|
================================================================================ ---- Ezekiel 39:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- Eze 39:1 Seyè sèl Mèt la di ankò: -Nonm o! Bay mesaj mwen ba ou sou Gòg la. Wi, di li men mesaj mwen menm, Seyè sèl Mèt la, m' voye ba li: Ou menm Gòg, pi gwo chèf moun Mechèk ak moun Toubal yo, m' pral leve dèyè ou tou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:1 "And you, son of man, prophesy against Gog and say, 'Thus says the Lord God, "Behold, I am against you, O Gog, prince of Rosh, Meshech and Tubal;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:2---- Eze 39:2 M'ap fè ou pran yon lòt direksyon, m'ap fè ou soti nan pwent nò a, m'ap mennen ou sou mòn Izrayèl yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:2 and I will turn you around, drive you on, take you up from the remotest parts of the north and bring you against the mountains of Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:3---- Eze 39:3 Lè sa a, m'ap kraze bwa banza ki nan men gòch ou a. M'ap fè flèch yo soti tonbe nan men dwat ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:3 I will strike your bow from your left hand and dash down your arrows from your right hand.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:4---- Eze 39:4 Ou menm Gòg, ansanm ak tout lame ou la ak tout lòt pèp k'ap mache avè ou yo, nou pral mouri sou mòn peyi Izrayèl la. M'ap kite kadav nou sèvi manje pou malfini karanklou, pou tout kalite zwezo ak bèt nan bwa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:4 You will fall on the mountains of Israel, you and all your troops and the peoples who are with you; I will give you as food to every kind of predatory bird and beast of the field.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:5---- Eze 39:5 Nou pral mouri nan plenn yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki pale.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:5 You will fall on the open field; for it is I who have spoken," declares the Lord God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:6---- Eze 39:6 M'ap voye yon sèl dife nan peyi Magòg ak nan tout peyi bò lanmè kote moun t'ap viv san bri san kont lan. Tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:6 "And I will send fire upon Magog and those who inhabit the coastlands in safety; and they will know that I am the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:7---- Eze 39:7 Mwen pral fè tout moun nan pèp Izrayèl la konnen mwen gen yon non apa. Mwen p'ap kite yo trennen non mwen nan labou ankò. Lè sa a nasyon yo va konnen mwen menm, Seyè a, ki Bondye pèp Izrayèl la, se yon Bondye apa mwen ye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:7 "My holy name I will make known in the midst of My people Israel; and I will not let My holy name be profaned anymore. And the nations will know that I am the Lord, the Holy One in Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:8---- Eze 39:8 Seyè sèl Mèt la di ankò: -Wè pa wè, jou mwen t'ap pale a gen pou rive. Sa se sèten.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:8 Behold, it is coming and it shall be done," declares the Lord God. "That is the day of which I have spoken.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:9---- Eze 39:9 Lè sa a, moun ki rete nan lavil peyi Izrayèl yo pral soti, yo pral ranmase dènye zam moun yo te kite, y'ap boule yo. Y'ap limen gwo boukan ak plak pwotèj yo, gwo kou piti, ak banza ak tout flèch yo, ak frenn yo, ak baton yo. Boukan an ap pran sètan pou l' boule.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:9 "Then those who inhabit the cities of Israel will go out and make fires with the weapons and burn them, both shields and bucklers, bows and arrows, war clubs and spears, and for seven years they will make fires of them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:10---- Eze 39:10 Yo p'ap bezwen al chache bwa nan jaden pou fè dife, ni yo p'ap bezwen al koupe pyebwa nan rak, paske yo pral gen tout zam sa yo pou yo boule fè dife. Yo pral piye moun ki t'ap piye yo. Yo pral devalize moun ki t'ap devalize yo. