|
================================================================================ ---- Ezekiel 11:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- Eze 11:1 Apre sa, Lespri Bondye a pran m', li leve m' anlè, li mennen m' bò gwo pòtay tanp lan ki bay sou solèy leve. Toupre pòtay la, mwen wè vennsenk gason. Pami yo te gen de chèf peyi a, Jazanya, pitit gason Azou a, ak Pelatya, pitit gason Benaja a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 11:1 Moreover, the Spirit lifted me up and brought me to the east gate of the Lord's house which faced eastward. And behold, there were twenty-five men at the entrance of the gate, and among them I saw Jaazaniah son of Azzur and Pelatiah son of Benaiah, leaders of the people.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 11:2---- Eze 11:2 Bondye di m' konsa: -Nonm o! Mesye sa yo gen move lide ap travay dèyè tèt yo. Y'ap bay move konsèy nan lavil la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 11:2 He said to me, "Son of man, these are the men who devise iniquity and give evil advice in this city,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 11:3---- Eze 11:3 Y'ap plede di: Talè konsa nou p'ap ka bati kay ankò! Lavil la tankou yon chodyè sou dife, nou menm, nou tankou vyann ladan l'. Nou pa bezwen fè anyen kote nou ye a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 11:3 who say, 'The time is not near to build houses. This city is the pot and we are the flesh.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 11:4---- Eze 11:4 Se poutèt sa, nonm o! Men mesaj m'ap ba ou pou ou di sou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 11:4 Therefore, prophesy against them, son of man, prophesy!"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 11:5---- Eze 11:5 Lespri Seyè a desann sou mwen ankò. Seyè a ban m' lòd pou m' bay pèp la mesaj sa a: -Nou menm fanmi Izrayèl la, mwen konnen sa n'ap di, mwen konnen lide nou gen dèyè tèt nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 11:5 Then the Spirit of the Lord fell upon me, and He said to me, "Say, 'Thus says the Lord, "So you think, house of Israel, for I know your thoughts.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 11:6---- Eze 11:6 Nou sitèlman touye moun isit nan lavil la, lari yo plen kadav.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 11:6 You have multiplied your slain in this city, filling its streets with them."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 11:7---- Eze 11:7 Konsa, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, m'ap di nou: Wi, lavil la tankou yon chodyè. Men kisa ki vyann lan? Se kadav moun nou touye yo! Nou menm menm m'ap fè yo mete nou deyò nan lavil la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 11:7 Therefore, thus says the Lord God, "Your slain whom you have laid in the midst of the city are the flesh and this city is the pot; but I will bring you out of it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 11:8---- Eze 11:8 Nou pè lagè, pa vre? Enben, m'ap voye lagè sou nou! Se mwen menm menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 11:8 You have feared a sword; so I will bring a sword upon you," the Lord God declares.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 11:9---- Eze 11:9 M'ap fè yo mete nou deyò nan lavil la. M'ap lage nou nan men moun lòt nasyon yo. M'ap pini nou jan m' te pwomèt nou sa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 11:9 "And I will bring you out of the midst of the city and deliver you into the hands of strangers and execute judgments against you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 11:10---- Eze 11:10 N'ap mouri nan lagè nan mitan peyi nou an. Se la m'ap pini nou. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 11:10 You will fall by the sword. I will judge you to the border of Israel; so you shall know that I am the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 11:11---- Eze 11:11 Lavil sa a p'ap pwoteje nou jan chodyè pwoteje vyann ki ladan l'. Se nan mitan peyi Izrayèl la menm m'ap pini nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 11:11 This city will not be a pot for you, nor will you be flesh in the midst of it, but I will judge you to the border of Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 11:12---- Eze 11:12 Wi, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Pase pou nou te swiv lòd mwen yo, pase pou n' te fè sa m' mande nou fè, nou te pito swiv vye mès pèp k'ap viv nan peyi ki bò kote nou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 11:12 Thus you will know that I am the Lord; for you have not walked in My statutes nor have you executed My ordinances, but have acted according to the ordinances of the nations around you."'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 11:13---- Eze 11:13 Antan m'ap bay mesaj la, Pelatya, pitit gason Benaja a, tonbe li mouri frèt. Mwen lage kò m' ajenou, mwen bese tèt mwen jouk atè, mwen rele byen fò, mwen di: -O Seyè, Bondye sèl Mèt la! Eske ou pral touye ti rès moun ki rete nan pèp Izrayèl la?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 11:13 Now it came about as I prophesied, that Pelatiah son of Benaiah died. Then I fell on my face and cried out with a loud voice and said, "Alas, Lord God! Will You bring the remnant of Israel to a complete end?"