Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Eze 7:27 The king will mourn, the prince will be clothed with horror, and the hands of the people of the land will tremble. According to their conduct I will deal with them, and by their judgments I will judge them. And they will know that I am the Lord.'"(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 8:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic----
Eze 8:1 Nan senkyèm jou sizyèm mwa nan sizyèm lanne depi yo te depòte pèp la, mwen te chita lakay mwen ansanm ak chèf pèp Jida yo ki te reyini lakay mwen. Mwen rete konsa mwen santi pouvwa Seyè a, Bondye Sèl Mèt la, desann sou mwen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 8:1 It came about in the sixth year, on the fifth day of the sixth month, as I was sitting in my house with the elders of Judah sitting before me, that the hand of the Lord God fell on me there.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 8:2----
Eze 8:2 Mwen leve je m' gade, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Depi nan ren l' desann, kò l' te tankou yon flanm dife. Depi nan ren l' moute, li te klere tankou kwiv byen poli.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 8:2 Then I looked, and behold, a likeness as the appearance of a man; from His loins and downward there was the appearance of fire, and from His loins and upward the appearance of brightness, like the appearance of glowing metal.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 8:3----
Eze 8:3 Mwen wè l' lonje men l' tankou men yon moun, li pran m' nan cheve. Nan vizyon an, li leve m' byen wo nan syèl la, li mennen m' lavil Jerizalèm, devan pòtay anndan ki bay sou bò nò a, kote yo te mete yon estati zidòl ki te lakòz Bondye ankòlè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 8:3 He stretched out the form of a hand and caught me by a lock of my head; and the Spirit lifted me up between earth and heaven and brought me in the visions of God to Jerusalem, to the entrance of the north gate of the inner court, where the seat of the idol of jealousy, which provokes to jealousy, was located.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 8:4----
Eze 8:4 La, mwen wè yon gwo bèl limyè ki te fè m' konprann se Bondye pèp Izrayèl la ki te la, menm jan mwen te wè l' nan fon an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 8:4 And behold, the glory of the God of Israel was there, like the appearance which I saw in the plain.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 8:5----
Eze 8:5 Bondye di m' konsa: -Nonm o! Vire je ou gade bò nan nò! Mwen vire je m' gade bò nan nò. Mwen wè toupre lotèl ki bò pòtay kote moun pase pou antre a, estati zidòl ki te lakòz Bondye ankòlè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 8:5 Then He said to me, "Son of man, raise your eyes now toward the north." So I raised my eyes toward the north, and behold, to the north of the altar gate was this idol of jealousy at the entrance.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 8:6----
Eze 8:6 Bondye di m' ankò: -Nonm o! Eske ou wè sa y'ap fè? Gade tout bagay derespektan moun pèp Izrayèl yo ap plede fè pou yo fè m' kite tanp mwen an. Ou gen pou wè bagay ki pi mal pase sa toujou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 8:6 And He said to me, "Son of man, do you see what they are doing, the great abominations which the house of Israel are committing here, so that I would be far from My sanctuary? But yet you will see still greater abominations."(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 8:7----
Eze 8:7 Li pran m', li mennen m' nan pòtay ki bay sou lakou anndan an, li moutre m' yon twou nan miray la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 8:7 Then He brought me to the entrance of the court, and when I looked, behold, a hole in the wall.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 8:8----
Eze 8:8 Li di m' konsa: -Nonm o! Fè yon gwo twou nan miray la. Mwen fè gwo twou a. Lèfini, mwen jwenn yon pòt.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 8:8 He said to me, "Son of man, now dig through the wall." So I dug through the wall, and behold, an entrance.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 8:9----
Eze 8:9 Li di m' konsa: -Louvri pòt la antre! Gade tout kalite vye bagay derespektan moun sa yo ap fè la a!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 8:9 And He said to me, "Go in and see the wicked abominations that they are committing here."(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 8:10----
Eze 8:10 Mwen antre, mwen gade. Tout miray la nèt te kouvri ak pòtre koulèv, pòtre tout kalite bèt yo pa gen dwa manje ak pòtre lòt vye zidòl moun pèp Izrayèl yo ap sèvi.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 8:10 So I entered and looked, and behold, every form of creeping things and beasts and detestable things, with all the idols of the house of Israel, were carved on the wall all around.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 8:11----
