|
================================================================================ ---- Ezekiel 36:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- Eze 36:1 Seyè a di ankò: -Koulye a, nonm o! Men mesaj pou ou bay mòn Izrayèl yo, koute sa Seyè a voye di nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:1 "And you, son of man, prophesy to the mountains of Israel and say, 'O mountains of Israel, hear the word of the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:2---- Eze 36:2 Wi, men mesaj mwen menm, Seyè sèl Mèt la, voye ban nou: Lènmi moun Izrayèl yo ap pase nou nan betiz, y'ap di: Tout ansyen mòn sa yo pou nou koulye a!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:2 Thus says the Lord God, "Because the enemy has spoken against you, 'Aha!' and, 'The everlasting heights have become our possession, '(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:3---- Eze 36:3 Se poutèt sa, bay mesaj sa a. Fè yo konnen sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, voye di yo: Lè nasyon ki sou fwontyè nou yo te anvayi peyi Izrayèl la pou yo te piye l', pou yo pran l' pou yo, tout moun t'ap pale sou nou, yo t'ap pase nou nan betiz.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:3 therefore prophesy and say, 'Thus says the Lord God, "For good reason they have made you desolate and crushed you from every side, that you would become a possession of the rest of the nations and you have been taken up in the talk and the whispering of the people."'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:4---- Eze 36:4 Enben, koulye a, mòn peyi Izrayèl yo, koute sa Seyè sèl Mèt la voye di nou. Men mesaj Seyè a bay pou tout mòn ak tout ti mòn, pou tout ravin ak tout fon nan peyi a, pou tout kay kraze moun yo kouri kite ak pou tout lavil yo ki tounen mazi. Moun lòt nasyon ki sou fwontyè nou yo te piye nou, yo te pase nou nan betiz.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:4 Therefore, O mountains of Israel, hear the word of the Lord God. Thus says the Lord God to the mountains and to the hills, to the ravines and to the valleys, to the desolate wastes and to the forsaken cities which have become a prey and a derision to the rest of the nations which are round about,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:5---- Eze 36:5 Men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, di ankò: M'ap move anpil, m'ap denonse lòt nasyon ki sou fwontyè nou yo. M'ap denonse tout moun nan peyi Edon an tou. Lè yo t'ap pran peyi mwen an pou yo te piye l' nèt ale a, yo pa t' manke kontan, yo pa t' manke pase nou nan rizib.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:5 therefore thus says the Lord God, "Surely in the fire of My jealousy I have spoken against the rest of the nations, and against all Edom, who appropriated My land for themselves as a possession with wholehearted joy and with scorn of soul, to drive it out for a prey."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:6---- Eze 36:6 Se poutèt sa, men mesaj pou ou bay peyi Izrayèl la. Pale ak tout mòn yo, tout ti mòn yo, tout ravin yo ak tout fon yo. Di yo: Men sa Seyè a voye di: Koulye a mwen move, mwen fache, m'ap pale! Wi, nou te soufri lè lòt nasyon yo t'ap joure nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:6 Therefore prophesy concerning the land of Israel and say to the mountains and to the hills, to the ravines and to the valleys," Thus says the Lord God, 'Behold, I have spoken in My jealousy and in My wrath because you have endured the insults of the nations.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:7---- Eze 36:7 enben wi, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, di: Mwen leve men m' pou m' fè sèman lòt nasyon ki sou fwontyè nou yo pral peye pou jan yo te pase nou nan betiz la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:7 Therefore thus says the Lord God, 'I have sworn that surely the nations which are around you will themselves endure their insults.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:8---- Eze 36:8 Men, sou tout mòn peyi Izrayèl yo, pyebwa yo pral fè fèy ankò, y'ap donnen pou nou menm, pèp mwen an, pèp Izrayèl la. Paske nou pa lwen tounen nan peyi nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:8 But you, O mountains of Israel, you will put forth your branches and bear your fruit for My people Israel; for they will soon come.