|
================================================================================ ---- Ezekiel 34:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- Eze 34:1 Seyè a pale avè m', li di m' konsa:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:1 Then the word of the Lord came to me saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:2---- Eze 34:2 -Nonm o! Bay mesaj sa a sou tout chèf ki reskonsab pèp Izrayèl la. Bay yo mesaj la, di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Madichon pou gadò pèp Izrayèl yo! Yo te mete yo la pou yo te swen pèp la, men se pwòp tèt yo ase yo konnen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:2 "Son of man, prophesy against the shepherds of Israel. Prophesy and say to those shepherds, 'Thus says the Lord God, "Woe, shepherds of Israel who have been feeding themselves! Should not the shepherds feed the flock?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:3---- Eze 34:3 Nou bwè lèt mouton yo, nou pran lenn sou do yo pou fè rad mete sou nou, nou touye sa ki pi gra yo pou nou manje. Men, nou pa janm swen mouton yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:3 You eat the fat and clothe yourselves with the wool, you slaughter the fat sheep without feeding the flock.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:4---- Eze 34:4 Nou pa bay sa ki mèg yo manje pou yo pran fòs. Nou pa swen sa ki malad yo. Nou pa mete renmèd sou sa ki blese yo. Nou pa fè sa ki te soti nan bann yo tounen nan plas yo. Nou pa al chache sa ki te pèdi yo. Lekontrè, nou sèvi ak pozisyon chèf nou an pou n' kraze yo, pou n' maltrete yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:4 Those who are sickly you have not strengthened, the diseased you have not healed, the broken you have not bound up, the scattered you have not brought back, nor have you sought for the lost; but with force and with severity you have dominated them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:5---- Eze 34:5 Paske mouton yo te san gadò, yo gaye nan raje yo, bèt nan bwa touye yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:5 They were scattered for lack of a shepherd, and they became food for every beast of the field and were scattered.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:6---- Eze 34:6 Se konsa mouton yo gaye sou gwo mòn yo ak sou ti mòn yo. Mouton yo gaye toupatou sou latè. Pesonn pa okipe yo, pesonn pa chache kote yo ye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:6 My flock wandered through all the mountains and on every high hill; My flock was scattered over all the surface of the earth, and there was no one to search or seek for them."'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:7---- Eze 34:7 Se poutèt sa, nou menm gadò ki reskonsab pèp Izrayèl la, koute sa Seyè a voye di nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:7 Therefore, you shepherds, hear the word of the Lord:(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:8---- Eze 34:8 Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale. Bèt nan bwa atake mouton m' yo, yo devore yo, paske yo te san gadò. Gadò m' yo pa fè anyen pou mouton m' yo. Se tèt pa yo ase yo konnen. Yo pa swen mouton m' yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:8 "As I live," declares the Lord God, "surely because My flock has become a prey, My flock has even become food for all the beasts of the field for lack of a shepherd, and My shepherds did not search for My flock, but rather the shepherds fed themselves and did not feed My flock;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:9---- Eze 34:9 Konsa, nou menm gadò pèp la, koute pawòl mwen menm, Seyè a, m'ap di nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:9 therefore, you shepherds, hear the word of the Lord:(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:10---- Eze 34:10 Wi, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, voye di nou: M'ap leve dèyè nou! M'ap wete mouton yo nan men nou. Mwen p'ap kite nou reskonsab mouton m' yo ankò. Konsa nou p'ap rete chita ap angrese tèt nou ase sou do mouton m' yo. Wi, m'ap wete mouton m' yo anba dan nou. Nou p'ap ka pwofite sou yo ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:10 'Thus says the Lord God, "Behold, I am against the shepherds, and I will demand My sheep from them and make them cease from feeding sheep. So the shepherds will not feed themselves anymore, but I will deliver My flock from their mouth, so that they will not be food for them."'