|
================================================================================ ---- Ezekiel 33:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- Eze 33:1 Seyè a pale avè m' ankò. Li di m' konsa:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:1 And the word of the Lord came to me, saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:2---- Eze 33:2 -Nonm o! Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo konsa: Lè m'ap voye lènmi atake yon peyi, moun peyi a va chwazi yonn nan yo, y'a mete l' faksyonnè pou veye peyi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:2 "Son of man, speak to the sons of your people and say to them, 'If I bring a sword upon a land, and the people of the land take one man from among them and make him their watchman,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:3---- Eze 33:3 Lè faksyonnè a va wè lènmi ap pwoche, l'a bay yon kout klewon pou avèti moun yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:3 and he sees the sword coming upon the land and blows on the trumpet and warns the people,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:4---- Eze 33:4 Si yon moun tande klewon an, men li pa okipe l', kifè lènmi an rive, li touye l', se djòb pa moun sa a, l'ap pote reskonsablite lanmò li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:4 then he who hears the sound of the trumpet and does not take warning, and a sword comes and takes him away, his blood will be on his own head.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:5---- Eze 33:5 Li tande kout klewon an pati, men li pa okipe sa, kifè sa lakòz li mouri. Paske si li te koute avètisman an, li ta ka pa mouri.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:5 He heard the sound of the trumpet but did not take warning; his blood will be on himself. But had he taken warning, he would have delivered his life.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:6---- Eze 33:6 Men, si faksyonnè a wè lènmi ap vini epi li pa bay kout klewon an pou avèti moun yo, lènmi an ap vini, l'ap touye moun. Moun yo ap mouri akòz peche yo fè, se vre. Men, se faksyonnè a k'ap pote reskonsablite lanmò yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:6 But if the watchman sees the sword coming and does not blow the trumpet and the people are not warned, and a sword comes and takes a person from them, he is taken away in his iniquity; but his blood I will require from the watchman's hand.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:7---- Eze 33:7 Koulye a, nonm o! Mwen mete ou faksyonnè pou veye pou pèp Izrayèl la. Lè w'a tande mesaj m'a ba ou a, w'a avèti yo pou mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:7 "Now as for you, son of man, I have appointed you a watchman for the house of Israel; so you will hear a message from My mouth and give them warning from Me.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:8---- Eze 33:8 Si mwen fè ou konnen yon mechan gen pou l' mouri, epi ou pa avèti l' pou l' chanje, pou l' kite move pant l'ap swiv la pou l' ka sove lavi l', l'ap toujou mouri poutèt peche l' yo, men se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:8 When I say to the wicked, 'O wicked man, you will surely die,' and you do not speak to warn the wicked from his way, that wicked man shall die in his iniquity, but his blood I will require from your hand.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:9---- Eze 33:9 Men, si ou avèti mechan an, lèfini li pa chanje, li pa kite move pant l'ap swiv la, l'ap mouri poutèt peche l' yo, men ou menm w'ap sove lavi pa ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:9 But if you on your part warn a wicked man to turn from his way and he does not turn from his way, he will die in his iniquity, but you have delivered your life.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:10---- Eze 33:10 Seyè a pale avè m', li di m' ankò: -Nonm o! W'a fè moun pèp Izrayèl yo chonje jan yo t'ap plede repete: Peche nou yo ak fòt nou yo ap peze lou sou nou. Se fini y'ap fini ak nou! Nou pa ka viv nan kondisyon sa a ankò!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:10 "Now as for you, son of man, say to the house of Israel, 'Thus you have spoken, saying, "Surely our transgressions and our sins are upon us, and we are rotting away in them; how then can we survive?"'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:11---- Eze 33:11 Enben, ou menm w'a di yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè a k'ap pale! Men sa mwen di: Mwen pa pran ankenn plezi nan wè mechan yo mouri. Mwen ta pito wè yo sispann fè sa ki mal pou yo ka viv. Nou menm moun pèp Izrayèl yo, sispann fè sa nou pa dwe fè. Tounen vin jwenn mwen. Poukisa se lanmò n'ap chache konsa?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:11 Say to them, 'As I live!' declares the Lord God, 'I take no pleasure in the death of the wicked, but rather that the wicked turn from his way and live. Turn back, turn back from your evil ways! Why then will you die, O house of Israel?'