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:9---- Eze 36:9 Paske mwen kanpe la avèk nou. Mwen pral swen nou. Tè jaden nou yo pral raboure, yo pral plante.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:9 For, behold, I am for you, and I will turn to you, and you will be cultivated and sown.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:10---- Eze 36:10 Mwen pral fè tout moun fanmi pèp Izrayèl yo peple, yo pral vin anpil. Tout lavil yo pral plen moun. Yo pral rebati tout kay ki te kraze yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:10 I will multiply men on you, all the house of Israel, all of it; and the cities will be inhabited and the waste places will be rebuilt.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:11---- Eze 36:11 Mwen pral fè ni moun ni bèt peple nan peyi a. Yo pral vin anpil, y'ap fè anpil pitit, m'ap fè nou rete kote nou te konn rete anvan an. M'ap fè nou viv pi byen pase jan nou te konn viv la. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:11 I will multiply on you man and beast; and they will increase and be fruitful; and I will cause you to be inhabited as you were formerly and will treat you better than at the first. Thus you will know that I am the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:12---- Eze 36:12 M'ap mennen nou tounen, nou menm moun pèp Izrayèl yo, pou nou ka viv nan peyi nou an. Nou pral pran peyi a pou nou. Peyi a pral rele nou pa nou. Li p'ap janm kite pitit li yo mouri ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:12 Yes, I will cause men--My people Israel--to walk on you and possess you, so that you will become their inheritance and never again bereave them of children.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:13---- Eze 36:13 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Yo te mache di: Peyi a ap manje moun li yo. L'ap touye tout pitit moun ki rete ladan l' yo. Se te vre.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:13 "Thus says the Lord God, 'Because they say to you, "You are a devourer of men and have bereaved your nation of children,"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:14---- Eze 36:14 Men, depi jòdi a, peyi a p'ap manje moun li yo ankò, li p'ap touye pitit moun ki rete ladan l' yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:14 therefore you will no longer devour men and no longer bereave your nation of children,' declares the Lord God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:15---- Eze 36:15 M'ap fè lòt nasyon yo sispann pase nou nan betiz. Nou p'ap tande jouman yo nan zòrèy nou ankò. Yo p'ap lonje dwèt sou nou ankò pou fè nou wont. Peyi a p'ap touye pitit li yo ankò. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:15 "I will not let you hear insults from the nations anymore, nor will you bear disgrace from the peoples any longer, nor will you cause your nation to stumble any longer," declares the Lord God.'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:16---- Eze 36:16 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:16 Then the word of the Lord came to me saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:17---- Eze 36:17 -Nonm o! Lè moun pèp Izrayèl yo te rete nan peyi yo a, yo mennen bak yo yon jan ki mete peyi a nan kondisyon li pa ka fè sèvis Bondye ankò. Lavi yo t'ap mennen an te mete yo nan kondisyon yo pa t' ka fè sèvis pou mwen. Nan je mwen yo pa t' pi bon pase yon fi ki gen lalin li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:17 "Son of man, when the house of Israel was living in their own land, they defiled it by their ways and their deeds; their way before Me was like the uncleanness of a woman in her impurity.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:18---- Eze 36:18 Se poutèt sa mwen fè yo santi jan mwen ka move sou yo, paske yo te fè anpil san koule nan peyi a, yo te mete zidòl toupatou. Konsa yo te mete peyi a nan kondisyon pou l' pa t' ka fè sèvis pou mwen ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:18 Therefore I poured out My wrath on them for the blood which they had shed on the land, because they had defiled it with their idols.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:19---- Eze 36:19 Mwen gaye yo nan mitan lòt nasyon yo. Mwen simaye yo nan tout peyi etranje yo. Mwen pini yo pou jan yo te mennen bak yo mal ak pou tou sa yo te fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:19 Also I scattered them among the nations and they were dispersed throughout the lands. According to their ways and their deeds I judged them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:20---- Eze 36:20 Nan tout peyi kote yo rive, yo lakòz moun derespekte non mwen ki yon non apa. Yo fè moun ap di sou yo: Men pèp Seyè a wi! Yo blije soti kite peyi li te ba yo a!