki mal. Lèfini, y'ap vin jwenn pwofèt Bondye a! Se mwen menm menm, Seyè a, k'ap ba yo repons yo merite poutèt kantite zidòl y'ap sèvi yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 14:4 Therefore speak to them and tell them, 'Thus says the Lord God, "Any man of the house of Israel who sets up his idols in his heart, puts right before his face the stumbling block of his iniquity, and then comes to the prophet, I the Lord will be brought to give him an answer in the matter in view of the multitude of his idols,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 14:5---- Eze 14:5 Zidòl yo te fè moun pèp Izrayèl yo vire do ban mwen. Men, m'ap reponn yo pou yo ka tounen vin jwenn mwen ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 14:5 in order to lay hold of the hearts of the house of Israel who are estranged from Me through all their idols."'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 14:6---- Eze 14:6 Koulye a, men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo, men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Tounen vin jwenn mwen. Vire do bay zidòl nou yo, sispann fè vye bagay derespektan sa yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 14:6 "Therefore say to the house of Israel, 'Thus says the Lord God, "Repent and turn away from your idols and turn your faces away from all your abominations.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 14:7---- Eze 14:7 Chak fwa yonn nan moun pèp Izrayèl yo osinon yonn nan moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp mwen an va vire do ban mwen pou li al sèvi zidòl, si li kite zidòl pran nanm li pou li fè sa ki mal, lèfini pou li konprann pou li al jwenn pwofèt Bondye a pou mande l' mande m' anyen, se mwen menm menm, Seyè a, ki pral ba li repons la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 14:7 For anyone of the house of Israel or of the immigrants who stay in Israel who separates himself from Me, sets up his idols in his heart, puts right before his face the stumbling block of his iniquity, and then comes to the prophet to inquire of Me for himself, I the Lord will be brought to answer him in My own person.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 14:8---- Eze 14:8 M'ap kenbe tèt ak li. M'ap fè l' tounen yon egzanp pou yo mete non l' nan chante. M'ap wete l' nan mitan pèp mwen an. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 14:8 I will set My face against that man and make him a sign and a proverb, and I will cut him off from among My people. So you will know that I am the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 14:9---- Eze 14:9 Si yon pwofèt kite yo pran tèt li pou li pa pale verite, se mwen menm k'ap kite yo pran tèt li. M'ap lonje men m' sou li pou m' pini l', m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an, pèp Izrayèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 14:9 "But if the prophet is prevailed upon to speak a word, it is I, the Lord, who have prevailed upon that prophet, and I will stretch out My hand against him and destroy him from among My people Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 14:10---- Eze 14:10 Ni pwofèt la, ni moun ki te vin jwenn li an ap peye pou sa yo fè. Y'ap resevwa menm chatiman an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 14:10 They will bear the punishment of their iniquity; as the iniquity of the inquirer is, so the iniquity of the prophet will be,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 14:11---- Eze 14:11 Konsa, moun pèp Izrayèl yo p'ap vire do ban mwen ankò. Yo pa pral avili tèt yo nan fè sa ki mal. Lè sa a, se pèp mwen y'ap ye, se mwen menm k'ap Bondye yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 14:11 in order that the house of Israel may no longer stray from Me and no longer defile themselves with all their transgressions. Thus they will be My people, and I shall be their God,"' declares the Lord God."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 14:12---- Eze 14:12 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 14:12 Then the word of the Lord came to me saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 14:13---- Eze 14:13 -Nonm o! Si moun k'ap viv nan yon peyi peche kont mwen, si yo pa kenbe pawòl yo ak mwen, m'ap lonje men m' sou yo pou m' pini yo. M'ap koupe viv yo. M'ap fè yon sèl grangou tonbe sou yo, m'ap touye ni moun, ni bèt nan peyi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 14:13 "Son of man, if a country sins against Me by committing unfaithfulness, and I stretch out My hand against it, destroy its supply of bread, send famine against it and cut off from it both man and beast,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 14:14---- Eze 14:14 Si twa moun dwat sa yo, Noe, Danèl ak Jòb, ta nan mitan yo, se yo menm ase ki t'ap sove lavi yo, paske se yo ki te mache dwat. