Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Amo 8:14 "As for those who swear by the guilt of Samaria, Who say, 'As your god lives, O Dan, 'And, 'As the way of Beersheba lives, 'They will fall and not rise again."(NASB-1995)

================================================================================
---- Amos 9:1 ---- written 755 B.C. Pre-Exilic----
Amo 9:1 Mwen fè yon vizyon, mwen wè Seyè a kanpe sou lotèl la. Li di konsa: -Frape tèt poto tanp lan jouk tout galeri a tranble. Kraze tèt poto yo pou yo tonbe an miyèt moso sou tèt moun yo. Rès ki pa mouri a, m'ap touye yo nan lagè. Yo yonn p'ap chape, yo yonn p'ap sove.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Amo 9:1 I saw the Lord standing beside the altar, and He said, "Smite the capitals so that the thresholds will shake, And break them on the heads of them all! Then I will slay the rest of them with the sword; They will not have a fugitive who will flee, Or a refugee who will escape.(NASB-1995)

================================================================================
---- Amos 9:2----
Amo 9:2 Menm si yo fouye twou pou yo antre nan peyi kote mò yo ye a, m'ap rale yo met deyò. Menm si yo ta moute anwo nan syèl la, m'ap rale yo desann.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Amo 9:2 "Though they dig into Sheol, From there will My hand take them; And though they ascend to heaven, From there will I bring them down.(NASB-1995)

================================================================================
---- Amos 9:3----
Amo 9:3 Si y' al kache sou tèt mòn Kamèl, m'ap chache yo, m'ap mete men sou yo. Si y' al kache pou mwen nan fon lanmè, m'ap bay gwo sèpan lanmè a lòd pou l' mòde yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Amo 9:3 "Though they hide on the summit of Carmel, I will search them out and take them from there; And though they conceal themselves from My sight on the floor of the sea, From there I will command the serpent and it will bite them.(NASB-1995)

================================================================================
---- Amos 9:4----
Amo 9:4 Si lènmi fè yo prizonye pou l' ta mennen yo ale kite peyi yo a, m'ap bay lòd touye yo. M'ap voye je m' sou yo. Men, fwa sa a, se p'ap pou byen yo, se va pou malè yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Amo 9:4 "And though they go into captivity before their enemies, From there I will command the sword that it slay them, And I will set My eyes against them for evil and not for good."(NASB-1995)

================================================================================
---- Amos 9:5----
Amo 9:5 Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, ap annik manyen latè, latè ap pran tranble. Tout moun ki rete sou latè ap nan lapenn. Latè ap moute, l'ap gonfle, epi l'ap bese tankou dlo larivyè Nil.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Amo 9:5 The Lord God of hosts, The One who touches the land so that it melts, And all those who dwell in it mourn, And all of it rises up like the Nile And subsides like the Nile of Egypt;(NASB-1995)

================================================================================
---- Amos 9:6----
Amo 9:6 Seyè a bati kay li anwo nan syèl la. Li mete vout syèl la anlè latè. Li rale dlo lanmè a, li vide l' sou tout latè. Yo rele li Seyè. Wi, se konsa yo rele l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Amo 9:6 The One who builds His upper chambers in the heavens And has founded His vaulted dome over the earth, He who calls for the waters of the sea And pours them out on the face of the earth, The Lord is His name.(NASB-1995)

================================================================================
---- Amos 9:7----
Amo 9:7 Men sa Seyè a di ankò: Nou menm, moun Izrayèl yo, mwen konsidere nou koulye a menm jan ak moun Letiopi yo. Se mwen menm, pa vre, ki te fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip? Se pa mwen menm tou ki te fè moun Filisti yo soti kite lil Lakrèt, epi ki te fè moun Siri yo soti lavil Kir?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Amo 9:7 "Are you not as the sons of Ethiopia to Me, O sons of Israel?" declares the Lord. "Have I not brought up Israel from the land of Egypt, And the Philistines from Caphtor and the Arameans from Kir?(NASB-1995)

================================================================================
---- Amos 9:8----
Amo 9:8 Mwen voye je m' sou pèp Izrayèl la, mwen wè jan yo lage kò yo nan fè sa ki mal. Mwen pral disparèt yo sou latè. Men, mwen p'ap fin touye tout pitit Jakòb yo nèt. Non. Mwen pa ka fè sa. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Amo 9:8 "Behold, the eyes of the Lord God are on the sinful kingdom, And I will destroy it from the face of the earth; Nevertheless, I will not totally destroy the house of Jacob," Declares the Lord.(NASB-1995)