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:12---- Eze 33:12 Ou menm, nonm o! Men sa w'a di moun ou yo: Yon moun te mèt bon kou l' bon, li te mèt mache dwat kou l' mache dwat, jou li fè sa ki mal, li gen pou l' peye sa. Jou mechan an va sispann fè sa ki mal, yo p'ap pini l' pou sa li te konn fè a. Konsa tou, lè yon moun ki t'ap mache dwat pran fè sa ki mal, yo p'ap gade sou jan l' te konn mache dwat la pou yo pa fè l' peye sa l' fè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:12 And you, son of man, say to your fellow citizens, 'The righteousness of a righteous man will not deliver him in the day of his transgression, and as for the wickedness of the wicked, he will not stumble because of it in the day when he turns from his wickedness; whereas a righteous man will not be able to live by his righteousness on the day when he commits sin.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:13---- Eze 33:13 Wi, mwen deklare tout moun k'ap mache dwat yo gen pou viv. Men, si yo tanmen mete nan tèt yo, paske yo te konn mache dwat la yo gen dwa fè sa ki mal, mwen p'ap chonje jan yo te konn mache dwat la menm. Y'ap mouri paske yo fè sa yo pa t' dwe fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:13 When I say to the righteous he will surely live, and he so trusts in his righteousness that he commits iniquity, none of his righteous deeds will be remembered; but in that same iniquity of his which he has committed he will die.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:14---- Eze 33:14 Konsa tou, m' avèti tout mechan yo yo gen pou mouri. Men, si yon mechan sispann fè sa ki mal, epi li tanmen mache dwat devan mwen, l'ap fè sa ki byen,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:14 But when I say to the wicked, 'You will surely die,' and he turns from his sin and practices justice and righteousness,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:15---- Eze 33:15 si pa egzanp, li renmèt garanti yo te ba li pou lajan li te prete, si l' renmèt sa li te vòlò a, osinon si li sispann fè sa ki mal pou li mache dapre lòd mwen k'ap bay lavi a, li p'ap mouri, se viv pou li viv.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:15 if a wicked man restores a pledge, pays back what he has taken by robbery, walks by the statutes which ensure life without committing iniquity, he shall surely live; he shall not die.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:16---- Eze 33:16 M'ap padonnen tout peche li te fè yo. L'ap viv paske l'ap mache dwat devan mwen, l'ap fè sa ki byen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:16 None of his sins that he has committed will be remembered against him. He has practiced justice and righteousness; he shall surely live.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:17---- Eze 33:17 Moun ou yo ap plede di: Sa Bondye ap fè a pa bon. Men, se sa yo menm y'ap fè a ki pa bon.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:17 "Yet your fellow citizens say, 'The way of the Lord is not right,' when it is their own way that is not right.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:18---- Eze 33:18 Lè moun k'ap mache dwat la sispann fè sa ki byen pou l' lage kò l' nan fè sa ki mal, l'ap mouri poutèt sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:18 When the righteous turns from his righteousness and commits iniquity, then he shall die in it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:19---- Eze 33:19 Konsa tou, lè mechan an sispann fè mechanste pou li mache dwat, pou li fè sa ki byen, l'ap sove lavi l' poutèt sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:19 But when the wicked turns from his wickedness and practices justice and righteousness, he will live by them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:20---- Eze 33:20 Nou di sa Bondye sèl Mèt la ap fè a pa bon. Enben, m'ap jije chak moun dapre sa yo fè. Nou tande, moun pèp Izrayèl yo!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:20 Yet you say, 'The way of the Lord is not right.' O house of Israel, I will judge each of you according to his ways."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:21---- Eze 33:21 Nan senkyèm jou, dizyèm mwa, douzyèm lanne depi yo te depòte nou an, yon moun ki te resi chape kò l' soti lavil Jerizalèm vin pote nouvèl ban mwen, li di m' lavil la tonbe nan men lènmi.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:21 Now in the twelfth year of our exile, on the fifth of the tenth month, the refugees from Jerusalem came to me, saying, "The city has been taken."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:22---- Eze 33:22 Lavèy jou sa a, nan aswè, mwen te santi pouvwa Seyè a chita sou mwen avèk fòs. Nan maten, lè moun lan rive, Seyè a demare lang mwen pou m' te ka pale. Mwen pa t' bèbè ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:22 Now the hand of the Lord had been upon me in the evening, before the refugees came. And He opened my mouth at the time they came to me in the morning; so my mouth was opened and I was no longer speechless.