|
================================================================================ ---- Ezekiel 12:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- Eze 12:1 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:1 Then the word of the Lord came to me, saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:2---- Eze 12:2 -Nonm o! Se nan mitan yon move ras moun ki gen tèt di ou rete la a. Yo gen je, men yo pa wè anyen. Yo gen zòrèy, men yo pa tande anyen, paske se yon move ras moun wòklò ki gen tèt di yo ye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:2 "Son of man, you live in the midst of the rebellious house, who have eyes to see but do not see, ears to hear but do not hear; for they are a rebellious house.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:3---- Eze 12:3 Koulye a, ou menm nonm o! Fè pakèt ou tankou yon moun k'ap kouri pou danje. Pati kite peyi a devan je yo gwo lajounen. W'a fè yo tout wè ou ap pati kite kote ou ye a pou ou ale yon lòt kote ou pa janm konnen! Sa ka fè yo rekonèt jan yo gen tèt di.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:3 Therefore, son of man, prepare for yourself baggage for exile and go into exile by day in their sight; even go into exile from your place to another place in their sight. Perhaps they will understand though they are a rebellious house.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:4---- Eze 12:4 Gwo lajounen w'a fè pakèt ou pati, pou yo ka wè ou. Lèfini, kite yo wè ou aswè ap soti tankou moun y'ap depòte yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:4 Bring your baggage out by day in their sight, as baggage for exile. Then you will go out at evening in their sight, as those going into exile.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:5---- Eze 12:5 Antan y'ap gade ou, w'a fè yon twou nan miray la, w'a pase soti ladan l' ansanm ak pakèt ou a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:5 Dig a hole through the wall in their sight and go out through it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:6---- Eze 12:6 La, devan je yo, w'a mete pakèt la sou zepòl ou, w'a met deyò nan fènwa a. W'a bouche je ou pou ou pa wè kote ou prale. Sa ou pral fè a va sèvi yon siy pou avèti moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:6 Load the baggage on your shoulder in their sight and carry it out in the dark. You shall cover your face so that you cannot see the land, for I have set you as a sign to the house of Israel."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:7---- Eze 12:7 Mwen fè tou sa Seyè a te ban mwen lòd fè a. Jou sa a, gwo lajounen, mwen fè pakèt mwen tankou yon moun y'ap depòte ta fè l'. Nan aswè, mwen fè yon twou ak men m' nan miray la, mwen soti nan fènwa a. Antan tout moun la ap gade m', mwen chaje pakèt mwen sou zepòl mwen, m' ale.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:7 I did so, as I had been commanded. By day I brought out my baggage like the baggage of an exile. Then in the evening I dug through the wall with my hands; I went out in the dark and carried the baggage on my shoulder in their sight.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:8---- Eze 12:8 Nan denmen maten, Seyè a pale avè m' ankò, li di m':(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:8 In the morning the word of the Lord came to me, saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:9---- Eze 12:9 -Nonm o! Lè moun pèp Izrayèl yo, move ras moun tèt di sa yo, va mande ou sa w'ap fè la a,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:9 "Son of man, has not the house of Israel, the rebellious house, said to you, 'What are you doing?'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:10---- Eze 12:10 w'a di yo: Men mesaj Seyè Bondye sèl Mèt la voye ba yo. Mesaj sa a se va yon avètisman pou chèf lavil Jerizalèm lan ansanm ak pou tout moun pèp Izrayèl ki rete nan lavil la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:10 Say to them, 'Thus says the Lord God, "This burden concerns the prince in Jerusalem as well as all the house of Israel who are in it."'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:11---- Eze 12:11 W'a di yo tou sa ou te fè a, se tankou yon avètisman pou sa ki pral rive yo. Yo pral fè yo prizonye, y'ap depòte yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:11 Say, 'I am a sign to you. As I have done, so it will be done to them; they will go into exile, into captivity.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:12---- Eze 12:12 Chèf k'ap gouvènen yo a pral mete pakèt li sou zepòl li nan fènwa, l'ap chape kò l' nan yon twou y'a fè nan miray la pou li. L'ap bouche figi l' pou yo pa rekonèt li, li pa menm wè kote l'ap mete pye l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:12 The prince who is among them will load his baggage on his shoulder in the dark and go out. They will dig a hole through the wall to bring it out. He will cover his face so that he can not see the land with his eyes.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:13---- Eze 12:13 M'ap voye privye mwen dèyè li, m'ap pran l' ladan l'. Lèfini, m'ap mennen l' lavil Babilòn nan peyi moun Kalde yo. Men, l'ap mouri nan peyi sa a san li p'ap janm wè l' ak je l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:13 I will also spread My net over him, and he will be caught in My snare. And I will bring him to Babylon in the land of the Chaldeans; yet he will not see it, though he will die there.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:14---- Eze 12:14 M'ap gaye tout moun ki te avè l' yo, gad pèsonèl li yo ak tout sòlda li yo, y'ap pran kouri nan tout direksyon. Men, m'ap fè lènmi kouri dèyè yo pou touye yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:14 I will scatter to every wind all who are around him, his helpers and all his troops; and I will draw out a sword after them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:15---- Eze 12:15 Lè m'a fin gaye yo tout nan mitan lòt nasyon yo, lè m'a fin simaye yo nan divès peyi etranje, lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:15 So they will know that I am the Lord when I scatter them among the nations and spread them among the countries.