================================================================================
---- Amos 9:9----
Amo 9:9 Men, mwen pral pase yon lòd. Mwen pral vannen moun Izrayèl ki nan mitan lòt nasyon yo tankou yo vannen grenn nan laye. Pa menm yon bon grenn p'ap tonbe atè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Amo 9:9 "For behold, I am commanding, And I will shake the house of Israel among all nations As grain is shaken in a sieve, But not a kernel will fall to the ground.(NASB-1995)

================================================================================
---- Amos 9:10----
Amo 9:10 Tout moun nan pèp la k'ap fè sa ki mal pral mouri nan lagè. Yo tout k'ap plede di: O wi, Bondye p'ap kite malè rive nou, ni li p'ap kite malè tonbe sou nou, yo tout pral mouri nan lagè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Amo 9:10 "All the sinners of My people will die by the sword, Those who say, 'The calamity will not overtake or confront us.'(NASB-1995)

================================================================================
---- Amos 9:11----
Amo 9:11 Seyè a di: Yon jou gen pou rive! Jou sa a, m'a mete peyi wa David la kanpe ankò sou de pye l'. Koulye a li tankou yon kay k'ap fin kraze. Lè sa a, m'a repare tout kote ki fann yo. M'a refè miray ki te fin kraze yo. M'ap rebati peyi a jan l' te ye nan tan lontan an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Amo 9:11 "In that day I will raise up the fallen booth of David, And wall up its breaches; I will also raise up its ruins And rebuild it as in the days of old;(NASB-1995)

================================================================================
---- Amos 9:12----
Amo 9:12 Konsa, pèp Izrayèl la va pran posesyon pòsyon ki rete nan peyi Edon an. Y'a donminen ankò sou lòt nasyon mwen te fè yo. Se Seyè a ki di sa, se li menm menm k'ap fè sa rive konsa!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Amo 9:12 That they may possess the remnant of Edom And all the nations who are called by My name," Declares the Lord who does this.(NASB-1995)

================================================================================
---- Amos 9:13----
Amo 9:13 Jou yo ap vini. Lè sa a, yo p'ap kò fin ranmase rekòt, y'ap gen tan ap pare tè pou plante ankò. Yo p'ap kò fin kraze rezen pou fè diven, y'ap gen tan ap pare pou mete pye rezen nan tè ankò. Diven byen dous ap koule sou tout mòn yo, l'ap koule desann sou tout ti mòn yo. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Amo 9:13 "Behold, days are coming," declares the Lord, "When the plowman will overtake the reaper And the treader of grapes him who sows seed; When the mountains will drip sweet wine And all the hills will be dissolved.(NASB-1995)

================================================================================
---- Amos 9:14----
Amo 9:14 M'ap mennen pèp mwen an tounen nan peyi l' ankò. Y'a rebati lavil ki te fin kraze yo, y'a rete ladan yo. Y'a plante jaden rezen, y'a bwè diven. Y'a fè bèl jaden, y'a manje rekòt jaden yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Amo 9:14 "Also I will restore the captivity of My people Israel, And they will rebuild the ruined cities and live in them; They will also plant vineyards and drink their wine, And make gardens and eat their fruit.(NASB-1995)

================================================================================
---- Amos 9:15----
Amo 9:15 M'a plante pèp mwen an nan peyi yo a, nan peyi mwen te ba yo a. Pesonn p'ap janm ka derasinen yo ankò. Se Seyè a, Bondye a, ki pale.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Amo 9:15 "I will also plant them on their land, And they will not again be rooted out from their land Which I have given them," Says the Lord your God.(NASB-1995)

================================================================================


top of the page
THIS CHAPTER:    0888_30_Amos_09_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0884_30_Amos_05_ht-en.html
0885_30_Amos_06_ht-en.html
0886_30_Amos_07_ht-en.html
0887_30_Amos_08_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0889_31_Obadiah_01_ht-en.html
0890_32_Jonah_01_ht-en.html
0891_32_Jonah_02_ht-en.html
0892_32_Jonah_03_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."