|
================================================================================ ---- Hebrews 8:1 ---- written 64-68 A.D.---- Heb 8:1 Men bagay ki pi enpòtan nan tou sa m'ap di la a: Nou gen yon kalite granprèt konsa ki chita sou bò dwat fòtèy Bondye ki wa nan syèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Heb 8:1 Now the main point in what has been said is this: we have such a high priest, who has taken His seat at the right hand of the throne of the Majesty in the heavens,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hebrews 8:2---- Heb 8:2 L'ap fè sèvis granprèt li nan kote ki apa pou Bondye a, sa vle di, nan kay tout bon an, kay Seyè a menm te bati. Se pa t' moun ki te bati l' pou li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Heb 8:2 a minister in the sanctuary and in the true tabernacle, which the Lord pitched, not man.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hebrews 8:3---- Heb 8:3 Travay yon granprèt, se ofri kado ak bèt pou touye bay Bondye. Nan kondisyon sa a, granprèt nou an dwe gen kichòy pou l' ofri tou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Heb 8:3 For every high priest is appointed to offer both gifts and sacrifices; so it is necessary that this high priest also have something to offer.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hebrews 8:4---- Heb 8:4 Si Jezi te sou latè, menm senp prèt li pa ta ye, paske gen prèt deja ki la pou ofri kado yo, dapre jan lalwa Moyiz la vle l' la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Heb 8:4 Now if He were on earth, He would not be a priest at all, since there are those who offer the gifts according to the Law;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hebrews 8:5---- Heb 8:5 Nan sèvis prèt sa yo ap fè nan tanp ki sou latè a, se kopye y'ap kopye sou sa k'ap fèt nan syèl la. Sa y'ap fè a ou ta di se lonbraj sa k'ap fèt nan syèl la. Se konsa sa te ye pou Moyiz tou. Lè Moyiz tapral moute tant lan, Bondye di li: Gade byen pou ou ka fè tout bagay dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Heb 8:5 who serve a copy and shadow of the heavenly things, just as Moses was warned by God when he was about to erect the tabernacle; for, "SEE," He says,"THAT YOU MAKE all things ACCORDING TO THE PATTERN WHICH WAS SHOWN YOU ON THE MOUNTAIN."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hebrews 8:6---- Heb 8:6 Men, koulye a, sèvis granprèt nou an gen pou l' fè a pi konsekan lontan pase sèvis prèt sa yo. Paske, kontra li te ranje ant Bondye ak lèzòm lan pi bon lontan, li gen pi bon pwomès ki garanti li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Heb 8:6 But now He has obtained a more excellent ministry, by as much as He is also the mediator of a better covenant, which has been enacted on better promises.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hebrews 8:7---- Heb 8:7 Si premye kontra a pa t' gen defo, pa ta gen nesesite pou yo ta fè yon lòt kontra pou pran plas li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Heb 8:7 For if that first covenant had been faultless, there would have been no occasion sought for a second.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hebrews 8:8---- Heb 8:8 Men, Bondye te gen repwòch pou l' fè pèp li a. Se sak fè Bondye di: Gade, pa rete lontan ankò anvan pou m' fè yon lòt kontra avèk pèp Izrayèl la, avèk branch fanmi Jida a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Heb 8:8 For finding fault with them, He says, "BEHOLD, DAYS ARE COMING, SAYS THE LORD, WHEN I WILL EFFECT A NEW COVENANT WITH THE HOUSE OF ISRAEL AND WITH THE HOUSE OF JUDAH;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hebrews 8:9---- Heb 8:9 Bondye di ankò: Se p'ap yon kontra tankou kontra mwen te fè avèk zansèt yo a, lè m' te pran men yo pou m' te fè yo soti kite peyi Lejip la. Yo pa t' fè tou sa yo te dwe fè dapre kontra mwen te fè ak yo a. Se poutèt sa, mwen pa t' okipe yo tou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Heb 8:9 NOT LIKE THE COVENANT WHICH I MADE WITH THEIR FATHERS ON THE DAY WHEN I TOOK THEM BY THE HAND TO LEAD THEM OUT OF THE LAND OF EGYPT; FOR THEY DID NOT CONTINUE IN MY COVENANT, AND I DID NOT CARE FOR THEM, SAYS THE LORD.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hebrews 8:10---- Heb 8:10 Bondye di ankò: Men kontra mwen pral fè ak pèp Izrayèl la, apre jou sa yo fin pase. M'a mete lwa m' yo nan lespri yo, m'a make lwa m' yo nan kè yo. M'a tounen Bondye tout bon pou yo, y'a tounen yon pèp ki apa pou mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Heb 8:10 "FOR THIS IS THE COVENANT THAT I WILL MAKE WITH THE HOUSE OF ISRAEL AFTER THOSE DAYS, SAYS THE LORD: I WILL PUT MY LAWS INTO THEIR MINDS, AND I WILL WRITE THEM ON THEIR HEARTS. AND I WILL BE THEIR GOD, AND THEY SHALL BE MY PEOPLE.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hebrews 8:11---- Heb 8:11 Pesonn p'ap bezwen moutre yon lòt moun anyen nan peyi a. Pesonn p'ap bezwen di yon lòt nan peyi a: Manyè chache konn Bondye. Paske, yo tout y'a konnen m', depi sa ki tou piti a jouk sa ki pi gran an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Heb 8:11 "AND THEY SHALL NOT TEACH EVERYONE HIS FELLOW CITIZEN, AND EVERYONE HIS BROTHER, SAYING, 'KNOW THE LORD,' FOR ALL WILL KNOW ME, FROM THE LEAST TO THE GREATEST OF THEM.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hebrews 8:12---- Heb 8:12 M'a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Heb 8:12 "FOR I WILL BE MERCIFUL TO THEIR INIQUITIES, AND I WILL REMEMBER THEIR SINS NO MORE."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hebrews 8:13---- Heb 8:13 Lè Bondye di li pral fè yon lòt kontra, li fè premye kontra a pase mòd. Tou sa ki pase mòd, tou sa ki fin vye prèt pou disparèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Heb 8:13 When He said, "A new covenant," He has made the first obsolete. But whatever is becoming obsolete and growing old is ready to disappear.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hebrews 9:1 ---- written 64-68 A.D.---- |
|
THIS CHAPTER:
1141_58_Hebrews_08_ht-en.html 1137_58_Hebrews_04_ht-en.html 1138_58_Hebrews_05_ht-en.html 1139_58_Hebrews_06_ht-en.html 1140_58_Hebrews_07_ht-en.html 1142_58_Hebrews_09_ht-en.html 1143_58_Hebrews_10_ht-en.html 1144_58_Hebrews_11_ht-en.html 1145_58_Hebrews_12_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|