|
================================================================================ ---- Ezekiel 43:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- Eze 43:1 Nonm lan mennen m' bò pòtay ki bay sou solèy leve a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:1 Then he led me to the gate, the gate facing toward the east;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 43:2---- Eze 43:2 Rive la, mwen wè gwo limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la k'ap soti bò solèy leve a, k'ap vini. Li fè yon gwo bri tankou bri lanmè ki move. Gwo limyè sa a te klere toupatou sou latè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:2 and behold, the glory of the God of Israel was coming from the way of the east. And His voice was like the sound of many waters; and the earth shone with His glory.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 43:3---- Eze 43:3 Vizyon sa a te parèy ak vizyon mwen te wè lè Bondye t'ap vini pou kraze lavil Jerizalèm lan, li te parèy ak vizyon mwen te wè bò larivyè Keba a. Mwen lage kò m' fas atè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:3 And it was like the appearance of the vision which I saw, like the vision which I saw when He came to destroy the city. And the visions were like the vision which I saw by the river Chebar; and I fell on my face.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 43:4---- Eze 43:4 Gwo limyè a pase nan pòtay solèy leve a, li antre nan Tanp lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:4 And the glory of the Lord came into the house by the way of the gate facing toward the east.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 43:5---- Eze 43:5 Lespri Seyè a leve m' anlè, li fè m' antre nan ti lakou anndan an, kote mwen wè gwo limyè Seyè a te plen tout Tanp lan nèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:5 And the Spirit lifted me up and brought me into the inner court; and behold, the glory of the Lord filled the house.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 43:6---- Eze 43:6 Nonm lan menm te kanpe bò kote m'. Mwen tande Seyè a pale avè m', antan li anndan tanp lan, li di m' konsa:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:6 Then I heard one speaking to me from the house, while a man was standing beside me.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 43:7---- Eze 43:7 -Nonm o! Men fotèy kote m' chita a! Men kote m'ap poze pye m' yo. Se la mwen pral rete nan mitan moun pèp Izrayèl yo pou tout tan. Ni pèp Izrayèl la ni wa yo p'ap janm fè sèvis pou lòt bondye osinon sou tonm wa yo ankò pou yo derespekte non m'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:7 He said to me, "Son of man, this is the place of My throne and the place of the soles of My feet, where I will dwell among the sons of Israel forever. And the house of Israel will not again defile My holy name, neither they nor their kings, by their harlotry and by the corpses of their kings when they die,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 43:8---- Eze 43:8 Wa yo te konn moute poto kay yo toupre Tanp mwen an, yo te mete papòt yo toupre papòt Tanp mwen an. Konsa se yon senp ti miray ki te separe yo avè m'. Men, yo lage kò yo nan fè yon bann vye bagay derespektan. Yo trennen non m' nan labou. Se poutèt sa mwen te move sou yo, mwen fini ak yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:8 by setting their threshold by My threshold and their door post beside My door post, with only the wall between Me and them. And they have defiled My holy name by their abominations which they have committed. So I have consumed them in My anger.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 43:9---- Eze 43:9 Koulye a, se pou yo sispann fè sèvis pou lòt bondye, se pou yo wete kadav wa yo devan je m'! Si yo fè sa, m'a rete nan mitan yo pou tout tan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:9 Now let them put away their harlotry and the corpses of their kings far from Me; and I will dwell among them forever.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 43:10---- Eze 43:10 Seyè a di m' ankò: -Nonm o! Fè moun pèp Izrayèl yo konnen ki jan Tanp lan pral ye. Fè yo kalkile plan Tanp lan byen. Fè yo wont tout vye bagay derespektan yo te konn fè yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:10 "As for you, son of man, describe the temple to the house of Israel, that they may be ashamed of their iniquities; and let them measure the plan.