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:20 When they came to the nations where they went, they profaned My holy name, because it was said of them, 'These are the people of the Lord; yet they have come out of His land.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:21---- Eze 36:21 Sa te ban m' tèt chaje pou m' te wè jan moun pèp Izrayèl yo te lakòz moun t'ap derespekte non m' nan tout peyi kote yo pase.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:21 But I had concern for My holy name, which the house of Israel had profaned among the nations where they went.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:22---- Eze 36:22 Se poutèt sa, w'a di moun pèp Izrayèl yo: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Sa m' pral fè a, se pa pou tèt nou m'ap fè l', tande. Se poutèt non mwen ki yon non apa, non nou te trennen nan labou nan tout peyi kote nou pase yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:22 "Therefore say to the house of Israel, 'Thus says the Lord God, "It is not for your sake, O house of Israel, that I am about to act, but for My holy name, which you have profaned among the nations where you went.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:23---- Eze 36:23 Menm jan nou te trennen non m' nan labou nan mitan lòt nasyon yo, konsa m' pral sèvi ak nou pou fè lòt nasyon yo wè jan m' gen pouvwa, jan m' se yon Bondye ki apa. Lè sa a, nasyon yo va konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:23 I will vindicate the holiness of My great name which has been profaned among the nations, which you have profaned in their midst. Then the nations will know that I am the Lord," declares the Lord God, "when I prove Myself holy among you in their sight.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:24---- Eze 36:24 M'ap wete nou nan mitan nasyon yo, m'ap sanble nou soti nan tout peyi yo, m'ap mennen nou tounen nan peyi pa nou an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:24 For I will take you from the nations, gather you from all the lands and bring you into your own land.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:25---- Eze 36:25 M'ap benyen nou nan bon dlo klè pou nou ka vin nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. M'ap mete nou nan kondisyon pou sèvi m', m'ap wete tout vye bagay derespektan nou t'ap fè yo ak tout zidòl nou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:25 Then I will sprinkle clean water on you, and you will be clean; I will cleanse you from all your filthiness and from all your idols.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:26---- Eze 36:26 M'ap mete lòt santiman nan kè nou. M'ap mete lòt lide nan tèt nou. M'ap wete tèt di nou an, m'ap fè nou tande lè m' pale nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:26 Moreover, I will give you a new heart and put a new spirit within you; and I will remove the heart of stone from your flesh and give you a heart of flesh.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:27---- Eze 36:27 M'ap mete Lespri m' nan nou, konsa m'ap fè nou mache dwat dapre lòd mwen ban nou, pou nou fè tou sa mwen mande nou fè. N'a kenbe prensip mwen yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:27 I will put My Spirit within you and cause you to walk in My statutes, and you will be careful to observe My ordinances.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:28---- Eze 36:28 Lè sa a, n'a rete nan peyi mwen te bay zansèt nou yo. Se nou menm ki pral pèp ki rele m' pa mwen. Mwen menm se Bondye nou m'ap ye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:28 You will live in the land that I gave to your forefathers; so you will be My people, and I will be your God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:29---- Eze 36:29 M'ap delivre nou anba tout vye bagay mal nou t'ap fè yo. M'ap bay ble yo lòd pou yo donnen anpil. Konsa mwen p'ap janm voye grangou sou nou ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:29 Moreover, I will save you from all your uncleanness; and I will call for the grain and multiply it, and I will not bring a famine on you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:30---- Eze 36:30 M'ap fè pye fwi nou yo ak jaden nou yo donnen an kantite. Konsa, nou p'ap nan grangou, nou p'ap wont ankò devan lòt nasyon yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:30 I will multiply the fruit of the tree and the produce of the field, so that you will not receive again the disgrace of famine among the nations.