Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Eze 46:24 Then he said to me, "These are the boiling places where the ministers of the house shall boil the sacrifices of the people."(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 47:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic----
Eze 47:1 Apre sa, nonm lan mennen m' tounen devan pòtay pou antre nan Tanp lan. Mwen wè yon dlo k'ap soti anba papòt kay la, li t'ap koule nan direksyon solèy leve. Se nan direksyon sa a pòtay Tanp lan te bay tou. Dlo a t'ap koule desann soti anba fondasyon ki sou bò sid Tanp lan, li pase adwat sou bò sid lotèl la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 47:1 Then he brought me back to the door of the house; and behold, water was flowing from under the threshold of the house toward the east, for the house faced east. And the water was flowing down from under, from the right side of the house, from south of the altar.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 47:2----
Eze 47:2 Nonm lan fè m' soti kite lakou Tanp lan. Mwen pase nan pòtay nò a, nou fè yon detou jouk nou rive bò pòtay ki bay sou solèy leve a. Yon ti dlo t'ap koule soti nan kwen sid pòtay la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 47:2 He brought me out by way of the north gate and led me around on the outside to the outer gate by way of the gate that faces east. And behold, water was trickling from the south side.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 47:3----
Eze 47:3 Nonm lan swiv ti kouran dlo a desann nan direksyon solèy leve. Avèk baton mezi ki te nan men l' lan, li mezire senksan mèt. Rive la, li fè m' janbe dlo a. Dlo a ban m' nan je pye.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 47:3 When the man went out toward the east with a line in his hand, he measured a thousand cubits, and he led me through the water, water reaching the ankles.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 47:4----
Eze 47:4 Li mezire yon lòt senksan mèt ankò, li fè m' janbe dlo a, dlo a ban mwen nan ren.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 47:4 Again he measured a thousand and led me through the water, water reaching the knees. Again he measured a thousand and led me through the water, water reaching the loins.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 47:5----
Eze 47:5 Li mezire yon lòt senksan mèt. Rive la, se te yon gwo larivyè. Mwen pa t' ka mache janbe l' ankò, dlo a te twò fon. Se naje pou m' ta naje travèse l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 47:5 Again he measured a thousand; and it was a river that I could not ford, for the water had risen, enough water to swim in, a river that could not be forded.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 47:6----
Eze 47:6 Li di m' konsa: -Nonm o! Make tou sa ou wè la a! Apre sa, li fè m' tounen sou bò larivyè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 47:6 He said to me, "Son of man, have you seen this?" Then he brought me back to the bank of the river.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 47:7----
Eze 47:7 Lè m' rive la, mwen wè te gen anpil pyebwa sou de bò larivyè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 47:7 Now when I had returned, behold, on the bank of the river there were very many trees on the one side and on the other.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 47:8----
Eze 47:8 Li di m' konsa: -Dlo sa a ap koule desann, l'ap travèse pòsyon tè ki bay sou solèy leve a, jouk li rive nan Fon Jouden an pou l' tonbe nan Lanmè Mouri a. Lè l'a tonbe nan Lanmè mouri a, l'ap fè dlo sale a tounen dlo dous.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 47:8 Then he said to me, "These waters go out toward the eastern region and go down into the Arabah; then they go toward the sea, being made to flow into the sea, and the waters of the sea become fresh.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 47:9----
Eze 47:9 Tout kote dlo a ap koule pral gen tout kalite bèt ak pwason. Dlo larivyè a pral fè dlo Lanmè Mouri a tounen dlo dous. Kote dlo a pase, l'ap bay lavi.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 47:9 It will come about that every living creature which swarms in every place where the river goes, will live. And there will be very many fish, for these waters go there and the others become fresh; so everything will live where the river goes.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 47:10----
Eze 47:10 Depi sous Angedi yo, desann ale jouk sous Eneglayim yo, pral gen moun k'ap peche sou tout bò lanmè a. Yo pral blayi senn yo ak privye yo mete cheche. Pral gen tout kalite pwason an kantite tankou nan lanmè Mediterane a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 47:10 And it will come about that fishermen will stand beside it; from Engedi to Eneglaim there will be a place for the spreading of nets. Their fish will be according to their kinds, like the fish of the Great Sea, very many.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 47:11----
Eze 47:11 Men, dlo ki nan lagon yo ak nan ma dlo ki sou rivaj la p'ap dous. Y'ap rete ak tout gwo sèl yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 47:11 But its swamps and marshes will not become fresh; they will be left for salt.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 47:12----
Eze 47:12 Sou de bò larivyè a, tout kalite pyebwa pral pouse pou bay fwi pou moun manje. Fèy yo p'ap janm fennen, yo p'ap janm sispann donnen. Y'ap bay yon donn chak mwa, paske dlo k'ap koule soti nan Tanp lan pral wouze yo. Pyebwa yo pral bay fwi pou moun manje. Fèy yo ap sèvi renmèd.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 47:12 By the river on its bank, on one side and on the other, will grow all kinds of trees for food. Their leaves will not wither and their fruit will not fail. They will bear every month because their water flows from the sanctuary, and their fruit will be for food and their leaves for healing."(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 47:13----