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 43:11---- Eze 43:11 Si yo wont tou sa yo te konn fè yo, w'a esplike yo plan Tanp lan: jan tout bagay ranje ladan l', kote pou yo pase antre, kote pou yo pase soti, fòm l'ap genyen, ansanm ak tout regleman ak lòd ki bay jan pou yo sèvi ladan l'. Kouche tou sa sou papye devan je yo pou yo ka wè jan tout bagay ranje, pou yo ka konfòme yo. Men lòd mwen bay pou Tanp lan:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:11 If they are ashamed of all that they have done, make known to them the design of the house, its structure, its exits, its entrances, all its designs, all its statutes, and all its laws. And write it in their sight, so that they may observe its whole design and all its statutes and do them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 43:12---- Eze 43:12 Tout zòn ki bò Tanp lan sou tèt mòn lan, se yon kote apa nèt pou mwen. Men lòd mwen bay sou Tanp lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:12 This is the law of the house: its entire area on the top of the mountain all around shall be most holy. Behold, this is the law of the house.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 43:13---- Eze 43:13 Men dimansyon lotèl la, dapre sistèm mezi nou sèvi pou mezire Tanp lan. Nan pye lotèl la, yon kannal vin pous pwofondè, vin pous lajè, ak yon rebò sou deyò dis pous wotè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:13 "And these are the measurements of the altar by cubits (the cubit being a cubit and a handbreadth): the base shall be a cubit and the width a cubit, and its border on its edge round about one span; and this shall be the height of the base of the altar.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 43:14---- Eze 43:14 Lotèl la ap fèt an twa pòsyon. Premye pòsyon an chita sou pye a. L'a gen kat pye wotè. Dezyèm pòsyon an va pi gwo, l'a gen sèt pye wotè sou premye pòsyon an, men longè l' ak lajè l' ap yon ti jan pi piti pou l' ka kite yon rebò vin pous chak bò sou tèt premye pòsyon an. Konsa tou, longè ak lajè dènye pòsyon an va yon ti jan pi piti pase dezyèm lan pou l' ka kite yon rebò vin pous chak bò sou tèt dezyèm pòsyon an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:14 From the base on the ground to the lower ledge shall be two cubits and the width one cubit; and from the smaller ledge to the larger ledge shall be four cubits and the width one cubit.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 43:15---- Eze 43:15 Dènye pòsyon sa a va gen sèt pye wotè tou. Se sou li pou yo boule ofrann yo. Nan kat kwen yo te gen kat kòn, vin pous wotè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:15 The altar hearth shall be four cubits; and from the altar hearth shall extend upwards four horns.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 43:16---- Eze 43:16 Anwo lotèl la te kare kare, vin pye chak bò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:16 Now the altar hearth shall be twelve cubits long by twelve wide, square in its four sides.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 43:17---- Eze 43:17 Pòsyon ki nan mitan an te kare kare tou, vennkat pye chak bò, ak yon ti rebò sou deyò, dis pous wotè. Ti kannal la te vin pous lajè. Macheskalye pou moute devan lotèl la te sou bò solèy leve.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:17 The ledge shall be fourteen cubits long by fourteen wide in its four sides, the border around it shall be half a cubit and its base shall be a cubit round about; and its steps shall face the east."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 43:18---- Eze 43:18 Seyè sèl Mèt la pale avè m', li di m' ankò: -Nonm o! Koute sa m'ap di, men sa mwen bay lòd pou yo fè: Lè n'a fin moute lotèl la, n'a mete l' apa pou mwen. N'a boule vyann bèt n'a ofri pou mwen yo sou li, n'a voye san bèt nou te touye yo sou tout lotèl la. Se konsa n'a mete lotèl la apa pou mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:18 And He said to me, "Son of man, thus says the Lord God, 'These are the statutes for the altar on the day it is built, to offer burnt offerings on it and to sprinkle blood on it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 43:19---- Eze 43:19 Nan moun Levi yo se prèt ki soti nan fanmi Zadòk la ase ki pou parèt devan m' pou sèvi m'. Men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, m' mande: N'a bay prèt sa yo yon jenn towo bèf pou yo ofri ban mwen pou mande padon pou peche yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:19 You shall give to the Levitical priests who are from the offspring of Zadok, who draw near to Me to minister to Me,' declares the Lord God, 'a young bull for a sin offering.