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:31---- Eze 36:31 Lè sa a, n'a chonje jan nou te mennen bak nou mal, jan nou te fè sa ki pa t' bon menm. Nou pral gen degoutans pou tèt nou paske nou te fè mechanste ak anpil bagay lèd devan Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:31 Then you will remember your evil ways and your deeds that were not good, and you will loathe yourselves in your own sight for your iniquities and your abominations.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:32---- Eze 36:32 Nou menm, moun Izrayèl yo, men sa Seyè sèl Mèt la di nou: Mwen vle fè nou konnen se pa poutèt nou m'ap fè sa m'ap fè a. Non! Okontrè, se wont pou nou ta wont, se bese pou nou ta bese je nou pou sa nou te fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:32 I am not doing this for your sake," declares the Lord God, "let it be known to you. Be ashamed and confounded for your ways, O house of Israel!"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:33---- Eze 36:33 Men sa Seyè sèl Mèt la di: Jou m'a mete nou nan kondisyon pou sèvi m' lan, lè m'a wete nou anba tout peche nou yo, m'a kite nou al rete nan lavil nou yo, m'a kite nou rebati kay kraze nou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:33 'Thus says the Lord God, "On the day that I cleanse you from all your iniquities, I will cause the cities to be inhabited, and the waste places will be rebuilt.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:34---- Eze 36:34 Tout moun k'ap pase bò jaden nou yo te wè jan yo te ravaje, jan yo te tounen dezè. Men, mwen pral fè nou travay jaden nou yo ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:34 The desolate land will be cultivated instead of being a desolation in the sight of everyone who passes by.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:35---- Eze 36:35 Konsa tout moun va di: Gade peyi ki te ravaje a non! Koulye a, li tounen yon bèl jaden tankou jaden Edenn lan. Gade jan lavil ki te fin kraze, piye, demoli yo tounen bèl lavil ak gwo ranpa plen moun non!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:35 They will say, 'This desolate land has become like the garden of Eden; and the waste, desolate and ruined cities are fortified and inhabited.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:36---- Eze 36:36 Lè sa a, rès moun lòt nasyon sou fwontyè nou yo ki chape anba lanmò va konnen se mwen menm, Seyè a, ki rebati tout lavil ki te kraze yo, se mwen menm ki replante jaden ki te ravaje yo. Se mwen menm, Seyè a, ki pale. Sa mwen di m'ap fè a, m'ap fè l'!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:36 Then the nations that are left round about you will know that I, the Lord, have rebuilt the ruined places and planted that which was desolate; I, the Lord, have spoken and will do it."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:37---- Eze 36:37 Seyè sèl Mèt la pale, li di: M'ap kite moun pèp Izrayèl yo vin mande m' sekou. M'ap kite yo peple tankou yon bann mouton.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:37 'Thus says the Lord God, "This also I will let the house of Israel ask Me to do for them: I will increase their men like a flock.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 36:38---- Eze 36:38 Lavil ki te fin kraze yo pral plen moun tankou lavil Jerizalèm plen mouton yo mennen pou touye pou Bondye lè jou fèt yo. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 36:38 Like the flock for sacrifices, like the flock at Jerusalem during her appointed feasts, so will the waste cities be filled with flocks of men. Then they will know that I am the Lord."'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 37:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0838_26_Ezekiel_36_ht-en.html 0834_26_Ezekiel_32_ht-en.html 0835_26_Ezekiel_33_ht-en.html 0836_26_Ezekiel_34_ht-en.html 0837_26_Ezekiel_35_ht-en.html 0839_26_Ezekiel_37_ht-en.html 0840_26_Ezekiel_38_ht-en.html 0841_26_Ezekiel_39_ht-en.html 0842_26_Ezekiel_40_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|