Eze 8:11 Swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl yo te kanpe la devan zidòl yo. Yonn ladan yo te Jazanya, pitit Chafan an. Yo chak te kenbe yon lansanswa nan men yo. Gwo lafimen lansan t'ap moute.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 8:11 Standing in front of them were seventy elders of the house of Israel, with Jaazaniah the son of Shaphan standing among them, each man with his censer in his hand and the fragrance of the cloud of incense rising.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 8:12----
Eze 8:12 Bondye di m' konsa: -Nonm o! Eske ou wè sa chèf fanmi pèp Izrayèl yo ap plede fè an kachèt? Yo rete ap fè sèvis nan yon chanm kay plen zidòl. Men eskiz yo bay: O wi! Bondye pa wè nou! Bondye vire do l' bay peyi a!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 8:12 Then He said to me, "Son of man, do you see what the elders of the house of Israel are committing in the dark, each man in the room of his carved images? For they say, 'The Lord does not see us; the Lord has forsaken the land.'"(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 8:13----
Eze 8:13 Apre sa, Seyè a di m' ankò: -Ou gen pou wè yo ap fè bagay ki pi derespektan toujou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 8:13 And He said to me, "Yet you will see still greater abominations which they are committing."(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 8:14----
Eze 8:14 Lè sa a, li mennen m' bò pòtay nò tanp lan, li moutre m' yon bann fanm ki chita ap kenbe yon rèl lanmò pou zidòl yo rele Tamouz la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 8:14 Then He brought me to the entrance of the gate of the Lord's house which was toward the north; and behold, women were sitting there weeping for Tammuz.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 8:15----
Eze 8:15 Li di m' konsa: -Nonm o! Ou wè sa, pa vre? Ou gen pou ou wè gwo bagay pi derespektan ankò y'ap fè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 8:15 He said to me, "Do you see this, son of man? Yet you will see still greater abominations than these."(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 8:16----
Eze 8:16 Li mennen m' nan lakou anndan tanp lan. Mwen wè vennsenk nèg konsa kanpe bò pòt pou antre nan kote ki apa nèt pou Seyè a, nan mitan lotèl la ak galeri a. Yo te bay tanp lan do. Fas yo vire bò solèy leve. Yo bese tèt yo byen ba, y'ap fè sèvis pou solèy la k'ap leve.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 8:16 Then He brought me into the inner court of the Lord's house. And behold, at the entrance to the temple of the Lord, between the porch and the altar, were about twenty-five men with their backs to the temple of the Lord and their faces toward the east; and they were prostrating themselves eastward toward the sun.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 8:17----
Eze 8:17 Seyè a di m' konsa: -Nonm o! Eske ou wè sa? Moun peyi Jida sa yo ap fè tout vye bagay derespektan y'ap plede fè yo. Y'ap mache fè mechanste nan tout peyi a. Men sa pa kont yo toujou, se pou yo vini jouk isit la nan tanp lan pou fè yo, pou yo fè m' pi move toujou. Men y'ap fè move jès pou derespekte m', yo mete yon ti branch bwa anba nen yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 8:17 He said to me, "Do you see this, son of man? Is it too light a thing for the house of Judah to commit the abominations which they have committed here, that they have filled the land with violence and provoked Me repeatedly? For behold, they are putting the twig to their nose.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 8:18----
Eze 8:18 Mwen menm tou mwen pral fè yo santi jan mwen move sou yo. Yo mèt rele byen fò nan zòrèy mwen. Mwen p'ap tande yo. Mwen p'ap gen pitye pou yo. Yo mèt rele jan yo vle nan zòrèy mwen, mwen p'ap pran priyè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 8:18 Therefore, I indeed will deal in wrath. My eye will have no pity nor will I spare; and though they cry in My ears with a loud voice, yet I will not listen to them."(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 9:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic----


top of the page
THIS CHAPTER:    0810_26_Ezekiel_08_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0806_26_Ezekiel_04_ht-en.html
0807_26_Ezekiel_05_ht-en.html
0808_26_Ezekiel_06_ht-en.html
0809_26_Ezekiel_07_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0811_26_Ezekiel_09_ht-en.html
0812_26_Ezekiel_10_ht-en.html
0813_26_Ezekiel_11_ht-en.html
0814_26_Ezekiel_12_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."