Eze 47:13 Seyè sèl Mèt la di m' ankò: -Men fwontyè peyi nou pral separe pou nou bay douz branch fanmi pèp Izrayèl yo pòsyon pa yo chak. N'a bay branch fanmi Jozèf la de pòsyon.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 47:13 Thus says the Lord God, "This shall be the boundary by which you shall divide the land for an inheritance among the twelve tribes of Israel; Joseph shall have two portions.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 47:14----
Eze 47:14 Separe tè a pou chak moun jwenn pòsyon pa yo. Mwen te pwomèt zansèt nou yo m'ap ba yo peyi sa a pou rele yo pa yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 47:14 You shall divide it for an inheritance, each one equally with the other; for I swore to give it to your forefathers, and this land shall fall to you as an inheritance.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 47:15----
Eze 47:15 Sou bò nò, fwontyè a va soti depi bò lanmè Mediterane a, l'a desann nan direksyon solèy leve, l'a pase lavil Etlon, l'a rive lavil Zeda nan Fon Amat la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 47:15 "This shall be the boundary of the land: on the north side, from the Great Sea by the way of Hethlon, to the entrance of Zedad;(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 47:16----
Eze 47:16 L'a pase lavil Bewota ak lavil Sibrayim, nan mitan peyi Damas ak peyi Amat. L'a rive lavil Tikon ki sou fwontyè peyi Oran an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 47:16 Hamath, Berothah, Sibraim, which is between the border of Damascus and the border of Hamath; Hazer-hatticon, which is by the border of Hauran.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 47:17----
Eze 47:17 Konsa, fwontyè nò peyi a soti bò lanmè Mediterane, li desann jouk lavil Enon nan direksyon solèy leve. L'ap bòde ak fwontyè peyi Damas ak peyi Amat.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 47:17 The boundary shall extend from the sea to Hazar-enan at the border of Damascus, and on the north toward the north is the border of Hamath. This is the north side.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 47:18----
Eze 47:18 Sou bò solèy leve, fwontyè a ap pati nan yon bòn ki ant peyi Damas la ak peyi Oran an. L'ap desann nan direksyon sid jouk larivyè Jouden an k'ap sèvi fwontyè ant peyi Izrayèl la sou bò solèy kouche ak peyi Galarad sou bò solèy leve. L'a desann toujou jouk li rive lavil Tama, bò lanmè Mouri a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 47:18 "The east side, from between Hauran, Damascus, Gilead and the land of Israel, shall be the Jordan; from the north border to the eastern sea you shall measure. This is the east side.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 47:19----
Eze 47:19 Sou bò sid la, fwontyè ap pran direksyon sid yon ti kras plis sou solèy kouche, soti lavil Tama rive nan ti bwa bò sous dlo Meriba yo nan peyi Kadès. Rive la, l'ap vire sou nò yon ti jan sou solèy kouche, l'a pran ravin lan moute rive bò lanmè Mediterane a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 47:19 "The south side toward the south shall extend from Tamar as far as the waters of Meribath-kadesh, to the brook of Egypt and to the Great Sea. This is the south side toward the south.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 47:20----
Eze 47:20 Sou bò solèy kouche a, se lanmè Mediterane a k'ap sèvi yo fwontyè moute rive sou yon bòn ki sou bò solèy kouche lavil Amat.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 47:20 "The west side shall be the Great Sea, from the south border to a point opposite Lebo-hamath. This is the west side.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 47:21----
Eze 47:21 N'a separe tè a bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la pòsyon pa yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 47:21 "So you shall divide this land among yourselves according to the tribes of Israel.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 47:22----
Eze 47:22 N'a separe peyi a bay chak moun sa ki vin pou yo. Moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou epi ki gen pitit ki fèt la va resevwa moso tè pa yo tou lè n'ap separe peyi a. Se pou nou konsidere yo tankou nenpòt moun pèp Izrayèl k'ap viv nan peyi a. Y'a tire osò pou pòsyon ki pou vin pou yo nan peyi a ansanm ak moun branch fanmi pèp Izrayèl yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 47:22 You shall divide it by lot for an inheritance among yourselves and among the aliens who stay in your midst, who bring forth sons in your midst. And they shall be to you as the native-born among the sons of Israel; they shall be allotted an inheritance with you among the tribes of Israel.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 47:23----
Eze 47:23 Chak moun lòt nasyon ki rete nan peyi a va resevwa moso tè pa yo nan pòsyon ki pou branch fanmi moun kote y'ap viv la. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 47:23 And in the tribe with which the alien stays, there you shall give him his inheritance," declares the Lord God.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 48:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic----


top of the page
THIS CHAPTER:    0849_26_Ezekiel_47_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0845_26_Ezekiel_43_ht-en.html
0846_26_Ezekiel_44_ht-en.html
0847_26_Ezekiel_45_ht-en.html
0848_26_Ezekiel_46_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0850_26_Ezekiel_48_ht-en.html
0851_27_Daniel_01_ht-en.html
0852_27_Daniel_02_ht-en.html
0853_27_Daniel_03_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."