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:11---- Eze 34:11 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Se mwen menm menm ki pral chache mouton m' yo pou m' swen yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:11 For thus says the Lord God, "Behold, I Myself will search for My sheep and seek them out.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:12---- Eze 34:12 Menm jan yon gadò mache swen mouton l' yo ki te gaye, konsa m'ap mache sanble tout mouton m' yo, m'ap pran yo tout kote yo te gaye yo depi jou fènwa a, jou gwo malè a, m'ap fè yo tounen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:12 As a shepherd cares for his herd in the day when he is among his scattered sheep, so I will care for My sheep and will deliver them from all the places to which they were scattered on a cloudy and gloomy day.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:13---- Eze 34:13 M'ap fè yo soti nan mitan moun lòt nasyon yo, m'ap sanble yo, m'ap mennen yo tounen nan pwòp peyi pa yo. M'ap mennen yo vin manje sou tout mòn peyi Izrayèl yo, nan fon yo, tout kote moun ka rete nan peyi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:13 I will bring them out from the peoples and gather them from the countries and bring them to their own land; and I will feed them on the mountains of Israel, by the streams, and in all the inhabited places of the land.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:14---- Eze 34:14 M'ap kite yo manje nan bon jaden zèb. Sou tout mòn byen wo nan peyi Izrayèl la, yo pral jwenn kote pou yo rete san danje. Se la yo pral poze kò yo, yo pral jwenn kont zèb vèt yo sou tout mòn peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:14 I will feed them in a good pasture, and their grazing ground will be on the mountain heights of Israel. There they will lie down on good grazing ground and feed in rich pasture on the mountains of Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:15---- Eze 34:15 Se mwen menm ki pral okipe mouton m' yo. Se mwen menm k'ap jwenn yon kote pou yo poze. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:15 I will feed My flock and I will lead them to rest," declares the Lord God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:16---- Eze 34:16 Sa ki pèdi yo, m'ap chache yo. Sa ki te soti nan bann yo, m'ap fè yo tounen nan plas yo. Sa ki blese yo, m'ap mete renmèd pou yo. Sa ki malad yo, m'ap geri yo. Men, sa ki gra yo, sa ki byen gwo yo, m'ap touye yo. M'ap swen mouton m' yo jan m' dwe fè l' la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:16 "I will seek the lost, bring back the scattered, bind up the broken and strengthen the sick; but the fat and the strong I will destroy. I will feed them with judgment.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:17---- Eze 34:17 Pou nou menm, mouton m' yo, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen voye di nou. Mwen pral jije nou chak. M'ap mete bon yo yon bò, move yo yon bò, belye mouton yo yon bò, bouk kabrit yo yon bò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:17 "As for you, My flock, thus says the Lord God, 'Behold, I will judge between one sheep and another, between the rams and the male goats.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:18---- Eze 34:18 Gen en nan mitan nou, se yo ase ki pou manje pi bon zèb yo. Men, sa pa kont yo toujou. Se pou yo pilonnen anba pye yo sa ki pa manje yo. Se yo ase ki pou bwè bèl dlo fre. Men sa pa kont yo toujou, fòk yo sal rès dlo a ak pye yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:18 Is it too slight a thing for you that you should feed in the good pasture, that you must tread down with your feet the rest of your pastures? Or that you should drink of the clear waters, that you must foul the rest with your feet?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:19---- Eze 34:19 Konsa, rès mouton m' yo blije manje zèb lòt yo te pilonnen anba pye yo. Yo blije bwè rès dlo lòt yo te sal ak pye yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:19 As for My flock, they must eat what you tread down with your feet and drink what you foul with your feet!'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:20---- Eze 34:20 Se konsa, koulye a, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen voye di nou: Mwen pral jije mouton gra yo ak mouton mèg yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:20 Therefore, thus says the Lord God to them, "Behold, I, even I, will judge between the fat sheep and the lean sheep.