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 43:20---- Eze 43:20 N'a pran ti gout nan san an, n'a vide l' sou tèt kat kòn yo nan kat kwen lotèl la, sou kat kwen pòsyon mitan lotèl la ak sou tout rebò a. Se konsa n'a wete tout peche ki te antre nan fè lotèl la, n'a mete l' apa nèt pou sèvis mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:20 You shall take some of its blood and put it on its four horns and on the four corners of the ledge and on the border round about; thus you shall cleanse it and make atonement for it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 43:21---- Eze 43:21 N'a pran towo bèf yo ofri ban mwen pou mande padon pou peche a, n'a boule l' yon lòt kote byen lwen andeyò lakou Tanp lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:21 You shall also take the bull for the sin offering, and it shall be burned in the appointed place of the house, outside the sanctuary.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 43:22---- Eze 43:22 Nan denmen, n'a pran yon bouk kabrit ki san ankenn enfimite, n'a ofri l' ban mwen pou mande m' padon pou peche nou yo. N'a mete lotèl la apa pou sèvis mwen ak san li, menm jan yo te fè l' lavèy ak san towo a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:22 'On the second day you shall offer a male goat without blemish for a sin offering, and they shall cleanse the altar as they cleansed it with the bull.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 43:23---- Eze 43:23 Lè n'a fin fè sa, n'a pran nan bann bèt nou yo yon jenn towo ak yon jenn belye mouton, tou de san ankenn enfimite.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:23 When you have finished cleansing it, you shall present a young bull without blemish and a ram without blemish from the flock.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 43:24---- Eze 43:24 N'a mennen yo devan m'. Prèt yo va voye sèl sou yo. Lèfini, y'a boule yo nèt tankou yon ofrann pou mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:24 You shall present them before the Lord, and the priests shall throw salt on them, and they shall offer them up as a burnt offering to the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 43:25---- Eze 43:25 Chak jou, pandan sèt jou, n'a ofri yon kabrit, yon towo ak yon belye mouton ban mwen pou mande padon pou peche nou yo. Se pou tout bèt sa yo san ankenn enfimite. N'a pran yo nan tout bann bèt nou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:25 For seven days you shall prepare daily a goat for a sin offering; also a young bull and a ram from the flock, without blemish, shall be prepared.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 43:26---- Eze 43:26 Pandan sèt jou, prèt yo va fè seremoni pou mete lotèl la nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se konsa y'a pare l' pou li ka sèvi nan Tanp lan, y'a mete l' apa pou Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:26 For seven days they shall make atonement for the altar and purify it; so shall they consecrate it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 43:27---- Eze 43:27 Apre sèt jou sa yo, prèt yo va konmanse ofri sou lotèl la lòt ofrann bèt pou yo boule nèt yo ansanm ak ofrann pèp la pou di Bondye mèsi. Se konsa m'a kontan ak nou. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 43:27 When they have completed the days, it shall be that on the eighth day and onward, the priests shall offer your burnt offerings on the altar, and your peace offerings; and I will accept you,' declares the Lord God."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 44:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0845_26_Ezekiel_43_ht-en.html 0841_26_Ezekiel_39_ht-en.html 0842_26_Ezekiel_40_ht-en.html 0843_26_Ezekiel_41_ht-en.html 0844_26_Ezekiel_42_ht-en.html 0846_26_Ezekiel_44_ht-en.html 0847_26_Ezekiel_45_ht-en.html 0848_26_Ezekiel_46_ht-en.html 0849_26_Ezekiel_47_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|