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:16---- Eze 12:16 Men, m'ap kite de twa ladan yo chape, yo p'ap touye yo nan lagè, yo p'ap mouri nan grangou, ni anba move maladi. Konsa, lè y'a nan mitan lòt nasyon yo, y'a rakonte jan yo te fè bagay ki derespektan, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:16 But I will spare a few of them from the sword, the famine and the pestilence that they may tell all their abominations among the nations where they go, and may know that I am the Lord."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:17---- Eze 12:17 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:17 Moreover, the word of the Lord came to me saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:18---- Eze 12:18 -Nonm o! Lè w'ap manje, tranble kou fèy bwa. Bwè dlo ou ak kè sote, ak kè sere.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:18 "Son of man, eat your bread with trembling and drink your water with quivering and anxiety.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:19---- Eze 12:19 W'a di moun peyi a men mesaj Seyè Bondye sèl Mèt la voye bay moun lavil Jerizalèm yo k'ap viv toujou nan peyi a: Y'ap manje ak kè sere, y'ap bwè ak kè sote. Peyi a pral tounen yon savann, p'ap gen anyen ladan l' ankò. Tou sa, akòz mechanste moun k'ap viv ladan l' yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:19 Then say to the people of the land, 'Thus says the Lord God concerning the inhabitants of Jerusalem in the land of Israel, "They will eat their bread with anxiety and drink their water with horror, because their land will be stripped of its fullness on account of the violence of all who live in it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:20---- Eze 12:20 Yo pral detwi lavil ki plen moun yo. Peyi a ap tounen yon dezè. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:20 The inhabited cities will be laid waste and the land will be a desolation. So you will know that I am the Lord."'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:21---- Eze 12:21 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:21 Then the word of the Lord came to me, saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:22---- Eze 12:22 -Nonm o! Poukisa moun pèp Izrayèl yo ap plede repete pawòl sa a: Jou yo ap pase yonn apre lòt, sa yo te di k'ap rive a pa rive?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:22 "Son of man, what is this proverb you people have concerning the land of Israel, saying, 'The days are long and every vision fails'?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:23---- Eze 12:23 Koulye a, di yo men mesaj Seyè a, Bondye sèl Mèt la, voye ba yo: Mwen pral fè yo sispann repete pawòl sa a. Yo p'ap janm tande l' ankò nan bouch moun pèp Izrayèl yo. Di yo: Men jou a rive. Men sa yo te di ki pou rive a pral rive vre!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:23 Therefore say to them, 'Thus says the Lord God, "I will make this proverb cease so that they will no longer use it as a proverb in Israel." But tell them," The days draw near as well as the fulfillment of every vision.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:24---- Eze 12:24 Nan mitan pèp Izrayèl la, p'ap gen moun k'ap fè vizyon pou twonpe moun ankò, p'ap gen pwofèt pou bay manti.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:24 For there will no longer be any false vision or flattering divination within the house of Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:25---- Eze 12:25 Se mwen menm Seyè a ki pral pale ak yo. Sa m'a di a gen pou l' rive, l'ap rive vre. Tande byen, bann moun wòklò, nou p'ap mouri anvan li rive. Non, se p'ap bagay k'ap pran twòp tan pou li rive. Sa mwen pral di a, m'ap fè l' rive vre. Se mwen menm Seyè ki sèl Mèt la ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:25 For I the Lord will speak, and whatever word I speak will be performed. It will no longer be delayed, for in your days, O rebellious house, I will speak the word and perform it," declares the Lord God.'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:26---- Eze 12:26 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:26 Furthermore, the word of the Lord came to me, saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:27---- Eze 12:27 -Nonm o! Moun pèp Izrayèl yo ap di vizyon w'ap fè a poko prèt pou l' rive. Mesaj w'ap bay yo, se pa pou yo, y'a gen tan mouri anvan sa ou di a rive.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:27 "Son of man, behold, the house of Israel is saying, 'The vision that he sees is for many years from now, and he prophesies of times far off.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 12:28---- Eze 12:28 Se poutèt sa, w'a di yo: Men sa Seyè a, Bondye sèl mèt la, voye di yo: Mesaj m'ap bay la p'ap pran tan pou l' rive vre. Pawòl m'ap di a pral rive. Se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 12:28 Therefore say to them, 'Thus says the Lord God, "None of My words will be delayed any longer. Whatever word I speak will be performed,"'" declares the Lord God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 13:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0814_26_Ezekiel_12_ht-en.html 0810_26_Ezekiel_08_ht-en.html 0811_26_Ezekiel_09_ht-en.html 0812_26_Ezekiel_10_ht-en.html 0813_26_Ezekiel_11_ht-en.html 0815_26_Ezekiel_13_ht-en.html 0816_26_Ezekiel_14_ht-en.html 0817_26_Ezekiel_15_ht-en.html 0818_26_Ezekiel_16_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|