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:21---- Eze 34:21 Nou pouse mouton ki san fòs yo sou kote, nou ba yo kou ak dèyè nou, ak pòtray nou, ak kòn nou jouk nou mete yo deyò, nou fè yo kite bann lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:21 Because you push with side and with shoulder, and thrust at all the weak with your horns until you have scattered them abroad,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:22---- Eze 34:22 Men, m'ap vin sove mouton m' yo, m' p'ap kite nou fè piyay sou do yo ankò. Se mwen menm k'ap jij nan mitan nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:22 therefore, I will deliver My flock, and they will no longer be a prey; and I will judge between one sheep and another.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:23---- Eze 34:23 M'ap ba yo yon wa k'ap tankou David, sèvitè m' lan. Se li menm ki pral okipe yo, k'ap mennen yo manje. Se li menm k'ap gadò yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:23 "Then I will set over them one shepherd, My servant David, and he will feed them; he will feed them himself and be their shepherd.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:24---- Eze 34:24 Se mwen menm, Seyè a, k'ap Bondye yo. Se yon wa, tankou David sèvitè m' lan, ki va sèl chèf nan mitan yo. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:24 And I, the Lord, will be their God, and My servant David will be prince among them; I the Lord have spoken.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:25---- Eze 34:25 M'ap pase ak yo yon kontra k'ap garanti yo kè poze, m'ap fè tout bèt nan bwa disparèt nan peyi a. Konsa mouton m' yo va rete san pwoblèm nan savann yo, y'a dòmi nan rakbwa yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:25 "I will make a covenant of peace with them and eliminate harmful beasts from the land so that they may live securely in the wilderness and sleep in the woods.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:26---- Eze 34:26 M'ap fè yo rete tout bò ti mòn ki apa pou mwen an. M'ap beni yo, m'ap ba yo bèl lapli lè pou lapli tonbe.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:26 I will make them and the places around My hill a blessing. And I will cause showers to come down in their season; they will be showers of blessing.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:27---- Eze 34:27 Pyebwa nan jaden yo va donnen, jaden yo va bay bèl rekòt, tout moun pral viv ak kè poze nan peyi yo a. Lè m'a wete chenn lan nan kou yo, lè m'a delivre yo anba men moun ki te fè yo tounen esklav, lè sa a y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:27 Also the tree of the field will yield its fruit and the earth will yield its increase, and they will be secure on their land. Then they will know that I am the Lord, when I have broken the bars of their yoke and have delivered them from the hand of those who enslaved them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:28---- Eze 34:28 Moun lòt nasyon p'ap piye yo ankò. Bèt nan bwa p'ap devore yo ankò nan peyi a. Yo pral rete lakay yo san danje. Pesonn p'ap vin chache yo kont.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:28 They will no longer be a prey to the nations, and the beasts of the earth will not devour them; but they will live securely, and no one will make them afraid.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:29---- Eze 34:29 M'ap ba yo bon venn tè nan jaden yo. Moun p'ap mouri grangou nan peyi a ankò. Lòt nasyon yo p'ap pase yo nan betiz ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:29 I will establish for them a renowned planting place, and they will not again be victims of famine in the land, and they will not endure the insults of the nations anymore.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:30---- Eze 34:30 Tout moun va konnen se mwen menm Seyè a, Bondye yo a, ki kanpe la avèk yo. Yo menm, moun fanmi Izrayèl yo, se pèp pa m' lan menm yo ye. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:30 Then they will know that I, the Lord their God, am with them, and that they, the house of Israel, are My people," declares the Lord God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 34:31---- Eze 34:31 Nou menm, moun, se mouton mwen nou ye, bann mouton m'ap okipe yo. Mwen menm, se Bondye nou mwen ye. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 34:31 "As for you, My sheep, the sheep of My pasture, you are men, and I am your God," declares the Lord God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 35:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0836_26_Ezekiel_34_ht-en.html 0832_26_Ezekiel_30_ht-en.html 0833_26_Ezekiel_31_ht-en.html 0834_26_Ezekiel_32_ht-en.html 0835_26_Ezekiel_33_ht-en.html 0837_26_Ezekiel_35_ht-en.html 0838_26_Ezekiel_36_ht-en.html 0839_26_Ezekiel_37_ht-en.html 0840_26_Ezekiel_38_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|