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:23---- Eze 33:23 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:23 Then the word of the Lord came to me saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:24---- Eze 33:24 -Nonm o! Rès moun k'ap viv nan lavil yo fin kraze nan peyi Izrayèl la ap plede di: Abraram te pou kont li. Yo te ba li tout peyi a pou li. Nou menm nou anpil. Konsa, tout peyi a ap rete pou nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:24 "Son of man, they who live in these waste places in the land of Israel are saying, 'Abraham was only one, yet he possessed the land; so to us who are many the land has been given as a possession.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:25---- Eze 33:25 Men sa pou ou di yo: Seyè sèl Mèt la pale, li voye di nou: N'ap manje vyann ak tout san li ladan l'. N'ap fè sèvis pou zidòl, n'ap mete san moun deyò, epi nou mete nan tèt nou tout peyi a pral rete pou nou?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:25 Therefore say to them, 'Thus says the Lord God, "You eat meat with the blood in it, lift up your eyes to your idols as you shed blood. Should you then possess the land?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:26---- Eze 33:26 Nou met konfyans nou nan nepe nou. N'ap fè yon bann bagay ki derespektan. Tout gason marye ap kouche ak madanm frè parèy yo. Epi nou mete nan tèt nou tout peyi a pral rete pou nou?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:26 You rely on your sword, you commit abominations and each of you defiles his neighbor's wife. Should you then possess the land?"'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:27---- Eze 33:27 W'a pale ak yo, w'a di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè a k'ap pale: Rès moun k'ap viv nan lavil kraze yo pral mouri nan lagè. Moun k'ap viv andeyò yo, se bèt nan bwa ki pral manje yo. Moun ki al kache kò yo nan mòn, nan twou wòch, se maladi ki pral fini ak yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:27 Thus you shall say to them, 'Thus says the Lord God, "As I live, surely those who are in the waste places will fall by the sword, and whoever is in the open field I will give to the beasts to be devoured, and those who are in the strongholds and in the caves will die of pestilence.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:28---- Eze 33:28 M'ap fè peyi a tounen yon dezè san pesonn ladan l'. Fòs pouvwa ki te fè l' ap gonfle sou moun lan pral kraze. Mòn peyi Izrayèl yo pral tounen savann. Pesonn p'ap ka vwayaje pase ladan yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:28 I will make the land a desolation and a waste, and the pride of her power will cease; and the mountains of Israel will be desolate so that no one will pass through.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:29---- Eze 33:29 Lè m'a pini pèp la pou tout bagay derespektan yo fè yo, lè m'a fè peyi a tounen yon dezè san pesonn ladan l', lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:29 Then they will know that I am the Lord, when I make the land a desolation and a waste because of all their abominations which they have committed."'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:30---- Eze 33:30 Seyè a di m' konsa: -Nonm o! Tout pèp la sou do ou lè yo kontre yonn ak lòt bò miray lavil la, nan papòt lakay yo. Yonn ap di lòt: Ann al tande ki mesaj Seyè a voye ban nou fwa sa a!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:30 "But as for you, son of man, your fellow citizens who talk about you by the walls and in the doorways of the houses, speak to one another, each to his brother, saying, 'Come now and hear what the message is which comes forth from the Lord.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:31---- Eze 33:31 Se konsa, tankou si yo te gen dizon, tout pèp la ap sanble bò kote ou, y'ap vin chita devan ou pou yo ka koute sa w'ap di. Men, yo p'ap fè sa w'ap di yo fè. Yo pran pawòl ou yo pou fè bèl fraz. Se enterè yo ase yo konnen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:31 They come to you as people come, and sit before you as My people and hear your words, but they do not do them, for they do the lustful desires expressed by their mouth, and their heart goes after their gain.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:32---- Eze 33:32 Pou yo, ou pa anyen pase yon mizisyen ki gen bèl vwa, k'ap chante bèl ti chante swa, ki konn jwe mizik byen. Y'ap koute tou sa w'ap di yo, men yo p'ap fè sa ou di yo fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:32 Behold, you are to them like a sensual song by one who has a beautiful voice and plays well on an instrument; for they hear your words but they do not practice them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 33:33---- Eze 33:33 Men, lè sa ou di ki gen pou rive a rive vre, paske l'ap rive vre, se lè sa a y'a rekonèt te gen yon pwofèt nan mitan yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 33:33 So when it comes to pass--as surely it will--then they will know that a prophet has been in their midst."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0835_26_Ezekiel_33_ht-en.html 0831_26_Ezekiel_29_ht-en.html 0832_26_Ezekiel_30_ht-en.html 0833_26_Ezekiel_31_ht-en.html 0834_26_Ezekiel_32_ht-en.html 0836_26_Ezekiel_34_ht-en.html 0837_26_Ezekiel_35_ht-en.html 0838_26_Ezekiel_36_ht-en.html 0839_26_Ezekiel_37_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|