Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Amo 9:15 "I will also plant them on their land, And they will not again be rooted out from their land Which I have given them," Says the Lord your God.(NASB-1995)

================================================================================
---- Obadiah 1:1 ---- written 586 B.C. Exilic----
Oba 1:1 Mesaj pwofèt Abdyas sou peyi Edon. Men mesaj Seyè a te ban mwen: Nou te tande mesaj Seyè a te bay la. Li te voye mesaj li a nan tout nasyon yo pou di yo: Annavan! Leve non! Ann mache pran Edon! Ann al goumen avè l'!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Oba 1:1 The vision of Obadiah. Thus says the Lord God concerning Edom-- We have heard a report from the Lord, And an envoy has been sent among the nations saying, "Arise and let us go against her for battle"--(NASB-1995)

================================================================================
---- Obadiah 1:2----
Oba 1:2 Men sa Seyè a di moun peyi Edon yo: Mwen pral fè peyi nou an vin tou fèb nan mitan lòt nasyon yo. Tout moun pral meprize nou nèt!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Oba 1:2 "Behold, I will make you small among the nations; You are greatly despised.(NASB-1995)

================================================================================
---- Obadiah 1:3----
Oba 1:3 Se awogans nou ki fè nou pèdi tèt nou. Nou bati kapital nou sou tèt gwo wòch yo. Nou moute kay nou byen wo nan mòn yo. Epi n'ap di nan kè nou: Ki moun ki ka fè nou desann la a!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Oba 1:3 "The arrogance of your heart has deceived you, You who live in the clefts of the rock, In the loftiness of your dwelling place, Who say in your heart, 'Who will bring me down to earth?'(NASB-1995)

================================================================================
---- Obadiah 1:4----
Oba 1:4 Nou te mèt bati kay nou byen wo tankou nich malfini, nou te mèt mete nich nou byen wo tankou si li te nan mitan zetwal yo, m'ap voye nou jete anba, m'ap fè nou desann. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Oba 1:4 "Though you build high like the eagle, Though you set your nest among the stars, From there I will bring you down," declares the Lord.(NASB-1995)

================================================================================
---- Obadiah 1:5----
Oba 1:5 Lè vòlò antre lakay moun lannwit pou piye, yo annik pran sa yo bezwen. Lè moun ap ranmase rekòt rezen, yo toujou kite dèyè pou moun k'ap vin grapiye yo. Men, gade jan lènmi ravaje nou nèt ale non!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Oba 1:5 "If thieves came to you, If robbers by night" O how you will be ruined!-- Would they not steal only until they had enough? If grape gatherers came to you, Would they not leave some gleanings?(NASB-1995)

================================================================================
---- Obadiah 1:6----
Oba 1:6 Yo fouye toupatou nan peyi Ezaou a. Yo pran tout trezò nou te kache yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Oba 1:6 "O how Esau will be ransacked, And his hidden treasures searched out!(NASB-1995)

================================================================================
---- Obadiah 1:7----
Oba 1:7 Tout moun ki te mete tèt ansanm avè nou yo woule nou byen woule. Yo mete nou deyò nan pwòp peyi nou an. Moun ki te pi bon zanmi nou yo twonpe nou byen twonpe. Moun ki te konn manje sou tab ansanm ak nou pare pèlen pou nou. Nou menm, nou pa menm wè sa!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Oba 1:7 "All the men allied with you Will send you forth to the border, And the men at peace with you Will deceive you and overpower you. They who eat your bread Will set an ambush for you. (There is no understanding in him. )(NASB-1995)

================================================================================
---- Obadiah 1:8----
Oba 1:8 Seyè a di konsa: -Jou m'ap pini moun Edon yo, m'ap disparèt tout moun ki gen bon konprann nan peyi a, tout moun lespri ki rete sou mòn Ezaou a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Oba 1:8 "Will I not on that day," declares the Lord, "Destroy wise men from Edom And understanding from the mountain of Esau?(NASB-1995)

================================================================================
---- Obadiah 1:9----
Oba 1:9 Sòlda lavil Teman yo pral tranble nan kanson yo. Yo pral masakre tout gason peyi Edon ki konn goumen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Oba 1:9 "Then your mighty men will be dismayed, O Teman, So that everyone may be cut off from the mountain of Esau by slaughter.(NASB-1995)

================================================================================
---- Obadiah 1:10----
Oba 1:10 Paske nou te masakre pitit pitit Jakòb yo, kouzen nou yo, paske nou te fè yo anpil mechanste, yo pral fè nou wont, yo pral disparèt nou nèt.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Oba 1:10 "Because of violence to your brother Jacob, You will be covered with shame, And you will be cut off forever.(NASB-1995)

================================================================================
---- Obadiah 1:11----
Oba 1:11 Nou te rete kanpe la ap gade, lè moun lòt nasyon yo t'ap piye tout richès yo. Nou pa t' pi bon pase etranje yo ki te defonse pòtay yo lè sa a, ki te separe bay chak moun tout richès lavil Jerizalèm yo. Nou menm tou, nou te fè menm bagay la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Oba 1:11 "On the day that you stood aloof, On the day that strangers carried off his wealth, And foreigners entered his gate And cast lots for Jerusalem" You too were as one of them.(NASB-1995)