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 11:14---- Eze 11:14 Seyè a pale avè m' ankò, li di:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 11:14 Then the word of the Lord came to me, saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 11:15---- Eze 11:15 -Nonm o! Moun ki rete lavil Jerizalèm yo ap pale sou ou, sou frè ou, sou fanmi ou, sou tout moun pèp Izrayèl yo te depòte yo. Y'ap di: Moun yo depòte yo twò lwen pou yo ka fè sèvis pou Seyè a, se konsa Seyè a ban nou peyi a pou rele nou pa nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 11:15 "Son of man, your brothers, your relatives, your fellow exiles and the whole house of Israel, all of them, are those to whom the inhabitants of Jerusalem have said, 'Go far from the Lord; this land has been given us as a possession.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 11:16---- Eze 11:16 Se poutèt sa, men mesaj Seyè a, Bondye sèl Mèt la, bay pou moun yo depòte yo. Wi, se mwen menm ki te voye yo al viv byen lwen nan mitan lòt nasyon yo, mwen gaye yo nan yon bann lòt peyi. Men, m'ap toujou la avèk yo nan peyi kote yo ale a tankou si m' te nan kay yo mete apa pou mwen an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 11:16 Therefore say, 'Thus says the Lord God, "Though I had removed them far away among the nations and though I had scattered them among the countries, yet I was a sanctuary for them a little while in the countries where they had gone."'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 11:17---- Eze 11:17 Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè a, Bondye sèl Mèt la, m'ap di yo: M'ap pran yo nan mitan nasyon kote mwen te gaye yo a, m'ap sanble yo. M'ap fè yo soti kite peyi sa yo, m'ap ba yo peyi Izrayèl la ankò pou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 11:17 Therefore say, 'Thus says the Lord God, "I will gather you from the peoples and assemble you out of the countries among which you have been scattered, and I will give you the land of Israel."'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 11:18---- Eze 11:18 Lè y'a tounen, y'a wete tout vye zidòl y'a jwenn ansanm ak tout vye bagay derespektan ki t'ap fèt nan peyi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 11:18 When they come there, they will remove all its detestable things and all its abominations from it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 11:19---- Eze 11:19 M'ap ba yo yon lòt kè, yon lòt lespri. M'ap wete kè di kou wòch yo te genyen nan lestonmak yo a, m'ap ba yo yon kè ki gen bon santiman.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 11:19 And I will give them one heart, and put a new spirit within them. And I will take the heart of stone out of their flesh and give them a heart of flesh,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 11:20---- Eze 11:20 Konsa, y'a mache dapre lòd m'a ba yo. Y'a fè tou sa m'a mande yo fè. Y'a koute m' lè m'a pale yo. Se pèp pa m' lan menm yo pral ye, mwen menm mwen pral Bondye yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 11:20 that they may walk in My statutes and keep My ordinances and do them. Then they will be My people, and I shall be their God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 11:21---- Eze 11:21 Men, m'ap pini moun ki pa vle lage vye zidòl yo, ki toujou soti pou yo fè vye bagay derespektan yo. M'ap pini yo pou sa yo fè. Se mwen menm, Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki pale.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 11:21 But as for those whose hearts go after their detestable things and abominations, I will bring their conduct down on their heads," declares the Lord God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 11:22---- Eze 11:22 Bèt vivan yo pran vole, wou yo pati ansanm ak yo. Bèl limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la te anwo yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 11:22 Then the cherubim lifted up their wings with the wheels beside them, and the glory of the God of Israel hovered over them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 11:23---- Eze 11:23 Bèl limyè prezans Seyè a soti kite lavil la, li ale poze sou mòn ki te sou bò solèy leve a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 11:23 The glory of the Lord went up from the midst of the city and stood over the mountain which is east of the city.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 11:24---- Eze 11:24 Nan vizyon an toujou, mwen wè lespri Bondye a pran m', li mennen m' tounen lavil Babilòn nan mitan moun yo te depòte yo. Lèfini, vizyon an disparèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 11:24 And the Spirit lifted me up and brought me in a vision by the Spirit of God to the exiles in Chaldea. So the vision that I had seen left me.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 11:25---- Eze 11:25 Mwen rakonte moun yo te depòte yo tou sa Seyè a te fè m' wè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 11:25 Then I told the exiles all the things that the Lord had shown me.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0813_26_Ezekiel_11_ht-en.html 0809_26_Ezekiel_07_ht-en.html 0810_26_Ezekiel_08_ht-en.html 0811_26_Ezekiel_09_ht-en.html 0812_26_Ezekiel_10_ht-en.html 0814_26_Ezekiel_12_ht-en.html 0815_26_Ezekiel_13_ht-en.html 0816_26_Ezekiel_14_ht-en.html 0817_26_Ezekiel_15_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|