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 14:14 even though these three men, Noah, Daniel and Job were in its midst, by their own righteousness they could only deliver themselves," declares the Lord God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 14:15---- Eze 14:15 Ou ankò, mwen ta ka voye bèt sovaj touye tout moun nan peyi a, pou fè peyi a tounen yon dezè moun pè travèse poutèt bèt sovaj sa yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 14:15 "If I were to cause wild beasts to pass through the land and they depopulated it, and it became desolate so that no one would pass through it because of the beasts,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 14:16---- Eze 14:16 Si twa moun sa yo ta nan mitan yo, jan nou konnen mwen vivan vre a, -se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale, -yo pa ta ka sove ata pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Se yo ase ki t'ap sove. Tout peyi a t'ap tounen yon dezè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 14:16 though these three men were in its midst, as I live," declares the Lord God, "they could not deliver either their sons or their daughters. They alone would be delivered, but the country would be desolate.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 14:17---- Eze 14:17 Ou ankò, mwen ta ka voye lagè sou peyi a. Mwen ta ka bay lòd pou nan lagè a yo touye dènye moun ak dènye bèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 14:17 Or if I should bring a sword on that country and say, 'Let the sword pass through the country and cut off man and beast from it, '(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 14:18---- Eze 14:18 Si twa mesye sa yo ta nan peyi a, jan nou konnen mwen vivan vre a, -se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale, -yo pa ta ka sove ata pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ase ki ta sove.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 14:18 even though these three men were in its midst, as I live," declares the Lord God, "they could not deliver either their sons or their daughters, but they alone would be delivered.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 14:19---- Eze 14:19 Si mwen ta voye yon move maladi sou peyi a, si mwen ta move sou li jouk pou m' ta voye yon maladi san renmèd pou m' touye ni moun ni bèt,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 14:19 Or if I should send a plague against that country and pour out My wrath in blood on it to cut off man and beast from it,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 14:20---- Eze 14:20 epi si Noe, Danèl ak Jòb te la nan peyi a, jan nou konnen mwen vivan vre a, -se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale, -yo pa ta sove ata pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Se yo ase ki ta sove lavi yo, paske se yo ki te mache dwat.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 14:20 even though Noah, Daniel and Job were in its midst, as I live," declares the Lord God, "they could not deliver either their son or their daughter. They would deliver only themselves by their righteousness."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 14:21---- Eze 14:21 Men sa Seyè, Bondye sèl Mèt la, di ankò: M'ap voye kat pi gwo chatiman m' yo sou lavil Jerizalèm: lagè, grangou, bèt sovaj ak move maladi, pou yo touye dènye moun ak dènye bèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 14:21 For thus says the Lord God, "How much more when I send My four severe judgments against Jerusalem: sword, famine, wild beasts and plague to cut off man and beast from it!(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 14:22---- Eze 14:22 Men, si nou wè gen kèk moun ki chape, epi ki sove pitit gason yo ak pitit fi yo, gade yo byen lè y'a vin jwenn nou. Gade jan yo viv, gade sa yo fè. Lè sa a, n'a wè si m' pa t' gen rezon voye tout malè sa yo sou lavil Jerizalèm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 14:22 Yet, behold, survivors will be left in it who will be brought out, both sons and daughters. Behold, they are going to come forth to you and you will see their conduct and actions; then you will be comforted for the calamity which I have brought against Jerusalem for everything which I have brought upon it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 14:23---- Eze 14:23 Wi, lè n'a wè jan moun sa yo t'ap viv ak sa yo t'ap fè, n'a konnen mwen te gen rezon fè lavil Jerizalèm sa m' te fè l' la. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 14:23 Then they will comfort you when you see their conduct and actions, for you will know that I have not done in vain whatever I did to it," declares the Lord God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 15:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0816_26_Ezekiel_14_ht-en.html 0812_26_Ezekiel_10_ht-en.html 0813_26_Ezekiel_11_ht-en.html 0814_26_Ezekiel_12_ht-en.html 0815_26_Ezekiel_13_ht-en.html 0817_26_Ezekiel_15_ht-en.html 0818_26_Ezekiel_16_ht-en.html 0819_26_Ezekiel_17_ht-en.html 0820_26_Ezekiel_18_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|