================================================================================
---- Obadiah 1:12----
Oba 1:12 Nou pa t' dwe kontan wè kouzen nou yo nan malè. Nou pa t' dwe kontan wè y'ap fini ak moun fanmi Jida yo. Nou pa t' dwe pase yo nan rizib, lè yo te nan tray.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Oba 1:12 "Do not gloat over your brother's day, The day of his misfortune. And do not rejoice over the sons of Judah In the day of their destruction; Yes, do not boast In the day of their distress.(NASB-1995)

================================================================================
---- Obadiah 1:13----
Oba 1:13 Nou pa t' dwe janbe pòtay lavil pèp mwen an pou nou te antre ladan l', jou malè te tonbe sou yo a. Nou pa t' dwe kontan wè jan y'ap soufri, jou malè te tonbe sou yo a. Nou pa t' dwe mete men nou sou byen yo, jou malè te tonbe sou yo a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Oba 1:13 "Do not enter the gate of My people In the day of their disaster. Yes, you, do not gloat over their calamity In the day of their disaster. And do not loot their wealth In the day of their disaster.(NASB-1995)

================================================================================
---- Obadiah 1:14----
Oba 1:14 Nou pa t' dwe kanpe nan kalfou yo pou nou touye sa ki t'ap chache chape kò yo. Nou pa t' dwe lage sa ki pa t' mouri yo nan men lènmi yo, jou malè te tonbe sou yo a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Oba 1:14 "Do not stand at the fork of the road To cut down their fugitives; And do not imprison their survivors In the day of their distress.(NASB-1995)

================================================================================
---- Obadiah 1:15----
Oba 1:15 Jou a pa lwen rive, kote mwen menm, Seyè a, mwen pral jije tout nasyon yo. Nou menm moun peyi Edon, sa nou te fè a, se sa yo pral fè nou tou. Yo pral fè nou sibi tou sa nou te fè lòt yo sibi.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Oba 1:15 "For the day of the Lord draws near on all the nations. As you have done, it will be done to you. Your dealings will return on your own head.(NASB-1995)

================================================================================
---- Obadiah 1:16----
Oba 1:16 Pèp mwen an pase pa l' anba men mwen sou mòn ki apa pou mwen an. Konsa tou, tout nasyon yo pral pran pa yo san rete. Yo pral pran jouk yo p'ap kapab ankò. Yo pral disparèt tankou si yo pa t' janm la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Oba 1:16 "Because just as you drank on My holy mountain, All the nations will drink continually. They will drink and swallow And become as if they had never existed.(NASB-1995)

================================================================================
---- Obadiah 1:17----
Oba 1:17 Men, sou mòn Siyon an, kèk moun pral sove. Se yon kote ki pral apa nèt pou mwen. Moun fanmi Jakòb yo pral reprann tout peyi lènmi te wete nan men yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Oba 1:17 "But on Mount Zion there will be those who escape, And it will be holy. And the house of Jacob will possess their possessions.(NASB-1995)

================================================================================
---- Obadiah 1:18----
Oba 1:18 Moun fanmi Jakòb yo pral tankou dife. Pitit pitit Jozèf yo pral tankou yon flanm dife. Yo pral detwi pitit Ezaou yo nèt tankou dife nan zèb chèch. Pesonn nan fanmi Ezaou a p'ap chape. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Oba 1:18 "Then the house of Jacob will be a fire And the house of Joseph a flame; But the house of Esau will be as stubble. And they will set them on fire and consume them, So that there will be no survivor of the house of Esau," For the Lord has spoken.(NASB-1995)

================================================================================
---- Obadiah 1:19----
Oba 1:19 Moun pèp Izrayèl ki rete nan zòn Negèv la pral pran mòn Ezaou a pou yo. Moun pèp Izrayèl ki rete nan plenn ki nan pye mòn Jida yo pral pran peyi moun Filisti yo nan men yo. Moun pèp Izrayèl yo pral pran peyi Efrayim ak peyi Samari pou yo. Moun Benjamen yo pral pran peyi Galarad la pou yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Oba 1:19 Then those of the Negev will possess the mountain of Esau, And those of the Shephelah the Philistine plain; Also, possess the territory of Ephraim and the territory of Samaria, And Benjamin will possess Gilead.(NASB-1995)

================================================================================
---- Obadiah 1:20----
Oba 1:20 Nan moun yo te depòte yo, sòlda ki moun nan nò peyi Izrayèl la va pran peyi Kanaran an pou yo, rive lavil Sarepta. Men, moun lavil Jerizalèm yo te depòte nan peyi Sefara a va pran tout lavil Negèv yo pou yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Oba 1:20 And the exiles of this host of the sons of Israel, Who are among the Canaanites as far as Zarephath, And the exiles of Jerusalem who are in Sepharad Will possess the cities of the Negev.(NASB-1995)

================================================================================
---- Obadiah 1:21----
Oba 1:21 Yo tout, y'a moute sou mòn Siyon an pou delivre l'. Se yo ki va gouvènen tout mòn Ezaou a. Lè sa a, se Seyè a menm ki va sèl wa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Oba 1:21 The deliverers will ascend Mount Zion To judge the mountain of Esau, And the kingdom will be the Lord's.(NASB-1995)

================================================================================


top of the page
THIS CHAPTER:    0889_31_Obadiah_01_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0885_30_Amos_06_ht-en.html
0886_30_Amos_07_ht-en.html
0887_30_Amos_08_ht-en.html
0888_30_Amos_09_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0890_32_Jonah_01_ht-en.html
0891_32_Jonah_02_ht-en.html
0892_32_Jonah_03_ht-en.html
0893_32_Jonah_04_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."