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:10 They will not take wood from the field or gather firewood from the forests, for they will make fires with the weapons; and they will take the spoil of those who despoiled them and seize the plunder of those who plundered them," declares the Lord God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:11---- Eze 39:11 Seyè di ankò: -Lè sa a, m'a bay Gòg yon kote nan peyi Izrayèl la pou yo antere l'. Se va Fon Vwayajè yo, sou bò solèy leve lòt bò lanmè Mouri a. Se la yo pral antere Gòg ansanm ak tout lame li a. Y'a rele l' Fon lame Gòg la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:11 "On that day I will give Gog a burial ground there in Israel, the valley of those who pass by east of the sea, and it will block off those who would pass by. So they will bury Gog there with all his horde, and they will call it the valley of Hamon-gog.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:12---- Eze 39:12 Moun Izrayèl yo pral pran sèt mwa pou yo antere tout kadav yo, anvan pou peyi a nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:12 For seven months the house of Israel will be burying them in order to cleanse the land.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:13---- Eze 39:13 Tout moun nan peyi a pral mete men pou antere yo. Konsa tou, jou y'ap fè lwanj pou mwen an, y'a nonmen non yo tou. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:13 Even all the people of the land will bury them; and it will be to their renown on the day that I glorify Myself," declares the Lord God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:14---- Eze 39:14 Apre sèt mwa sa yo, y'a chwazi gason pou vwayaje nan tout peyi a al chache kadav ki rete atè a pou yo antere yo. Se travay sa a ase y'a gen pou yo fè. Konsa, y'a mete peyi a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:14 "They will set apart men who will constantly pass through the land, burying those who were passing through, even those left on the surface of the ground, in order to cleanse it. At the end of seven months they will make a search.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:15---- Eze 39:15 Nan vwayaj y'ap fè nan tout peyi a, chak fwa y'a jwenn yon zosman moun, y'a mete yon mak bò kote l' pou kwòkmò yo ka vin pran l' pou y' al antere l' nan Fon lame Gòg la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:15 As those who pass through the land pass through and anyone sees a man's bone, then he will set up a marker by it until the buriers have buried it in the valley of Hamon-gog.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:16---- Eze 39:16 Va gen yon lavil toupre, y'a rele l': Amona Fon lame a. Se konsa peyi a va nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:16 And even the name of the city will be Hamonah. So they will cleanse the land."'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:17---- Eze 39:17 Seyè sèl Mèt la di ankò: -Nonm o! Rele tout kalite zwezo ak tout kalite bèt nan bwa. Fè yo soti toupatou nan vwazinaj la pou yo sanble vin manje bèt mwen pare pou m' touye pou yo a. Pral gen yon gwo fèt sou mòn Izrayèl yo, kote yo pral manje vyann, kote yo pral bwè san.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:17 "As for you, son of man, thus says the Lord God, 'Speak to every kind of bird and to every beast of the field, "Assemble and come, gather from every side to My sacrifice which I am going to sacrifice for you, as a great sacrifice on the mountains of Israel, that you may eat flesh and drink blood.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:18---- Eze 39:18 Y'a manje vyann vanyan sòlda yo, y'a bwè san chèf latè yo. Moun sa yo, yo tankou belye mouton, ti mouton, bouk kabrit ak towo chatre byen gra peyi Bazan yo touye pou mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:18 You will eat the flesh of mighty men and drink the blood of the princes of the earth, as though they were rams, lambs, goats and bulls, all of them fatlings of Bashan.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:19---- Eze 39:19 Lè m'a fin touye tout moun sa yo tankou lè y'ap fè ofrann bèt pou mwen, zwezo yo ak bèt nan bwa yo va manje grès vyann mezi yo kapab. Y'a bwè san jouk yo sou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:19 So you will eat fat until you are glutted, and drink blood until you are drunk, from My sacrifice which I have sacrificed for you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:20---- Eze 39:20 Sou tab mwen an, y'a manje chwal, kavalye, sòlda ak moun k'ap fè lagè mezi yo kapab. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:20 You will be glutted at My table with horses and charioteers, with mighty men and all the men of war," declares the Lord God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:21---- Eze 39:21 Seyè a di ankò: -M'ap fè nasyon yo wè gwo pouvwa mwen. M'ap moutre yo jan mwen konn pini lè m'a pini yo, y'a santi fòs ponyèt mwen lè y'a tonbe anba men m'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:21 "And I will set My glory among the nations; and all the nations will see My judgment which I have executed and My hand which I have laid on them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:22---- Eze 39:22 Depi lè sa a, jouk byen lontan apre sa, moun pèp Izrayèl yo va konnen se mwen menm Seyè a ki Bondye yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:22 And the house of Israel will know that I am the Lord their God from that day onward.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:23---- Eze 39:23 Tout lòt nasyon yo va konnen se paske moun pèp Izrayèl yo pa t' kenbe pawòl yo te gen avè m' lan kifè yo te depòte yo. Se poutèt sa, mwen te vire do ba yo, mwen te lage yo nan men lènmi yo pou touye yo nan lagè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:23 The nations will know that the house of Israel went into exile for their iniquity because they acted treacherously against Me, and I hid My face from them; so I gave them into the hand of their adversaries, and all of them fell by the sword.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:24---- Eze 39:24 Mwen te ba yo sa yo te merite pou mechanste yo ak tout vye bagay derespektan yo te fè yo. Mwen vire do ba yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:24 According to their uncleanness and according to their transgressions I dealt with them, and I hid My face from them."'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:25---- Eze 39:25 Apre sa, Seyè sèl Mèt la di ankò: -Koulye a, mwen pral gen pitye pou pitit pitit Jakòb yo, pou pèp Izrayèl la. M'ap mete yo kanpe ankò. M'ap defann repitasyon non mwen an ki yon non apa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:25 Therefore thus says the Lord God, "Now I will restore the fortunes of Jacob and have mercy on the whole house of Israel; and I will be jealous for My holy name.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:26---- Eze 39:26 Lè y'a vin rete ankò nan peyi yo a san ankenn danje ni malè, san pesonn pou fè yo pè, y'a bliye jan moun te konn fè yo wont, jan yo pa t' kenbe pawòl yo avè m' pou y' al fè sa ki mal.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:26 They will forget their disgrace and all their treachery which they perpetrated against Me, when they live securely on their own land with no one to make them afraid.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:27---- Eze 39:27 M'ap fè pèp mwen an soti nan mitan lòt nasyon yo pou yo tounen lakay yo. M'ap mache ranmase yo nan tout peyi kote lènmi yo ap viv. Lè m'a fè sa pou yo anpil nasyon va wè se yon Bondye apa mwen ye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:27 When I bring them back from the peoples and gather them from the lands of their enemies, then I shall be sanctified through them in the sight of the many nations.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:28---- Eze 39:28 Lè sa a, pèp mwen an va konnen se mwen menm, Seyè a, ki Bondye yo. Wi, mwen te fè depòte yo nan mitan lòt nasyon. Koulye a, m'ap ranmase yo, m'ap mete yo ansanm ankò nan peyi pa yo a, san mwen pa kite yonn dèyè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:28 Then they will know that I am the Lord their God because I made them go into exile among the nations, and then gathered them again to their own land; and I will leave none of them there any longer.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 39:29---- Eze 39:29 Mwen p'ap janm vire do ba yo ankò paske m'ap voye lespri m' sou pèp Izrayèl la. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 39:29 I will not hide My face from them any longer, for I will have poured out My Spirit on the house of Israel," declares the Lord God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0841_26_Ezekiel_39_ht-en.html 0837_26_Ezekiel_35_ht-en.html 0838_26_Ezekiel_36_ht-en.html 0839_26_Ezekiel_37_ht-en.html 0840_26_Ezekiel_38_ht-en.html 0842_26_Ezekiel_40_ht-en.html 0843_26_Ezekiel_41_ht-en.html 0844_26_Ezekiel_42_ht-en.html 0845_26_Ezekiel_43_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|